Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
 
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  CalendrierCalendrier  FAQFAQ  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  MembresMembres  GroupesGroupes  Connexion  

Partager | 
 

 Li ta sanble ke la France mande pou Aristide

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Aller en bas 
Aller à la page : Précédent  1, 2
AuteurMessage
kakakok
Super Star
Super Star


Nombre de messages: 4045
Localisation: USA
Date d'inscription: 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

MessageSujet: Li ta sanble ke la France mande pou Aristide   Lun 5 Sep 2011 - 11:44

Rappel du premier message :

Li ta sanble ke la France mande pou Aristide
Selon yon lot sitoyen lot kote web la.....

Toujou nouvel kap sikile sou beton an, li ta sanble ke la France ta mande ekstradisyon Aristide, e ke se Paul Denis ki te resevwa demand lan avan ke li te demisyone, e ke demand sa pou anpil nan kouri demisyone misye. Sanble Amaral mete inpe kakachat deyo sou ansyen aktivite ti pe ya. Istwa a swiv.


Dernière édition par kakakok le Lun 5 Sep 2011 - 11:55, édité 1 fois
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur En ligne

AuteurMessage
Le gros roseau
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 8000
Localisation: Usa
Loisirs: sport ,internet,stock market
Date d'inscription: 21/08/2010

MessageSujet: Re: Li ta sanble ke la France mande pou Aristide   Lun 5 Sep 2011 - 13:34

Mwen pa tap etonne non si genyen neg ki ta kontan ke Sakorsy voye yon lot expedityon tankou sa Napoleon te voye pou retabli esklavaj an ayiti.ki moun ki beswen li sa moun sa yo ap ekri.poukisa poupoupoul la pa rete nan senak li?Mnem jan yo te arete Toussaint Louverture se konsa yo ta renmen ke met yo arete Aristide tou.esklav de mezon sa yo fok nou jwen yon fen ak yo yon jou wi pou nou mete yo nan yon goulag pou nou reedike yo
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
kakakok
Super Star
Super Star


Nombre de messages: 4045
Localisation: USA
Date d'inscription: 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

MessageSujet: Re: Li ta sanble ke la France mande pou Aristide   Lun 5 Sep 2011 - 13:37

Joel a écrit:
kakakok a écrit:
Bon si la France ta mande tet aristide ,l amerik ta mande bout doudal pou di yo pata genyen rezon....Pou kantite moun Amaral manje an Ayiti poukisa se an France ti restavek la te voye l..Apre li te fini fabrike yo fo paspo pou li ..Map mande poukisa wap chire kolet ou konsa pou 2 sipe 100 a voeux konsa ????
[b]

Bon ,pou di ;kòman w fè konnen ke AMARAL te manje moun?
Ou te la ;ou te temwen ;ou byen se bagay ou li sou WEB lan?

Di m non ;kouman w fè konnen AMARAL TE MANJE MOUN?


Bon mwen dako wi ! Mwen pate la vre ! POUDI SI RICO AK MAXIMO , THUNDER TE YO PATA EDEEM...

AN ATNDAN SAN OU TE OKAP NAN WEEKEND NAN..KOMAN OU GENYAN FE KONNEN SE PWOTESTAN FONDAMANTALIS KI FRAPE ???? affraid
PAWOL JOEL
Citation:
Mwen kwè ou te konnen ki moun ki te pwofane KATEDRAL OKAP lan.Lan fanatism enbesil ou an ;ou te menm vle fè alizyon ak mesye LAVALAS.
Eske w pa wè ke dwèt gendwa pwente lan direksyon SÈKT PWOTESTAN FONDAMANTALIS yo.
Se yo ki pouse FANATISM yo lan yon pwen tèl ;ke yo ka komèt de zak konsa
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur En ligne
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 1850
Localisation: terre-neuve
Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription: 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

MessageSujet: Re: Li ta sanble ke la France mande pou Aristide   Lun 5 Sep 2011 - 13:49

Apa poupoupoul ap vin envite nèg sou ti-fofo. Ala yon pijon! Mesye konprand poupoupoul byen, li okontrè ki sa mesaj li a vle di ekzakteman, sè ke sa pa tèlman solid lan peyi vwazen a si se bagay konsa k'ap repete antre yo. Sa rele bat la pon-yèt.

Trève de blague. Poupoupoul jis ap amize'l men li pa rekeyi pi bon nouvèl sou zón l'ap rele sou beton a. Nèd yo vrèman ekzajere.

