Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  CalendrierCalendrier  FAQFAQ  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  ConnexionConnexion  
Poster un nouveau sujet   Répondre au sujet
 

S.O.S. : Haiti Bezwen Ed Nou Nan Diaspora!!!!

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Aller en bas 
Aller à la page : 1, 2  Suivante
AuteurMessage
revelation
Star
Star


Sexe:Masculin
Inscrit le : 21 Aoû 2006
Messages : 901
Localisation : Washington, DC

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

MessageSujet: S.O.S. : Haiti Bezwen Ed Nou Nan Diaspora!!!!   Ven 5 Sep - 11:11

S.O.S. : Haiti Bezwen Ed nou nan Diaspora!!!!

La Kwa Rouj Ameriken ap ranmase lajan e lot bagay ke nou kap bay. Al sou sit yo nan www.redcross.org
W kap voye lajan pa lapost to nan:
American Red Cross, Box 4002018, Des Moines, IA 50340-2018.

La Kwa Rouj di ke lajan pi bon pito ke manje e rad paske bagay yo koute trop lajan pou transpote yo.

Voyè lajan pito, bwat manjè tro lou pou potè ke lajan!!!. Yon peyi mache plis le se lajan kap sikile nan men malerè!!

Feed the Children se yon lot oganizasyon ki apsepte donations address yo www.feedthechildren.org
The mailing address is:
Feed The Children, P.O. Box 36, Oklahoma City, OK 73101-0036.

Food For The Poor is accepting donations in cash and supplies through foodforthepoor.org. Regular mail donations should go to
Food For The Poor, 6401 Lyons Rd. Dept. 9662, Coconut Creek, FL 33073.

The nonprofit has started sending drinking water, hygiene kits and blankets to affected Caribbean areas.

The United Way of Miami-Dade and The Miami Herald/El Nuevo Herald have activated Operation Helping Hands to help storm victims. Log on to www.unitedwaymiami.org or send a check payable to
Operation Helping Hands, c/o United Way of Miami-Dade, P.O. Box 459007, Miami, FL 33245-9007.



Seven-year-old Sonson Pierre sits in knee-deep mud outside his family's flooded home in Gonaives, Haiti, after several storms, including Tropical Storm Hanna, hit the country. PATRICK FARRELL / MIAMI HERALD STAFF

Menm si ti Sonson fe nou sign ke li anfom e vivan!!
Voye yon ti kichoch pou yo!!
Bondye a remet nou sa.
IRS konnen ke Haiti nan problem, yap pemet nou dedwi lajan sa yo nan income tax nou jiska $250.00 men si nou pa gen resi!!!
Se gras a Dye ke nou nan peyi blan nap byen mennnen!!
Nou te kap yon nan moun sa yo!!







Revenir en haut Aller en bas
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star


Sexe:Masculin
Inscrit le : 21 Aoû 2006
Messages : 8425
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

MessageSujet: Re: S.O.S. : Haiti Bezwen Ed Nou Nan Diaspora!!!!   Ven 5 Sep - 22:46

Revelatyon mèsi anpil pou adress sa yo,moun ki kapab fè youn ti jes sa nou bay nan men dwat nan resevwal nan men goch.mwen pral voye ti kotisatyon pam demen maten ,mezanmi nou pa beswen rayim sim di sa se pou ankouraje lot moun ki kapab fè youn jefor tou.

