Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Repons pou Admintratè an. Mar 1 Nov 2011 - 6:29 | |
| Rappel du premier message :| Citation: | Nous demandons à tous les participants du Forumhaiti.com de ne pas publier les textes de nos membres dans d'autres forums sur le web. Toute reproduction intégrale ou partielle des discussions dans ce forum à un autre forum imitateur , faite sans le consentement de l'auteur est illicite. Merci de votre attention
Admin |
Pou kòmanse, se sa ki ekri laa ki pa genyen okèn baz jiridik. Pou l ta genyen yon baz jiridik, fòk administratè Fowòm nan te ka pwouve ke genyen plajiari. Sa vle di "vòlò" lide yon lòt moun. Pou yon moun vòlò lide yon lòt moun, fòk lè ke li t ap repwodwi sa moun nan ekri an, li pa t bay otè orijinal an "kredi l". Depi ke sa fèt, pa genyen anyen ki ilisit nan repwodwi tèks yon lòt moun sou entènèt lan.
Ebyen si se konsa, Forumhaiti.com se youn nan pi gwo aktè k ap fè bagay ki ilisit sou web lan. Paske pou valè atik, editoryal, ak kòmantè lòt moun ke mwen konnen ki repwodwi sou forum saa menm, konbyen nan otè orijinal yo ki te bay konsantman yo pou sa te fèt?
Depi ke administratè an pa ka pwouve ke tout atik sa yo sou fowòm nan laa te repwodwi aprè konsantman otè yo, li t ap pli saj pou l ta retire jan de not sa yo sou pòtay fowòm nan. |
|