| | Repons pou Admintratè an. | |
|
|
| Auteur | Message |
|---|
Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Repons pou Admintratè an. Mar 1 Nov 2011 - 6:29 | |
| | Citation: | Nous demandons à tous les participants du Forumhaiti.com de ne pas publier les textes de nos membres dans d'autres forums sur le web. Toute reproduction intégrale ou partielle des discussions dans ce forum à un autre forum imitateur , faite sans le consentement de l'auteur est illicite. Merci de votre attention
Admin |
Pou kòmanse, se sa ki ekri laa ki pa genyen okèn baz jiridik. Pou l ta genyen yon baz jiridik, fòk administratè Fowòm nan te ka pwouve ke genyen plajiari. Sa vle di "vòlò" lide yon lòt moun. Pou yon moun vòlò lide yon lòt moun, fòk lè ke li t ap repwodwi sa moun nan ekri an, li pa t bay otè orijinal an "kredi l". Depi ke sa fèt, pa genyen anyen ki ilisit nan repwodwi tèks yon lòt moun sou entènèt lan.
Ebyen si se konsa, Forumhaiti.com se youn nan pi gwo aktè k ap fè bagay ki ilisit sou web lan. Paske pou valè atik, editoryal, ak kòmantè lòt moun ke mwen konnen ki repwodwi sou forum saa menm, konbyen nan otè orijinal yo ki te bay konsantman yo pou sa te fèt?
Depi ke administratè an pa ka pwouve ke tout atik sa yo sou fowòm nan laa te repwodwi aprè konsantman otè yo, li t ap pli saj pou l ta retire jan de not sa yo sou pòtay fowòm nan. |
|
 | |
Joel Super Star

 Nombre de messages: 8208 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Repons pou Admintratè an. Mar 1 Nov 2011 - 10:26 | |
| Gen yon bagay ki WRONG, WRONG,WRONG? Se pou eksplike poukisa ou bezwen LÒT SON KLÒCH sou FOWÒM sa a ;alòs ke FOWÒM KAVALYE POLKA w yo MONOTÒN? |
|
 | |
Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5132 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: Repons pou Admintratè an. Mar 1 Nov 2011 - 12:41 | |
| Lanpwen eksplikasyon ki nesesè. Yon otè gen dwa mande pou sèten sektè pa pibliye zèv li. Se pa yon kestyon de plajya.
Si otè an pa mete restriksyon, nenpôt moun kapab pibliye depi yo mete non l kom pwopriyetè zèv lan.
Men si li di zèv li paka pibliye san otorizasyon l. Se dwa li tou e li kapab pouswiv yon moun ki vyole konsantman l.
Alô, si Mak di li pa vle atik ki pibliye sou Fowom nan copye ou repwoduy pa kikeseswa, se dwa li kôm administratè e li gen dwa legalman ranfôse dwa l.
Epi administratè an gen tout otorite pou l mete sa l vle sou Potay Fowom nan. |
|
 | |
ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: Repons pou Admintratè an. Mar 1 Nov 2011 - 14:19 | |
| Woy! Halloween! M'te mal konprand sa administratè a te vle. M'te kwè li pa vle pou moun met sou sit la sa ki ekri sou Fofo. M'pa konn kouman li ka anpeche zege kontinye roule provizyon'l... Se jis yon malad k'ap fè sa. Pou mwen se eskive problèm la paske nèg pa vle yo rele yo diktatè. Je ne crois pas un mot de toute cette histoire. Mais que voulez-vous? M'ap toujou preche enklizyon paske m'respekte statu vizitè'm anpil. Welcome back! yo toujou di chyen pa janm pèdi chemen kay mèt li. Ha! ha! ha! Collier anti-aboiement: 
Dernière édition par martine la tourmente le Mar 1 Nov 2011 - 15:19, édité 1 fois |
|
 | |
T-NEG Modérateur


 Nombre de messages: 3550 Localisation: Montreal Loisirs: Sport Date d'inscription: 29/12/2008
 | Sujet: Re: Repons pou Admintratè an. Mar 1 Nov 2011 - 15:01 | |
| Il y a bien marqué: Sans le consentement de l'auteur si le membre en question est d'accord, libre à lui. _________________ «En me renversant, on n'a abattu à Saint-Domingue que le tronc de l'arbre de la liberté, mais il repoussera car ses racines sont profondes et nombreuses» Toussaint Louverture.
