| | | Baby Doc Duvalier Avance en Pas de Chat Vers la Présidence | |
| |
| Auteur | Message |
|---|
revelation Super Star


 Nombre de messages: 3073 Localisation: Washington, DC Opinion politique: Senior Financial Analyst Loisirs: walking, jogging, basket, tennis Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: L'analyste
 | Sujet: Baby Doc Duvalier Avance en Pas de Chat Vers la Présidence Mer 18 Jan 2012 - 14:24 | |
| Baby Doc Duvalier avance en pas de chat vers la Présidence
Le Michel Martelly te monte prezidan Dayiti l’annee denye , nou remake zafe trennen ansyen Prezidan JC Duvalier devan tribinal pou koripsyon, vol, detansyon ilegal, torture, intimidasyon,abi, krim kont jounalist, aktivist, etc..ke li komet pandan epoq diktatoryal li a, aktivite jidisyer sa yo te vinn ralanti jiskaske nou pa tande anyen anko. 3 prosekiter e 1 jij passe déjà e tout moun ap mande si’l pral devan tribinal anko ?
JC Duvalier komanse ap mennen kanpagn li sou nou laa san ke nou pa we.
Premye jest ke equip li a fe se kouri e rele chwal bare deye oganizasyon dwa humen kite vinn an Ayiti pou poze plent yo kont Diktate a. Yo te oblije retounen lakay yo avek queue yo anba vant yo san akonpli anyen de pozitif.
Yon deziemm jest ke’l fe se gresse pat etidyans an dwa Gonayv yo pou yo fe JC Duvalier vinn parrain promosyon malgre objeksyon e voye piye Prezidan e doyen Universite Gonaive la. Duvalier avek diskou’l tou pare e tou fet komanse voye propagand Duvalierist monte e tout etidyans ak paran ak assistan komanse rele Viv Duvalier, Aba la mize ! Nou konprand ke nou te 1975 !!Nou pa konnen konbyen kob ke equip Duvalier a peye pou maskarade saa, but it works!!
Gen neg ki memm jenerasyon ak JC Duvalier, e ki te mouri e pran prizon sou rejim saa. Kote neg sa yo ?????? Yo la nan PotoPrins, Montreal, Boston, NY, Miami etc.. Mesye sa yo pap pran lajan nan men equip Duvalier a, sepandan yo kap fe yo menas e fanmi yo tou pou yo pa proteste prezans li nan peyi a.
Yon lot arogans ke JC Duvalier fe anko se le misye kondui prop otomobil li (Misye renmen sa anpil) ak tout kortej gad kô prezidansyel li nan seremoni memwa viktim tranbleman de terre la. Tout moun leve kanpe i konpri Prezidan Martelly e Bill Clinton e bali yon akey « ofisyel de chef Deta »
Sante JC Duvalier komanse fe yon ale myo e sanble ke’l tou lumen pou retounen a la prezidans anko. Pati Lesly Manigat,Lavalas, ak tout lot pati politik yo komanse ap reflechi sou posibilite sa e ki taktik ke yo pral anplwaye pou fe face ak yon ansyen diktate ki pa konnen sa la demokrasi ye. |
|  | | Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 8001 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: Baby Doc Duvalier Avance en Pas de Chat Vers la Présidence Mer 18 Jan 2012 - 15:40 | |
| "Pati Lesly Manigat,Lavalas, ak tout lot pati politik yo komanse ap reflechi sou posibilite sa e ki taktik ke yo pral anplwaye pou fe face ak yon ansyen diktate ki pa konnen sa la demokrasi ye."
