ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Sur l'attribut et la déformation des prénoms en Ayiti. Sur les préjugés, aussi. Mar 6 Déc 2011 - 20:57 | |
| Tou d'abor, n'ap fè remake ke se pa sa yon fenomèn ki gade Ayiti sèlman men li gen aspè pafwa kokas (komik) akoz de plisyè faktè, ke se lang, ke se relijyon ou kwayans, ke se klas sosyal, ke se on peryód, ke se yon tandans jeneralize, e menm soudevlopman, elatrèy. Se jis on pale a pati de obsèvasyon ak ekperyans, se pa yon etude sosyolojik.
Mwen k'ap pale ak nou la, imajine'n ke komi eta sivil la te masakre prénom mwen erite de gran paran'm. Se pa ta yon problèm non si se te yon fot d'otograf men malere a te deside ban'm yon lót prénom nèt wi. (lol) Tout prénom gran frè ak sè'm yo byen ekri lan batistè yo sof pa'm la. Se sètifika batèm mwen ki te sove'm wi. Men yo te fè korije sa.
Tout nom de famille sibi transfómasyon ki pa nesesèman fót biwo eta sivil. Lan Kebèk, nou jwenn Lévesque ak Lévêque, Laroche-Laroque, Aubin-Lebain, gen frankofón' ki anglisize patronim yo, Hébert-Abare, lan USA tankou gen plizyè noms de famille anglofón' ke yo fransizé lan Kebèk, parekzanpl Burke-Bourque. Dieudonné pa tipikman peyizan, petèt Dieumaître. Men souvan prénom "orijinal" yo fè'n ri alóske yo gen anpil siyifikasyon pou paran ti-moun yo.
M'te vle sitou site a la blag on seri de prénom orijinal. Depi m'te ti-moun m'ap tande ti-fiy ki rele Marie-Joseph, sa te etone'm ke yon Ayisyèn enstruit t'ap ri yon lót fiy paske prenom'l te Joseph. M'ap sonje, lè yo te konn ap site granmè patènel mwen lapós an Ayiti, se te jisteman prenom mari'l.
Steven ou Stephen ki sibi tout transformasyon sa yo (Stiverne, Estivèn, elatrèy) se ekzakteman menm adaptasyon a kreyol (ou franse?) an Ayiti. Se avèk konvèsyon lan relijyon e okipasyon amerikèn ke prénom angle (If I may) sa yo vin popilè an Ayiti. Nickenson, Smith (Esmit, lol), Eduson (Edison)...
Mwen toujou ap mande'm kouman on seri de moun an Ayiti te fè tonbe ap rele pitit yo Vladimir. Mwen te rekonèt yon militè trè byen elve an Ayiti, pitit gazon li yo te rele Ronsard, Corneille, Mozart.
M'ap siyale ke lEta Kebekwa te bije mele lan koze a paske gen yon koupl ki te deside rele pitit yo Spatule. Gouvènman te entèvni paske yo te vle evite pou sa pa sèvi mokeri lan lekol. Jodi a moun pa ka bay pitit yo nenpót prénom lan Kebèk.
Revelasyon, w kwè se toujou akoz de neglijans ak elwayman ki fè yo konn bay ti moun yo prénom orijinal sa yo? Lè m'te al lan yon kontre an Ayiti ki ase rekile, mwen te etone paske se pa't Viergela ki te vrè nom bèl ti dam la non, se te Marie Eugénie ki te lan tout kanè'l ak kaye'l wi.
M'ap fè remake ke anpil moun pote anpil prenom an Ayiti e lan tout kilti. Bon, tande, an Ayiti gen de komi eta sivil ki te konn mete Jean ou Marie otomatikman devan prenom isyèl ti-moun yo. Dizon ke se te yon koutim eritaj kolonyal paske sa te konn fèt itou lan Kebèk ou an Frans san dout. M'pa konn si sa toujou fè an Ayiti men isit sa pa ekziste ankor.
Pou fini, mwen te kwaze kay on konfrè Afriken on bebe Zayiwaz janb long. Anvan sa, m'te kon wè'l ak zanmi Ayisyèn li yo. Lè Afriken yo fin prezante'm manmzèl, pou li fè enteresant, li di'm:
"Comment se fait-il que les femmes haïtiennes ont toutes des vieux prénoms, Gladys, Fernande, Madeleine, Flavie?
Mwen te repond li:
"Ma tante s'appelle Jacqueline, vous savez."
Vous devriez voir tomber la face de la jeune prétentieuse Jacqueline la Zaïroise, que ces mêmes femmes haïtiennes, mères de ses amies, avaient sans doute toujours accueillie avec classe chez elles.
Plus tard après ma brèvre visite, les confrères africains du même groupe me rappelaient souvent avec une certaine complicité: "Toi, tu es dangereux, tu es un bandit." C'est-à-dire, alerte et méchant.
Dernière édition par martine la tourmente le Mer 7 Déc 2011 - 13:39, édité 1 fois |
|
Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5132 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: Sur l'attribut et la déformation des prénoms en Ayiti. Sur les préjugés, aussi. Mer 7 Déc 2011 - 12:21 | |
| dummy-ruiz-dear-pineapple-bid-ban-unusual-names-fails SANTO DOMINGO, Dominican Republic — A judicial panel says Dominicans are free to name their kids "Dummy Ruiz," ''Dear Pineapple" and other unusual monikers if they choose.
The Central Electoral Commission has rejected a proposal to ban any names that could be confusing or give no indication of gender, such as Querida Piña (Dear Pineapple) and Tonton Ruiz (Dummy Ruiz).
Judge Jose Angel Aquinas had called for a crackdown on unusual names after the country's civil registry showed some families were naming their offspring after cartoon characters and car brands. One family named their girl "Mazda Altagracia."
But the commission said Thursday it is not appropriate for the government to dictate what parents name their children.
. Read more: http://www.nydailynews.com/latino/dummy-ruiz-dear-pineapple-bid-ban-unusual-names-fails-article-1.410237#ixzz1fs0Q3EYV
|
|
T-NEG Modérateur


 Nombre de messages: 3550 Localisation: Montreal Loisirs: Sport Date d'inscription: 29/12/2008
 | Sujet: Re: Sur l'attribut et la déformation des prénoms en Ayiti. Sur les préjugés, aussi. Mer 7 Déc 2011 - 15:10 | |
| | Citation: | | Steven ou Stephen ki sibi tout transformasyon sa yo (Stiverne, Estivèn, elatrèy) se ekzakteman menm adaptasyon a kreyol (ou franse?) an Ayiti. |
Si se yon transformasyon volontè mpa gen pwoblem menm tou siw gen 4 timoun epi toutt moun soti on jan _________________ «En me renversant, on n'a abattu à Saint-Domingue que le tronc de l'arbre de la liberté, mais il repoussera car ses racines sont profondes et nombreuses» Toussaint Louverture.
|
|