Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
 
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  CalendrierCalendrier  FAQFAQ  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  MembresMembres  GroupesGroupes  Connexion  

Partager | 
 

 Quand le jazz est Monk... 30 minutes de Joyeux Noël.

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Aller en bas 
Aller à la page : Précédent  1, 2
AuteurMessage
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 1850
Localisation: terre-neuve
Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription: 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

MessageSujet: Quand le jazz est Monk... 30 minutes de Joyeux Noël.    Dim 25 Déc 2011 - 0:10

Rappel du premier message :

Hallucinant., envoûtant. Je suis né beaucoup trop tard.

Chita gade, chita koute Thelonious. Mezanmi wo, Mozart pa fouti pa't yon nanm Nwa lan yon kor blan. (lol) Quand la musique libère et apaise. Allez comprendre pourquoi Thelonious Monk est considéré comme l'un des plus grands compositeurs du dernier siècle, tous genres inclus. S'il pouvait être là pour exprimer son point de vue, aujourd'hui Monk demanderait de quel siècle on parle. Monk est immortel, sa musique est intemporelle.

Quand le jazz est là...

A bien y penser, quelle est la musique américaine? Qu'est-ce qui fait donc la particularité de ce grand pays en matière de culture?

There is no such thing like Creole Jazz Band, Haitian Jazz. Mwen seye apresye group nèg yo, men yo manke pwa, manke kreyativite. Youn lan bagay ki toujou fè'm plezi se lè sa parèt ke mizisyen a gen plezi lè l'ap jwe. Gade Monk, nèg la an trans, e pi li an kontrol. Menm gwo nèg tankou Miles Davis te gen anpil reverans pou Monk. Du pur génie.

E pi menm si nèg sa yo te parèt jovyal, yo te disipline sinon yo pa ta band leaders. Yo rakonte ke, yon swa, yon batteur Monk te rive an reta lan Club yo t'ap jwe. Monk pa di anyen, group la jwe plizyè móso jiskaske sware a byen pran. Gen yon moman ki rive, chak mizisyen pran solo pa yo lan yon móso, e lè se tou pa drummer la, nómalman tout nèg sispand jwe e Monk fè yo siy pou suiv li. Nèg yo travèse lan lój yo, yo chita pran yon poz de 15 a 20 minit. Lè yo retounen lan Club la, batteur la te mouye tranp preske pou l'tonbe l'ap kontinye solo pa'l. Ha! ha! ha!

On rapporte que c'était la dernière fois qu'il se présenta en retard à son boulot.

Se sa m'te pote pou nou dans le monde merveilleux du jazz. Se pa de bèl eksperyans, se pa de blag, se pa de konri nèg yo pa't konn fè, se anpil kamaradri.

Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur

AuteurMessage
Joel
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 8208
Localisation: USA
Loisirs: Histoire
Date d'inscription: 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: Re: Quand le jazz est Monk... 30 minutes de Joyeux Noël.    Mar 27 Déc 2011 - 7:51

martine la tourmente a écrit:


Tande. M'pa konn dat dokimantè sa a te fèt men Winton te lan Kanada (Ontario) sa fè 2 ane de sa ak menm group la. Nou remake Chucho Valdès lan dokimantè a. [/justify]


Sa fè 3zyèm ""pyès"" sou WYNTON MARSALIS ki paret sou 60 MINUTES.Sa a te parèt an JWEN ane sa a.MARSALIS se yon favori chèn CBS lan .Mizik ki louvri ""show"" yo rele ""SUNDAY MORNING"" lan ,le dimanch maten,se yon konpozisyon ak ekzekisyon de WYNTON MARSALIS
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 1850
Localisation: terre-neuve
Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription: 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

MessageSujet: Re: Quand le jazz est Monk... 30 minutes de Joyeux Noël.    Mar 27 Déc 2011 - 10:36

Se sèl bgay, depi ete rive mwen aranje'm pou m'al tande tout nèg yo veteran tankou relèv la. Avantaj mwen genyen, sè ke se pa nesesèman lan Montreal kote pafwa w pa konn jwen ticket ankor.

Pou mwen se kom si se yè lè Wynton te frenk parèt. Men byen vit misye montre lidèchip li ki fè jodi a misye se yon somite lan mizik amerikèn, yon anbasadè. Misye te toujou kómande respè paske li te on ti jan cocky, misye se yon nèg ki atache a kilti anpil. Toujou veye langaj misye, referans li yo, w pa ta janm di ke se te yon jèn nèg ki t'ap pale. Anfen se vre ke jodi a misye gen plis bale men Wynton te toujou montre matirite. Yon prodij.

Ellis Marsalis (papa} te deja yon block konesans lan kestyon jazz puiske tout gwo nèg yo te konn al lakay li. Wynton t'ap rakonte ke se papa'l ki te met yon tronpèt lan main'l; lè Miles Davis ki te an vizit wè sa, li te kouri dèyè papa'l: "pa fè ti nonm la jwe trompèt, tronpèt tro di". An fèt, lè Wynton te pèse ak tout siksè li yo, gen lè sa te agase Miles. Sanble itou ke Wynton te fè ekspre, li toujou ap souri lè l'tap rakonte istwa sa a.

Youn lan aspè jazz se te toujou konpetisyon antr mizisyen e se sa ki fè ke nèg yo te konn travay anpil pou yo ka vinn pi bon. Se sa ki bay kantite bon mizisyen jazz sa yo. Mwen kwè ke se sa ki te enspire polemik antr Sicot ak Nemours men se te sitou au niveau de popilarite paske piblik Nemours la te mal konprand e pi sanble politik te vin mele lan koze yo.

Wynton se yon danre nasyonal, sa pran yon talan imans, yon asirans san parèy pou trè jèn karyè misye pran yon anvègi konsa.

M'ap profite eksplike ke lè mwen ekri ke m'fèt tro ta, se jis paske m'ta renmen viv epók nèg sa yo. Yo bati fondasyon mizik sila malgre tout move eksperyans, tout afron, tout move tretman. Mezanmi wo, malgre yon klima sosyal ki ostil, pou yon kominote reyisi enpozè'l lan yon sistèm segregasyonis.

Jodi a, lan tout piblikasyon sou jazz, mizisyen tout ras, jèn moun tout koulè anbrase mizik sa a kom patrimwan kiltirèl yo.

Dokimantè sa a ka revele kay nèg ki wè komilis patou yo tankou dyabl k'ap pèsekite yo ke Kiba pa yon kansè fason Yankee pase yon demi-syèkl ap seye demontre san siksè. Imajine Kiba san blokis ekonomik san-manman yo. Sa pran nèg entèlijan pou demanti enperyalism lè yo met edikasyon ak la sante an premye kom objektif lan peyi yo. Antouka sa pa pi mal, nespa?

Pou fini, m'ap di men yon media Ameriken k'ap fè travay li kom sa dwa.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
 

Quand le jazz est Monk... 30 minutes de Joyeux Noël.

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Revenir en haut 
Page 2 sur 2Aller à la page : Précédent  1, 2

 Sujets similaires

-
» fabien (dit monk)
» Joyeux anniversaires !
» joyeux anniversaire elise
» Joyeux anniversaire mon Frère!!!!
» Concours Pixel Art Noël

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Haiti :: Culture-