| | | Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen | |
| |
| Auteur | Message |
|---|
Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5132 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Mer 18 Jan 2012 - 14:51 | |
| |
|  | |
| Auteur | Message |
|---|
Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Ven 20 Jan 2012 - 17:39 | |
| Tou dabò saa se yon fowòm piblik, si w pa t konnen, donk tout sa moun ekri laa, li regade tout moun. Si w anvizaje ke pou ta genyen yon gè sivil nan peyi an, si w pou w pa kòmanse mennen tèt wou ak pitit wou yo nan peyi an dabò. Nou toujou bezwen swadizan revolisyon, men nou toujou kache byen lwen pou n voye ti dife volan.
Jou va jou vyen ki, pi gwo ènmi pèp lan m te kwè ke se menm sanzave ke wou menm ak kòkòday wou yo ap bere yo. Vyolans pa chita nan faktori sèlman. Lè yon nonm ap vòlò lajan pou lopital ak rout fèt nan peyi an, se vyolans tou. Men, lè zam ak manchèt te manche pou koupe grenn bouwo yo, nou te kanpe an kwa. Ala jijman nou selektif konpè.
Alò se nou ki konnen sa ki bouwo ak sa ki viktim? ki estyati nou nan sosyete wou menm ak fanmi w? ...Bouwo oubyen viktim? |
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Ven 20 Jan 2012 - 17:58 | |
| | martine la tourmente a écrit: | A vrè di.
Mwen pa janm chanje opinyon'm men m'byen konsyan malgre ekzasperasyon ke pa gen enèji lan peyi sa pou gaspiye lan vyolans. Si m'te kwè lan sa m'pa ta ap ensiste pou yo jije yon endividi ki malgre dosye l'ap trenen kontinye konpóte'l an hors-la-loi, par-dessus le marché, sur approbation du supposé chef d'État lui-même.
An nou blye tout patizanri. Misye toujou dklare ke li pa rekonèt oken gouvènman ki vin apre li yo, yo fè eksprë yo retounen'l an Ayiti lè tout moun ta vle blye'l. Lè li retounen, se plito mepri ke li kontinye montre pou tout enstitusyon peyi a. Pa gen yon moun lan antouraj li ki di'l mon chè pa fè sa, al dousman. An plis de sa, w gen yon lot nèg ki sou pouvwa ki mete ak misye pou fè provokasyon. Nèspa? Mesye, gad byen sa k'ap pase wi: menm nèg ki sou pouvwa a se krache l'ap krache lan figi moun Ayiti, li figi w, lan figi'm lè li tou limen e ke li itou ap anfrend la loi, li tolere e pi l'ap ankouraje delenkans, l'ap kosyone banditism, elatrèy.
Tout moun gen dwa t'ap apiye moun yo vre. Yo gen dwa kontinye gen senpati pou nèg ak nègès yo vle. Men jan bagay yo ap pase, nou ta dwe kestyone chwa a'n e pran distans nou si vrèman nou se patryot. Si n'ap denonse sa lót chef te fè, ke akizayon yo vre ke yo pa vre, sa ta dwe vle di ke nou pa vle pou sa reprodui ankor. Donk, tout Ayisyen lan bay manti, si yo lan sitirans ekzajere sa yo pou tandem ilejitim sa a.
Nou pa ka ap enkrimine yon endividi e pi an mèm tan n'ap apiye yon seri de delenkan. Se agiman pa'm lan reklame pou yo arete JCD e pou lót nèg la kite pouvwa a.
Bèl fraz, bèl diskou, se souvan pawól yo met lan bouch nèg. Sa pa vle di ke yo gen enterè peyi a vrèman à coeur. Nou pa dwe ankouraje sa k'ap pase la a. Anfen, avèk sa poulen nou a ap remèt, m'pa wè kouman nou fè ap repete moso diskou'l la ke li-menm-menm deja itilize pou siye pye'l.
M'pa konn si Ayisyen janm konsyan de vrèman eta peyi sa a. E m'ap pale pou tout nèg. Politik pa dwe yon ekzèsis fitil tankou nou tout pase tan a'n ap pale de politisyen. Nou pa bezwen ap denonse ONG ankor tout otan ke de nèg yo nou bay plis enpótans ke enterè peyi a, enterè popilasyon a. Tan pase vit, piga nou tand lè n'pwal mouri pou n'ap poze tèt a'n kestyon ki sa nou te fè pou peyi'n.
