|
| Auteur | Message |
|---|
Rico Super Star


 Nombre de messages: 6511 Localisation: inconnue Loisirs: néant Date d'inscription: 02/09/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: dindon de la farce
 | Sujet: Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Dim 5 Fév 2012 - 21:25 | |
| | revelation a écrit: | Nou rejete atitid Prezidan Martelly anver mamb Parleman e Premye Minist lan.
Sepandan, nou konnen ke Martelly gen repitasyon regle problem li nan di betiz!! Moun ki pa konnen di betiz ke'l leve men'l an le?? Nou si ke Parleman yo repond li back tou!! Si sete Duvalier e lot moun ke nou konnen, Parleman sa yo ak tout Premye Minist lan tap 6 pye anba te ou byen nan kacho Fort Dimanche!!
Mesye pa vinn pran poz sofistike nou laa tande! Tout moun di betiz e voye kout poin monte!
Kite demokrasi mache nan peyi aa.
|
Ala koze w tande kidonk joure di betiz sal se demokrasi. Mezanmiro annou serye eske di koze konsa se byen reflechi. Joure ak di betiz se vyolans ki derape, se yon fom totalitè pou di an fas pa gen dyalog, pa gen echanj. Twichhhpppe sa vle di ki te mele m avè w, mwen pa gen kont pou rann.
Se vreman terib pou fè konprann se koko makak ak touye moun selman ki danjere. Non mezanmi joure di betiz se komasman pou resevwa bon pataswel. E pwi chans nou Martelly pa gen kontrol la polis tankou Aristide pou voye maspinen ou koze lanmo moun.
Alos kote demokrasi sa chita ki vle dwe gen echanj konstriktif, dwe gen respè non refize tande lot an fas. Yon moun kap joure sitou kap rantre nan manman moun vle di pa gen dyalog, alouvouzan. Meznmiro koman demokrasi sa pral fèt. |
|  | | Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 8001 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Dim 5 Fév 2012 - 22:29 | |
| Rev
si martelly ta desann pantalon w ka Premye Minis la pou montre saw konnen yan ou tap di se pa anyen kite demokrasi mache tou.Mon chè jeneratyon w lan ki leve pandan revolutyon kann kale yo pat montre nou savoir-vivre ni sak rele byenseyans se pousa wap defann mal degrossi ya.Si se te yon lavalsyen jan nou ta kritikel. |
|  | | revelation Super Star


 Nombre de messages: 3073 Localisation: Washington, DC Opinion politique: Senior Financial Analyst Loisirs: walking, jogging, basket, tennis Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: L'analyste
 | Sujet: Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Dim 5 Fév 2012 - 22:47 | |
| | Citation: | | Rico di: Joure ak di betiz se vyolans ki derape, se yon fom totalitè pou di an fas pa gen dyalog, pa gen echanj | Prezidan Martelly deplase'l li memm pou konstate reynion premye minist li ak parleman yo. Tout prezidan peyi Dayiti tap sispek de reynion klandestin sa yo.
Li pa voye kamion leopard al fizye yo pou konplotaj.. Li rete byen kalm e byen explike san kache lonbrit ke reyinion an komanse tre byen answit echanj ak joure mete pye.
A la fin reyinion an tout parlemante ak prezidan bay lan men san zam pa tirè san kalot pa voyè!
Ki sa ke w pa konprand la boss papa??
An nou retounen deye 50 a 40 tan kote diktate te fe sa yo vle. Mesye sa yo tap 6 pye anba terre ou byen tap pourri fô Dimanche.
Band Duvalierist Chimere paranoik assasin! Nou vle we sang! Nou gen nostalji touye chretien vivan! Nou gen nostalje pe lebrun? Se sak fe ansyen diktate ap sikile nan peyi a konsa. Nou pa gen nen nan figui nou.
Nou pa gen lestomak a kouraj pou di lide nou yo sispand touye oppozan yo. Nou pa we yon grenn viktim JC Duvalier, JB Aristide, ak Preval yo al crache nan figui yo!ni trennen yo devan la jistis!
Martelly pap banou plezi saa pou nou we sang anko. Lap kontante di nou betiz de preferans! Depi kile ke Duvalierist ak Chimere te gen bonne maniere et savoir faire? Band kapon e assasin, lach, denonser, tret, vander patri pou intere personel, tribal, ras, koule, klass sosyal, e partizaneri??
An atandan equip Martelly a ap fe peyi a mache. Chita pedi tan nan tripotaj Martelly!! |
|  | | Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 8001 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Dim 5 Fév 2012 - 23:08 | |
| ou komanse rive two lwen.nou deja diw manje ti zo martelly ap voye ba w la ak tout fanmi w men pa vinn defann mal degrossi sa sou moun.Se pa ansyen frapist la wap vinn defann la?se pa neg yo di kite nan touye Pè Vincent an?Mon chè martelly pat ka touye Arnel belizaire ni MJC paske li pankor genyen lod met li yo.dapre mwen martelly tap pi red ke francois Duvalier si se li ki te prezidan nan epok kote komilis la te yon menas pou sekirite moun ki di yo se zanmi nou yo.Ou pa ka di nou ke martelly pa menm jan ak lot Presidan ki te konn voye arete depite nan plaman se pal te fè arete Arnel belizaire, se pal te di Arnel belizaire nanpren moun ki ap soti vivan nan palè ya si yo manke presidan an dega.
'gen lè ni wou ni martelly pa janm li konstitutyon ki ba tout moun dwa dasanblaj kote yo vle a lè yo vle.eske genyen yon lwa ki di Senatè ak depite pa genyen dwa al ka premye minis la pou yo diskite zafè peyi ya.Li toujou ap montre ki le se yon mal degrossi apre pou li ap fè manti di se pa vre nanpren anyen mal ki te pase.Se manti Steven benoit ak presidan Sena ap fè?Wap plede di martelly ap fè peyi ya mache men ou pankor janm di ki gwo reyalisatyon martelly ke mache fè touris poul domi nan gwo otel ak fanm li yo.Mon chè souse ti zo w ke martelly ba w tande. |
|  | | Rico Super Star


