Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 8001 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Berlusconi bay demisyon li Sam 12 Nov 2011 - 21:00 | |
| Se pa napren moun ki di anyen de demisyon saa poukisa?Italyen ap fete a swè ya.se pa 2 machwè won ki ap chavire ;ki lè Grek yo ap mande pou Premye minmis la rache manyok li tou.E panyol yo ki sa yap fè?Eske lewop ap fè yon vire vers la dwat?ki bor Berlusconi te sitiye nan spektrum politik la?Mwen tande se yon profesè ekonomi ki ap ranplase Berlusconi an Italy mwen pral wè sa li ap bay nan gad la. |
|
T-NEG Modérateur


 Nombre de messages: 3550 Localisation: Montreal Loisirs: Sport Date d'inscription: 29/12/2008
 | Sujet: Re: Berlusconi bay demisyon li Sam 12 Nov 2011 - 21:23 | |
| Roso ou late, depi nan debi semenn lan sa te konnen. Menm jou rimè an te soti, yo di labous monte yon kou sek. Kouli fè demanti, labous la redesann _________________ «En me renversant, on n'a abattu à Saint-Domingue que le tronc de l'arbre de la liberté, mais il repoussera car ses racines sont profondes et nombreuses» Toussaint Louverture.
|
|
Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 8001 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: Berlusconi bay demisyon li Sam 12 Nov 2011 - 21:57 | |
| fwa saa nanpren rimè li demysione tout bon. |
|
ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: Berlusconi bay demisyon li Dim 13 Nov 2011 - 8:46 | |
| LGR, apa w'ap mane ki lè PM grèk la ap rache manyók li...
Men poukisa w cho lan koze moun yo konsa. W blye ke peyi sa yo sakrifye yon pati lan souvrènte yo pou yo ka al pran direktiv. Odebi, tout moun t'ap penyen lage, pa't gen entèvansyon pou enpoze osterite men depi gwo ekonomi yo ap pran kalót ti peyi yo vize.
Sa pa vle di ke altènativ sa pwal fè anyen lè y'ap chanje gouvènman sa yo. Berlusconi konn byen sa k'ap pase, misye se gwo businessman, pa blye. Li demisyone se vre men li avèti ke li pwal prepare'l pou l'retounen. (lol)
Pou mwen demisyon Berlusconi a gen plis pou w wè ak imaj ke ak ak kriz la. Se yon kestyon pèsonel e ke misye pa't chofe lan deboulonen rejim Khadafi a. Anpil moun pa apresye antant ki te fèt antr li ak Khadafi pou reparasyon istorik, yo pa renmen misye paske li on jan eksantris. Ka misye a eksepsyonel pou mwen, se pini y'ap pini'l. Dayè lan dènye G-20 a, tout gwo chef d'Eta yo t'ap demake klèman pou yo pa lan pran foto ak misye. Pa di'm ke se akoz de koze bongabonga li yo.
Job premye minis la se yon póst bouk emisè. Tout gouvènman pa konn kouman pou yo fè fas a deriv kapitalis finansye a. Pandan tout kriz la, pa blye ke gen anpil moun k'ap profite fè plis lajan. Hé! Baron, dènyèman w pa't di ke aksyon a w t'ap monte. Ayayay! Le malheur des uns fait le bonheur des autres. Ha! ha! ha! Se jis yon blag. |
|
Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 8001 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: Berlusconi bay demisyon li Dim 13 Nov 2011 - 12:17 | |
| Map di w yon bagay jan mond lan vinn tounen yon ti vilaj jodya nou pa ka iyore sa ki ap pase lot kote paske yo genyen reperkisyon sou vi nou tou.Lè yon peyi tankou italy ki se 37eme pwisans ekonomik mondyal an fayit e byen mon chè fok yon moun blije pale de sa.se pa bagay bongabonga Berlusconi ki enteresem.Petet sim ta nan plas Berlusconi mwen ta taye anpil bel jenn ti donzel tou.sa ke mwen pa ka konprann yon nonm ki gwo bisnisman konsa fok li konnen sak rele yon balance sheet , yon income statement, ki jan pou prepare yon bidjè etc ,ki jan pou fè biznis la fè profi.Anpil moun ap di ke yon peyi pa menm jan ak yon biznis.wi se vre men se menm prensip ekonomik e finansyè ki aplikab a tou 2.Ou pa ka ap pemet moun pran retret yo a 54 lane epi ou pa genyen ase reveni pou peye yo se sou kredi wap viv.Si se pou sa mwen se yon konservatè nan ekonomi.Mwen pa janm nan PT pi wo pase deyèm.fok yon moun aprann kroke chapo w kote men w ka rive.
