Sa pap mache ankò, Aristide te fè l deja nan kanpay li nan Petyonvil an 1989
Gade tande ti Jude Celestin, sispann betize ak moun tande! Ou pran tout Ayisyen pou moun sòt? Politik sakrifye pwòp patizan w sa a se menm politik Idy Amin Dada te konn fè an Afrik pou l te ka montre yo pa vle wè l. E Aristide (profesè profesè w Preval) te fè l tou lè l te mete bonm nan kanpay li a nan Petyonvil an 1989.
Kout mètdam sa a, Populis yo abitye fèl lè yo wè yap pèdi. Se pou pèp ka gen pitye pou yo pou yo ka vote pou yo. Se sa yo rele an franse "tous les moyens sont bons" an, menm jan ak pwazon kolera nou lage nan rivyè Latibonit la pou bay moun maladi kolera pou ka gate eleksyon an pou bòpè w ka rete plis tan sou pouvwa a.
Men, fwa sa a magouy la pap pase. Afè mete moun tire sou a pou ka fè nouvèl pou yo ka kwè ou se yon viktim pou yo ka kanpe bò kote w la, se politik mètdam li ye. Aristide konmanse avèl nan Fresino, Senmak e li te fini avèl nan Petyonvil e sa te mache pou li. Men koulyè a je tout moun klè nou pap pran ladan ankò. Nap profite di pèp Ayisyen pou l veye zo l, paske plis jou eleksyon an ap avanse, se plis chans nou genyen pou nou tande yo atake patizan Jude Celestin, poutan se rat kay kap maje pay kay...
Epi, menm si yo te tire sou ou jan w di l la. Ki sa w te vo pou pèp la konsa a pou l ta sezi pou sa? Valè moun serye kap mouri nan peyi a. Baton ki bat chyen blan an kap bat chyen nwa a. Dayè se pa sou premye moun yap tire nan peyi a. Se oumenm ak bòpè w ki gen mayèt sekirite peyi a nan men nou, se paske nou pa fè travay nou ki fè sa rive.
Pou moun kap mouri anba kolera ajoute sou 300 mil moun ki sot mouri nan tranblemandtè, yon sèl ti grenn lan ki dwe mouri nan konvwa w la (si se ta vre, si se pa yon montaj) pa reprezante anyen nan politik kadav Preval bay pèp la. Sa pa anyen monchè...
Sèl bagay nou dakò, tonbe w tonbe sou podyòm lan te dwe fè w konpran se 2 kote nan peyi a moun pa betize ak pèp pou papa Dessalines pa vanje sa: se Jeremi kidonk Lagrandans ak Latibonit. Si m te ou, kòm chimen bouton se chimen maleng, move siy sa a tap fè m abandone kanpay pou al fi-n kraze peyi a pandan 5 kan kap vini an. Men kòm lajan fè chyen danse, fanm fè nèg fè tenten e pouvwa fè nèg avèg, sa w pran se pa w!
Malé bòs papa!
Nèg Lakay