 Nombre de messages: 6511 Localisation: inconnue Loisirs: néant Date d'inscription: 02/09/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: dindon de la farce
 | Sujet: Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Dim 5 Fév 2012 - 23:21 | |
| Wou sanble yon ti novis, yon apranti an politik, si w konnen byen istwa w Duvalier an 57 se sayo rele bon ti medsen kanpay ki renmen malere anpil. Saki rive se move tosyonè ki komanse joure, di betiz . Apre li pase vitès siperyè pou di li AVI. Answit li komanse bastonnen, fèmen dyol opozan , zigouye yo.
Li pa te janm komanse nan vyolans se sitou nan vye betiz jan li te di komandan meriken Heinel koulangyèt manman li. Se depi la tout moun sispek se yon mechan malad tankou Sweet Micki.
Kanta Martelly saki fè li pa kakab rive la, li pa gen ase kontrol fos polis la pou fè dezod, mande arete. kwapwonnen opozan tankou Aristide. Li pa menm gen fos Preval ki te gen kinan l nan polis la. Martelly rekipere kèk ansyen polisye an diskras pou flanke nan sekirite l.
Menm ti ansyen polisye sayo li gen kontrol yo, pap pran chans ,yo pa vreman solid pou jwe frekan. Se byen sa pou konprann. Martelly pa gen lotorite pou voye koko makak, kwapwonnen moun
Men se pou fè atansyon tout prezidan ki tonbe nan joure di betiz. pa gen anyen ki enposib, si li vreman an difikilte.E SI W KWÈ M LI FRENK AN DIFIKILTE. PRESYON AP MONTE, PREPARE W POU TANDE LOBEY |
|  | | revelation Super Star


 Nombre de messages: 3073 Localisation: Washington, DC Opinion politique: Senior Financial Analyst Loisirs: walking, jogging, basket, tennis Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: L'analyste
 | Sujet: Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Dim 5 Fév 2012 - 23:34 | |
| | Citation: | | Rozo di: ou komanse rive two lwen.nou deja diw manje ti zo martelly ap voye ba w la ak tout fanmi w men pa vinn defann mal degrossi sa sou moun. | Mon cher Rozo!! Sispand di betiz!! Moun serye ap konprand ke w fou e egri. W pakab mennen yon konversation nan salon forumhaiti san di betiz, ni fe atak personel e intimide moun serye! Malgre ti lajan ke w travay di pou fe e nou respete sa! Sanble ke w pa jamb antre nan yon club kankou Rotary, Lion, Toastmaster etc. pou aprand bonne maniere.
Sanble se kote w ke Martelly pran. Li di betiz le li we sanzafe kankou vinn danse bal sweet mickey.
Le Martelly nan salon moun de byen li oblije konpote'l an moun de byen. Jan nou pale ak li, li pakab pemet vinn di betiz devan nou.
Rico, nou konprand inkyetid w mon fre. le jou ke Martelly ta vle fe wout kwochi, nou ap premye moun kap rele chwal barre deye'l.
Lite met defoule'l nan di betiz!! Se pa yon zak anti-demokratik mon fre! |
|  | | Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 8001 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Dim 5 Fév 2012 - 23:54 | |
| "
Band Duvalierist Chimere paranoik assasin! Nou vle we sang! Nou gen nostalji touye chretien vivan! Nou gen nostalje pe lebrun? Se sak fe ansyen diktate ap sikile nan peyi a konsa. Nou pa gen nen nan figui nou. "
ki moun ki di li se makout?e ki moun ki komanse akise moun nan diskisyon saa.?Mwen deja di w nou konnen rasinn w.ou pa ka twonpe tout moun sou forum lan.Kote w di yo se pa kote map janm frekante.ni yo pa enteresem paske mwen konnen se kote ki genyen tout vis.Ni mwen se pa moun ki janm ap chache relatyon san koutya. mwen pa tap janm al nan bal sweet mickey.dayè misk li jwe yo pa jan de misik ki fem plesi.apranti misysyen tankou mickey pa tap janm jwen aplodisman nan menm.se lakay moun mwen konen mal nan fet e fet ke yo konn invitem nan travay mwen.Mwen konn al nan kek restoran ayisyen nan queens mwen konn danse la men se pa yon bagay mwen fè tou tan.se chak fen dane mwen konn al nan bal nan restoran manhattan ke nou te konn fè nan travay mwen.Mwen pa alez kote genyne moun mwen pa konen.
mwen twouve li drol pou ap defann yon moun tankou Michel martelly ki se yon wont pou peyi ya akoz de komportman li.Mwen mande w ankor si martelly te desann pantalon l griyen dèyel sou depite nan salon ka premye minis la si se ta demokrasi tou.yo di zwazo menm plimaj benyen menm kote se vre.
|
|  | | jafrikayiti Star plus

