ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Es-ke se vre? Lun 5 Sep 2011 - 14:19 | |
| Yè swa m'al gad sou Entènèt sa k'ap pase lan televizyon nasyonal Ayiti e se te yon desepsyon. Mwen trouve ke se byen lè y'ap montre film Afriken (lan lang Afriken) men pou ki moun y'ap pase film la si yo pa menm tradui'l an kreyol? M'ka konprand lan ane 70, televizyon t'ap montre Hawaï 5-0, Sandford and Son, elatrèy an angle paske se te konpayi prive ki t'ap montre yo pou yon piblik restren men m'pat atand pou televizyon ap montre itou film gang Nwa k'ap fè hold-up lan Miami an angle ankor. M'te bije kouri e sanble menm ke se Ayisyen ki aktè yo.
M'dakor sa ka pèmèt dekouraje jèn moun pou yo pa al komèt krim konsa kote y'ap mouri an mèm tan y'ap touye moun pou kèlk dola men m'ap mande'm si pa gen meyè film pou divèti moun yo lè dimanch swa. |
|