pito yo reflechi vit pou yo fome yon gran pati revolutyonè ayisyen ki pap chapel oken lot moun men pito yon tonel kote tout pwogresis ayisyen ka rasanble .Se nan egoyis yo ki mete nou jodya nan malpwoprete nou ye la.Kote yon kriminel ,volè ka ap sikile nan peyi ya komsi se nan plantatyon l li ye apre ke li finn touye e anprisonen yon paket moun .Si yo pa mete tet yo ansanb zafè ki gade yo lè yo tout femen Fort Dimanch.JCD telman vinn frekan li di li pa rekonet oken presidan ki vinn aprel la alor li tou di tout moun ke ayiti se byen papal te kite pou li.zafè sa ki vle esklav nan royom des Duvalier yo.se nan divise mouvman popilè ya ki fè jodya se yon moun tankou michel marterlly ki presidan an ayiti'si JCD te konen genyen moun ki ka lage yon grenad nan machine li ou byen yon koktel molotov ki pou griyel li ta respekte ayisyen. |
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: Baby Doc Duvalier Avance en Pas de Chat Vers la Présidence Mer 18 Jan 2012 - 16:59 | |
| Pou respè memwa viktim Duvalier yo, moun ki lisid ap toujou rekonèt rejim saa antan ke youn ki te pi sanginè ke peyi an te konnen. Men tou, moun lisid lan p ap foure tèt li nan sab pou l pa di ke Duvalyeris yo genyen konviksyon e an jeneral yo solidè antre yo.
Konbyen nan ansyen kolaboratè de ansyen diktatè yo la k ap genyen kouraj pran foto ak yo? Depi fiyèl mouri, monkonpè kaba. Anpil nan kolabo sa yo, depi batiman an ap koule, yo se premye rat ki ap chape poul yo.
Kit yon moun vle ou pa, Duvalyeris yo ap montre tout lòt ti chapèl ki ekziste yo, kisa ke yo rele konviksyon ak solidarite. Anplis, mwen rete kwè ke Duvalier p ap janm ka tounen prezidan peyi saa ankò. |
|  | | T-NEG Modérateur


 Nombre de messages: 3550 Localisation: Montreal Loisirs: Sport Date d'inscription: 29/12/2008
 | Sujet: Re: Baby Doc Duvalier Avance en Pas de Chat Vers la Présidence Mer 18 Jan 2012 - 17:21 | |
| | Thunder a écrit: | Pou respè memwa viktim Duvalier yo, moun ki lisid ap toujou rekonèt rejim saa antan ke youn ki te pi sanginè ke peyi an te konnen. Men tou, moun lisid lan p ap foure tèt li nan sab pou l pa di ke Duvalyeris yo genyen konviksyon e an jeneral yo solidè antre yo.
Konbyen nan ansyen kolaboratè de ansyen diktatè yo la k ap genyen kouraj pran foto ak yo? Depi fiyèl mouri, monkonpè kaba. Anpil nan kolabo sa yo, depi batiman an ap koule, yo se premye rat ki ap chape poul yo.
Kit yon moun vle ou pa, Duvalyeris yo ap montre tout lòt ti chapèl ki ekziste yo, kisa ke yo rele konviksyon ak solidarite. Anplis, mwen rete kwè ke Duvalier p ap janm ka tounen prezidan peyi saa ankò. |
Petèt pa limenm men yon moun ki À TRAVERS li menm. _________________ «En me renversant, on n'a abattu à Saint-Domingue que le tronc de l'arbre de la liberté, mais il repoussera car ses racines sont profondes et nombreuses» Toussaint Louverture.
|
|  | | Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 8001 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: Baby Doc Duvalier Avance en Pas de Chat Vers la Présidence Mer 18 Jan 2012 - 20:14 | |
| nanpren anyen ki ka etonem nan politik ayisyen depi Michel martelly ka Presidan an ayiti.Lajan jwe yo two gow wol nan politik pou yon moun di ke Duvalier pa ka presidan an ayiti sitou nan yon peyi kote moun di yo pa genyen kandida se sak ba yo plis lajan ke yap vote.Fok nou pa bliye si konstitutyon di ke Aristide pa ka Presidna malgre se nan de mi tan yo kitel fè yon manda nanpren anyen ki anpeche jean claude kandida apre Michel martelly. |
|  | | revelation Super Star


 Nombre de messages: 3073 Localisation: Washington, DC Opinion politique: Senior Financial Analyst Loisirs: walking, jogging, basket, tennis Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: L'analyste
 | Sujet: Re: Baby Doc Duvalier Avance en Pas de Chat Vers la Présidence Mer 18 Jan 2012 - 21:46 | |
| | Citation: | | Rozo di: JCD telman vinn frekan li di li pa rekonet oken presidan ki vinn aprel la alor li tou di tout moun ke ayiti se byen papal te kite pou li |
Se atitid ke misye gennyen depi'l tigason bout kanson!De college Bird a St Louis Gonzague. Li posede peyi a e antouraj li toujou deye'l.