An nou sispand ankouraje culte de la personnalité. Trouve lót pensée pou pèsonalize profil a'n olye ke n'ap fè reprand bèl pawól yo met lan bouch bluffer. |
Se bagay wou ka wè, an plizyè repriz, mwen mete Duvalier nan lo diktatè sanginè ke peyi an te genyen... E mwen espere pou tout viktim li yo jwenn jistis. Konparativman ak anpil lòt nèg isi an, mwen ak Kakakok se 2 nan ra patisipan ki ka rele ni Duvalier, ni Aristide diktatè sanginè isit lan. Apre sa, pi fò nèg balans yo panche yon bò oubyen yon lòt.
Mwen pa di ke mwen neutre, men mwen pa kwè ke okenn ti tig oubyen ti lyon te konn manje zèb sèlman. Baton ki te bat chyen nwè an, fòk li bat chen blan an tou. |
|  | | ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Ven 20 Jan 2012 - 22:47 | |
| | Thunder a écrit: | | Se bagay wou ka wè, an plizyè repriz, mwen mete Duvalier nan lo diktatè sanginè ke peyi an te genyen... |
M'pa gen prèv ke lót nèg koupabl, menm jan m'pa ka met main lan difè pou pèson'. Sepandan, w kwè nou pa pouse limit ekzajerasyon a pou n'ta pretand ke rejim Duvalier a te gen tan gen parèy an Ayiti. Si JCD tande n'ap fè klasifikasyon sa yo, talè li itou l'tonbe lonje dwèt sou el pequeño padre. Sa pa yon bonne idée menm-menm. (lol)
Tout moun konen ke Ayiti pa gen kote pou l'pran kou ankor menm si y'ap galvode tou patou konbyen pèp Ayisyen rezilyan. Nou pèdi 300.000 moun dènyèman lan goudoudoudou ki kite peyi a ak yon pakèt moun estropye.
Kote m'pa fin dakor sè lè nou blye ki ès ki sa ki kóz te gen derapaj an Ayiti. Enpinite pa gen plas li pou pèson' lan kestyon yo. Sepandan pinga nou janm bliye ni minimize ki sa ki premye kóz evenman post-1986. Sa pa nómal pou se sa Ayiti ap remèt lan figi le monde entier apre koze 12 janvier 2010.
Tankou yon nèg t'ap di, pandan premye jou, se te gran demonstrasyon imanite lakay moun yo men apre yon tan tout bagay retounen kom yè. Sa pi rèd ankor paske tout bagay ap retounen la a kom avan-yè. |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 8208 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Sam 21 Jan 2012 - 9:22 | |
| THUNDER;
Sa oumenm ak kòkòday ou ap fè an ,pa gen anyen ki nouvo ,men yo toujou echwe ou pito yo echwe lan gran majorite ka yo. Lè w ap rele ARISTIDE DIKTATI SANGINÈ an ;ou konnen se pa vre ou pito ou gen dwa ap repete sa pou konvenk tèt ou. SE PA FOUT VRE!
Ann ALMAY apre 2zyèm gè mondyal lan ;lè peyi an kraze pak an pak ,gen NAZI KI AP DI KE JAN PEYI AN TE BON SOU rèy ITLÈ an. Men tou DEMOKRAT ALMAN yo wè sa yo te vle fè ;se pa sèl man NAZI yo ,yo te bani ,men yo fout ou 5 an prizon si w mete inifòm NAZI e si w deplwaye drapo nazi yo.Yo denazifye LALMAY.
La kay vwazen yo an DOMINIKANI ;mesyedam yo te remake tou sa NEYO-TRUJILIS yo te vle fè.FACH-IS se FACH-IS. Mesyedam DOMINIKEN yo ,apre administrasyon NEYO-TRUJILIS BALAGUER yo ,deside kanpe an kwa kont retou TROUJILIS yo. Mesye yo pase lwa anti TROUJILO.Se kont la lwa pou yon DOMINIKEN monte sou RADYO pou di jan bagay yo te bon sou TROUJILO ou paka ekri liv pou di jan bagay yo te bon ,y ap sezi yo.
