Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  CalendrierCalendrier  FAQFAQ  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  ConnexionConnexion  
 

Zonbi men saki rele imoralite, nou dwe konbat olye kanpe nan dengwenn omoseksyèl

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Aller en bas 
Aller à la page : Précédente  1, 2, 3, 4, 5, 6, 7, 8, 9  Suivante
AuteurMessage
piporiko
Super Star
Super Star


Sexe:Masculin
Inscrit le : 21 Aoû 2006
Messages : 2513
Localisation : USA

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

MessageSujet: Re: Zonbi men saki rele imoralite, nou dwe konbat olye kanpe nan dengwenn omoseksyèl   Sam 26 Juil - 14:05

Sou afè zonbi an, twou manti pa fon

Twou manti pa fon. Istwa k ap sikile sou zonbi Okap lan radyo, lan teledyòl,
sou entènèt, lan jounal, istwa sa a pa gen yon may verite ladan. Istwa a
chita sou lejann peyi a ki soti lan esklavaj Franse te met sou pye. Lafrans te
enpòte apeprè yon milyon Afriken ann Ayiti pandan 100 ane. Li touye 700,000.
Yon kokennchenn krim konsa pa ta ka fèt pou sa pa ta kite mak sou desandan
viktim yo. Se sa nou konnen fanmi nou te pase ki rakonte lan kont moun tire sou
zonbi. Bay kou bliye, pote mak sonje. Istwa zonbi a se istwa pote mak ki fidèl
a istwa peyi a. Se sa k fè se sou bitasyon zonbi travay. Yo travay la paske se
la menm gran grann nou te redi anba makak.

Chaje fay lan istwa k ap sikile sou afè zonbi pran lari Okap. Remake yo
prezante Silyan kòm moun tèt-pa-byen. Kwak sa, yo ranmase pawòl anba bouch
li pou bon pawòl. Yo di Silyan di se zonbi li ye. Poutèt sa fò n kwè, se
vre, zonbi l ye. Yo di n Ti Bòs ki te kenbe Silyan lan esklavaj, mouri, e nou
tout konnen mò pa ka defann tèt yo. Tout defamasyon gen dwa tonbe sou do Ti
Bòs. Yo akize di gen moun ki te touye Silyan, men Silyan vivan ap koze ak
jounalis.

Vrè viktim koze sa a, se Silyan ak Ti Bòs. Sou foto yo sikile a, sanble
Silyan se yon moun ki ta bezwen swen medikal. Angiz sosyete a chèche ba l sa,
moun pito chita ap detounen atansyon sou maladi l pou yo akize li se zonbi. Se
sa menm pou yo ta di, paske si n ta vle mennen Silyan lan doktè, se apeprè 5
sikològ ki genyen lan peyi a epi yo tout Pòtoprens. Depi yon moun gen maladi
mantal ann Ayiti, ou mèt tann, paske kanmèm fò w jwenn malkonprann ki pou di
se zonbi moun nan ye.

Sou pant manti a, yo di gen 1000 zonbi ki te lage lan lakou Ti Bòs. Mezanmi,
annou pase men lan je n, pou n wè kote nou ye. Se ann Ayiti wi. Ann Ayiti se
lan jaden moun travay, se pa lan bitasyon. Se ki kote sa a ki gen mil moun k ap
pwodui danre men tout zòn nan lan grangou? Mezanmi, annou pase men lan jè n.

Istwa a gen gou manti. Silyan pa gen siyati. Ti Bòs pote non yon hougan ki
parèt lan anpil chante tradisyonèl Ayisyen. Silyan fè 3 an lan esklavaj. Yo
di sa paske moun toujou rantre chif 3 lan istwa pou fè l parèt relijye oubyen
mistik konsa n a vale l san reflechi.

Fòmil pou Ayiti?

Lan menm istwa k ap sikile sou entènèt la, yo menm arive ofri yon fòmil senp
pou devlope Ayiti. Nanpwen okenn bank sou latè, okenn gouvènman sou latè,
okenn ekonomis sou latè, okenn konesè sou latè ki okouran fòmil sa a.
Fòmil lan di, pou Ayiti devlope nou bezwen mwens Vodou, mwens Kreyòl. Ki ta
vle di se lè nou sispann pale Kreyòl antre nou, se lè sa a peyi a va fè
pwogrè; se lè n a sispann jete dlo pou ansyen yo, se lè sa peyi a ap ka tire
avantaj sou mache entènasyonal la. Kòmkwa, lè sa a n ap jwenn don, n ap
jwenn prete san enterè.