JC Duvalier a dit : Il n’y a jamais été questions d’organiser des élections, je suis président a vie!
Son retour c'est la continuite mon fre Rozo. Se sel si misye ta mouri pou peyi Dayiti ta gen la paix.
|
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: Baby Doc Duvalier Avance en Pas de Chat Vers la Présidence Jeu 19 Jan 2012 - 0:03 | |
| | T-NEG a écrit: | | Thunder a écrit: | Pou respè memwa viktim Duvalier yo, moun ki lisid ap toujou rekonèt rejim saa antan ke youn ki te pi sanginè ke peyi an te konnen. Men tou, moun lisid lan p ap foure tèt li nan sab pou l pa di ke Duvalyeris yo genyen konviksyon e an jeneral yo solidè antre yo.
Konbyen nan ansyen kolaboratè de ansyen diktatè yo la k ap genyen kouraj pran foto ak yo? Depi fiyèl mouri, monkonpè kaba. Anpil nan kolabo sa yo, depi batiman an ap koule, yo se premye rat ki ap chape poul yo.
Kit yon moun vle ou pa, Duvalyeris yo ap montre tout lòt ti chapèl ki ekziste yo, kisa ke yo rele konviksyon ak solidarite. Anplis, mwen rete kwè ke Duvalier p ap janm ka tounen prezidan peyi saa ankò. |
Petèt pa limenm men yon moun ki À TRAVERS li menm. |
Saa posib... |
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: Baby Doc Duvalier Avance en Pas de Chat Vers la Présidence Jeu 19 Jan 2012 - 0:25 | |
| | Le gros roseau a écrit: | | nanpren anyen ki ka etonem nan politik ayisyen depi Michel martelly ka Presidan an ayiti.Lajan jwe yo two gow wol nan politik pou yon moun di ke Duvalier pa ka presidan an ayiti sitou nan yon peyi kote moun di yo pa genyen kandida se sak ba yo plis lajan ke yap vote.Fok nou pa bliye si konstitutyon di ke Aristide pa ka Presidna malgre se nan de mi tan yo kitel fè yon manda nanpren anyen ki anpeche jean claude kandida apre Michel martelly. |
Wi, lajan ka jwe yon rwòl enpòtan nan sa. Men sèl lajan pa ka mete yon moun prezidan. Ekzanp lan senp, se pa Preval ki te genyen plis lajan nan men l an 2006, ni se pa Martelly ki te genyen plis lajan an 2010.
Se pou w di pito ke si Duvalyeris entèlijan vre, yo ka genyen yon manchèt ki file 2 bò ke yo ka itilize si yo ta vle pran pouvwa a tout bon apre Martelly.
1) Kit yon moun de viktim ou pa sou gouvènman Duvalier yo, genyen anpil nan yo ki rekonèt ke bagay yo te pi "bon" ke kounyea ( Se pa mwen ki di l non, anvan ti nèg ban m pè lebren). E granmoun sa yo pase mesaj lan bay jenerasyon ki pi jèn yo.
2) Plis ke 60% Ayisyen pa t janm viv Duvalier vrèman.
Donk, mesaj granmoun yo + inyorans timoun yo = Prezidans.
Si yo develope yon estrateji pou develope estrateji saa byen, n ap genyen anpil chans pou drapo peyi an tounen nwa e rouj ankò. |
|  | | Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 8001 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: Baby Doc Duvalier Avance en Pas de Chat Vers la Présidence Jeu 19 Jan 2012 - 11:47 | |
| An 2006 Lavalas mete Preval presidan dayiti paske Lesly manigat pa yon bon politisyen.Ayisyen pa renmen lesly manigat paske li toujou pran poz se li sel ki pi gwo zentelktyel ayisyen li pa konn kominike ak pep.se pou sak te pase an 2006 pat pase ankor ki fè yo eliminen lavalas nan selektyon an 2010 .Mickey pa tap janm presidan si elektyon an te fet lib. pa vinn ba moun zannanna pou Suzann kenbe.
