TiNèg,
Lan pwemye kestyon an, mwen pa dakô.
Ayisyen transpôte lan mizik menm mantalite yo genyen lan politik ak tout lôt bagay.
Se domaj.
Mizik se yon art ke li ye. Yon moun gendwa renmen yon estil oubyen yon lôt e yo gendwa pa renmen yo nonplis.
Men toutmoun gen yon jijman pou yo fè menmsi yo pa konnen kisa ya p di.
Misik pwogrese, evolye e chanje menjan ak tout lôt aktivite, men kontwovès toujou ekziste kote saa pito Jazz dè Jenn oubyen Septan e yo pa renmen entèpretasyon ki modèn oubyen ki pa tradisyonèl.
Mizik lontan gen valè li. Men sa pa retire valè mizik kontanporèn.
Misik pa statik.
Pa ezanp:
Brezilyen gen yon atachman a tradisyon Samba ki se yon kilti tout antye.
o toujou renmen Samba, men yo adopte e aksepte e renmen Bossa Nova ki yon jan (genre) nouvo konparativman. Yo pa gen kontwovès ak polemik ke Samba pi bon
pase Bossa, etc.....
Lôt kestyon an , mwen dakô avèk ent;pretasyon Mario DeVolcy fè an.
Opwendvi konsepsyon, aranjaman, groove, konpozisyon, Kadans Rampa se
yon misik pi sofistike, pi avanse ke Konpa.
Konsa pi fasil pou mizisyen novis.