Devlopman se pa travay relijyon. Japonè ak Chinwa sèvi Dantan yo menm jan
Ayisyen sèvi ansyen Ginen yo. Sa pa anpeche Japon ak Lachin rich. . Se pa
manke Kretyen peyi lan Lamerik Santral yo manke Kretyen ki fè yo pòv. Se moun
ki fè. Se pa relijyon ki fè. Se pa relijyon Kretyen ki devlope Ewòp. Se
lajan ki fèt lan esklavaj ki te vin pèmèt yo envesti lan lasyans ak lan bati
izin. Okontrè, Kretyen ann Ewòp te fè tout sa yo kapab pou yo te anpeche
lasyans devlope.

Kretyen Franse, Angle, Panyòl fè 300 ane ap dirije Ayiti. Pandan tout tan sa
a, yo pa bati yon lekòl, yo pran tout sa peyi a pwodui epi yo voye l ann
Ewòp. Annaprè, sou 450,000 Ayisyen yo touye 150,000 mil poutèt yo te vle
viv lib. Pi mal toujou, apre nou mèt fen lan esklavaj, Lafrans mande Ayiti
goumen oubyen ranmase dènye kras kòb lan peyi a epi pimpe l ba yo an Frans.
Ayiti te setoblije voye lajan ba yo. Epi kounye a, pou moun eskive tout sa, pou
yo vin di se Vodou ak Kreyòl ki sous mizè peyi a. Di se Vodou, se pa Kretyen
Vivan ki malmennen Ayiti, se filosofi nou dwe rele: fè m toujou. Di se Kreyòl
ki malmennen Ayiti se yon lòt filosofi nou ta dwe rele fè m ankò.

Tripotay la rive lan rejèt:

Pou fay ki genyen lan istwa zonbi yo di yo wè Okap la , nou ka wè se pa okenn
rapò serye. Avrèdi, se pawòl k ap vante, oubyen k ap monte pou atake
Vodou. Se lan epòk fèt Sodo menm tripotay la lage. Remake, sa pi fasil pou
moun atake Vodou pase pou yo atake bonjan pwoblèm peyi a. Atake Vodou fasil
devan bati inivèsite, prepare enjenyè, kreye travay. Bonjan devlopman se
travay men ak tèt, se pa travay lejè. Se travay toutbon. Se touse ponyèt
ment brenn atè. Kou moun fin fè sa, yo gen dwa pratike relijyon yo vle.


Dyeri Jil
Ivwoz Jil
www.bookmanlit.com
Revenir en haut Aller en bas
colocolo
Starwars
Starwars


Sexe:Masculin
Inscrit le : 16 Nov 2007
Messages : 3683
Localisation : usa
Loisirs : soccer

MessageSujet: Re: Zonbi men saki rele imoralite, nou dwe konbat olye kanpe nan dengwenn omoseksyèl   Sam 26 Juil - 21:46

Annou leve kanpe, pèp aysyen pa ka tounen zonbi ti blan mannan


_________________
A qui ne pas confier le Pouvoir?
Revenir en haut Aller en bas
piporiko
Super Star
Super Star


Sexe:Masculin
Inscrit le : 21 Aoû 2006
Messages : 2513
Localisation : USA

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

MessageSujet: Re: Zonbi men saki rele imoralite, nou dwe konbat olye kanpe nan dengwenn omoseksyèl   Sam 26 Juil - 21:53

IL EST TRES BEAU ,HEIN DIS!!!
Revenir en haut Aller en bas
Joel
Super Star
Super Star


Sexe:Masculin
Inscrit le : 24 Aoû 2006
Messages : 2768
Localisation : USA
Loisirs : Histoire

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: Re: Zonbi men saki rele imoralite, nou dwe konbat olye kanpe nan dengwenn omoseksyèl   Sam 26 Juil - 22:35

Moun ki ap atake swa Vodou,ou byen swa lang Kreyòl lan ,se moun pou yo pa menm okipe ,paske se inyoran yo ye.
Bann enbesil yo ap mande pou moun pa pale Kreyòl ,alòs ke franse yo rekonèt kreyòl tankou lang ,mèt tèt li,lan koloni l yo ou byen depatman l yo,si w vle.