Kom yo abeti jeness ki la koulyè ya kote sel bagay ki konte se lajan ou pa janm konnen .se sak fè nou pa vle moun ekri sou sak te pase.paske nou pa vle jeness la o kouran de move zak nou te komet.Nou ta rnemen se nou sel ki genyen dwa kritike e denigre Aristide paske nou konnen depi pep la ini nou kakus.men fout teks Frank laraque ekri sou Alter presse. liv Albert chassagne ekri sou vep jeremie ap rete yon zo pwason nan goj nou.
Se yon moun ki bet net ki pa ka konprann ke yon maladi tou tan li dire plis li afekte malad la plis.Konpare ayiti de ane 80 yo ak jodya se tankou wap konpra yon malad ki fek genyen yon kansè ak yon lot ki ap soufri ak menm kansè saa depi 30 lane.se menm jan moun ki te konn ayiti nan dekad 46-56 konnen ke peyi ya ap fè bak depi 1955.nanpren yon moun ki te ap viv a lepok saa ki pa konn sa.tou tan popilatyon ap ogmante e prodiktyon natyonal la ap diminye grangou kloroks la ap vinn pi red.jis li pral tounen yon famine an ayiti si nou pa mete yon fren nan kwasans demografik e ogmante prodiktyon natyonal la. ou pa beswen ekonomis pou konprann sa.se komsi yon fanmi genyen 4 manb revni ya 100 dola epi yon papa inkonsyan ap plede gwos madnam li chak ane epi apwentman o lye li ogmante li diminye epi pou nou ta vle standa de vi e kalite vi fanmi saa ta rete menm jan.lè vinn genyen 10 ti moun nan fanmi ya ,sak pi red la papa blije ap pran ponya pou li al nan bal kanaval ,.li menm anploye yon paket bonn ki pa genyen anyen pou yo fè.Li tonbe ap mande charite tout kote .Men li pa genyen bon sans poul sispann grennen pitit tankou la pen ni chache yon lot travay poul ogmante revni li.
Dernière édition par Le gros roseau le Lun 23 Jan 2012 - 15:36, édité 1 fois |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 8208 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Baby Doc Duvalier Avance en Pas de Chat Vers la Présidence Jeu 19 Jan 2012 - 12:15 | |
| Gen nèg ki ap vini ak biswit labou.Wi pa t dwe gen biswit labou ,men tou pinga vini ak tèm sa a pou konpare jan bagay yo te ye sou DIVALYE ak mesye LAVALAS. Se tèm yo te konn anplwaye ki rele ""FAR WEST""Se pou te dekri FAMIN ki t ap touye moun lan rejyon NÒDWÈS lan.Epòk sa a moun te konn ap mache e pi yo tonbe rèd lan mouri grangou.Se te sou administrasyon JCD an.
EPITOU ,Sa pou nou sonje sè ke peyi an te gen mwatye popilasyon li genyen jodi an.
Mesye sa yo se tankou moun lan SID ETAZINI yo ki konsidere ke ane 50s,60s yo se te yon LAJ DÒ pou yo ,alòs ke pou popilasyon NWA A te gen APARTHEID e yon blan te gen dwa lenche yon nwa e anyen pa p rive l |
|  | | revelation Super Star


 Nombre de messages: 3073 Localisation: Washington, DC Opinion politique: Senior Financial Analyst Loisirs: walking, jogging, basket, tennis Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: L'analyste
 | Sujet: Re: Baby Doc Duvalier Avance en Pas de Chat Vers la Présidence Jeu 19 Jan 2012 - 13:05 | |
| | Citation: | | An 2006 Lavalas mete Preval presidan dayiti paske Lesly manigat pa yon bon politisyen. |
Lesly Manigat dokte an science politik e gen plis ke 60 tan depi lap fe politik!! Preval vinn prezidan an 2006 paske YO te al chache'l Marmelade a la denye minit pou patisipe nan eleksyon. Bay listwa jan li te fet!! pa kweye'l jan w vle!
