| | | Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen | |
| |
| Auteur | Message |
|---|
Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5132 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Mer 18 Jan 2012 - 14:51 | |
| |
|  | | Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5132 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Mer 18 Jan 2012 - 14:54 | |
|
Konbyen elèv nèg saa dwe genyen? Konbyen ayisyen kon sèvi ak manchèt kôm zam?
Se pa lôt jou Revelasyon te di ki frap pa lepé perira pa le mèm P.
Hum....
|
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 8208 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Mer 18 Jan 2012 - 15:09 | |
| Lan BREZIL ,yo rele sa ""CAPOIERA"".Sipoze se yon ""martial art"" ki orijine de ANGOLA. Esklav yo sanble te vin ak bagay sa a e yo te transmèt li lan tout AMERIK lan. |
|  | | Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5132 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Mer 18 Jan 2012 - 15:28 | |
| Kapoiera se reyèlman yon Art Martial (A masyal) ki gen diciplin mouvman preske memnjan ak A masyal japonè. Men yo pa sèvi avèk zam.
Kestyon ma p poze an se ki kantite moun ki gen teknik sèvi ak manchèt lan yon fôm metodik tankou eskrim ewopeyen yo.
Si bagay saa pran popilarite, kapab gen rèl ka makorèl wi. Te deja yon gouvènman, mwen kwè se sou Cedras. Pa t gen manchèt lan okenn magazen.
|
|  | | ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Mer 18 Jan 2012 - 15:31 | |
| Shit! sa a bèl nèt. What about the student?
Palan de Capoiera, sa devlope menm jan nou wè kandomble vin ofisyèl e ke tout ras anbrase'l lan peyi Brezil. Capoiera te posibl yo di paske kontrèman a Sen-Domeng, Pótigè yo pa't anpeche ke esklav yo reyini ansanbl, sètadi ke yo te bay yo tan pou rekreyasyon. Mwen pense ke enfliyans arts martiaux asiatiques pèmèt ke Capoiera vin repand itou.
Mwen fè plizyè ane m'ap pratike arts martiaux... Fo k' m'al verifye paske m'panko janm wè demonstrasyon ak zam blanch ou manchèt.
Lè m'ta'p pale ak yon Nigeriyan, misye te di'm "There's no such thing as jumping (over) the broom in Western Africa like Alex Haley talks about in his book Roots." Mwen te repond dóktè a ke li pe pa kestyone fason moun kreye, imajine pou yo siviv. Misye pa't ka di anyen.
Moun ki te sot Afrik de l'Wès ou pi ba yo pa't soti lan yon sèl tribu ou etni, donk se yon risk pou yon moun al demanti lót. Yo gen lè te gen tan li sa m'ekri. Yo gen privilèj... De tout fason, pèson pa gen monopol konesans ni la verite. Ha! ha! ha! |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 8208 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Mer 18 Jan 2012 - 18:01 | |
| Mwen te li yon sosyolog nijeryen ki al BAHIA ki di ke gen anpil tradisyon ki pa ekziste ann AFRIK ankò men ki ekziste o BREZIL. Tankou mwen sonje lè m te timoun ,te gen yon nèg ki te konn ale lan pwovens;misye te konn ap pale de sali wè lan LATIBONIT lan ;li te konn pale de TIRE BATON,DE TIRE MANCHÈT.
Mwen te wè tou sou AMAZON.COM tit yon liv ki rele ""MARTIAL ARTS IN THE HAITIAN REVOLUTION"".Tit liv sa a te entrige m.
Antouka men CAPOIERA ke yon konn fè ak baton,ak men ni,sètènman ak manchèt tou.
|
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 8208 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Jeu 19 Jan 2012 - 12:42 | |
| SASAYE;
Men sa ti video ou mete an eksplike" Men sa yon nèg ki rele T.J. DESCH OBI di lan yon liv ki releFIGHTING FOR HONOR,THE HISTORY OF AFRICAN MARTIAL ART IN THE ATLANTIC WORLD
""Among Blacks in many places in the Americas,including COLOMBIA,VENEZUELA AND HAITI,STICK FIGHTING is still used as a training tool in learning how to fight with MACHETES...
