Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
 
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  CalendrierCalendrier  FAQFAQ  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  MembresMembres  GroupesGroupes  Connexion  

Partager | 
 

 KOURAJ Fanmi -Kenbe Rèd, Pa Moli!

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Aller en bas 
AuteurMessage
jafrikayiti
Star plus
Star plus


Masculin
Nombre de messages: 1450
Localisation: Ottawa
Date d'inscription: 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

MessageSujet: KOURAJ Fanmi -Kenbe Rèd, Pa Moli!   Jeu 12 Jan 2012 - 23:47



www.akasan.org

Onè fanmi m yo,

Wi, nou gen anpil travay devan nou toujou paske repons nou bay Goudougoudou jiskaprezan an, pa alawotè ni sa defen nou yo merite, ni sa grandèt ak tilezanj nou yo bezwen.

Parekzanp, depi alapapòt, noumenm nan AKASAN, nou te konnen pote yon konntenè chèzwoulant nan yon lopital, se pa sa ki ta pral fè gwo diferans ki merite fèt la nan lavi frè ak sè nou yo ki pèdi janm yo. Pou yon chèz woulant itil tout bon vre, fòk gen twotwa nan vil yo, fòk biwo leta, lekòl, ounfò, legliz...mete ranp pou chèzwoulant ka sikile, sinon se jis yon chèz plizoumwen konfòtab...

Sa vle di, se pa yon ti pwojè isit, yon ti pwojè laba ki pral fè devlopman yon peyi. Men, nou pa gen tan pou n ap plenyen sò nou, oubyen dekouraje! Se travay n ap travay, ak entèlijans epi pèsistans, jouk nou rive jwenn bon lavi n ap bouske a, ansanm.

Resous pi fyab Ayiti genyen se AYISYEN - Pi gran resous tout Ayisyen genyen se AYISYEN!


http://www.akasan.org - KOTIZASYON ANYÈL AKASAN se $25 - rele osnon ekri nou jodi a (613) 482-2549, akasanhaiti@gmail.com

Respè fanmi m yo!

Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon Nèg ap ede Nèg !"
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
 

KOURAJ Fanmi -Kenbe Rèd, Pa Moli!

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Revenir en haut 
Page 1 sur 1

 Sujets similaires

-
» KOURAJ Fanmi -Kenbe Rèd, Pa Moli!
» CONGRES LA FANMI LAVALAS A TABARRE PRESIDE PAR JEAN B ARISTIDE LE 19 AVRIL 09 !
» Bilten #3 volim#2 Pe Janjis sot lan Sid pou kanpay Fanmi Lavalas.
» Haiti , la sous-traitance et le livre Blanc du parti Fanmi Lavalas
» Fanmi Lavalas veut occuper le terrain, en attendant Obama...

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Haiti :: Espace Haïti-