| | | SISTÈM DECHOUKAY, TOUYADO YON MENAS POU YON GOVENMAN AK ENVESTISMAN | |
| | Auteur | Message |
|---|
Rico Super Star


 Nombre de messages: 6511 Localisation: inconnue Loisirs: néant Date d'inscription: 02/09/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: dindon de la farce
 | Sujet: SISTÈM DECHOUKAY, TOUYADO YON MENAS POU YON GOVENMAN AK ENVESTISMAN Mer 6 Avr 2011 - 17:16 | |
| Pandan zot ap rejwi, bwè tafya ak zanmi yo nouvèl ekip komanse chanje ton , gen yon lot diskou. Se twouve gwo majon kan Martelly Wycleff twouve l trè pridan , pa vle fè vag, KOMANSE PALE AN MOUN DETA nan reflechi kisa kap tann nouvo govenman zanmi l Michel Martelly,.
Wycleff komans ak yon revelasyon ki siprann nou anpil. Li fè konnen ak mwayen ekonomik li gen anpil envestisman li ta vle fè an Ayiti, men kilti , abitid dechoukaj yon moun ki envesti, mete anpil laperèz lakay li. Zafè yo boule, detri kapital li se yon risk nan peyi dAyiti.
Selon Wykleff Ayiti pa gen yon sal espetak, men konstri youn se gwo risk pou detri l si moun ki te apresye l vinn twouve lennemi l olye se senp opozan l. Se rezon li sètoblije kanpe lwen. Pa vreman envesti anko nan peyi dAyiti.
Jan li pale se pral yon eksperyans ak Martelly li ta sipoze mantalite yo evolye. Non menm vye abitid, vye pratik dechoukay sitou saki gen plis mwayen yo fini.
Nou kritike, plede anpil kont estipidite sayo. Nan zafè radyo karayib. Mwen te di REPONS PEYIZAN ak lidè l te ale two lwen. Nan voye toya pou fè apèl ti pèp pou fè brigandaj estil lavalasyen yo nan BAYO SAYO MERITE.
Michel Martelly dwe pran kom leson, lajan li pral debloke pou rekonstri tout biro leta nan vil Okay bann fanatik li yo te mache boule.
Li sou pouvwa espere fanatik entoleran li yo METE DLO NAN DIVEN YO, aprann negosye twouve nolisyon non jwe gwo PONYET POU REZOUD YON PWOBLEM.
PWISKE MENM FANATIK SAYO PRAL YON GWO RISK POU DECHOUKAJ NOUVO GOUVÈNMAN SA , SI PA GEN PASYANS AK TOLERANS SITOU NAN MOVE GRANGOU.
Nou espere ke menm pèp kap rejwi, rele anmwe pral rete koul lè yo pa twouve saye te espere. Annou swete zafe lekol gratis , koken pap leve nan pwochenn rantre lekol se roulib pral genyen. Pèp pa evalye tan ni mwayen ki genyen, se nan parol saki te di.
NOU SWETE POU PA GEN DECHOUKAJ TI MALERE KI GEN TI LEKOL BOLÈT PRIVE YO KOM RESPONSAB, OU BYEN VIKTIM SAKI TE DI.
NOU SWETE PA GENYEN KRAZE BRIZE, DEMANTIBILE PWOPRiYETE PRIVE, TANKOU BYEN LETA, VWATI LETA SE ANKO BYEN KOLEKTIVITE.
|
|  | | Invité Invité
 | Sujet: Re: SISTÈM DECHOUKAY, TOUYADO YON MENAS POU YON GOVENMAN AK ENVESTISMAN Mer 6 Avr 2011 - 20:24 | |
| RICO TOUT SA WAP DI LA CE MANTI MWEN POKO JAM TANDE MARTELLY EKSITE MOUN POU ALE FE DEZOD MWEN POKO JAM TANDE YUN DISKOU LI KAP FE DEMAGOJI SI C MANTI MAP BY POSTE YUNE MWEN POKO JAM TANDE YUN DISKOU LAN BOUCH PREZIDAN KI GINYEN KOURAN TI PEPIS SI OU GINYEN YUNE POSTE LI .
MARTELLY KON PERDI LI PAT PE PERDI LE CEP LA TAP BY KANE LE YO SITE NON WYCLEF LI DI HUM TOU PAM DEYE. LE YO TE METE LI EN 3EME POZISYON LI TE KANPE AP BY MOUN LAN MAIN POU TOUT AIDE YO TE BALI JUSKA SE KE YO RELE LI YO DI LI MIN PEP LA PWAN LARI. SA MWEN KONNIN LI BIEN. |
|  | | Maximo Super Star