Nou kontwole RADYO yo ann AYITI pou jis kounye an ;pa t janm gen yon kanpay de DIVALYERIZASYON.Pou konbye tan ankò? Antretan kontinye bay manti! AYITI paka tèlman diferan de peyi tankou DOMINIKANI,NIKARAGWA,IRIGWE,AJANTIN,CHILI elt... PEYI AN GENYEN POU L DEDIVALYERIZE! |
|  | | Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5132 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Dim 22 Jan 2012 - 14:32 | |
|
Se pa woumem ki kapab di kisa yon fowom piblik ye. Ou gen dwa li sa w vle men pa vin di moun kisa pou yo ekri ou non.
Gè sivil wa p pale a deja manifeste lan tout aksyon oumenm avek nèg parèy ou ap fè pou defann enterè moun ki kont pèp ayisyen. Se pa mwen ki ta anvizaje gè sivil, Se noumenm ki dwe sispann fè abi. Na p kontinye touttan pèp la ap gade pasyans li
Lan pwen kokoday laa. Si w kapab wa vinn demontre kijan mwen konn ap bere kriminèl.
Mwen site plizyè kalite manifestasyon sosyal ki plen ak enjistis ak vyolans. Ou gentan kouri ap blanchi faktori.
Lè ma p pale pou pèp la defann tèt li se kont tout moun ki soti pou l maspinen l.
Ma p repete pou ou.
Pèp lan gen dwa file manchèt li pou anpeche moun fè l abi, fè diskriminasyon kont li, malmenen pitit li lan lari, lan domestisite, lan esklavaj de fakto, pou anpeche yo fè l tounen zonbi. Pou anpeche otorite al britalize fanmi l.
Qui veut la paix, prepare la guerre. L'auto défense est un droit sacré.
Kisa w pè laa?
Pèp la konnen kilès ki bouwo l
|
|  | | revelation Super Star


 Nombre de messages: 3073 Localisation: Washington, DC Opinion politique: Senior Financial Analyst Loisirs: walking, jogging, basket, tennis Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: L'analyste
 | Sujet: Re: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Dim 22 Jan 2012 - 16:01 | |
| | Citation: | Sasaye di: Konbyen elèv nèg saa dwe genyen? Konbyen ayisyen kon sèvi ak manchèt kôm zam? Se pa lôt jou Revelasyon te di ki frap pa lepé perira pa le mèm P. Kestyon ma p poze an se ki kantite moun ki gen teknik sèvi ak manchèt lan yon fôm metodik tankou eskrim ewopeyen yo.
Se yon pratik ki te dwe devlope lan tout kwen, tout boug, tout môn, tout faktori, tout restavèk ak tout bônn ak jeran lakou. Vyolans w ap pale an deja ap fèt tout kote lan peyi an
Si bagay saa pran popilarite, kapab gen rèl ka makorèl wi. |
Nou kwe ke post saa ke Sasaye mete laa gen anpil malis ladand e avek intensyon pou pousse moun a la violans! Nou cheke ak Reginald sou proje videos saa yo ki sou youtube yo. Se plis edikatif e pa avek intansyon pou montre malere ki jan pou defand yo ni pou atake inosan.
Li di ke se pa "montre ke yo ap montre ayisyen ki jan pou yo "goumen" ak manchet. Se plis yon sport memm jan ak eskrim, fencing, asian martial art etc... Se plis yon sport. Period!!!! Sispand avek zafe goumen saa Boss Papa!!
| Citation: | | Thunder di : Si w byen kade, w ap wè ke mwen pa genyen anyen kont videyo an. Mwen jis pa t wè nesesite pou otè sijè an te mete yon tit ronflan konsa. Antan ke bon kreyòl, mwen konprann sa misye ekri an byen. L ap mande vyolans nan peyi an pandan ke li ak tout ras li an bon jan sekirite nan peyi blan. |
http://culturalcapitalhaiti.org/
Do not bring a manchete in a gun fight!
|
|  | | Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5132 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Dim 22 Jan 2012 - 18:01 | |
| Revelasyon, kôm ou gen fôskote lan lekti, mwen remete sa m te ekri yo san ajoute ni soti lan konteks.
An patan mwen di ke sa k ap fèt la se tankou A Masyal avèk eskrim ewopeyen. Ou pa t bezwen repete sa komsi ou vini ak yon lide. Lôt moun konpare l ak Kapoyera brezilyen.
Kounyea, li sa k devan je w lan epi di kote vyolans lan ap preche.
