Joel Super Star

 Nombre de messages: 8202 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: La Jeu 31 Mar 2011 - 8:47 | |
| | Thunder a écrit: |
Sa ke w ekri laa montre kareman ke w pa t konprann kontèks politik peyi an de1996 a 2001. Nan epòk saa, Preval te jis yon zo pope ke Aristide t ap manipile. Al mande Preval nan ki kondisyon ke sè l lan te manke mouri, mande l pou kisa ke l te oblije fè koken nan eleksyon 2000 yo pou Aristide. Anplis, yon moun pa bezwen divinò ni genyen lwa gede danse nan tèt li pou l konprann pou ki rezon ke Preval pa janm reklame l de lavalas ankò depi plis pase 10 lane, e bay lavalas kanè nan dènye eleksyon yo. Rezon an senp, li jis te vle montre papa lyon Tabarre lan ke fwa saa se li ki chèf (lol).
Anplis, fòk mwen raple w ke Lavalas (ki genyen ansyen diktatè sanginè an kòm chèf li) te genyen anpil enterè nan lanmò Jean Do tou, pou m pa di plis toujou. Nan dat 16 Desanm 1999, Aristide te bay Jean Do yon entèvyou pou komemorasyon eleksyon Aristide lan ki te fèt 16 Desanm 1990. Pandan entèvyou saa, Jean Dominique te poze Aristide anpil kesyon sou zafè 150 milyon dola "Ti pwojè Prezidans" lan ki te "disparèt" kou yon kout zeklè nan men Aristide ak bizango l yo. Kesyon sa yo te mete Aristide nan yon sèl grenn soulye, kote ke se youn nan ra fwa ke moun te tande Aristide ap bege, li pat konnen ke Jean Do ta pral kesyone l sou sijè saa.
Pou m fini, mwen dakò ke Dominique te genyen anpil ènmi e nenpòt nan yo te ka fè asasinen l. Men tou, wou menm, fòk wou genyen kouraj pou w admèt ke Lavalas te fè yon ekselan travay pou ke l pa t jwenn jistis. Si Lavalas te genyen enterè pou Dominique pa t jwenn jistis, li difisil pou m konprann kòman fè ke yo pa t genyen entère nan lanmò an tou. Se yon bagay ki klè kou dlo kokoye. |
Mwen pa konprann? Ki enterè ARISTIDE ta genyen pou l fè atanta sou sè PREVAL? Okenn . Anpitou ,se pa premye fwa sa ap fèt ,ke lè gen konplo k ap mitonnen kont yon moun ;sèvis sekrè ameriken an ,netwaye teren an. Sa te fèt kont JENERAL CHILYEN yo te rele SCHNEIDER an .Yo konnen ke misye t ap kont koudeta kont ALLENDE an ;yo te elimine misye lan preparasyon koudeta a. Koudeta kont ARISTIDE lan pa t ap posib ;ou pito li t ap ekstrèman difisil si DOMINIK te vivan. Pa gen dout ke lè DOMINIK t ap wè men enperyalis lan dèyè koudeta a ;ak otorite moral li te genyen lan peyi an ,misye t ap kanpe kont koudeta a. Ti jwèt ke STANLEY LUCAS t ap mennenn yo ,se T AP KRÈK TI BÈT;misye t ap demaske tout nèg;KELKELANSWA ti diferans li t a genyen ak lòt moun lan LAVALAS. |
|
deza Super Star


 Nombre de messages: 3886 Localisation: U.S.A Loisirs: READING FOOOTBALL SOCCER TENNIS M Date d'inscription: 29/07/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le nouveau citoyen haitien
 | Sujet: Re: La Jeu 31 Mar 2011 - 9:43 | |
|
Mwen pa konprann?
Ki enterè ARISTIDE ta genyen pou l fè atanta sou sè PREVAL? Okenn .
Lan yon meeting lan Tabarr kote Aritide te konvoke Preval kom prezidan misye te telman te fache ke li te souflete Preval .Ser Preval la fache kidonk li remet misye souflett la epi li li di li ke se ak yon prezidan ke li tap pale la a .Detan pou Dam nan rive lakay li lod pou te touye li a tegantan bay ...a la Jean Dominik apre reynion li lan Tabarr ak Kriminel lan .
|
|
Joel Super Star

 Nombre de messages: 8202 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: La Jeu 31 Mar 2011 - 9:56 | |
| Wi ARISTIDE te fè atanta sou sè PREVAL ;menm jan li te bay lòd pou kraze antèn radyo BOUTILYE yo (lol) |
|