Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
 
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  CalendrierCalendrier  PublicationsPublications  FAQFAQ  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  MembresMembres  GroupesGroupes  Connexion  

Partagez | 
 

 Konstitisyon Enperyal 1805

Aller en bas 
AuteurMessage
jafrikayiti
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

MessageSujet: Konstitisyon Enperyal 1805    Mar 13 Nov 2012 - 19:48

Lakou New York
PO Box 170406
Jamaica, NY 11417
718-907-0484
www.lakounewyork.com
lakounyenfo@yahoo.com
28 oktòb 2012

Nan okazyon Jounen Entènasyonal Kreyòl pou lannen 2012 la, Lakou NY ap prezante tradiksyon Kreyòl premye konstitisyon peyi nou. Se Konstitisyon Enperyal 1805 la ki pote siyati papa peyi a Jan Jak Desalin. Konstitisyon sila a te pibliye 20 me 1805 nan lang Franse. Nou fè tradiksyon sila a pou pèmèt tout Ayisyen (paske Kreyòl la se sèl lang nou TOUT pale!) rive konprann pi byen ki sa ki te nan lide zansèt nou yo epi ki vizyon yo te genyen pou peyi a apre yo te fenk fin kase chenn lesklavaj la epi yo te rive kanpe yon peyi moun nwa ki te lib epi granmoun nan tout kò l. Nou swete fanmi an va pran ti tan pou li l, pataje l ak fanmi ak zanmi epi kote nou genyen kritik ak kòmantè, tanpri fè nou jwenn yo pou n ka vin genyen yon tradiksyon Kreyòl ki pi djanm toujou.



Konstitisyon Enperyal Ayiti
Anperè Jan Jak Desalin siyen li 20 Me 1805
Konstitisyon 1805
Konstitisyon Enperyal Ayiti (1805)

“Nan Palè Enperyal la nan Desalin, 20 me 1805, Dezyèm lannen Endepandans Ayiti:

“Noumenm ki sanble la a, A. Kristòf, Klèvo, Vènè, Gaba, Petyon, Jefra, Tousen‐Brav, Rafayèl, Lalondri, Romen, Kapwa, Manyi, Kanje, Do, Maglwa Anbwaz, Yayou, Jan Lwi Franswa, Jeren, Ferou, Bazlè, Masyal Bès.

“Nan non pa nou ak nan non pèp Ayisyen an ki legalman mete nan men nou tout enstitisyon leta yo epi ban nou dwa pale pou li.

“Devan Granmèt la, kote nou tout ki gen pou n mouri yon jou egal ego, limenm ki kreye tout kalte diferan kreyati nan 4 pwen kadino pou l montre jan li gran, pou l montre fòs li nan jan l ka fè sa l pito jan l pito;

“Devan lanati, kote san rezon epi pou si tèlman lontan nou t ap viv tankou pitit deyò:
“Nou deklare tout sa k di nan Konstitisyon sila a se volonte nou, se dizon nou, se batman kè nou epi se volonte tout pèp Ayisyen an;

“Nou renmèt Konstitisyon sila a bay Majeste Anperè Jan Jak Desalin, limenm ki te ban nou libète, pou l bay dokiman sila a benediksyon l pou tout sa k di ladan l ka fèt.

Deklarasyon Preliminè

Atik 1: Pèp k ap viv sou zile sila a yo te konn rele Sendomeng nan deside pou l fòme yon peyi lib ki granmoun nan tout kò l, ki pa bese tèt li devan pyès lòt puisans linivè. Peyi sila a ap pote non Anpi Ayiti.

Atik 2: Koze yo bay pou lesklavaj la kaba. Jamè, ogranjamè li pa p janm tounen sou moun ankò.

Atik 3: Tout sitwayen Anpi Ayiti se frè ki egal ego devan lalwa; Sèl lòt tit, avantaj, oswa privilèj ki ka janm egziste se rekonesans ak rekonpans nan sèvis libète ak endepandans peyi a.

Atik 4: Se yon sèl lwa ki genyen pou tout moun, kit se pou l pini kit se pou l pwoteje.

Atik 5: Leta pa ka sèvi ak lalwa pou regle yon bagay ki te fèt anvan lwa a te egziste.

Atik 6: Byen yon moun se yon bagay ki sakre. Se gwo pinisyon pou moun ki ta vyole propriyete prive yon lòt moun.