|
|
 | |
Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: Repons pou Admintratè an. Mar 1 Nov 2011 - 15:13 | |
| | Joel a écrit: | Gen yon bagay ki WRONG, WRONG,WRONG? Se pou eksplike poukisa ou bezwen LÒT SON KLÒCH sou FOWÒM sa a ;alòs ke FOWÒM KAVALYE POLKA w yo MONOTÒN? |
Wou menm, tout rèv wou se genyen ti espas wou pou kont wou ak konniflèt tatawèl wou pou nou ka klake baton ke nou ansanm san kè sote.
Dezole Joel, mwen pa genyen pou "eksplike" w an detay rezon ki fè ke mwen ekri sou fowòm saa. Anatandan ke nou bloke manb ki genyen "lòt son klòch" yo, fowòm nan rete yon fowòm piblik kote tout moun kapab fè pase opinyon yo. |
|
 | |
Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 8001 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: Repons pou Admintratè an. Mar 1 Nov 2011 - 15:22 | |
| Welcome back! yo toujou di chyen pa janm pèdi chemen kay yo. Ha! ha! ha!Martine.
Sa se vre.ah ah ah ah |
|
 | |
Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: Repons pou Admintratè an. Mar 1 Nov 2011 - 15:41 | |
| | Sasaye a écrit: | Lanpwen eksplikasyon ki nesesè. Yon otè gen dwa mande pou sèten sektè pa pibliye zèv li. Se pa yon kestyon de plajya.
Si otè an pa mete restriksyon, nenpôt moun kapab pibliye depi yo mete non l kom pwopriyetè zèv lan.
Men si li di zèv li paka pibliye san otorizasyon l. Se dwa li tou e li kapab pouswiv yon moun ki vyole konsantman l.
Alô, si Mak di li pa vle atik ki pibliye sou Fowom nan copye ou repwoduy pa kikeseswa, se dwa li kôm administratè e li gen dwa legalman ranfôse dwa l.
Epi administratè an gen tout otorite pou l mete sa l vle sou Potay Fowom nan. |
Sasaye,
Forumhaiti.com, menm jan ak tout lòt fowòm, pa yon zèv de yon sèl moun. Otè an se tout manb yo. Yon moun ki pa vle ke sa li ekri pibliye, li genyen anpil mezi pou l pran pou sa. Mwen pa konnen si w konnen ke dwa otè pa aplikab sou fowòm piblik.
Si pou Marc ta genyen dwa saa, fòk se li sèlman ki pou ta ekri sou blog prive l. Eske misye peye patisipan pou sa ke yo ekri?
Tout sa ki ekri sou yon fowòm piblik tounen pwopriyete piblik lan. Yon fowòm se menm jan ak tout lòt medya piblik. Nan moman ke w distribiye l bay piblik lan li pa pou wou ankò. Se menm jan ke w ta di ke si w pibliye opinyon w sou radyo, direktè radyo saa genyen dwa pou di ke pinga pèsòn repete sa ki di sou radyo l lan. Ah! ah! ah!... Mezanmi souf mwen ap koupe wi.
Medya ak zèv literati pa genyen menm estati devan lalwa.
|
|
 | |
Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: Repons pou Admintratè an. Mar 1 Nov 2011 - 15:55 | |
| | Citation: | | Welcome back! yo toujou di chyen pa janm pèdi chemen kay mèt li. Ha! ha! ha! |
Mwen pa t janm ale pyès kote, kòm anpil nan nou te konn di ke se mwen ki te konn toujou ap pale de lavalas sou fowòm nan, mwen te sispann ekri pou m te ka fè yon konsta. Ebyen konsta ke mwen fè an se ke zafè lavalas kwèdèk saa pa janm sispann pale, sèl diferans se ke se sèl lavalasyen ki pale de lavalas lan. Apa de ra moun tankou Kakakok k ap retire enpe lasi nan zye kèk moun, tout fidèl rete ak tiban yo mare sèvèl yo.
