jafrikayiti Star plus

 Nombre de messages: 1450 Localisation: Ottawa Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Bon neg guinen
 | Sujet: Le chimè Inconnu Ven 13 Jan 2012 - 12:49 | |
| Gen yon ti fraz nan atik orijinal Magazin Le Monde lan ki atire atansyon mwen. http://www.lenouvelliste.com/article.php?PubID=1&ArticleID=101434&PubDate=2012-01-09 Manmzèl Pascale Théard admèt se yon "rasta" (menm moun pye sal bounda chire yo te konn ap meprize yo - depi sou Estime, depi sou tan lakoloni) ki te sove lavi li anba dekonb Goudougoudou. | Citation: | | Le 12 janvier 2010, elle faisait ses courses au Caribbean Market, le plus gros du pays. Il s'est effondré sur elle. Après s'être extraite des décombres, blessée, un homme l'a prise en charge. "C'était un rasta, il ne savait même pas si ses enfants étaient encore en vie, mais il m'a aidée" |
Nan tout repons, chirekilòt swadizan "nantis d'Haiti" yo ap plede voye bay blan ki ap trip sou do yo semenn sa a, se domaj yo chwazi aplike menm apwòch reyaksyonè tradisyonèl yo. http://www.lenouvelliste.com/article.php?PubID=1&ArticleID=101434&PubDate=2012-01-09 http://www.lenouvelliste.com/article.php?PubID=1&ArticleID=101562&PubDate=2012-01-11 Si moun ki ap jui privilèj nan peyi a te gen bon konprann, olye yo te pèdi tan ap fè kòlè sou sa "blan" panse de yo, se opinyon frè ak sè yo ki ta dwe preyokipe yo. Se istwa "chimé" sa a ki te sove lavi youn nan yo, jou 12 janvye a pou yo ta pase nan jounal, radyo ak televizyon yo kontwole yo. Se nan mitan plas Sen Pyè pou yo ta monte yon estati ki ekzibe ekzanp "tèt ansanm" Ayisyen ak Ayisyen sa yo. Malerezman, dekonb poko fin ranmase, menm reflèks yo koumanse reparèt. Jafrikayiti "Depi nan Ginen bon Nèg ap ede Nèg!" (Brotherhood is as Ancient as Motherland Africa) ---------------------------------------------------------- http://www.jafrikayiti.com
http://www.akasan.org
|
|