Rico Super Star


 Nombre de messages: 6511 Localisation: inconnue Loisirs: néant Date d'inscription: 02/09/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: dindon de la farce
 | Sujet: ASOSIYASYON MEDIA AYISYEN VOYE YON PINGA BAY MARTELLY AK TOUT PATIZAN ENTOLERAN Sam 2 Avr 2011 - 14:42 | |
| Rappel du premier message : CONSEIL D'ADMINISTRATION AMNH Maten Samdi te gen yon emisyon espesyal Ranmase. Animatè emisyon sa te pran chomaj pou pase mikro l bay AMNH Asosiyasyon Nasyonal Medya Ayisyen ak yon lot oganizasyon medya ki rele AMI. Objektif emisyon sa se pou te kenbe solidarite ak radyo KARAYIB KAP SIBI DEPWI KÈLKE TAN ANPIL MENAS O WI YO PRAL PASE A LENFINIF TOUT PÈSONÈL RADYO SA , METE DIFE SI MARTELLY PA RIVE PREZIDAN NAN SEGON TOU ELEKSYON YO.
Rado Karayib ap fonksynen nan laperèz, yo sou gad yo, la polis kontrrole tout zonn estasyon pou flanke malendren sayo kap voye mesaj ak kout telefonn selilè agresif depwi avan ak apre eleksyon yo. Men istwa sa komanse byen avan ak Michel Martelly kite mare fache nan yon rankont ak jounalis . Li te santi estomake, li te anraje lè Darly Valet te poze l kèksyon sou zafè fayit AK DÈT LI PA TE PEYE YON LOPITAL AK SEZI POU DÈT NAN MINISTÈ REVENI NAN FLORIDE.
Lè li eseye fwi kèksyon jounalis Medya Altenatif Gotson Pierre relanse l, Martelly replike pou di: Li konnen se voye , yo voye l.Men pèp la ap swiv pou mache pran yo. Menas ak vye entimidasyon se te repons Michel MARTELY KONT JOUNALIS KI AN FONKSYON. Alos li ta sanble lari a pran not pou byen konprann ki jan pou jwe politikman nan dosye politik kinan yo.
Alos kont tout deriv sayo ekip resposanb meday sayo te vle mete AKI DEMOKRATK yo rekipere depwi 86 nan plas li. Non lese kèlkonk ti diktaktè aspiran pou chèz boure pase yon ti vit. Se konsa sou kondwit Erold Jean Francois genyen Marcus Gracia, Lilyann Pierre Paul, nan telefonn Remarais Alonce , ak politisyen tankou K Plim e latriye kite opinen , bay dizon sou zafè libète laprès nan peyi dAyiti.
Tout panèl an jeneral fè konprann nesesite pou konsève dwa ak aki yo gen nan lit , nan vyolans kont move diktaktè. Lit ki lese anpil blesi, soufrans , anpil fanm ak gason ki pran egzil, ki lese vi yo. Nan grann chenn solidarite ak radyo Karayib ekip Martelly repwoche patipri pou Madan Manigat. Yo raple fanatik entoleran sayo dwa plen ak antye radyo kARAYIB CHWAZI KAN L MENM JAN SA FÈ NAN DEMOKRASI LOT KOTE NAN MOND LAN PANDAN YON KANPAY ELEKTORAL.
Alos yon politisyen ki aspire pran pouvwa, dwe fè anpil atansyon, dwe yon modèl pou zway li yo , sitou pou militan nan baz li yo, ki dwe fè yon bon aprantisaj DEMOKRATIK. Alos se la mwen di nenpot ti 2 pik pa dwe rantre nan zafè ki mande anpil retni, sajès ak sitou konpetans. MWEN TE TOUJOU APRANN JOUMOU PA DONNEN KALBAS |
|