Tou retire sa nan kalbas wou, mwen pa genyen mèt. Mwen ekri sou fowòm ki nan lide m lè ke mwen vle ou pi pito. Chyen ki pa janm bliye kay mèt yo, se chyen ki apre ke yo fini kouri dèyè yo ak kout pye nan bounda yo, ki retounen ak ke yo anba vant yo sou lòt psedo e pase nan ti pòt dèyè. Epwi jounen jodi an yo konprann ke se yo sèlman ki genyen dwa JAPE sou abitasyon mèt yo. ah ah ah!
Mèsi pou welcome nan.
|
|
 | |
jafrikayiti Star plus

 Nombre de messages: 1450 Localisation: Ottawa Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Bon neg guinen
 | Sujet: Re: Repons pou Admintratè an. Mar 1 Nov 2011 - 16:39 | |
| La Tourmante ekri: "M'pa konn kouman li ka anpeche zege kontinye roule provizyon'l"
Ala yon bèl ekspresyon sa a...mwenmenm mwen toujou ap mande kote zege pran kouray? Zege ale, zege tounen, se toujou menm pwovizyon an. Marc papa degage ou ak zanmi ou yo. Vous avez! |
|
 | |
Joel Super Star

 Nombre de messages: 8208 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Repons pou Admintratè an. Mar 1 Nov 2011 - 16:47 | |
| MARC ,se yon bon grenn nèg;men gen de fwa mwen paka konprann misye. Misye ,apre tout tan sa a poko reyalize ke gen de nèg ;yo entèvni sou fowòm lan ,ak yon sèl bi ,se tòpiye diskisyon yo ou byen menm detwi fowòm lan si yo kapab. Eske misye pa wè ke atmosfè fowòm lan deja chanje ak zòt ki kòmanse ap entèvni. MARC ,lan nayivte w ou rele sa DEMOKRASI ;sa a se pa DEMOKRASI non |
|
 | |
Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 8001 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: Repons pou Admintratè an. Mar 1 Nov 2011 - 18:18 | |
| Thunder
Si se pou mwen ou voye bokit dlo saa ou pap sis paske non selman nanpren moun ki te ka banm yonkout pye paske sim te beswen met forum ou administrate forum lan depi lè li tap fome mwen te ka administratèl se mwen ki te di marc henry kom li pi jenn kontinye forum lan. Sa se youn dexyem man se mwen ki te sispan ekri pou m te sispann hing hang lan.e mwen te ekri sou forum le Nouvelliste jis yo te retirel e sou lot fourm tou. e se li ki te voye yon e-mail ban mwen pou mandem poum retounen ekri sou forum lan.Mwen genyen anpil lot envitatyon ke administratè lot forum voye poum vinn ekri sou forum yo sa pa enteresem, paske mwen pa vle bagay saa vinn yon adiktyon pou mwen kote li fè mwen neglije a ta fanm mwen ak liv mwen.li te rive yon pwen menm poum te domi bagay ekri saa te anpechem domi.Mwen pa konn ki jan fè mwen vinn adikte ak bagay saa paske an dernye analyz se tan map touye paske sa ki pou chanje ayiti se ak kout zam poul regle.Gras a dye mwen pa beswen yon gouden nan men oken ayisyen.al gade konbyen stock Con edison tap vann lane pase e konbyen yap vann ane saa wa konprann mwen se yon moun ki pa beswen leve ni lou ni leje poum fè lajanm.ah ah ahah Martine ou tande.ah ah ah ah |
|
 | |
Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5132 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: Repons pou Admintratè an. Mar 1 Nov 2011 - 21:10 | |
| Bal dè ZEGE.
Pou premye fwa, men wè ke gen lôt nèg sou bon Fowom nan ki konnen kisa ki espesyalite ZEGE yo.
Ti bèt yo okipe lannwit kou lajounen ap woule kk san pransouf. Mwen kwè se yo ki enspire esklavaj.
