Annou pran yon ti moman jounen jodi a pou
reflechi sou sa k pase ann Ayiti gen de zane jou pou jou.
Se ta dwe yon jou pou nou tout te mete tèt ansanm
pou rebati peyi a ak tout sosyete a.
pou nou ta rekomanse yon lavi tounèf
san tout madichon ak move zak
ki te konn pase lan mitan nou.
Li te yon siy pou nou ta pran kôn devlopman nou.
Pou retire move enfliyans moun
ki vle ede Ayiti lan jan pa yo.
Ki vle kenbe nou dèyè.
Se pou nou louvri je n ak sèvèl nou.
Lanpwen pèsonn ke ayisyen
ki kapab devlope peyi nou
jan li sipoze ye.