| Citation: | | Ayisyen pa renmen lesly manigat paske li toujou pran poz se li sel ki pi gwo zentelktyel ayisyen li pa konn kominike ak pep. | Manigat pat passe pou plizye rezon! yon ladan yo se zafe "piscine Montana" aa
| Citation: | | se pou sak te pase an 2006 pat pase ankor ki fè yo eliminen lavalas nan selektyon an 2010 .Mickey pa tap janm presidan si elektyon an te fet lib. | Preval te fome pati LESPWA! Pati Lavalas pat resevwa lod pou yo te al nan eleksyon an 2006 yo te pito boycotte eleksyon saa!
Eleksyon 2010 la te lib!! Martelly vinn prezidan pou anpil rezon ke nou tout konnen! |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 8208 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Baby Doc Duvalier Avance en Pas de Chat Vers la Présidence Jeu 19 Jan 2012 - 14:09 | |
| LESLY MANIGAT te mèt gen 100 an li t ap fè politik.Li te mèt gen 3 DOKTORA ,men misye se youn lan politisyen ki pi KRETEN peyi an janm konnen. OZETAZINI ,chak ane gen de milye moun ki pran DOKTORA lan SYANS POLITIK ak EKONOMIK ;nou wè y al fè POLITIK pou sa.
MANIGAT pa t ap janm vin prezidan lan ELEKSYON LIB;LA MARIN PA METYE MISYE ou wè se toujou KOUDETA misye t ap tann yo fè pou li;pou l fè PÈSE LOUVÈTIRYÈN.
E gen nèg ki gen toupè pou y ap vin di ke LAVALAS te BOYKOTE ELEKSYON.De evènman ki pa menm gen 10 zan depi l te rive.
ALÒS LÈ GAYO DÒSENVIL TE REFIZE REKONÈT DOKIMAN KE ARISTIDE TE VOYE AN ,DE KISA YO T AP PALE?.
Eleksyon MATELI an se yon AKSIDAN.Jwi de li ,si l reyisi fini manda l lan. NÈG fè dè zane ap di ke MINORITE POSEDAN GEN POUVWA A.BLIYE SA.Lan tout AMERIK lan ,minorite sa a anba bwa.AYITI paka diferan. AYITI se youn lan ra peyi ki pa gen yon gouvènman de GOCH lan AMERIK lan |
|  | | Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 8001 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: Baby Doc Duvalier Avance en Pas de Chat Vers la Présidence Jeu 19 Jan 2012 - 14:20 | |
| Zafè di Lesly manigat se doktè an syans politik e li ap fè politik depi plis ke 50 lane pa fè li pou otan yon bon politisyen.Pa mete echek manigat sou sak te pase nan pisinn otel montana.Gerard latorue pat fouti bay yon kout boul pou Manigat paske li pat popilè nan oken sektè nan populatyon an e boss Gerard latortuue pa renmen Manigat yo..Manigat pa konn pale ak pep.mwen pa di li pa edike non .Aristide te presidan menmsi meriken pat renmen li paske pep la te deyel nan 1990.yo te blije akseptel menm si yo te konnen yo te pral fè yon restavek aretel pi devan.Syans po yo anseye la Sorbonne pa aplikap an ayiti siw pa konn ki jan pou motive pep la.yo pran menm kout rigwaz la ankor an 2010 menm si fwa saa se yon wont pou tout ayisyen.
Ki jan w fè di elektyon 2010 yo te lib kan pati ki pi popilè an ayiti pat ka patisipe?Pa palem de Rene Preval ki se yon judas iskaryot.,yon enbesil san kolonn vertebral. |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 8208 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Baby Doc Duvalier Avance en Pas de Chat Vers la Présidence Jeu 19 Jan 2012 - 17:17 | |
| Gen yon pawòl ki di ke ""Se pa konnen pou w konnen ,men se sa w konnen"".Sa MANIGAT konnen pa t pèmèt li konekte a popilasyon an. MANIGAT se yon nèg ki gen dwa monte sou yon radyo epi l ap grennen FRANSE.Lè l ap fè sa a kilès l ap pale;a kilès li vle pale? Talè gen nèg ,kou yo wè m ap di sa ,y ap tonbe lan zafè KREYÒL-FRANSE .""SPARE ME"" se pa lan zafè de lang m ap pale.Si yon moun ap fè politik.se pou w kominike yon jan pou majorite popilasyon an konprann ou.