A swè ya map gade nan televisyon twa gwo chenn televisyon fè youn maraton pou eradike kansè nan peyi ya ;genyen youn nonm ki paret ki bay 25 milyon dola. li di li menm se nan la gè saa li kwè. si se an ayiti ou ta tande moun ki di li ap fè wè li genyen foli grandè.yo tap rayi li yo ta fè l tounnen zombi.Men isit la tout moun leve kanpe pou yo aplodi li ;yo pa beswen konnen sil se zentelektyel yo respekte l tankou tout moun ki travay di pou yo reyisi.Se sak fè mwen genyen 2 model ayisyen : se Edouard Mews,ak Clement Joseph Charles.Se lotrejou la genyen lot maraton ke jerry lewis fè pour kwape youn lot maladi ,Ayisyen depann twop de gouvenman ki pa ka fè anyen ,fok nou komanse mete tet nou ansanb pou nou kontourne birokrat initil yo.

pase tankou bazin te di youn fwa si se pa nou se kiles ki ka chanje sitiyatyon moun sa yo.An nou wè "men anpil chaj pa lou" voye youn ti lajan sa pap fè nou pov.si nou tout voye youn moyennn de 50 dolla li ap ba moun sa yo youn bon souf.Panse ke nou te ka nan menm ka ak yo.si leternel delivre nou se pou nou sonje sa ki deyè ki ap soufri.Wi yo met di mwen genyen foli grandè an verite lè map gade soufrans moun sa yo mwen ta renmen nan plas swa Oprah Winfrey ou byen bill Gates ou warren buffet.Chak moun genyen foli pa yo si genyen moun se pale franseuuuu ki foli yo ,mwen se anpil green back mwen ta renmen genyen poum ede sa ki ap soufri yo.
Revenir en haut Aller en bas
colocolo
Starwars
Starwars


Sexe:Masculin
Inscrit le : 16 Nov 2007
Messages : 3683
Localisation : usa
Loisirs : soccer

MessageSujet: Re: S.O.S. : Haiti Bezwen Ed Nou Nan Diaspora!!!!   Sam 6 Sep - 7:43

Pou le moman, moun ki mouri depase 500 nan Gonaiv, se fyel pete!

Ayè gen yon bato dlo ki ri akoste, bagay la rèd, men chyen ap plenn!


_________________
A qui ne pas confier le Pouvoir?
Revenir en haut Aller en bas
revelation
Star
Star


Sexe:Masculin
Inscrit le : 21 Aoû 2006
Messages : 901
Localisation : Washington, DC

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

MessageSujet: Re: S.O.S. : Haiti Bezwen Ed Nou Nan Diaspora!!!!   Sam 6 Sep - 9:14




Ti Sonson di nou ke li an fom »pouce Anlè !! Thumb Up !!
Voyè ed pou li SVP !!!


Mesi anpil Rod Sans Malice pou bel deklarasyon e sipo pou sinistre nou yo!!

Mesi Colocolo e tout lot kamarad yo pou enkourajman w.
Nou ta mande SVP pou ForumHaiti.com mete 2 e 3 photo desat e inondasyon yo, foto Ti Sonson e Address la Croix Rouge e Feed the Children.
Nou travay avek avek oganizasyon sa yo déjà kom volonteer e nou pap kache di nou, yo an Haiti sou terren an 24/24 ke gen cyclone ou pa.

Fok nou apresye travay volonteer sa yo paske sa fe nou remesye Bondye deske se nou nan Diaspora kap bay olye ke se nou kap resevwa.

Le yon moun ap fe travay volonteer, nou vinn appresye la vie plis anko e prezans nou sou la te sa se yon misyon.

Se le nou nan pwoblem ke nou konnen ki yes ki zanmi nou !!

SVP pa voye manje ak dlo !!

Bagay sa yo tro che pou transpote nan bato ak avyon, e distribisyon lojistik la apt re difisil!!
Colocolo, nou gen yo ti pwoblem avek zafe dlo potab nan boutey kap sito nan peyi blan.

Plastik boutey sa yo kap yon pwoblem pou environman.

Volonteer nan la Croix Rouge yo di ke avek $1.00 pwodui chimik yo kap trete 100 gallon dlo lakay nou.
Dlo ki soti nan peyi blan pafe sans. !!!
Volonteer yo kontinye di ke lajan tre inpotan paske se avek lajan saa ke yo itilize pou yo peye krokmô pou ranmase cadav moun mouri !! Peson pap fe travay sa gratis !! Donk nou ap insiste anko ke lajan inpotan!!

