
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti. |
|
| Marc Henry genyen plis diskresyon nan defann gouvenman Preval-Bellerive | Ven 19 Mar 2010 - 15:23 par Rico | Marc-Henry map mande w anko mete tout moun an konfyans, kenbe yon netralitè kom direktè yon forom. Map eksplike m se dwa w pran pozisyon pou Preval, Gnbis ou anko Dyab.
Se menm anko nomal pou pran yon sedo pou voye rejim kinan w monte, bay manti, fè dezenfomasyon. Saki vle pran se zafè yo.
Men li pa bon , li move gou, movèz pratik nan fè piblisite gratis pou Gouvenman sitou ak manti nan yon tit an premye paj tankou :
Par son leadership , le premier ministre Bellerive obtient 4 milliards pour la reconstruction d'Haiti.

Se bay moun manti, se piblisite kras pou yon ekip politik ki pa konnen sou ki pye pou yo danse. Sispann bay manti, voye move dezenfomasyon. Tonas Bellerive pa nan anyen nan zafè 4 milya yo dekese pou 2 zan. Okontrè gen plis anko kap vini nan yon konjonkti espesyal.
Peyi dayiti viktim yon katastrof ki louvri tout pot kite fèmen. Vrè responsab tout jenerozite sayo se prop malè peyi dAyiti. Sispann fè alizyon ak dendon de la fas yo poko menm finn etabli koman yo dwe jere fon sayo.
Mwen mande w kom gran patron, inisyatè fondatè forum haiti manyè respèkte tout moun alawonbadè. Ke mwen nan kan Preval ou byen lavalas, makout, Gnbis e latriye. A MWENS KE W DI OUVÈTMAN SE YON FOROM DALEJANS GOUVENMANTAL.Alos saki pa vle kraze poul yo.
Men sispannn fè mwen kwè se yon forom ouvè, lib, demokratik san pati pri ak okenn atach. Mwen mande w mete jwèt la klè pou tout sektè ou moun ki vle patisipe isit. A mwens ke rico ou byen zot gen dwa mete komantè yo nan premye paj tou. Se pa pozisyon w kom Prevalyen ki dwe afiche selman. |
| | Commentaires: 10 | | Qui est en ligne ? | Il y a en tout 16 utilisateurs en ligne :: 2 Enregistrés, 1 Invisible et 13 Invités :: 2 Moteurs de recherche Karl X, NoucheLe record du nombre d'utilisateurs en ligne est de 155 le Jeu 14 Jan 2010 - 16:45 | | Juillet 2010 | | Dim | Lun | Mar | Mer | Jeu | Ven | Sam |
|---|
| | | | | 1 | 2 | 3 | | 4 | 5 | 6 | 7 | 8 | 9 | 10 | | 11 | 12 | 13 | 14 | 15 | 16 | 17 | | 18 | 19 | 20 | 21 | 22 | 23 | 24 | | 25 | 26 | 27 | 28 | 29 | 30 | 31 | Calendrier |
| |
| |
|