Pou relijyon Vodou an menm ,se relijyon ki pi popilè lan Kiba.Castro bay relijyon kretyen yo pwoblèm ,men li pa janm oze atake relijyon Vodou an,paske li konnen trè byen li t ap pèdi apwi popilè.Epitou lan Kiba se pa menm moun nwa sèlman ki pratike Vodou ,se tout popilasyon an ,blan ak nwa ak milat.
Pou moun ki konnen DESI ARNAZ ki te mèt DESILU PRODUCTIONS youn lan pi gwo estidyo lan HOLLYWOOD yo ,lè misye te konn sèvi lwa mèt tèt li,se te youn lan pi gwo fèt ki te genyen lan Hollywood.Misye te orijinè SANTIAGO DE CUBA,nan pwovens ORIENTE,menm pwovens ak FIDEL CASTRO.

Se menm bagay lan Brezil.
Brezil menm ,jounen jodi ,ou pa konnen kote Vodou koumanse ,kote relijyon Katolik lan koumanse.
Lan Katedral BAHIA ,lè ya p fete fèt YEMANYAH lan Eta sa a ,yo koumanse ak yon gwo mès lan Katedral lan.Yemanyah se Lwa nou rele EZILI na panteyon Vodou pa nou an.

Moun ann Ayiti yo ki kont Vodou ou byen Kreyòl,se yon bann retwograd ,se fout yo yon kout pye lan bounda yo!
Revenir en haut Aller en bas
Mawon Rcfranc
Super Senior


Sexe:Masculin
Inscrit le : 24 Aoû 2006
Messages : 139
Localisation : USA

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

MessageSujet: Re: Zonbi men saki rele imoralite, nou dwe konbat olye kanpe nan dengwenn omoseksyèl   Ven 5 Sep - 14:29

Un cas de zombification déclaré à Pétion-ville
Posté le 4 septembre 2008

La police de Pétion ville indique avoir reçu le mercredi 2 septembre la visite de Lazare Pierre, en compagnie d’Ermithe Pierre, une jeune femme qu’il a présentée comme étant sa fille, morte il y a cinq mois.

Selon les déclarations du quinquagénaire à la police de Pétion-Ville, la jeune fille avait été déclarée cliniquement morte avant d’être enterrée au cimetière de Turgeau, en avril 2008.

Agée de 34 ans, Ermithe, confie Lazare Pierre, avait été malade pendant trois mois. Elle a été ensuite déclarée morte, comme ayant décédé des suites de sa maladie. Ermithe Pierre sera enterrée en avril 2008, après être restée un mois et demi à la morgue, faute de moyens pour organiser ses funérailles.

Mercredi matin, la jeune femme avait été reconnue dans le Marché Télélé à Frères, Pétion-ville, par son père grâce à une balafre qu’elle a toujours eue sur le visage. Elle se serait enfuie de chez le houngan où elle était séquestrée pendant cinq mois, selon les déclarations du père à la police.

La jeune dame qui paraissait livide et amaigrie au commissariat de Pétion-Ville n’a fait aucune déclaration. Cependant elle avait des blessures et de traces de coups sur son corps, selon la police.

Père et fille se sont ensuite dirigés vers l’une des églises de Pétion-Ville pour recevoir la bénédiction d’un prêtre, accompagnés d’une foule de curieux qui suivait le couple dans les rues de Pétion-Ville.

Un autre cas de zombification avait été signalé au mois de juillet dans l’Artibonite.

http://www.haitipressnetwork.com/news.cfm?articleID=10542
Revenir en haut Aller en bas
Joel
Super Star
Super Star


Sexe:Masculin
Inscrit le : 24 Aoû 2006
Messages : 2768
Localisation : USA
Loisirs : Histoire

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: Re: Zonbi men saki rele imoralite, nou dwe konbat olye kanpe nan dengwenn omoseksyèl   Ven 5 Sep - 14:50

Elle est restée un mois et demi à la morgue,faute de moyens pour organiser ses funérailles?
UN MOIS ET DEMI?