""By the twenteth century the use of STICKS and MACHETES was formally perpetuated in closed societies in certain regions of HAITI"" (PAGE 148-NOTE 191)
www.amazon.com/gp/reader/1570037183/ref=sr_1_1?p=SOOP&keywords=AFRICAN+MARTIAL+ARTS&ie=UTF8&qid=1326985416 |
|  | | ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Jeu 19 Jan 2012 - 14:04 | |
| Mwen pa konn pou tout moun, mwen te toujou wè band rara ka'p fè simulasyon batay ak bout bwa sa yo. Mwen konen itou ke an dewó, lan bou (bourg) yo, kanpaya toujou oganize jout lit yo. Se gras a aktivite sa yo, nou itou ki te fèt la vil nou aprand sa yo rele so kabrit. Te gen yon tan, lè n'tap grandi an Ayiti, se sou sa ki sot an dewo ou nèg ki te ret kay moun nou te konn kopye jan pou nou batay.
Mwen rekonèt ke kontak ak abitan te toujou pou kichoy lan devlopman viril ti moun gason an Ayiti.
Yo konn ap montre lan dokimantè jout batay an Afrik, konpetisyon lit, elatrèy. Mwen pa ka wè batay ak baton ou ak fwèt jan y'ap montre. E pi, m'trouve se aryere lè spektatè yo ekzalte lè youn ap kraze baton a sou lót la. Lan konba lwayal, w pa sipoze maltrete advèsè a apre soumisyon.
Mwen sonje on gwo nèg ki wotè Stati la Libète anplis li t'ap fè karate. Gwo nèg tout bon wi. Men lan kanaval misye pèdi palavire'l ak tape yon travayè. Mezanmi, malere a leve nèg sa a sou tèt li e pi li frape'l a tè BRRRIP PAAAW! sou asfalt la. Shit! Depi lè sa, ekip karateka sa a, te sispand jwe bully, fè chèlbè. Ha! ha! ha!
Seryezman, mwen konstate ke anpil Ayisyen detache de kilti peyi a. Ou byen se mepri ou byen se inyorans. E pi gen yon seri de konpotman, atitid konpetitif, jwèt batay, kreyativite nèg pa bezwen te konn gade sinema pou devlope yo. Tankou lè m'te piti, avan m'te janm ap gad lan lót liv ke manuel skolè, avan m'te komanse al lan sinema, mwen te konn ap itilize bwa bale kom sipó pou m'ka sote ou deplase en sautant. Se pa pou anyen youn lan spó mwen renmen gade lan jeux olympiques se saut à la perche.
An jeneral, gen dè trè, pratik fizik nou jwenn kay tout pèp menm si gen plis devlope part yo.
Nómalman gen lót aspè sosyolojik tankou FIGHTING FOR HONOR, kote BELLIQUEUX, SELF-DEFENSE lan yo seri de evantyalite ke nou pa vin diminye pou otan. Nou jis plis ta'p sonje a kote LUDIQUE pratik sa yo.
Se sa m'te konpran lan video a kontrèman a konpatryót ki deja wè tèt koupe k'ap vole. Ha! ha! ha! Ou byen sa ki prese di ke lót ap espere komando pou al desand JCD. Semèn la gen lè pa fin anfóm nèt.