 Nombre de messages: 1451 Localisation: Ottawa Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Bon neg guinen
 | Sujet: Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Lun 6 Fév 2012 - 12:18 | |
| Rev ekri: "le jou ke Martelly ta vle fe wout kwochi, nou ap premye moun kap rele chwal barre deye'l. "
Tradiksyon: - depi blan an lage l, m ap lage l tou!
Gen yon zanmi m ki rele patriyot tankou Rev yo "ke kOk". Se selon direksyon van an yo panche...Kidonk, ekip ke kOk toujou chanpyon!
Moralite, jistis, tout se detay! |
|  | | revelation Super Star


 Nombre de messages: 3073 Localisation: Washington, DC Opinion politique: Senior Financial Analyst Loisirs: walking, jogging, basket, tennis Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: L'analyste
 | Sujet: Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Lun 6 Fév 2012 - 13:04 | |
| | Citation: | Rev ekri: "le jou ke Martelly ta vle fe wout kwochi, nou ap premye moun kap rele chwal barre deye'l. "
Jaf di: Tradiksyon: - depi blan an lage l, m ap lage l tou! Gen yon zanmi m ki rele patriyot tankou Rev yo "ke kOk". Se selon direksyon van an yo panche...Kidonk, ekip ke kOk toujou chanpyon! Moralite, jistis, tout se detay! | Tradiksyon an mal fet. vre tradiksyon an Jaf se si pep lage Martelly, Blan pap gen lot chwa ke lage'l tou.
Examp. Apre retou Aristide an 1994, kor diplomatik la e tout sosyete a sezi pou we ke yon prezidan popile kap fe diskou'l deye yon "bullet proof" glass ak 20,000 Marines eparpye nan tout kwen peyi a.
Enswit li armee yon group de chimere e ba yo acces nan Palais National e bayo dwa intimide malere kou granneg.
Le tout ansyen Lavalasyen de premiere heur yo proteste li pa tchippee ba nou. Pou nou fe istwa kout, Bill Clinton ak equip Black Caucus yo roule Aristide nan farine!! Ayiti vinn pi gwo inpotate diriz nan eta Jesse Helms, Caroline di Nô e eta Bill Clinton, Arkansas.
Deal konpagny telefone fe kenken. Rantre e soti lajan ap fet san comptabilete. Depite ak Senate pati Lavalas domine Parleman nan magouille ak fô vote fô mamit. Rest la, nou konnen'l.
Bill Clinton rekonet ke li fet erre anve Ayiti. Li lakoz ke agrikilti peyi tombe byen ba. Li di sa ap prop bouch li.
Pou kisa ke leader nou yo pa admet ke yo komet errer grave kont sosyete a.??
Joel di li memm ke Ayiti pa les Eta Zini!! Zafe konfessyon prezidan ayisyen yo se yon piege e evidans ke viktim yo kap itilize kont yo si yo rele yo devan la jistis.
Gen anpil Lavalasyen konvenkan ki nan prizon, an Ayiti e nan Miami, Floride akoz de move magouille. Si konfessyon sa yo fet anpil viktim ap jwen soulajman. |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 8210 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Lun 6 Fév 2012 - 13:32 | |
| Mwen ta di ke AYITI pa ETAZINI? Lan ki sans? Nèg rete lan yon CHATO SAB,yo konprann se lan yon ""bunker"" yo rete. Pou nou kontinye kenbe kontwòl se pou zetwal yo aliyen tankou ameriken yo di. 2012 pa 1971 ou byen 1991 ou 2004.Abilite pou nou kontwole evènman yo ratresi anpil |
|  | | | | Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo | |
|
Sujets similaires |  |
|
| | Permission de ce forum: | Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
| |
| |
| |