Cette histoire ne fait absolument aucun sense
Revenir en haut Aller en bas
Sasaye
Modérateur



Inscrit le : 03 Mar 2007
Messages : 2154
Localisation : Canada
Loisirs : Arts et Musique

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

MessageSujet: Re: Zonbi men saki rele imoralite, nou dwe konbat olye kanpe nan dengwenn omoseksyèl   Ven 5 Sep - 15:27

Men okazyon pou lapolis epi lajistis mete ansanm pou yo komanse yon ankèt serye sou ka saa pou fini avèk zafè zonbi saa infwapoutout.

Ankèt la ta kapab klarifye
-sak reyalite ak sa ki lejann.
-jije epi kondane moun ki koupab.
-fè yon analiz ak rechech medikal sou fanm nan pou wè si sa ya p rakonte yo se vre ou si se sipèstisyon.

Epi, dapre rezilta ankèt sayo, pou Palman an pase yon lwa ki pou konbat zonbifikasyon nèt al kole.

Joel,
Anatandan, dapre liv Wade Davis la, pwazon yo sèvi an Ayiti pou fè moun tounen zonbi an mete viktim nan lan yo letaji ki gen menm efè ak lanmo. Setadi, pagen respirasyon, ni sansibilite.

Kidonk dapre sa, yon zonbi ta kapab rete lan yon mog pandan lontan.

Se pou sosyete a debarase l de madichon sayo.
Sinon nou pap janm evolye.
Revenir en haut Aller en bas
Joel
Super Star
Super Star


Sexe:Masculin
Inscrit le : 24 Aoû 2006
Messages : 2768
Localisation : USA
Loisirs : Histoire

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: Re: Zonbi men saki rele imoralite, nou dwe konbat olye kanpe nan dengwenn omoseksyèl   Ven 5 Sep - 16:18

Sasaye,

Mwenkwè Wade Davis pale de 3,4 jou,men 1 mwa e demi?
Misye te pale de "puffer fish" ke malfektè yo itilize.

Bon poukisa sa yo rele "Police Judiciiaire" la,la ye la menm.Si fanm lan di li te kay yon malfektè,se pou yo arete moun lan pou kidnaping.
Men tou ,moun ann Ayiti tèlman sipestisye.Paske yo tande zafè zombi an ,menm la polis ap ranka kò yo.
Antouka se pou mesyedam yo sispann zafè politik tout tan.Kòm ou di se pou pratik sa a sispann.
Se pou l sispann yon fwa pou tout.
Madan Pyè Lwi balon an lan pye w.Si se pa pawòl moun ap fè se pou yo konnen de ki prevyen istwa sa a
Revenir en haut Aller en bas
revelation
Star
Star


Sexe:Masculin
Inscrit le : 21 Aoû 2006
Messages : 901
Localisation : Washington, DC

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

MessageSujet: Re: Zonbi men saki rele imoralite, nou dwe konbat olye kanpe nan dengwenn omoseksyèl   Ven 5 Sep - 17:07

Sasaye di:
Citation:
Anatandan, dapre liv Wade Davis la, pwazon yo sèvi an Ayiti pou fè moun tounen zonbi an mete viktim nan lan yo letaji ki gen menm efè ak lanmo. Setadi, pagen respirasyon, ni sansibilite.

Kidonk dapre sa, yon zonbi ta kapab rete lan yon mog pandan lontan.


Citation:
Ermithe Pierre sera enterrée en avril 2008, après être restée un mois et demi à la morgue, faute de moyens pour organiser ses funérailles.

Kestyon pou nou poze tet nou se eske yon moun kap rete kouche toulong nan yon frijide mog ki femen emertikman nan yon tanperati kife glass pandan 45 jou san ke li pa manje, urine e fe lot bezwen etc.. ???

Peyi Ayiti nou se yon ti peyi pov se vre, e nou remen’l anpil, men se pa tout bagay pou nou kwe, ni pou nou di.
Peyi nou an an danje e anba dlo, se pa le moman pou nap distre nou avek istwa zombi.

