| | Obama becoming puppet of Wall St Oligarchs | |
|
| Auteur | Message |
|---|
jafrikayiti Star plus

 Nombre de messages: 1450 Localisation: Ottawa Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Bon neg guinen
 | Sujet: Obama becoming puppet of Wall St Oligarchs Sam 21 Mai 2011 - 23:10 | |
| http://www.youtube.com/watch?feature=player_embedded&v=s4M4uBdrI_s
The economic rift between rich and poor in America is deepening, but a new awareness is also taking root among the people. That's the opinion of renowned civil rights activist Dr. Cornel West, who shared his views during an exclusive interview with RT's Marina Portnaya
|
|
 | |
Joel Super Star

 Nombre de messages: 8206 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Obama becoming puppet of Wall St Oligarchs Mer 25 Mai 2011 - 8:23 | |
| JAF;
CORNEL WEST kont OBAMA vin yon konfwontasyon ant pwa lou.WEST genyen ERIC DYSON ak li .MELISSA PERRY pran pozisyon kote OBAMA.
Kite m di nou ,si nou poko tande MELISSA PERRY ki se pwofesè lan PRINCETON ansanm ak WEST ,nou manke yon eksperyans. Manmzèl se KÒMANTATÈ sou MSNBC. Kounye an moun OBAMA yo voye AL SHARPTON tou pou reponn CORNEL WEST;te gen yon deba ant SHARPTON ak CORNEL WEST sou MSNBC.
Men repons Dr MELISSA PERRY bay CORNEL WEST ,tankou m di ,se kòlèg li lan PRINCETON. MELISSA PERRY di kont WEST ak DYSON gen ak OBAMA a pi pèsonèl ke ideyolojik ;se sou zafè de tikè lè inogirasyon an:
http://www.thenation.com/blog/160725/cornel-west-v-barack-obama |
|
 | |
deza Super Star


 Nombre de messages: 3886 Localisation: U.S.A Loisirs: READING FOOOTBALL SOCCER TENNIS M Date d'inscription: 29/07/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le nouveau citoyen haitien
 | Sujet: Re: Obama becoming puppet of Wall St Oligarchs Mer 25 Mai 2011 - 8:33 | |
| Antouka mwin te li yon poll ki te di popilarite Obama monte a 60% apwe kal li fin pwan lan eleksyon an .Sa vle di ke pep la rinmin direksyon li pwan an .Kidonk la vwa di pep c'est la voix de dieu quan il se mele de politique.i |
|
 | |
jafrikayiti Star plus

 Nombre de messages: 1450 Localisation: Ottawa Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Bon neg guinen
 | Sujet: Re: Obama becoming puppet of Wall St Oligarchs Mer 25 Mai 2011 - 22:05 | |
| Mèsi pou enfomasyon sa a Joel. Mwen pa t okouran tout chiepit sa yo. Antouka, mwen espere Obama pa pase tout manda li ap fè teyat nan White House la, pandan l ap ede fos tenèb yo konslide pouvwa yo toupatou sou planèt la. M ap gade misye k ap fè defile ak larèn ak ekip parazit li yo, pandan tonad ap ravaje moun nan peyi li...bagay sa yo ap vire anpil moun kont li. Se vre semenn sa a repibliken yo pa kanpe sou anyen...men tou sa fè afè oligachi a, paske si se konsa Obama kontinye ap dirije, tout jan yo chanpyon, kit gen chanjman nan White House la nan pwochen eleksyon an ou pa.
Jaf |
|
 | |
Joel Super Star