 Nombre de messages: 3182 Localisation: Haiti Loisirs: football - Gagè Date d'inscription: 01/08/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle:
 | Sujet: Re: SISTÈM DECHOUKAY, TOUYADO YON MENAS POU YON GOVENMAN AK ENVESTISMAN Jeu 7 Avr 2011 - 6:49 | |
| | zouke a écrit: | RICO TOUT SA WAP DI LA CE MANTI MWEN POKO JAM TANDE MARTELLY EKSITE MOUN POU ALE FE DEZOD MWEN POKO JAM TANDE YUN DISKOU LI KAP FE DEMAGOJI SI C MANTI MAP BY POSTE YUNE MWEN POKO JAM TANDE YUN DISKOU LAN BOUCH PREZIDAN KI GINYEN KOURAN TI PEPIS SI OU GINYEN YUNE POSTE LI .
MARTELLY KON PERDI LI PAT PE PERDI LE CEP LA TAP BY KANE LE YO SITE NON WYCLEF LI DI HUM TOU PAM DEYE. LE YO TE METE LI EN 3EME POZISYON LI TE KANPE AP BY MOUN LAN MAIN POU TOUT AIDE YO TE BALI JUSKA SE KE YO RELE LI YO DI LI MIN PEP LA PWAN LARI. SA MWEN KONNIN LI BIEN. |
Zouke,
Tout sa Rico ap di la egal a chif li tap plede poste sou forum lan kote li te mete Madan Manigat devan nèt ek Manigat te genyen eleksyon yo, lè mwen te wè misye ap bay move enfomasyon mwen te vini ak bon chif yo sou forum lan pou mwen pat kite lektè yo nan fè nwa, misye te move tap mande'm sous mwen, si mwen tap travay pou KEP la? Men jodi ya misye oblije aksepte ke mwen te gen on bon sous dlo klè, tandis ke sous pa'l la te on ti sous sal Men se nan abitid zanmi yan pou li ap voye nouvèl li ta anvi tande sou forum lan men pa nouvèl reyel yo, depi tan map kwaze a misye sou forum ayisyen yo se toujou menm taktik la, dezenfomasyon pou pase mesaj li, sanble misye gen on doktora nan pwopagann, kom mwen byen renmen vye frè ya, anpil fwa mwen oblije fè tankou'm pa wè dezenfomasyon lap ekri yo, men twop se twop, fok on lè nou di frè ya fè on ti teke sou fren'l, ke verite pi enpotan ke pwopagann. |
|  | | revelation Super Star


 Nombre de messages: 3073 Localisation: Washington, DC Opinion politique: Senior Financial Analyst Loisirs: walking, jogging, basket, tennis Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: L'analyste
 | Sujet: Re: SISTÈM DECHOUKAY, TOUYADO YON MENAS POU YON GOVENMAN AK ENVESTISMAN Jeu 7 Avr 2011 - 8:16 | |
| | Citation: | | Rico di: Wycleff komans ak yon revelasyon ki siprann nou anpil. Li fè konnen ak mwayen ekonomik li gen anpil envestisman li ta vle fè an Ayiti, men kilti , abitid dechoukaj yon moun ki envesti, mete anpil laperèz lakay li. Zafè yo boule, detri kapital li se yon risk nan peyi dAyiti. | Sa Wyclef Jean di se sa ke tout entreprener, bisznisman di. Haiti se yon peyi a "high Risk" dapre magazine assirans, finans, invetisman etc. Jiska prev di kontrer, pa gen manti nan sa.
Pou pa pedi bizniss w le gen dechoukaj ak kwaze brize fok yon entreprener pran assirans. Plis peyi a gen plis risk ladan se plis lajan pou assire bizniss w.
Gen Media, compagni assirans, bank, investiser, compagni maritime e aireryenn etc ki gen je sou nou. Bizniss se bizniss e tout investisman gen yon nivo de risk ki akseptab di moman ke w gen tan kouri vit fe reparation avan ke tiraj loteri komanse.
We etan zanmi Martelly, fok Wyclef Jean fe premye jest la pou restore konfyans nan peyi a e pou attire lot investisse tou. Sepandan, memm si gen zanmitaj, fok tout entreprener jwen memm avantaj memm jan ak tout bizniss pou koription ak nepotism pa simaye nan peyi a. |
|  | | deza Super Star


 Nombre de messages: 3886 Localisation: U.S.A Loisirs: READING FOOOTBALL SOCCER TENNIS M Date d'inscription: 29/07/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le nouveau citoyen haitien
 | Sujet: Re: SISTÈM DECHOUKAY, TOUYADO YON MENAS POU YON GOVENMAN AK ENVESTISMAN Jeu 7 Avr 2011 - 9:01 | |
| Le changement est inevitable ...
!  ;!  |
|  | | | | SISTÈM DECHOUKAY, TOUYADO YON MENAS POU YON GOVENMAN AK ENVESTISMAN | |
|
Sujets similaires |  |
|
| | Permission de ce forum: | Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
| |
| |
| |