Se tankou LEOPOLD SEDAR SENGHOR ki gen yon trajektwa menm jan ak MANIGAT.Lan fen vi misye ,misye te vin la rize piblik e gen yon BLAN FRANSE ki te di a pwopo de SENGHOR:
""TROP SENEGALAIS POUR ÈTRE FRANÇAIS,TROP FRANÇAIS POUR ÈTRE SÉNÉGALAIS""
|
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: Baby Doc Duvalier Avance en Pas de Chat Vers la Présidence Jeu 19 Jan 2012 - 17:34 | |
| | Le gros roseau a écrit: | | An 2006 Lavalas mete Preval presidan dayiti paske Lesly manigat pa yon bon politisyen.Ayisyen pa renmen lesly manigat paske li toujou pran poz se li sel ki pi gwo zentelktyel ayisyen li pa konn kominike ak pep.se pou sak te pase an 2006 pat pase ankor ki fè yo eliminen lavalas nan selektyon an 2010 .Mickey pa tap janm presidan si elektyon an te fet lib. pa vinn ba moun zannanna pou Suzann kenbe.Kom yo abeti jeness ki la koulyè ya kote sel bagay ki konte se lajan ou pa janm konnen .se sak fè nou pa vle moun ekri sou sak te pase.paske nou pa vle jeness la o kouran de move zak nou te komet.Nou ta rnemen se nou sel ki genyen dwa kritike e denigre Aristide paske nou konnen depi pep la ini nou kakus.men fout teks Frank laraque ekri sou Alter presse. liv Albert chassagne ekri sou vep jeremie ap rete yon zo pwason nan goj nou.Se yon moun ki bet net ki pa ka konprann ke yon maladi tou tan li dire plis li afekte malad la plis.Konpare ayiti de ane 80 yo ak jodya se tankou wap konpra yon malad ki fek genyen yon kansè ak yon lot ki ap soufri ak menm kansè saa depi 30 lane.se menm jan moun ki te konn ayiti nan dekad 46-56 konnen ke peyi ya ap fè bak depi 1955.nanpren yon moun ki te ap viv a lepok saa ki pa konn sa.tou tan popilatyon ap ogmante e prodiktyon natyonal la ap diminye grangou kloroks la ap vinn pi red.jis li pral tounen yon famine an ayiti si nou pa mete yon fren nan kwasans demografik e ogmante prodiktyon natyonal la. ou pa beswen ekonomis pou konprann sa.se komsi yon fanmi genyen 4 manb revni ya 100 dola epi yon papa inkonsyan ap plede gwos madnam li chak ane epi apwentman o lye li ogmante li diminye epi pou nou ta vle standa de vi e kalite vi fanmi saa ta rete menm jan.lè vinn genyen 10 ti moun nan fanmi ya ,sak pi red la pap blije ap pran ponya pou li al nan bal kanaval ,.li menm anploye yon paket bonn ki pa genyen anyen pou yo fè.Li tonbe ap mande charite tout kote .Men li pa genyen bon sans poul sispann grennen pitit tankou la pen ni chache yon lot travay poul ogmante revni li. |
Anvan ke m kòmanse, ban m ba w yon ti konsèy. Aprann kreye paragraf lè w ap ekri kreyòl tou. Lè w ekri tout bagay diferan sa yo nan yon sèl paragraf, li difisil anpil pou moun li e konprann sa ke w ap ekri.
Men youn nan bagay ke m p ap janm ka dakò ak nou, se tankou se lavalas ki ka bay pouvwa nan peyi an. Preval te pase "demokratikman", Martelly li menm se lajan ak magouy. Nou pa janm ka admèt defèt nou sou scène politik lan, se sa ki fè ke diskisyon serye pa posib ak nou. Se yon sèl bagay ke nou ap repete: "Se nou ki popilè". e tout evidans montre ke sa nou konprann nan se pa sa. 3/4 nan kandida prezidansyèl yo te genyen afilyasyon lavalas, konbyen nan yo ki te asiste tiraj? Preval te petèt bloke Fanmi Lavalas, men li pa t bloke Lavalasyen.