 Nombre de messages: 8206 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Obama becoming puppet of Wall St Oligarchs Mer 25 Mai 2011 - 23:00 | |
| JAF;
Li enpòtan wi ;moun ki pral genyen eleksyon an ,an 2012.yon prezidan se lan 2yèm manda l ,ke li ka enplemante yon ajanda ,paske li pa p bezwen reyeli. Se poutèt sa a ;yo pa pran a lalejè kont sa a ki genyen ant de entelektyèl tankou ,CORNEL WEST ,TAVIS SMILEY ,TYSON ak OBAMA.
OBAMA bezwen kominote nwa sòti an gran nonm si l vle genyen eleksyon an .Se ak vòt yo ,li ka genyen de ETA lan SID lan tankou KAROLIN DI NÒ.L ap toujou ka ranpòte omwens 90% vòt nwa a ,men tou gen moun si yo santi yo pa gen anyen y ap defann ;y ap chita lakay yo. Epitou menm pou moun ann AYITI ,eleksyon an gen yon sèten enpòtans.Mwen asire w si AL GORE te genyen eleksyon an pa t ap gen koudeta ann AYITI an 2004. Se pa renmen AL GORE renmen AYISYEN plis pase sa ,men pou rezon elektoral misye pa t ap kite koudeta fèt |
|
 | |
Maximo Super Star


 Nombre de messages: 3182 Localisation: Haiti Loisirs: football - Gagè Date d'inscription: 01/08/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle:
 | Sujet: Re: Obama becoming puppet of Wall St Oligarchs Jeu 26 Mai 2011 - 6:46 | |
| | Joel a écrit: | JAF;
Li enpòtan wi ;moun ki pral genyen eleksyon an ,an 2012.yon prezidan se lan 2yèm manda l ,ke li ka enplemante yon ajanda ,paske li pa p bezwen reyeli. Se poutèt sa a ;yo pa pran a lalejè kont sa a ki genyen ant de entelektyèl tankou ,CORNEL WEST ,TAVIS SMILEY ,TYSON ak OBAMA.
OBAMA bezwen kominote nwa sòti an gran nonm si l vle genyen eleksyon an .Se ak vòt yo ,li ka genyen de ETA lan SID lan tankou KAROLIN DI NÒ.L ap toujou ka ranpòte omwens 90% vòt nwa a ,men tou gen moun si yo santi yo pa gen anyen y ap defann ;y ap chita lakay yo. Epitou menm pou moun ann AYITI ,eleksyon an gen yon sèten enpòtans.Mwen asire w si AL GORE te genyen eleksyon an pa t ap gen koudeta ann AYITI an 2004. Se pa renmen AL GORE renmen AYISYEN plis pase sa ,men pou rezon elektoral misye pa t ap kite koudeta fèt |
Sa pat anpeche Bush genyen 2eme manda li ya. |
|
 | |
Joel Super Star

 Nombre de messages: 8206 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Obama becoming puppet of Wall St Oligarchs Jeu 26 Mai 2011 - 8:05 | |
| Pale sa w konnen MAXIMO. BUSH pa bezwen vòt nwa a.Plis ke 90% moun nwa se DEMOKRAT yo vote.Si moun nwa chita lakay yo ,yon DEMOKRAT pa p ka eli.
Nou chita ,gen lan nou,ap voye monte sou do CLINTON paske l te defèt koudeta 1991 lan. Se pa renmen CLINTON te renmen ARISTIDE; okontrè.Otomatikman ,entelektyèl nwa yo ,BLAK KOKIS elt...te vire kont koudeta AKTIVMAN ;CLINTON pa t gen chwa.
Se tankou lè ETAZINI t ap soutni rejim apartheid lan .Si nou pa konnen ,se CIA ki te di SID AFRIKEN yo ,ki kote MANDELA te kache lè yo te arete l;men yo te fòse menm ekstrèm dwat ameriken an chanje politik. KOUDETA kont ARISTIDE lan ,non sèlman pa t nwi BUSH ,men li te ka ede reyeleksyon.
Pa gen jan si AL GORE te eli ke l t ap kite koudeta 2004 lan fèt ;se pa paske li ta renmen ARISTIDE ou pa,men pou bezwen elektoral. Bezwen elektoral primòdyal pou yon politisyen ameriken.Tout milye biznis yo ;BUSINESS ROUNDTABLE pa egzanp ap mande pou gouvènman ameriken an leve anbago sou KIBA A;yo bezwen aksè a mache KIBA A ;men gouvènman e DEMOKRAT e REPIBLIKEN pa oze.Si yo fè sa ,pa p gen chans pou yo ranpòte FLORID ki vin yon ""pyès metrès"" lan si yon moun ap eli prezidan ou non |
|
 | |
| | Obama becoming puppet of Wall St Oligarchs | |
|