Martine la tourmente ap toujou poze li-menm paske nou pa lan kopinaj la. |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 8208 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Jeu 19 Jan 2012 - 14:40 | |
| As with Asian Martial ARTS TRADITIONS,AFRICAN MARTIAL ARTS often reflected specific philosophies and worldviews .In the case of ENGOLO ,the worldview emanated out of the KALUNGA PARADIGM. While living in ANGOLA ,I came to understand that the term KALUNGA was used to identify aspects of the natural world (oceans,rivers,lakes,caves) and the supernatural world (ancertors,God and the land of the dead). These seemingly disparate terms were brought together by an entire cosmological system that understood bodies of water to be bridges connecting the lands of the living and the relam of the dead...
KALUNGA invokes an inverted world where the ancestors WALK WITH THEIR FEET UP.THIS GAVE BIRTH TO A MARTIAL ART THAT RELIED ON SUPPORTING ONES BODY WITH THE HANDS AND KICKING WHILE UPSIDE DOWN. Masters of the ART who were forced to endure the MIDDLE PASSAGE spread the aesthetic TRADITION of INVERTED KICKS TROUGHOUT THE AMERICAS
(FIGHTING FOR HONOR,THE HISTORY OF AFRICAN MARTIAL ARTS IN THE ATLANTIC WORLD) |
|  | | ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Jeu 19 Jan 2012 - 15:36 | |
| Yeah, indeed, we Africans are kicking while upside down. (lol)
I know that there is no point in questioning the "veracity" of a myth. Tankou m't'ap di, chak pèp te toujou gen prop fason pou eksplike ekzistans yo.
Mache pran yo, (lol) antropolog la.
Dernière édition par martine la tourmente le Sam 21 Jan 2012 - 10:06, édité 1 fois |
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Jeu 19 Jan 2012 - 21:09 | |
| Tout moun deja we ki sa ki nan lide moun ki ekri tit sije saa. Eske yo pare pou sa vre? ki kote ke y ap cache si sa ta rive? Kom se Kanada ke yo kache, y ap pouse dife. Kote sa mwen we laa, pou ti neg genyen tan ap pale de jou va jou vyen? Pinga mwen tande ke nou ki viktim? |
|  | | ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Jeu 19 Jan 2012 - 22:35 | |
| Un peu d'humour, quand même.. Pa gen anyen ki di ke se pa pre yon champ kann' an Dominikani imaj sa yo filme. Nèg gen dwa fè blag, pa gen anyen lan dokiman vizyèl la ki gen rapó ak vyolans jeneralize. Tout sa nou wè nèg la ap montre ti demwazèl la se bagay ki ekziste lan kung fu, karate e lót arts martiaux. Se jis manchèt la ki ranplase sabr ou lót zam blanch. Misye pa fouti pa metrize disciplin oryantal sa yo ki fè mouvman yo byen ekzekite konsa. Gade byen, malgre poids misye, li alèz lan demonstrasyon a.
An verite se youn lan pi bèl video m'janm gade lan sit la. Si alizyon a Revolisyon a pa't yon blag mwen pa ta kontinye fè blag pa'm. Gade jèn fiy la k'ap eksekite parad profesè a ap anseye'l. O kontrè, mwen trouve ke sèn video a ap pote anpil mesaj pozitif. Lè jèn moun fin aprand mouvman sa yo ki byen koregrafye, yo kontan e sa pèmèt yo develope lót abilte, yo pa'p gade manchèt kom yon zam pou al masakre parèy yo. Dayè, pa gen koregrapfi lan bouchri.
Lè w pran yon group jèn, w aprand yo koregrafi ak enstruman aratwa ou ak epe ou ak perche, yo gade yo on lót fason. Yo ka eksekite bèl prestasyon, y'ap amize yo, y'ap aprand pense yon lót fason.
Moun ki pratike arts martiaux pa agresif, yo pa pi vyolan pase lót moun, a la verite yo pa kwè lan vyolans. Sa mande disiplin.
Si m'te konn endividu sa a, m'ta ankouraje'l. Ale wè, misye ka gen plizyè jèn moun l'ap montre disiplin sa yo. Yo ka patisipe lan spektakl, lan manifestasyon kiltirèl. Pou mwen, se yon bon bagay nèt. An nou sye wè bagay yo on lót fason. Man-yè netwaye zye'n mezanmi. Konsa n'ap fè deba yo avanse.
