Yo pa bezwen Zelaya w si yo deja delala w!
Lè nou founi je gade sitiyasyon k ap devlope nan Onndiras depi Lame peyi sa a te fose prezidan Zelaya oltègèt nan yon koudeta - yo di ki te nesesè pou evite dezod misye t ap fè ak "bèl ti demokrasi reprezantatif" peyi a, nou pa ka anpeche konpare evenman yo ak sa ki te pase - ak sa ki ap pase - lakay nou Ayiti.
Nou pa p rantre nan konparezon ki pi fasil yo. Asavwa èske se koudeta osnon "départ", èske se yon "lèt demisyon" li siyen vre? Èske se yon soulèvman popilè oudimwens se CIA ki t ap IRIte l.....
Nou deja jwenn anpil bon analiz ki fèt sou ang sa a sou yon bon sit entènèt tankou
www.trinicenter.com ki dedye yon paj espesyal pou ni koudeta 28 jen 2009 la nan Onndiras
http://www.trinicenter.com/articles/honduras/ , ni koudeta 29 fevriye 2004 la ann Ayiti.
http://www.africaspeaks.com/haiti/ Chak moun ka kontinye deside wè koze yo ak linèt yo pi pito.
Nivo ki enterese m nan konparezon an, se relasyon elit politik 2 peyi pov sa yo genyen ak nasyon yo. Epi kijan sa pran fom nan konstitisyon 2 repiblik yo.
Eskiz reyaksyonè nan Onndiras yo pran pou jistifye koudeta yo a, sè ke Prezidan Zeyala te vle mande pèp Onndiras la dizon li nan kad yon "gwo pase men" nan konstitisyon peyi a. Nou pa sonje yon bagay konsa t ap pale lakay nou tou? Pa anvan koudeta 2004 la non!
Se ekzakteman 30 mas 2008 mwen te pibliye tèks ki pote tit "Pou yon konstitisyon ki osèvis lanasyon", kote mwen te ekri:
| Citation: |
Gen yon seri atik nan Konstitisyon 1987 [5]la ki, nan je pa m, pa respekte dwa granmoun nasyon an.
Paregzanp, nou ka site, Nimewo 284-4 ki di: « Yo pa janm gen dwa fè okenn chanjman nan Konstitisyon an, si chanjman sa a ta fè, peyi a pa gen demokrasi anndan l ankò, oubyen si chanjman sa a ta fè, peyi d Ayiti pa yon repiblik ankò ».
Mwen pa konstitisyonalis, se vre, men mwen pa konprann ni pye ni tèt yon deklarasyon parèy. Kidonk, si Ayisyen ta deside yo vle tabli yon lòt fòm gouvènman yo ta jije ki plis nan enterè yo, yo pa ta janm gen dwa pran desizyon sa a?
Nou ka site tou, Nimewo 284-3, ki di: « Yo pa janm gen dwa fè referandòm, pou yo mande pèp la si li dakò pou gen chanjman nan Konstitisyon an ».
Pou mwenmenm, se la ne koze a ye. Tout nasyon gen yon sèl otorite siprèm, se nasyon an limenm menm. Kidonk, si li gen yon Manmanlwa li vle chanje, an prensip, nanpwen moun, osnon otorite ki ta ka anpeche li fè sa.
Si gen yon « gwo pase men » k ap fèt nan Manmanlwa peyi a, se lemoman pou nou ta asire nou NASYON an reprann dwa granmoun li aklè nan dokiman sa a.
|
Alewè: http://annpale.com/phpbb/viewtopic.php?t=21447
Lè nou konsidere ki jan lakay nou gen yon eleksyon ki fenk sot fèt la a epi plis pase 98% popilasyon an pa patisipe ladan l - Èske sa pa vle di nou deja rive nan ekstrèm aplikasyon politik anti-pèp ki makonnen nan konstitisyon nou an?
Gen anpil koze ki merite di osijè reyaksyon "kominote entènasyonal" la devan koudeta kont Zelaya a...men, mwen panse n ap pase akote si nou pa gade koze fondamantal sa a, asavwa dwa granmoun nasyon pov yo pou yo chwazi mod vivasyon yo - san se pa yon minorite puisan ki dikte limit patisipasyon nasyon an nan zafè ki regade li.
Pou lafOm Zelaya - ki rete 6 mwa sèlman nan manda li - ka jwenn anpil ipokrit k ap deklare "koudeta pa! demokrasi wi!" - Mèzalo, gen de lè yon koudeta ka pase pi byen, pi dous si se delala yo delala w !
Jaf