revelation Super Star


 Nombre de messages: 3073 Localisation: Washington, DC Opinion politique: Senior Financial Analyst Loisirs: walking, jogging, basket, tennis Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: L'analyste
 | Sujet: L’education des enfants dans les pays pauvres, une chance a prendre Mar 27 Sep 2011 - 14:50 | |
| Rappel du premier message :
Parent nan peyi pov toujou sispek ke apre tout lajan saa keyo depanse, pitit yo pa resevwa yon edikasyon de kalite ki pou pemet yo gen zel kou zwazo pou vole e pran indepandans yo.
Anpil tit moun nan peyi pov ki gen 25 ak 40 tan sou tet yo ap viv kay paran yo toujou apre tout depans skoler e akademik ke paran yo fe pou yo. Se swa par movez fwa, ou byen job key o pakab jwen.
Si yon parent gen 3 pitit pou voye lekol pandan yon period de 10 a 15 zan eske tout lajan saa ta fe plis benefis si yo mete’l nan yon bizniss elevaj kochonn, bef, kabrit, poul de preferans pandan 10 a 15 zan saa?
Eske malere ap gen travay ki asire ak kouraj pou depanse pou edikasyon pitit yo pandan 10 a 15 zan?
Si nan mitan chemen, yo pedi travay yo e pa kapab kontinye peye lajan edikasyon saa, pitit yo ap oblije pran yon job kom chofe taxi, ou byen fe demarcher pou ede fanmi an e yo kap pedi tout konesans ke yo te aprand sou ban lekol e investisman saa pedi.
Tandiske, piti gran neg la avek finans esipo paran yo kap kontinye edikasyon yo jiskaske’l vinn dokte, injenye, avoka etc..
Malere a toujou poze tet li kestyon eske tout literati, chimi, fizik, algebra,ke piti yo pra’l aprand impotan pou pitit yo sa jwen yon job nan peyi Dayiti?
Eske Leta, e sekte prive yo chwazi employe sou konpetans ou byen relation, klass sosyal ak moun pa,exziste toujou nan peyi Dayiti?
Nou di ke nan peyi pov, pep la pa gen infomasyon e konesans ak lojistik finansye pou voye pitit yo lekol. Se Leta ki gen obligasyon fe travay saa e ki pou pran sa an chaj.
Nou byen kontan ke Leta deside pran an charj edikasyon timoun nan peyi Dayiti ki se yon dwa elemanter de baz nan yon peyi. Konyen laa, chaj saa se sou bisket Leta ke li pra’l chita. Nan 10 a 15 zan, Diaspora ak Leta va we si tout million dolla transfe ak telefonn sayo ap bay yon rezilta pozitif yon pep sivilize, edike e informe.
Ou byen eske Diaspora ak Leta dwe investi tout million sayo nan agrikilti, elevaj kochonn,kabrit, projet touristik etc,, e bati post polis, prizon ak reformatwa pou ti vagabond ak delenkan pa vinn asasinen tourist, ak Diaspora yo ni volo yo? Or all of the above?
Nan tout investisman gen profi e gen pert..e se pa yon bagay pou Martelly pran a la legere ni pou fe politik. Se yon bagay serye ki mande patisipasyon tout fanmi e dirijan nan peyi an pou nou pa kite peson deye.
Fok nou oganize des jeux edikatif e foire scientifik e teknolojik ant tout lekol sa yo pou nou evalye e we si vreman gen progre kap fet ou byen si pou nou pran yon lot wout..
|
|