Tout sa moun ap mande jodi a, se pou la loi met kontrol sou Jean-Claude Duvalier, un bandit notoire. Si gen bagay lèd ki pou pase an Ayiti, se sèl li ak Sweet Mickey plis sanble moun k'ap chèche provoke yo. Atansyon tande, y'ap obsève 2 nèg sa yo byen. |
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Ven 20 Jan 2012 - 0:45 | |
| Si w byen kade, w ap wè ke mwen pa genyen anyen kont videyo an. Mwen jis pa t wè nesesite pou otè sijè an te mete yon tit ronflan konsa. Antan ke bon kreyòl, mwen konprann sa misye ekri an byen. L ap mande vyolans nan peyi an pandan ke li ak tout ras li an bon jan sekirite nan peyi blan. |
|  | | ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Ven 20 Jan 2012 - 9:44 | |
| A vrè di.
Mwen pa janm chanje opinyon'm men m'byen konsyan malgre ekzasperasyon ke pa gen enèji lan peyi sa pou gaspiye lan vyolans. Si m'te kwè lan sa m'pa ta ap ensiste pou yo jije yon endividi ki malgre dosye l'ap trenen kontinye konpóte'l an hors-la-loi, par-dessus le marché, sur approbation du supposé chef d'État lui-même.
An nou blye tout patizanri. Misye toujou dklare ke li pa rekonèt oken gouvènman ki vin apre li yo, yo fè eksprë yo retounen'l an Ayiti lè tout moun ta vle blye'l. Lè li retounen, se plito mepri ke li kontinye montre pou tout enstitusyon peyi a. Pa gen yon moun lan antouraj li ki di'l mon chè pa fè sa, al dousman. An plis de sa, w gen yon lot nèg ki sou pouvwa ki mete ak misye pou fè provokasyon. Nèspa? Mesye, gad byen sa k'ap pase wi: menm nèg ki sou pouvwa a se krache l'ap krache lan figi moun Ayiti, li figi w, lan figi'm lè li tou limen e ke li itou ap anfrend la loi, li tolere e pi l'ap ankouraje delenkans, l'ap kosyone banditism, elatrèy.
Tout moun gen dwa t'ap apiye moun yo vre. Yo gen dwa kontinye gen senpati pou nèg ak nègès yo vle. Men jan bagay yo ap pase, nou ta dwe kestyone chwa a'n e pran distans nou si vrèman nou se patryot. Si n'ap denonse sa lót chef te fè, ke akizayon yo vre ke yo pa vre, sa ta dwe vle di ke nou pa vle pou sa reprodui ankor. Donk, tout Ayisyen lan bay manti, si yo lan sitirans ekzajere sa yo pou tandem ilejitim sa a.
Nou pa ka ap enkrimine yon endividi e pi an mèm tan n'ap apiye yon seri de delenkan. Se agiman pa'm lan reklame pou yo arete JCD e pou lót nèg la kite pouvwa a.
Bèl fraz, bèl diskou, se souvan pawól yo met lan bouch nèg. Sa pa vle di ke yo gen enterè peyi a vrèman à coeur. Nou pa dwe ankouraje sa k'ap pase la a. Anfen, avèk sa poulen nou a ap remèt, m'pa wè kouman nou fè ap repete moso diskou'l la ke li-menm-menm deja itilize pou siye pye'l.
M'pa konn si Ayisyen janm konsyan de vrèman eta peyi sa a. E m'ap pale pou tout nèg. Politik pa dwe yon ekzèsis fitil tankou nou tout pase tan a'n ap pale de politisyen. Nou pa bezwen ap denonse ONG ankor tout otan ke de nèg yo nou bay plis enpótans ke enterè peyi a, enterè popilasyon a. Tan pase vit, piga nou tand lè n'pwal mouri pou n'ap poze tèt a'n kestyon ki sa nou te fè pou peyi'n.