Mwen gen kèk tan se konsa mwen te toujou rele jwèt nèg yo ap jwe an. Yon jwèt tèlman degoutan ke yo ta bannm millyonven, mwen pata janm kapab antre ladann.
Ondire, ke sant lan ta monte two wo pou kèk lapèsonn oubyen woule bagay lan san rete mande anpil repondonn. Eske bal la pral fini?
Mwen paka konprann kijan yon moun ensiste pou li rete kote yo pa kontan wè l. Eske Matinn pa vle di ZOBOUKECHEN. Ebyen, mwenmenm, se yon sèl fwa lan vi m, mwen wè Zege ap fè travay yo. Mwen te timoun, men jiskounyeya, mwen pa janm bliye katastrôf saa.
|
|
 | |
Mak Super Star


 Nombre de messages: 6206 Localisation: Terrebonne Opinion politique: Démocrate Loisirs: La marche Date d'inscription: 28/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le voyeur
 | Sujet: Re: Repons pou Admintratè an. Mar 1 Nov 2011 - 21:37 | |
| Repons sa se sa nett ale . | Sasaye a écrit: | Lanpwen eksplikasyon ki nesesè. Yon otè gen dwa mande pou sèten sektè pa pibliye zèv li. Se pa yon kestyon de plajya.
Si otè an pa mete restriksyon, nenpôt moun kapab pibliye depi yo mete non l kom pwopriyetè zèv lan.
Men si li di zèv li paka pibliye san otorizasyon l. Se dwa li tou e li kapab pouswiv yon moun ki vyole konsantman l.
Alô, si Mak di li pa vle atik ki pibliye sou Fowom nan copye ou repwoduy pa kikeseswa, se dwa li kôm administratè e li gen dwa legalman ranfôse dwa l.
Epi administratè an gen tout otorite pou l mete sa l vle sou Potay Fowom nan. |
_________________ La liberté de la Presse comme principe Critique
|
|
 | |
Mak Super Star


 Nombre de messages: 6206 Localisation: Terrebonne Opinion politique: Démocrate Loisirs: La marche Date d'inscription: 28/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le voyeur
 | Sujet: Re: Repons pou Admintratè an. Mar 1 Nov 2011 - 21:40 | |
| Sasaye Message important
al gade messaj prive mwen voye pou wou pis relem apres lan telefonn _________________ La liberté de la Presse comme principe Critique
|
|
 | |
ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: Repons pou Admintratè an. Mar 1 Nov 2011 - 22:24 | |
| Maestro ap fè'm sonje manman'm ki te konn itilize mo ZOBOUKECHEN a itou. Ala yon bèl lang se kreyol lè n'ap pale'l tankou ansyen gran moun yo. Mezanmi, mwen ki pense m'tap fè'n ri, se nou ki fè'm plye an 2.
L'Africain, mwen ka pale kreyol mwen wi. M'jis pa ka lan joure ak nèg. (lol)
LGR, kote m'dakor ak w, sè ke lè yon nèg al kanpe lwen, li pa bije ap kalonen sou lót kay. Se sitou sa m'pe pa admèt. Men apre deblozay, pousyè toujou retonbe. Sof ke lè yon nonm krache an lè, se sou figi'l li retonbe. Compris, Guano?
Pa gen rezon pou J... fatige'l, chak fwa ti moun yo finn fè bri ak dezód yo fatige e pi y'al domi. Si nèg yo deside retounen vin pran bon jan van lakay w, w sipoze takse'l ak tough love pou l'pa met lan tèt li ke se lan bulle soporifique (dizzy) la li reveye ankor kote les demoiseaux s'échangent rien que des fleurs sous l'égide de l'énergumène catéchumène. Que se dit-il quand il apprend que l'ami Tonnerre est passé saluer ses adversaires de la Toile? (lol)
Une journée intéressante au Forum. J'ai failli penser à un autre coup d'éclat de Sweet Mickey, le tristement célèbre Résident de la République. Dites donc, où est passé Tête Marteau? On en entend plus parler subitement. Ce n'est pas dans les habitudes du type.
Que la paix du Saigneur soit avec vous! |
|
 | |
| | Repons pou Admintratè an. | |
|