Joel di:
Citation:
Madan Pyè Lwi balon an lan pye w.Si se pa pawòl moun ap fè se pou yo konnen de ki prevyen istwa sa a

Joel w pa kwe ke madam sa gen bagay ki pi serye pou'l okipe???

Revelasyon
Revenir en haut Aller en bas
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star


Sexe:Masculin
Inscrit le : 21 Aoû 2006
Messages : 8425
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

MessageSujet: Re: Zonbi men saki rele imoralite, nou dwe konbat olye kanpe nan dengwenn omoseksyèl   Ven 5 Sep - 17:36

Mwen pa dakor; bagay saa serye anpil;se youn bagay ki degrade ayisyen;tout ayisyen ke w kwè ke w pa kwè. Lè youn agronom rete li ekri sou enternet la ke li te wè youn profesè matematik li nan zonn dondon kom zonbi e li jire ke se pa manti ,alor si ayisyen ap anpwasone pwop frè ak sè yo nan 21 emem syek la fok bagay saa genyen youn priyorite nan peyi ya.

eske yo pa di ke Nasa genyen lide anploye menm teknik sa yo pou lon voyaj spartyal yo ki ka dire plis pase 2 zan?Fok genyen youn bon anket syantifik ki pou fet tankou Dr.Douyon te demontre efè pwason saa nan televisyon sou youn chen.Wi fok madan Pierre louis ale nan Televisyon pou di ke moun ki ap pratike esklavaj saa ap kondane a mor.ou prison a perpetuite.Li lè li tan pou bagay sa yo fini se pa selman kidnaping ki fè anpil moun pa vle mete pye an ayiti ,alor mwen lè mwen tande bagay sa yo map genyen anvi poum al an ayiti?Mwen genyen youn moun mwen konnen menm pale li pa vle pale ak ayisyen ankor ,mwen rankontre li nan la ri li refise pale ak mwen paske yo fout disparet madanmm li Se nan youn lot mond ya wè m.mwen bay "haiti aux haitiens" Ce joli petit pays dont chante Guy Durosier n'existe plus mes chers amis:"Mwen fet nan youn bel ti peyi ki begne la mè des antilles,haiti , haiti se nan bra w poum mouri ".Menm li menm pat mouri an ayiti ;li mouri nan state of Washington ;mwen pa konnen si yo te mennen kadav li an ayiti. fok nou sispann reve.delenkan detwi peyi ya.
Revenir en haut Aller en bas
Sasaye
Modérateur



Inscrit le : 03 Mar 2007
Messages : 2154
Localisation : Canada
Loisirs : Arts et Musique

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

MessageSujet: Re: Zonbi men saki rele imoralite, nou dwe konbat olye kanpe nan dengwenn omoseksyèl   Ven 5 Sep - 18:21

Revelasyon,

Se pa yon kestyon de kwè ak pa kwè.

Yon nonm vini lan pos lapolis ak pitit li pou l deklare tifanm nan te mouri, yo antere l epi li vinn rankontre l kom zonbi.
Eske lapolis pa dwe pran plent la, al envestige si nonm nan ap bay manti oubyen si gen verite lan sa l di ya?

Saa se yon ka kriminèl ki bezwen yo louvri yon kazye jidisyè.
Ou pa dako?

Depi m toupiti ma p tande pawol sayo, eske yo dwe kontiniye oubyen se pou yon branch leta edike moun pou di se pa vre?

Kestyon w poze a, eske se pa Inivesite dAyiti ki pou te fè yon etid pou di zafè zonbi ya se vre ou se pa vre e ke yo pa kapab rete lan yon frijidè pou yon mwa?

Mwen li yon ka kote kèk ekspè Ris ou Meriken te konjle yon moun pandan lontan e ke gen menm yon eksperyans kote yon nèg te vle konjle tèt li pou yo leve l lan yon syèk.

Antouka, li lè pou pawol sayo fini. Ke se vre ke se pa vre.

Si yon moun vire tèt ou e kite sa kontinye, ou vin konplis lan yon krim ansestral, ki baze sou sipèstisyon e ki touye anpil moun deja.