An nou sispand ankouraje culte de la personnalité. Trouve lót pensée pou pèsonalize profil a'n olye ke n'ap fè reprand bèl pawól yo met lan bouch bluffer. |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 8208 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Ven 20 Jan 2012 - 10:07 | |
| Nèg tèlman REYAKSYONÈ yo pè yon PRATIK KILTIRÈL ki ap disparèt.Tout sa ki pa ede yo pou yo TERORIZE moun yo pè l Gade jan BREZILYEN yo pwoteje pratik kiltirèl pa yo ,jis tan CAPOEIRA vin yon A MASYAL BREZILYEN.
Se sa k fè se pou mesye sa yo retire kò yo ak pratik REYAKSYONÈ ,ANTI-PÈP Yo an.
Poukisa ,minis KILTI an pa òganize yon tounaman ,ou byen yon ekzibisyon pou bay mèt A MASYAL AFRIKEN yo ,yon jan pou transfere konesans yo. Men sa OTÈ an di sou divès manifestasyon A MASYAL AFRIKEN yo ;mwen te mansyone pratik ayisyen yo deja:
In the mountainous regions of KILENGUES (between BENGUELA and the Mwila Highlands},I encountered the FOOT FIDHTING ART OF ENGOLO;this art was spread into the Americas under the name ""knocking and kicking"" in North America,JOGO DE CAPOEIRA in BRAZIL and DANMYE in MARTINIQUE
Ann AYITI se yon elitis yo nonmen minis KILTI ki wè KILTI lan LITERATI |
|  | | Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5132 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Ven 20 Jan 2012 - 15:28 | |
| Mwen te lan vwayaj pou regle bagay serye.
Men fenk wè sa yon endividi mete:
Mwen jis pa t wè nesesite pou otè sijè an te mete yon tit ronflan konsa. Antan ke bon kreyòl, mwen konprann sa misye ekri an byen. L ap mande vyolans nan peyi an pandan ke li ak tout ras li an bon jan sekirite nan peyi blan.
Toudabô lanpwen moun ki pran an konsiderasyon kisa w wè ki nesesite ou pa.
Mwen mete pôs lan paske mwen wè se yon bagay enpôtan pou ayisyen sitou sa k andeyô yo, sitou abitan ki lan môn yo. Li enpôtan pou tout lôt ayisyen ke yon seri de nèg ap abize, maspinen, kraze zo. Se pou yo aprann koresponn ak moveje.
Mwenmenm ak pitit mwen yo, nou tout konnen kijan pou n defann tèt nou. Nou pa beswen a; chèche moun kont, men lè santi genyen môn deyè môn, yo fè respè yo.
Se yon pratik ki te dwe devlope lan tout kwen, tout boug, tout môn, tout faktori, tout restavèk ak tout bônn ak jeran lakou.
Li ta pi enpôtan tou ke fanm tout kategori kapab defann tèt yo.
Lè saa, menmjan ak sosyete oryantal kote moun pratike A Masyal, yon nèg reflechi 7 fwa anvan l al kwape, sabote, kalote yon moun ki senpleman ap okipe zafè l ak sa fanmi l.
Vyolans wa p pale an deja ap fèt tout kote lan peyi an.
Depi anba kalot papa w, kout rigwaz profesè lekôl ak kokomakak jandam ak lapolis. Nenpôt ti enbesil ki santi l gwo nèg non sèlman derespekte moun, li frape yo tou.
Ou pa fouti di ou pa konnen bagay sayo.
De ki lakyèl de vyolans ma p preche laa? De ki lakyèl de kache Kanada wa p pale laa?
|
|  | | | | Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen | |
|
Sujets similaires |  |
|
| | Permission de ce forum: | Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
| |
| |
| |