Plis cadav yo rete tro lontan sou soley la, se plis kob ke krokmô mande pou ranmase cadav yo.


Li inpotan ke yo ranmase cadav sa yo le pli to possib, pou evite maladi e kontaminasyon dlo potab.

Mesi tout mamb ForumHaiti !!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!! Mete foto ti Sonson nan premye paj e bay adress e koordone la Croix Rouge e Feed the Children Mesi
[/size]

Revelasyon
Revenir en haut Aller en bas
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star


Sexe:Masculin
Inscrit le : 21 Aoû 2006
Messages : 8425
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

MessageSujet: Re: S.O.S. : Haiti Bezwen Ed Nou Nan Diaspora!!!!   Sam 6 Sep - 10:04

Bagay la grav anpil wi mwen sot tande madan manigat di ke moun Gonayiv di ke jeanne pat anyen devan siklonn ki sot pase la.Byen ke mwen voye youn ti chocho ba la kwa rouj amerikenn maten yan map mande ak pwoblem ki genyen o Zeta Zuni koulyè ya eske li pa ta nesesè ke w mete adress la kwa rouj ayisyenn tou pou youn moun ta ka voye menm si li piti youn ti kob ba la kwa rouj ayisyen tou.Sa w panse?
Revenir en haut Aller en bas
colocolo
Starwars
Starwars


Sexe:Masculin
Inscrit le : 16 Nov 2007
Messages : 3683
Localisation : usa
Loisirs : soccer

MessageSujet: Re: S.O.S. : Haiti Bezwen Ed Nou Nan Diaspora!!!!   Sam 6 Sep - 10:12

Ki diferans ki genyen si mwen voye kob la bay La Kwa Rouj ou byen mwen voye li direkteman bay moun nan Gonaiv mwen konnen ki sinistre???

Revelatyon kenbe di ak bon jan initiativ sa yo, nou dwe itilize Entènet pou nou sèvi Ayiti, pa pou nou detwi ennmi politik nou.

_________________
A qui ne pas confier le Pouvoir?
Revenir en haut Aller en bas
revelation
Star
Star


Sexe:Masculin
Inscrit le : 21 Aoû 2006
Messages : 901
Localisation : Washington, DC

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

MessageSujet: Re: S.O.S. : Haiti Bezwen Ed Nou Nan Diaspora!!!!   Sam 6 Sep - 10:40

Colocolo di:
Citation:
Ki diferans ki genyen si mwen voye kob la bay La Kwa Rouj ou byen mwen voye li direkteman bay moun nan Gonaiv mwen konnen ki sinistre???


Bel kestyon!!Si w gen moun ke w konnen ki sinistre, se tre byen. W te met voye kontribisyon w bayo direkteman.
Men La Croix Rouge ak Feed the Children gen yon bel ekip sou terren an an Ayiti e yo konnen e abitye fe lojistik desastre nan le mond antye. Se sak fe ke nou fe yo konfyans akoz de lojistik ke yo gennyen, profesionalism yo e e bon travay ke yo fe deja nan le mond

Yo tout voye di nou ke lajan se nesesite nimero 1. Paske lajan sevi pou debleyaj rigol, kanal dlo e ranmase kadav. Travay sa yo nou menm kom volonteer Ayisyen e volonte blan, yo pap fe’l

Donk fok nou gen lajan pou peye krokmo pou ranmase cadav yo avan ke yo komanse gaye epidemi nan peyi a. Se le cyclone nan finn passe ke nou kap konte dega yo, e ranmase cadak se pryorite nimero 1. Ode kadav pa santi parfum!!

Colocolo di:
Citation:
Revelatyon kenbe di ak bon jan initiativ sa yo, nou dwe itilize Entènet pou nou sèvi Ayiti, pa pou nou detwi ennmi politik nou.


Colocolo, Nou itilise internet la anpil !!