Di ki pwoblèm ou ak selfdefans. Di ke moun ki fè eskrim se atake yo atake moun. Di ke A Masyal oryantal lan se al atake inosan. Di tou si moun sayo ap kite lôt moun vinn maspinen yo
Epi, di si pa gen vyolans avèk inpinite lan sosyete an Ayitti.
An pasan, videyo ou mete a pi bon ankô pase sa m te mete an. Li montre plis teknik. Se de sa mwen ap pale a menm.
QUOTE Kestyon ma p poze an se ki kantite moun ki gen teknik sèvi ak manchèt lan yon fôm metodik tankou eskrim ewopeyen yo.
Mwen mete pôs lan paske mwen wè se yon bagay enpôtan pou ayisyen sitou sa k andeyô yo, sitou abitan ki lan môn yo. Li enpôtan pou tout lôt ayisyen ke yon seri de nèg ap abize, maspinen, kraze zo. Se pou yo aprann koresponn ak moveje.
Mwenmenm ak pitit mwen yo, nou tout konnen kijan pou n defann tèt nou. Nou pa beswen a; chèche moun kont, men lè moun santi genyen môn deyè môn, yo fè respè yo.
Se yon pratik ki te dwe devlope lan tout kwen, tout boug, tout môn, tout faktori, tout restavèk ak tout bônn ak jeran lakou. Li ta pi enpôtan tou ke fanm tout kategori kapab defann tèt yo. Lè saa, menmjan ak sosyete oryantal kote moun pratike A Masyal, yon nèg reflechi 7 fwa anvan l al kwape, sabote, kalote yon moun ki senpleman ap okipe zafè l ak sa fanmi l.
Vyolans wa p pale an deja ap fèt tout kote lan peyi an.
UNQUOTE
|
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen Lun 23 Jan 2012 - 0:20 | |
| | Sasaye a écrit: |
Se pa woumem ki kapab di kisa yon fowom piblik ye. Ou gen dwa li sa w vle men pa vin di moun kisa pou yo ekri ou non.
Gè sivil wa p pale a deja manifeste lan tout aksyon oumenm avek nèg parèy ou ap fè pou defann enterè moun ki kont pèp ayisyen. Se pa mwen ki ta anvizaje gè sivil, Se noumenm ki dwe sispann fè abi. Na p kontinye touttan pèp la ap gade pasyans li
Lan pwen kokoday laa. Si w kapab wa vinn demontre kijan mwen konn ap bere kriminèl.
Mwen site plizyè kalite manifestasyon sosyal ki plen ak enjistis ak vyolans. Ou gentan kouri ap blanchi faktori.
Lè ma p pale pou pèp la defann tèt li se kont tout moun ki soti pou l maspinen l.
Ma p repete pou ou.
Pèp lan gen dwa file manchèt li pou anpeche moun fè l abi, fè diskriminasyon kont li, malmenen pitit li lan lari, lan domestisite, lan esklavaj de fakto, pou anpeche yo fè l tounen zonbi. Pou anpeche otorite al britalize fanmi l.
Qui veut la paix, prepare la guerre. L'auto défense est un droit sacré.
Kisa w pè laa?
Pèp la konnen kilès ki bouwo l
|
Mwen pa vini di w kisa pou ekri, mwen kritike sa ke w ekri. Si w pa dakò sa, w ap oblije kouche bò kote l.
Wou pase sou kote vrè kesyon an. Jan w pale laa, si w ta desann Ayiti kounyea, se kisa ke wou menm ak fanmi ta dwe reprezante nan zye majorite pèp lan? ...Bouwo? ...Oubyen viktim menm jan ak yo?
Anplis mwen p ap pran pou faktori, mwen jis ajoute ke se pa nan faktori sèlman ki genyen enjistis. Chak 5 kòb penich ke yon nonm vòlò nan leta se enjistis, se abi, se touye ke l touye yon timoun ki p at ka jwenn yon sewòm nan Lopital Jeneral.
Wi, pèp lan konn ki moun ki fè l abi, se sa ki fè ke yo konn pa pete nan koton bay atoufè yo santi, lè atoufè sa yo an difikilte. Men, yon lòt vrè kesyon ankò se èske wou menm, wou konnen ki moun ki bouwo pèp lan? |
|  | | | | Pwofesè manchèt ap montre elèv kijan pou goumen ak manchèt. Jou va jou vyen | |
|
Sujets similaires |  |
|
| | Permission de ce forum: | Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
| |
| |
| |