Atik 7: Lè yon sitwayen Ayisyen kite peyi d Ayiti epi natiralize nan yon peyi etranje moun sila a pa yon sitwayen Ayisyen ankò. Pinisyon pou zak sila a se lanmò epi leta dwe sezi tout byen moun sila a genyen nan peyi a. Yon lòt okazyon yon sitwayen Ayisyen pèdi sitwayènte l se lè lajistis kondane w pou gwo krim majè.

Atik 8: Lè yon sitwayen Ayisyen fè bankrout oswa fayit ekonomik leta gen pou mete stati sitwayen li an sispansyon.

Atik 9: Yon bon Ayisyen se yon bon papa, li yon bon pitit, li yon bon mari, epi sa k pi enpòtan pase tout lòt bagay fòk li yon bon sòlda.

Atik 10: Papa ak manman pa gen dwa dezerite pitit yo sou okenn pretèks.

Atik 11: Tout sitwayen oblije genyen yon metye.

Atik 12: Okenn blan, kèlkeswa nasyonalite l, pa gen dwa pilè tè peyi a kòm mèt esklav oswa propriyetè epi blan pa gen dwa janm gen propriyete nan peyi a.

Atik 13: Atik 12 la pa kenbe pou fanm blanch ki natiralize Ayisyen ak pitit yo genyen oswa yo pral genyen. Atik 12 la pa kenbe tou pou Alman ak Polonè yo ki natiralize Ayisyen.

Atik 14: Chèf leta a se papa fanmi Ayisyen. Pa dwe gen okenn distenksyon koulè nan mitan fanmi an. Apati jodi a nou konsidere tout Ayisyen se moun nwa nou ye.

Sou Anpi a
Atik 15: Anpi Ayiti fòme yon sèl kò. Anyen pa ka separe l. 6 Divizyon militè fòme teritwa a.

Atik 16: Se yon jeneral divizyon ki kòmande chak divizyon militè.

Atik 17: Chak jeneral divizyon yo ap fè travay yo endepandan de tout lòt yo. Y ap genyen pou reponn dirèkteman bay Anperè a oswa ak jeneral an chèf la ke Majeste a limenm li va nonme.

Atik 18: Zile Samana, Latòti, Lagonav, Kayimit, Ilavach, Lasayòn, ak lòt ti zile avwazinant yo fè pati entegral Anpi Ayiti.

Sou Gouvènman an
Atik 19: Gouvènman Ayiti chita nan men yon chèf ki pote tit Anperè epi Chèf alatèt lame a.

Atik 20: Se Jan Jak Desalin pèp la rekonèt kòm Anperè epi Chèf alatèt lame a. Se limenm ki te vanje krim nou t ap sibi yo epi ki te libere nou. Ni limenm, ni madanm li, Enperatris la, nou rele yo Majeste.

Atik 21: Majeste yo sakre epi pèsonn pa gen dwa leve men sou yo.

Atik 22: Leta gen yon montan fiks pou l peye Majeste a ak Enperatris la. Enperatris la ap kontinye jwenn kòb sila a menm aprè Anperè a ta va mouri.

Atik 23: Se nan eleksyon n ap chwazi yon Anperè apre Jan Jak Desalin. Pitit Anperè a pa p vin Anperè senpman paske yo se pitit li.

Atik 24: Tout pitit Anperè a rekonèt kòm pitit li ap jwenn yon montan chak ane.

Atik 25: Menm jan ak tout lòt sitwayen Ayisyen, pitit gason Anperè a ap genyen pou pase de grad an grad nan lame peyi a ak sèl diferans ke y ap rantre nan grad katriyèm demibrigad.

Atik 26: Se Anperè a limenm ki va deside jan l pito ki moun k ap vini apre li nan pozisyon an, anvan oswa apre lanmò li.

Atik 27: Nan moman moun k ap vini apre Anperè a va pran pouvwa a, limenm tou l ap genyen pou l kòmanse touche yon montan fiks.

Atik 28: Ni Anperè a, ni okenn nan chèf ki vini apre li yo pa p janm gen dwa, nenpòt ki jan ni sou okenn pretèks keseswa pou yo fòme yon ekip pou proteksyon oswa antouraj pèsonèl yo, kit yo ta rele l yon gad donè oswa nenpòt lòt bagay.