An palan de stock mwen yo mwen pa di tout ap monte non mwen di w ke mwen genyen yon ki monte e mwen komanse rantre lajan ke mwen te pèdi an 2008 e 2009 yo.Sim se moun ki pat kroke chapo m kote menm ka rive jodya mwen te nan pwoblem.paske lè mwen te retrete mwen te panse ke wmen tap ka fè 8% o mwen sou lajanm kom benefis chak ane.jodya se nan redi poum fè 3% ki donk lajan ke mwen te panse ke mwen tap ajoute sou pansyon m ak sosyal sekirite mwen yan li desann.men sim tal achte kay 1 milyon dola poum te genyen mortgage mwen ta nan tet chaje.se pousa mwen ap domi san traka jodya.paske mwen kroke chapom kote menm ka rive.se sa anpil tet marto pa konprann se sak fè yo toujou ap mande. |
|
T-NEG Modérateur


 Nombre de messages: 3550 Localisation: Montreal Loisirs: Sport Date d'inscription: 29/12/2008
 | Sujet: Re: Berlusconi bay demisyon li Dim 13 Nov 2011 - 13:15 | |
| | martine la tourmente a écrit: | LGR, apa w'ap mane ki lè PM grèk la ap rache manyók li...
Men poukisa w cho lan koze moun yo konsa. W blye ke peyi sa yo sakrifye yon pati lan souvrènte yo pou yo ka al pran direktiv. Odebi, tout moun t'ap penyen lage, pa't gen entèvansyon pou enpoze osterite men depi gwo ekonomi yo ap pran kalót ti peyi yo vize.
Sa pa vle di ke altènativ sa pwal fè anyen lè y'ap chanje gouvènman sa yo. Berlusconi konn byen sa k'ap pase, misye se gwo businessman, pa blye. Li demisyone se vre men li avèti ke li pwal prepare'l pou l'retounen. (lol)
Pou mwen demisyon Berlusconi a gen plis pou w wè ak imaj ke ak ak kriz la. Se yon kestyon pèsonel e ke misye pa't chofe lan deboulonen rejim Khadafi a. Anpil moun pa apresye antant ki te fèt antr li ak Khadafi pou reparasyon istorik, yo pa renmen misye paske li on jan eksantris. Ka misye a eksepsyonel pou mwen, se pini y'ap pini'l. Dayè lan dènye G-20 a, tout gwo chef d'Eta yo t'ap demake klèman pou yo pa lan pran foto ak misye. Pa di'm ke se akoz de koze bongabonga li yo.
Job premye minis la se yon póst bouk emisè. Tout gouvènman pa konn kouman pou yo fè fas a deriv kapitalis finansye a. Pandan tout kriz la, pa blye ke gen anpil moun k'ap profite fè plis lajan. Hé! Baron, dènyèman w pa't di ke aksyon a w t'ap monte. Ayayay! Le malheur des uns fait le bonheur des autres. Ha! ha! ha! Se jis yon blag. |
mte tande ke papandreou te gen lide pou li te al nan eleksyon menm si li demisonen, sa patap etonem pou berluskoni _________________ «En me renversant, on n'a abattu à Saint-Domingue que le tronc de l'arbre de la liberté, mais il repoussera car ses racines sont profondes et nombreuses» Toussaint Louverture.
|
|