Yon lòt kote, w ap pale de ogmantasyon popilasyon... Ki se yon reyalite. Men, nan mond politik lan, li se eskiz ki pi banal ke m janm tande paske se pa tankou li se yon bagay ki pa genyen solisyon swa pou ralanti l oubyen pou "cope" ak li. Kounyea, si bagay yo ta vini pi mal sou Martelly laa, n ap di ke se paske genyen 50.000 timoun ki fèt ane saa? Mesye, gouvène se prevwa. Pandan ke tout peyi ki respekte moun ap goumen pou popilasyon yo viv pi lontan, nou menm eskiz enkonpetans ak movèz fwa nou se paske vini genyen twòp moun. Kisa ki fè ke Lavalas pa t panse a sa? Ban m devine repons lan, kòm dabitid se "lènmi" pèp lan ki te anpeche yo. Ki sektè menm ki reprezante papa iresponsab saa? Lè nou konsidere ke: ANVIWON 40% POPILASYON AN GENYEN MWENS KE 15 LANE?
Se pou nou onèt ak tèt nou, si nou di se paske popilasyon an ogmante ki fè nou nan eta saa, se pou nou genyen kouraj tou pou nou di ke anviwon 50% popilasyon an ( sa ki genyen mwens ke 18 lane yo) fèt sou lavalas oubyen apre lavalas. Kisa ke lavalas te mete anplas pou evite sa?
Li lè pou nou gade nan glass ti mesye. Se pa Manigat, Duvalier, Ti Guy, ak Thunder ki responsab tout mal peyi an. |
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: Baby Doc Duvalier Avance en Pas de Chat Vers la Présidence Jeu 19 Jan 2012 - 17:52 | |
| | Joel a écrit: | Gen nèg ki ap vini ak biswit labou.Wi pa t dwe gen biswit labou ,men tou pinga vini ak tèm sa a pou konpare jan bagay yo te ye sou DIVALYE ak mesye LAVALAS. Se tèm yo te konn anplwaye ki rele ""FAR WEST""Se pou te dekri FAMIN ki t ap touye moun lan rejyon NÒDWÈS lan.Epòk sa a moun te konn ap mache e pi yo tonbe rèd lan mouri grangou.Se te sou administrasyon JCD an.
EPITOU ,Sa pou nou sonje sè ke peyi an te gen mwatye popilasyon li genyen jodi an.
Mesye sa yo se tankou moun lan SID ETAZINI yo ki konsidere ke ane 50s,60s yo se te yon LAJ DÒ pou yo ,alòs ke pou popilasyon NWA A te gen APARTHEID e yon blan te gen dwa lenche yon nwa e anyen pa p rive l |
Komatchouboulout! ... Ti nèg gen tan tonbe nan APARTHEID ak rasism nan Etazini. Ebyen pi fò Ayisyen se rasis paske men kisa ke Gallup, kise yon nan firm estatistik ki pi respekte sou planèt lan, te jwenn an 2005:
" a London-based publication specializing in Latin America and the Carribean (Latinnews n.d.), reports that in a 2005 Gallup opinion poll conducted in Haiti's six main cities, Duvalier was ranked as the most popular Haitian president of the past 20 years (Latinnews Daily 16 Sept. 2005). Respondents to the poll indicated that insecurity and unemployment were less problematic during Duvalier's rule (ibid.). Similarly, other media sources report that some Haitians are nostalgic for the relative stability and security during that time (The New York Times 23 Mar. 2008; AP 21 Apr. 2007)."
http://www.unhcr.org/refworld/country,,,QUERYRESPONSE,HTI,,4a704098c,0.html
Si genyen 2 bagay ke lavalasyen pa ka dijere ditou, konnen se reyalite ak verite. |
|  | | | | Baby Doc Duvalier Avance en Pas de Chat Vers la Présidence | |
|
Sujets similaires |  |
|
| | Permission de ce forum: | Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
| |
| |
| |