Sèlman lan zak vandalism sa yo, fo ke aktè yo pa blye ke se la gè y'ap deklare a yon group ki pi anpil e ki pi fó pase yo. Piga se lan kache y'al opere lè yo leve lan deng yo non.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
piporiko
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 4756
Age: 42
Localisation: USA
Opinion politique: Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs: MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription: 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

MessageSujet: Re: Li ta sanble ke la France mande pou Aristide   Lun 5 Sep 2011 - 15:07

Le nou we Kokkk ap bay vye nouvel sou Forum lan,se pa pawol li.Li aji an proxy.Se yon sou maren li ye.Li toujou ap reve an nwa e blan.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Joel
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 8207
Localisation: USA
Loisirs: Histoire
Date d'inscription: 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: Re: Li ta sanble ke la France mande pou Aristide   Lun 5 Sep 2011 - 16:06

kakakok a écrit:


Bon mwen dako wi ! Mwen pate la vre ! POUDI SI RICO AK MAXIMO , THUNDER TE YO PATA EDEEM...

AN ATNDAN SAN OU TE OKAP NAN WEEKEND NAN..KOMAN OU GENYAN FE KONNEN SE PWOTESTAN FONDAMANTALIS KI FRAPE ???? affraid
PAWOL JOEL
Citation:
Mwen kwè ou te konnen ki moun ki te pwofane KATEDRAL OKAP lan.Lan fanatism enbesil ou an ;ou te menm vle fè alizyon ak mesye LAVALAS.
Eske w pa wè ke dwèt gendwa pwente lan direksyon SÈKT PWOTESTAN FONDAMANTALIS yo.
Se yo ki pouse FANATISM yo lan yon pwen tèl ;ke yo ka komèt de zak konsa


Wi pran yon sitasyon ""hors contexte"".
Mwen pa oumenm ;mwen pa ""omnisyan"" menm jan ak ou.Nenpòt moun ki mouri mal lan peyi an ;tout zak ki pa sa ;se LAVALAS ki la kòz.
Se oumenm ki san fè espekilasyon ,ou te di kareman se LAVALAS ki te pwofane KATEDRAL lan ;ou te menm lonje dwèt sou MJC.
Akizasyon sa yo tèlman absid ,se ri pou yo ta ri w.
Mwen menm ;mwen pa konnen ;toutotan yo pa arete moun ;pou moun yo pale ;mwen pa p di mwen konnen moun ki te komèt zak sa yo.
Menm la ,paske la polis ann AYITI gen dwa fè moun di sa yo pa vle di ,anba baton ak dyake.
MWEN PA KONNEN KI MOUN KI TE PWOFANE KATEDRAL LAN E KIMOUN KI T AL KRAZE TANP MASONIK LAN.

SE ESPEKILASYON MWEN T AP FÈ
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 1850
Localisation: terre-neuve
Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription: 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

MessageSujet: Re: Li ta sanble ke la France mande pou Aristide   Lun 5 Sep 2011 - 16:27

Poukisa 2 evénman sa yo pase Okap? Si la polis konpetan, yo ka rezoud zak vandalism sa yo vit paske se lan menm vil la yo repete'l.

An efè, yo di ke fran-masonri se yon enstitusyon inivèsèl, si m'konprand ki akeyi tout konfesyon, ki sipoze layik, donk ki group ki rete pou ap ókestre jan de zak sa yo?

E pi, èske se korèk y'ap pale de profanasyon lan ka ''tanpl'' masonik la?

Bagay konsa pa't konn pase an Ayiti, yon peyi kote liberté de culte te relativman respekte. Menm si te deja gen frotman pafwa antr relijyon antre yo, menm si te deja gen kanpay antisipèstisyon kontr vodou.

Detrui legliz, detrui kay fran-mason, kraze tanpl vodou, m'pa kwè se sa ki pwal chanje peyi a. Byen ke tankou lan anpil bagay, gen nèg ki pa janm respekte sèman yo.

Depi m'te tou piti m'tap mache lan lój, lam funeray, lan resepsyon. Peyi a chanje anpil paske tout sitwayen m'ap raple'm ki te manbr loj yo se te moun ki te respekte vwazen yo menm lè yo yo te konn gen konfli pèsonèl yo. Antouka, mwen gen anpil bon souvni de anpil moun lan katye lakay ak lan rès vil la ki te konn reyini lan gran lakou lè dimanche ap bwè bweson, manje kabrit grye, ap chante kantik tankou:

Douce amitié, divinité chérie... (lol)

Kè yo te kontan e yo t'ap selebre fratènite. Papa'm te fran-mason.


Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Joel
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 8207
Localisation: USA
Loisirs: Histoire
Date d'inscription: 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: Re: Li ta sanble ke la France mande pou Aristide   Lun 5 Sep 2011 - 19:45

FRANMASONRI se yon òganizasyon layik.Pi fò moun ki te siyen ak ENDEPANDANS AMERIKEN an se te FRANMASON.
Youn ladan yo se te JEFFERSON.
Gen yon grenn mizilman ki aktyèlman lan KONGRÈ AMERIKEN an .Se te lan BIBLIYOTÈK PÈSONÈL JEFFERSON lan yo t al chache yon KORAN pou ELLISON te prete sèman.
Se yon ti jan fòt FRANMASON AYISYEN yo ki toujou ap pale de bagay MISTIK pou ba tèt yo enpòtans.
Pa gen anyen mistik lan FRANMASONRI;se te yon jan kòmanse lan 18yèm syèk lan moun ki ap chache konesans te ka diskite de bagay ke yo pa t ka fè an piblik.
De bagay ke yo ta ka lage ENKIZISYON dèyè w ;e ou konnen ke yon fwa yo lage ENKIZISYON lan dengonn ou ;ki sa ki ka rive w
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
kakakok
Super Star
Super Star


Nombre de messages: 4045
Localisation: USA
Date d'inscription: 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

MessageSujet: Re: Li ta sanble ke la France mande pou Aristide   Lun 5 Sep 2011 - 20:08

Le gros roseau a écrit:
Mwen pa tap etonne non si genyen neg ki ta kontan ke Sakorsy voye yon lot expedityon tankou sa Napoleon te voye pou retabli esklavaj an ayiti.ki moun ki beswen li sa moun sa yo ap ekri.poukisa poupoupoul la pa rete nan senak li?Mnem jan yo te arete Toussaint Louverture se konsa yo ta renmen ke met yo arete Aristide tou.esklav de mezon sa yo fok nou jwen yon fen ak yo yon jou wi pou nou mete yo nan yon goulag pou nou reedike yo


se sa k fe neg lobo web la ap ri nou konsa wi .....Konya ou pweske fe moun konnen valpa aristide la se Toussaint pita Preval ou Amaral pwal Jean J acques Dessalines ! Nou genyen sou ! Neg Yo di tet ou chaje sanble se vre !

ki sa ou bezwen plis pase sa minustah pa yonn ! Se nan volo elekson , se nan komet zak sasinaj sou pwp pitit peyi a ! se nan fe peyi a tounen yon ti kolonbie ekip sall up ou akouche Munistah !
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur En ligne
kakakok
Super Star
Super Star


Nombre de messages: 4045
Localisation: USA
Date d'inscription: 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

MessageSujet: Re: Li ta sanble ke la France mande pou Aristide   Lun 5 Sep 2011 - 20:17

piporiko a écrit:
Le nou we Kokkk ap bay vye nouvel sou Forum lan,se pa pawol li.Li aji an proxy.Se yon sou maren li ye.Li toujou ap reve an nwa e blan.


lo yon desimettre fini pale fuck nou bay yom maitre la pawol "


Kakakok,
Mwen konnen pwoblem ou paske zot pense ke ou se esklav nan pensee w e ke ou oblije swiv eko vwa yo, mwen sezi koman mwen we yap mande w pwan pot la pou ou. Men antan ke om lib ou ka pale kote w vle. Pwoblem mwen se tandans wi ak amen ki lakay menm aysien ki di ke yo entelijan e ke yo se entelektyel. Mank tolerans ak konpreyansyon fe oyun sye fret koule nan dom chak fwa mwen anfas bagay konsa.
dilibon

Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur En ligne
Mak
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 6204
Localisation: Terrebonne
Opinion politique: Démocrate
Loisirs: La marche
Date d'inscription: 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

MessageSujet: Re: Li ta sanble ke la France mande pou Aristide   Mar 6 Sep 2011 - 0:06

Nous avons déplacé la nouvelle imaginaire de kakakok à la section tribune libre : Nap pale net tèt kale .

Comment un haitien peut-il imaginer une telle nouvelle ? Franchement !

_________________
La liberté de la Presse comme principe Critique
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
 

Li ta sanble ke la France mande pou Aristide

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Revenir en haut 
Page 2 sur 2Aller à la page : Précédent  1, 2

 Sujets similaires

-
» Air France,Klm
» Académie Beauxbâtons - France
» Le Taxi a beaucoup d'avenir en France .
» Sondage (KPOP FRANCE) : les girlbands préférés des français.
» CE sect, 1970, Crédit foncier de France (GAJA)

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Mi-temps :: Tribune libre - Nap pale tèt kale-