Si te gen yon leta serye avèk statistik apre envestigasyon, nou ta byen wè yon sityasyon jenisyd.
Revenir en haut Aller en bas
Joel
Super Star
Super Star


Sexe:Masculin
Inscrit le : 24 Aoû 2006
Messages : 2768
Localisation : USA
Loisirs : Histoire

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: Re: Zonbi men saki rele imoralite, nou dwe konbat olye kanpe nan dengwenn omoseksyèl   Ven 5 Sep - 18:33

li lè pou yo koumanse mete presyon sou ougan yo,pou yo di ke bagay sa a pa gen anyen pou li wè ak Vodou.
Absoliman anyen.
Si sa ta genyen pou l wè ak Vodou,se pou ta gen pratik konsa lan Kiba ak Brezil tou;alòs ke se de Ayiti sèlman ou tande ya p pale de zafè zonbi sa a.

Se pou ougan yo di ke moun ki ap fè bagay sa yo se kriminèl yo ye,pa mwens.
Lè sa a tou,ougan yo pa p kite pwotestan yo ranse ak yo ,pou yo di relijyon yo an se relijyon dyab
Revenir en haut Aller en bas
Mawon Rcfranc
Super Senior


Sexe:Masculin
Inscrit le : 24 Aoû 2006
Messages : 139
Localisation : USA

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

MessageSujet: Re: Zonbi men saki rele imoralite, nou dwe konbat olye kanpe nan dengwenn omoseksyèl   Ven 5 Sep - 19:50

Sasaye kòrek lan refleksyon li fè yo sou fenomèn sa. Si you moun presante'l lapolis pou fè yon deklarasyon konsa, sa merite yon investigasyon, paske ke se vre ou se manti, gen yon krim ki komet.

Si se vre, ougan sa dwe arete e jije pou kidnapeng, torti ak esklavaj. Si se pa vre, mesye ki presante'l la e fè deklasyon dwe arete pou e jije pou fo deklasyon ba lapolis.

Mwen pa konn pou Haiti, Ozetazini si'w fè yon fo deklarasyon ba lapolis, yo ka arete e jije'w pou sa. Lan nenpòt ki ka, si'l vre ou si'l pa vre, yon bèl leson t'ap trase.
Revenir en haut Aller en bas
revelation
Star
Star


Sexe:Masculin
Inscrit le : 21 Aoû 2006
Messages : 901
Localisation : Washington, DC

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

MessageSujet: Re: Zonbi men saki rele imoralite, nou dwe konbat olye kanpe nan dengwenn omoseksyèl   Ven 5 Sep - 20:43

Sasaye di:
Citation:
Revelasyon,

Se pa yon kestyon de kwè ak pa kwè.

Yon nonm vini lan pos lapolis ak pitit li pou l deklare tifanm nan te mouri, yo antere l epi li vinn rankontre l kom zonbi.
Eske lapolis pa dwe pran plent la, al envestige si nonm nan ap bay manti oubyen si gen verite lan sa l di ya?
Saa se yon ka kriminèl ki bezwen yo louvri yon kazye jidisyè.
Ou pa dako?


Mawon Rcfranc di:
Citation:
Sasaye kòrek lan refleksyon li fè yo sou fenomèn sa. Si you moun presante'l lapolis pou fè yon deklarasyon konsa, sa merite yon investigasyon, paske ke se vre ou se manti, gen yon krim ki komet.
Si se vre, ougan sa dwe arete e jije pou kidnapeng, torti ak esklavaj. Si se pa vre, mesye ki presante'l la e fè deklasyon dwe arete pou e jije pou fo deklasyon ba lapolis.

Mwen pa konn pou Haiti, Ozetazini si'w fè yon fo deklarasyon ba lapolis, yo ka arete e jije'w pou sa. Lan nenpòt ki ka, si'l vre ou si'l pa vre, yon bèl leson t'ap trase.

Si yon papa paret la polis avek piti fi’l e li di ke tifanm sa te mouri, li antere’l epi li vinn rankontre’l kom zombi.

Si gen yon krim ki komet nan kondisyon sa, se papa tifanm nan ki komet krim nan paske papa pa gen okenn experyon korole pou’l deklare ke tifanm nan mouri e antere’l konsa.
Answit eske te gen yon sevis medikal ak yon jij de paix kite vini fe konsta e sele ka de dese tifanm sa ?