Nou voye email ale bay tout radyo Ayisyen, tout NGO’s kap fonksyone an Ayiti.
Anpil Senate ak Congressman.
Nou menm telephone yo san rete.

Gen yen ki di ke yo kom problem nan déjà e ke yap travay sou sa. Bagay himanite pi bon ke zafe politik. Nou pap mande yo pou yo jete gouvenman!!
Se Ayiti ke nap eseye sove anba cyclon sa yo!!

Sevi ak internet la !! Sevi ak email nou. Mande yo pou yo ede Haiti !!!

Revelasyon
Revenir en haut Aller en bas
colocolo
Starwars
Starwars


Sexe:Masculin
Inscrit le : 16 Nov 2007
Messages : 3683
Localisation : usa
Loisirs : soccer

MessageSujet: Re: S.O.S. : Haiti Bezwen Ed Nou Nan Diaspora!!!!   Sam 6 Sep - 10:58

Revelasyon,

Bèl koreksyon!

Map grese pat La Croix Rouge pendan ke map souteni direkteman fanmi mwen nan moman difisil sa a.

Fok La Croix Rouge gen mwayen nan men li pou retire kadav yo nan figi popilasyon an, epi debleyé kannal yo, se yon bèl miz o poin ou sot fè.

Kenbe di, pa moli!

_________________
A qui ne pas confier le Pouvoir?
Revenir en haut Aller en bas
Doub-Sossis
Star
Star


Sexe:Masculin
Inscrit le : 24 Déc 2007
Messages : 871
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting

MessageSujet: Re: S.O.S. : Haiti Bezwen Ed Nou Nan Diaspora!!!!   Sam 6 Sep - 11:19

POUR CEUX QUI SONT AU CANADA VOICI LE LIEN POUR LA CROIX ROUGE CANADIENNE.
JE PENSES QUE LES DONS VONT DIRECTEMENT AUX SINISTRES D`HAITI

http://www.redcross.ca/article.asp?id=28834&tid=001


Ouragan en Haïti


haiti
Vue aérienne des inondations causées par l’ouragan Hanna à Gonaives, la deuxième plus grande ville d’Haïti (300 000 habitants). Le 1er septembre, l’ouragan Hanna s’est rapproché du sud-est des Bahamas et des îles Turks et Caicos.
Photo : Matthew Marek/Croix-Rouge américaine

haiti
Le 3 septembre 2008, un homme demandant de l’aide lors des inondations en dehors de la ville de Gonaives.
Photo : REUTERS/Stringer – gracieuseté de www.alertnet.org
Les collectivités en Haïti ont un besoin urgent de soutien, après que le pays a été balayé par deux tempêtes destructrices.

Le 26 août, l’ouragan Gustav a touché les côtés d’Haïti, affectant des milliers de personnes. À ce jour, la tempête a tué 79 personnes, a détruit 3307 maisons et en a endommagé 11 827 autres.

Deux jours après le passage de Gustav, la tempête tropicale Hanna a balayé Haïti, une région déjà vulnérable. En outre, Hanna a causé d’importantes inondations dans le nord de l’île, endommageant les routes et les ponts, rendant ainsi difficile l’acheminement des secours vers les collectivités affectées. Selon les estimations, en Haïti, quelque 250 000 personnes ont été touchées par ces tempêtes.

En outre, l’ouragan Ike et la tempête tropicale Joséphine sont attendus dans la région, au cours des prochains jours.

Des milliers de bénévoles de la Croix-Rouge travaillent sans relâche afin de fournir des secours aux personnes qui ont perdu leur domicile et qui n’ont plus accès aux articles de première nécessité. Le 28 août, Jean-Pierre Taschereau, délégué, Croix-Rouge canadienne, a été déployé en Haïti, afin de coordonner l’aide de la Croix-Rouge internationale.

