revelation Super Star


 Nombre de messages: 3073 Localisation: Washington, DC Opinion politique: Senior Financial Analyst Loisirs: walking, jogging, basket, tennis Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: L'analyste
 | Sujet: Baby Doc Duvalier Avance en Pas de Chat Vers la Présidence Mer 18 Jan 2012 - 14:24 | |
| Rappel du premier message : Baby Doc Duvalier avance en pas de chat vers la Présidence
Le Michel Martelly te monte prezidan Dayiti l’annee denye , nou remake zafe trennen ansyen Prezidan JC Duvalier devan tribinal pou koripsyon, vol, detansyon ilegal, torture, intimidasyon,abi, krim kont jounalist, aktivist, etc..ke li komet pandan epoq diktatoryal li a, aktivite jidisyer sa yo te vinn ralanti jiskaske nou pa tande anyen anko. 3 prosekiter e 1 jij passe déjà e tout moun ap mande si’l pral devan tribinal anko ?
JC Duvalier komanse ap mennen kanpagn li sou nou laa san ke nou pa we.
Premye jest ke equip li a fe se kouri e rele chwal bare deye oganizasyon dwa humen kite vinn an Ayiti pou poze plent yo kont Diktate a. Yo te oblije retounen lakay yo avek queue yo anba vant yo san akonpli anyen de pozitif.
Yon deziemm jest ke’l fe se gresse pat etidyans an dwa Gonayv yo pou yo fe JC Duvalier vinn parrain promosyon malgre objeksyon e voye piye Prezidan e doyen Universite Gonaive la. Duvalier avek diskou’l tou pare e tou fet komanse voye propagand Duvalierist monte e tout etidyans ak paran ak assistan komanse rele Viv Duvalier, Aba la mize ! Nou konprand ke nou te 1975 !!Nou pa konnen konbyen kob ke equip Duvalier a peye pou maskarade saa, but it works!!
Gen neg ki memm jenerasyon ak JC Duvalier, e ki te mouri e pran prizon sou rejim saa. Kote neg sa yo ?????? Yo la nan PotoPrins, Montreal, Boston, NY, Miami etc.. Mesye sa yo pap pran lajan nan men equip Duvalier a, sepandan yo kap fe yo menas e fanmi yo tou pou yo pa proteste prezans li nan peyi a.
Yon lot arogans ke JC Duvalier fe anko se le misye kondui prop otomobil li (Misye renmen sa anpil) ak tout kortej gad kô prezidansyel li nan seremoni memwa viktim tranbleman de terre la. Tout moun leve kanpe i konpri Prezidan Martelly e Bill Clinton e bali yon akey « ofisyel de chef Deta »
Sante JC Duvalier komanse fe yon ale myo e sanble ke’l tou lumen pou retounen a la prezidans anko. Pati Lesly Manigat,Lavalas, ak tout lot pati politik yo komanse ap reflechi sou posibilite sa e ki taktik ke yo pral anplwaye pou fe face ak yon ansyen diktate ki pa konnen sa la demokrasi ye. |
|