Se posib ke papa pa vle pran responsabilite li an men e di ke pouli "tifanm sa mouri e antere."
Se yon expresyon kreyol ke nou gen lakay nou e anpil moun itilize kese pou jwet ou pou tout bon.

Se pa hougan ke mwen ap defand la, men sepandan, gen anpil bon hougan kap pote move nom, ki oblije femen bizniss yo akoz de move kout lang e difamasyon kriminel e genyen ki pedi la vie yo konsa nan zafe papa ak manman moun fou kap mache di ke se hougan kap manje pitit yo.

Hougan se yon bizniss ki byen likratif e ki sevi anpil moun nan kominote a e ki fet pou resevwa proteksyon leta menm jan ak ninpot ki bizniss.

Fok assosyasyon hougan nan peyi d'Ayiti pran akizasyon illisyonist sa yo o serye e depoze yon plint legal devan leta pou moun kap mache di ke se hougan kap manje pitit yo.

Fok leta komanse investigasyon sa yo sou parent dabo kap vinn depoze plent ke fanmi yo mouri e antere e ke pitit yo retounen nan kay la anko sou fom zombi.

Mwen kwe ke grangou melanje ak ignorans nan plizye ka kap kweye yon defisyans mantal tempore'r ou permanant kay yon moun e fe moun nan fe vizion, ou byen illisyone nan yon kondisyon paranoyik e tromatik.

Sa'm konnen !! Bagay sa yo tro fô e depasse’m !!
Revelasyon
Revenir en haut Aller en bas
colocolo
Starwars
Starwars


Sexe:Masculin
Inscrit le : 16 Nov 2007
Messages : 3683
Localisation : usa
Loisirs : soccer

MessageSujet: Re: Zonbi men saki rele imoralite, nou dwe konbat olye kanpe nan dengwenn omoseksyèl   Sam 6 Sep - 12:54

Bel rale, Revelatyon!

Map profite mete yon poin sou yon i.

La police et la justice couvrent les problèmes d'ordre naturel. La zombification est plutot d'ordre surnaturel.

Qui peut expliquer scientifiquement comment un etre humain peut rester vivant pendant plus de 3 mois dans une chambre froide?

Et dans une cave?


D'ailleurs, les agents de la justice et de la police qui tenteraient de s'aventurer dans le controle de la zombification ne feraient qu'augmenter le nombres de zombis dans le pays.

Malfaitè yo tap manje ti jij de pè ak ti polisie sa yo tankou grenn la pli.

E byen, sak ki ka fè nan bagay sa a?

Il faut confier le prolème de la zombification aux champwèl et zobop. Ils sont plus puissants que les petits malfaiteurs qui pratiquent la zombification, ils sauront comment les mater et les controler.

Laissez les problèmes naturels à la justice haitienne.

_________________
A qui ne pas confier le Pouvoir?
Revenir en haut Aller en bas
Joel
Super Star
Super Star


Sexe:Masculin
Inscrit le : 24 Aoû 2006
Messages : 2768
Localisation : USA
Loisirs : Histoire

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: Re: Zonbi men saki rele imoralite, nou dwe konbat olye kanpe nan dengwenn omoseksyèl   Sam 6 Sep - 15:12

Annou serye Colo,

Pa gen anyen ki sinatirèl lan zafè zonbifikasyon an.

Se paske ,nou genyen atitid sa a ki fè moun ap kontinye ap fè lòt tounen zonbi.

Eksplike ,gen yon bagay ekspesyal ak Ayisyen?.Se nan tradisyon Endyen Karayib yo bagay sa a sòti?
Menm sa tou ,fòk ta genyen l an Dominikani,menm Kiba tou paske se menm tribi Endyen yo ki nan tout zile yo.

Se pa ka yon tradisyon Afriken,paske nèg nwè Kiben,Brezilyen se menm kote wi yo sòti ak Ayisyen ,se lan tradisyon YOROUBA wi?
Ban m yon ti eksplikasyon souple
Revenir en haut Aller en bas

Zonbi men saki rele imoralite, nou dwe konbat olye kanpe nan dengwenn omoseksyèl

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Revenir en haut 
Page 8 sur 9Aller à la page : Précédente  1, 2, 3, 4, 5, 6, 7, 8, 9  Suivante

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Haiti - Société-