« L’intervention de la Croix-Rouge en Haïti, à la suite du passage de Gustav et d’Hanna, a été immédiate. Les bénévoles continuent de travailler afin d’aider les personnes qui en ont le plus besoin, et de se tenir prêts à intervenir lors des prochaines tempêtes », a déclaré M. Taschereau. « À l’heure actuelle, les besoins immédiats sont : l’approvisionnement en eau potable, en vivres, en articles de première nécessité, en matériel de secourisme et en abris. »

Afin de soutenir les efforts d’urgence dans les Caraïbes, la Croix-Rouge canadienne a envoyé plus de 900 trousses d’hygiène, 1000 jerricans, 800 ustensiles de cuisine et 2400 moustiquaires dans la région. En outre, le gouvernement du Canada a généreusement versé 100 000 $ afin de soutenir les efforts de secours en cours en Haïti et à Cuba.

Un avion transportant des fournitures d’urgence destinées à 1000 familles a quitté Panama, et des fournitures supplémentaires devraient bientôt être expédiées.

La Croix-Rouge canadienne exhorte le public canadien à verser des dons afin de soutenir les efforts de secours en cours en Haïti.

Les Canadiens désireux d’aider peuvent faire un don en argent en ligne, composer le numéro sans frais 1 800 418-1111, où l’on accepte Visa et MasterCard 24 heures sur 24, ou communiquer avec leur bureau local de la Croix-Rouge canadienne. Les chèques doivent être établis à l’ordre de la Croix-Rouge canadienne, porter la mention « Ouragan en Haïti » et être postés au siège social de la Croix-Rouge canadienne au 170, rue Metcalfe, bureau 300, Ottawa (Ontario) K2P 2P2.

Faites un don!

Malgré les bonnes intentions des gens qui veulent faire don de vivres, de vêtements et d'autres articles, ce n'est pas la meilleure façon d'aider les personnes dans le besoin. Expédier ces envois aux bénéficiaires entraîne des frais de manutention et de transport exorbitants. Il est plus efficace d'acheter sur place des vivres et des vêtements qui conviennent davantage à la culture locale. La Croix-Rouge peut aussi réduire les frais de transport en achetant ses fournitures dans la région immédiate. Les transferts de fonds vers la région touchée offrent aux collègues de la Croix-Rouge sur place une flexibilité optimale pour répondre aux besoins les plus urgents.
5 septembre 2008
Revenir en haut Aller en bas
Doub-Sossis
Star
Star


Sexe:Masculin
Inscrit le : 24 Déc 2007
Messages : 871
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting

MessageSujet: Re: S.O.S. : Haiti Bezwen Ed Nou Nan Diaspora!!!!   Sam 6 Sep - 11:37

Mwen sot fe devwa mwen, men yon ti mosso nan resi yo bay la.

Site web yo a tres bien fonktione ak sekirite, mwen ankouraje tout konpatriot pa bo icitte
fe devwa yo tou pou manman Haiti.

Menm si ti jaloux ank envieux Haiti pa vle we nou noumenm ki lan Diaspora,
Nou pa kanpe sou vie santiman sayo. Nou panka rejete manman
nou ak fre ak se haitien parey nou.

Mèsi

Revenir en haut Aller en bas
colocolo
Starwars
Starwars


Sexe:Masculin
Inscrit le : 16 Nov 2007
Messages : 3683
Localisation : usa
Loisirs : soccer

MessageSujet: Re: S.O.S. : Haiti Bezwen Ed Nou Nan Diaspora!!!!   Sam 6 Sep - 11:43

Doub,

Nap kontinie dekrete pèmanans sou fowum nan pou sipote vié frè ak sè nou ki an difikilte.

Pou mwen onèt ak ou, mwen gentan chanje 3 nimero telefon depi cyclon sa a sot pase a, twop zanmi ak fanmi ap rele'm. Mwen san lè sinistre tou.

Mwen pa bezwen di nou, mwen kontan anpil solidarité nou. Se nou tout pou ki toujou kanpe jan nou fè la pou sove ayiti!

