Rappel du premier message :
Anpil nèg an ba te vèvènn e pwan kabann
Li sanble efori retou Aristide sou forum lan pase byen vit ak rakle pèp la sot bay ekip sa an votan masivman pou on ansyen koudetayist jan yo renmen rele mèt beton an e ki soti pwouve li anko, ke Jodi ya beton an se pa’l li ye.
Nèg yo sou gwo chok, nou ka wè sa ak absans yo sou forum lan, tout pwan kabann, pa gen ase fey vèvènn pou fè te pou yo, kounye ya tout moun dizy, podyab yo, mwen gen la penn pou yo, depi lontan map di yo peyi yo te konen yan pa ekziste anko, yo pa vle kwè, yo kontinye tap viv nan rèv yo, e voye monte ninpot ki sa ki pa gen ankenn rapo anko ak reyalite dojoudwi de peyi ya.
Mesye nou manke’m sou forum lan, retounen pou nou ka diskite nan la pè e le respè, li pa janm two ta pou nou fè mea kulpa nou, e travay ansanm, ansanm, ansanm, pou rekonstwi peyi ya, anpil men chay pa lou. Kounye ya avek nouvo prezidan sa se pou tout moun vini chita bo tab la.