Mèsi, nou se yon dispora solid!

_________________
A qui ne pas confier le Pouvoir?
Revenir en haut Aller en bas
Sasaye
Modérateur



Inscrit le : 02 Mar 2007
Messages : 2154
Localisation : Canada
Loisirs : Arts et Musique

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

MessageSujet: Re: S.O.S. : Haiti Bezwen Ed Nou Nan Diaspora!!!!   Sam 6 Sep - 11:53

Mezanmi, se bèl bagay lè ayisyen mete ansanm pou reponn a yon sitiyasyon ijans ki frape peyi nou.
Men ekzanp ki montre ke gen anpil ayisyen ki renmen peyi yo toujou.

Se pou nou ankouraje tout moun bay kontribisyon pa yo.

Mèsi pou Revelasyon ki pouse anpil pou yon kanpay pou ede pèp la.
Mesi pou Sanmalis, Colo, Doub e tout lot patisipan yo ki ede.

Ann kite politik a kote kounyea pou nou ankouraje tout moun pou ede kelkeswa mwayen nou sèvi.
Revenir en haut Aller en bas
colocolo
Starwars
Starwars


Sexe:Masculin
Inscrit le : 16 Nov 2007
Messages : 3683
Localisation : usa
Loisirs : soccer

MessageSujet: Re: S.O.S. : Haiti Bezwen Ed Nou Nan Diaspora!!!!   Sam 6 Sep - 13:22

Nèg sa a ap chanje chemiz pou yon dam ki te swe pou li



Granmoun tankou timoun an rang dèyè yon platt manje



Dlo ki potab nan vil Gonaiv se dlo ki nan yon po sou yon tab



_________________
A qui ne pas confier le Pouvoir?
Revenir en haut Aller en bas
revelation
Star
Star


Sexe:Masculin
Inscrit le : 21 Aoû 2006
Messages : 901
Localisation : Washington, DC

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

MessageSujet: Re: S.O.S. : Haiti Bezwen Ed Nou Nan Diaspora!!!!   Sam 6 Sep - 13:31

Gwo Mesi pou Sasaye, Doub-Sossis ak lot mamb yo ki antre nan batay kout cyclone nan peyi D’Ayiti!![/size]

[size=18] Nan Washington, la pli ap tombe sou nou san rete. Gen anpil inondasyon tout kote e cyclone Hanna sa ap avek nou jiska demen matin Dimanch. Se premye fwa ke moun nan Washington we anpil dlo tombe yon grenn kou konsa !!
Mesye nan Kanada yo gen chans paske cyclon pe zonn fret!! Le cyclon rive nan dlo fret, yo pedi foz!!

Donk blan yo pa bo isit gen yon idée de kisa Ayiti ap pran anba cyclone sa yo.

Tout sevis volunteer yo ke nou kontakte mande nou pou nou voye cash si nou vle e si nou kapab.

Men pi gwo sevis ke nou te kab rand yo se al nan internet la e voye anpil email bay gwo NGO yo a gwo oganizasyon internasyonal yo pou nou sansibilize yo e fe yo voye lajan.

Nou menm kom volonteer, nou bay lajan tou !! Pa an cash, men an espes. Le nou passé plis ke 5 a 10 heurs chak semen nan internet spesyalman pou Ayiti si nou miltipliye lheur say o pa konbyen lajan ke nou touché nan travay nou, se anpil kob!!

Nou menm ki nan universite, e profesyonel e konnen kijan ralation piblik mache nan peyi blan, nou fet pou itilize konneksyon nou, e informasyon teknolojik, e network ke nou gennyen pou ede peyi nou.

$100 ak $200. ki soti nan poch nou kap pafe gran choz, men yon grenn kout telefone, yon text messaj, yon email kap kreye e prodwi des millions dollars pou peyi a.

Chache kote databank email nou ye, e voye email alè !! An nou fe yon « internethon pou Ayiti»

ForumHaiti ap kenbe la permanans !!

Revelasyon
Revenir en haut Aller en bas
Rico
Super Star
Super Star


Sexe:Masculin
Inscrit le : 02 Sep 2006
Messages : 2760
Localisation : MONTREAL
Loisirs : ARTS MARTIAUX

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Police judiciaire

MessageSujet: Re: S.O.S. : Haiti Bezwen Ed Nou Nan Diaspora!!!!   Sam 6 Sep - 13:43

Moun nan Monreyal pa vreman moblize nan zafè bay lajan sa. Si telman volo prop nèg nan Gonayiv mwen pa vle site non kite fè kont gagot ak lajan kite ranmase nan tout Kanada. Lè pou bay kont se anpil CHIRE PIT.

Malgre moun nan Kanada te viktim nan ranmase lajan bann ti volo VOAM ekip patizan Aristide yo. Se pran lajan kach nan bwat katon non sele foure nan poch yo. Apre eskandal sa moun yo te vle bliye move kou pou siklonn JEANNE kite yon evenaman pi sansib ke politik. Tout moun mete ansanm pou kotize, etranje kom ayisyen, se anko gagot.


Komite ki gen moun Gonayiv nan tèt li fè sayo vle ak lajan an nan peye ekspè pou fè etid boulshit, achete estok ki pa janm jwenn moun nan Gonayiv. O wi la la Dwann pa vle bay Franchiz. Poutan yo te byen di yo remèt tout lajan ou estok sayo bay Kwa rouj nan Monreal ki gen Kwa Rouj an Ayiti ki gen franchiz pou remèt tout estok yo te voye

Fwa sa nan Monreyal tout moun bonn volonte timid , kanpe lwen, pa vle pran responsablite pou mande lajan. Pou doub sis pa rete nan men yo.

MWEN TA MANDE TOUT MOUN AYISYEN AK ZANMI AYISYEN SI YON GEN YON DON AN AJAN VOYE L INAN KWA ROUJ KANADA AN CHÈK PA LAJAN KASH POU SINISTRE SIKLONN HANA-GONAIVES-HAITI

_________________
Je vous prêterai toute la résistance qui caractérise un général ; et si le sort des armes vous est favorable, vous n'entrerez dans la ville du Cap que lorsqu'elle sera réduite en cendres, et même sur ces cendres, je vous combattrai encore ». Lorsque Leclerc s'appreta à avoir gain de cause , Christophe donna l'ordre d'incendier la cité ainsi que tous les édifices publics. Il a complètement reconstruit le Cap-Haitien surnommé le petit Paris de St Domingue à l'époque.
Revenir en haut Aller en bas
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star


Sexe:Masculin
Inscrit le : 21 Aoû 2006
Messages : 8425
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

MessageSujet: Re: S.O.S. : Haiti Bezwen Ed Nou Nan Diaspora!!!!   Sam 6 Sep - 14:26

"le bourreau frappe deux fois, la seconde par le silence des victimes."Elie Wiesel

Lè youn ayisyen volè lajan ke yo kolekte pou soulaje misè sinistre nan peyi ya se pa sel moun ki bay lajan yo ke li fè mal se milyon moun ki ap soufri ak grangou kloroks la ke li fè mal ;fok nou genyen kouraj pou nou denonse moun sa yo nan radyo, sou enternet la, nan television tout kote.pou yo pa rekomanse ankor .

Se sak fè mwen voye lajanm ba kwa rouj.epi anvan youn moun bay lajan w nan youn organisatyon fok ou konnen moun ki ap dirije organisatyon saa.se pa nenpot ti soufrisken ki pou di lap ranmanse lajan epi pou nou ba li lajan nou.
Revenir en haut Aller en bas

S.O.S. : Haiti Bezwen Ed Nou Nan Diaspora!!!!

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Revenir en haut 
Page 1 sur 2Aller à la page : 1, 2  Suivante

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Haiti - Société-
Poster un nouveau sujet   Répondre au sujet