Atik 29: Nenpòt chèf ki ta vini apre Anperè Desalin ki pa ta respekte sa ki di nan atik nimewo 28 la oswa ki pa ta suiv egzanp Anperè Desalin trase a, oswa prensip ki tabli nan Konstitisyon sila a, n ap konsidere l epi deklare l an gè kont tout sosyete a. Nan ka sila a konseye deta yo ap rasanble yo pou yo deklare manda chèf sila a fini epi pou yo chwazi nan pami yo sila a ki plis merite responsabilite a. Nan ka chèf òlalwa a pa ta vle aksepte desizyon sila a jeneral yo ki fòme konsèy deta a ap rele pèp la ak lame a pou yo pote lamenfòt pou libète kapab toujou rete sèl kòk chante sou tè sila a.

Atik 30: Se Anperè a ki fè, ki siyen, epi ki gaye tout lwa. Selon volonte li, li nonmen epi li revoke tout minis yo, jeneral an chèf lame a, tout konseye deta yo, jeneral yo ak tout lòt ajan k ap travay pou Anpi a, tout ofisye lame ki sou tè a ak tout sa k sou lanmè, tout manm administrasyon lokal yo, tout komisè gouvènman nan tribinal yo, jij yo ak tout lòt anplwaye leta yo.

Atik 31: Se Anperè a ki fè bidjè leta, li kontrole tout kòb k ap rantre ak tout depans. Li responsab fabrikasyon lajan. Se limenm sèl ki gen dwa pase lòd mete lajan deyò, li deside ki valè kòb la genyen epi ki jan kòb la fèt.

Atik 32: Se Anperè a sèl ki gen pouvwa fè lapè oswa fè lagè. Se li sèl ki ka angaje peyi a nan relasyon politik epi siyen kontra.

Atik 33: Anperè a responsab sekirite nan tout kwen anndan peyi a epi l responsab defann peyi a. Se li ki gen dwa deside selon volonte li ki jan l ap epapiye lame peyi a ni sou tè peyi a ni sou lanmè.

Atik 34: Si ta gen konplo k ap mare pou mete latwoublay nan peyi a, konplo kont Konstitisyon an oswa konplo kont Anperè a limenm, se responsabilite Anperè a pou l fè arete malfektè yo ak tout konplis yo. Se yon konsèy espesyal ki va gen pou jije yo.

Atik 35: Se Majeste a sèl ki gen dwa padone yon moun tribinal jije epi desid k koupab. Se li sèl ki gen dwa retire nan pinisyon yon jij bay.

Atik 36: Anperè a pa gen dwa fè mannigèt pou l al pran teritwa lòt peyi ni pou l al mete latwoublay nan koloni etranjè.

Atik 37: Tout zak leta ap fè dwe fèt ak dizon sila a: “Anperè Ayiti epi Chèf alatèt lame a, ak lagras Bondje epi lalwa konstitisyonèl leta a.”

Sou Konsèy Deta a
Atik 38: Jeneral divizyon yo ak jeneral brigad yo tou manm konsèy deta a epi se yo tout ansanm ki fòme konsèy sila a.

Sou Minis yo
Atik 39: Anpi an ap genyen 2 minis ak yon sekretè deta: Ministè finans la ki genyen depatman enteryè ladan li; Ministè lagè a ki genyen depatman lanmè a ladan l.

Sou Minis Finans la ak sa k konsène Enteryè peyi a
Atik 40: Ministè sila a responsab administrasyon trezò piblik peyi a, òganizasyon chak grenn administrasyon, distribisyon lajan ki pou disponib pou minis lagè a ak lòt fonksyonè leta yo, depans leta yo, direktiv pou jere kontabilite administrasyon ak moun k ap peye moun nan chak divizyon yo, agrikilti, komès, lekòl, sistèm pou asire jan pou mezire bagay epi konbyen yon bagay peze, mwayen pou evalye popilasyon peyi a, tout sa peyi a pwodui ak tout byen peyi a kit se sa n ap kenbe pou tèt pa nou ki se sa n ap vann deyò, tè pou anfème, prizon, lopital, antretyen wout, bak yo, salin yo, faktori yo, biwo dwàn yo, epi
finalman kontwòl ak fabrikasyon lajan, epi fè respekte lwa ak direktiv gouvènman an nan
domèn sila a.

Sou Minis Lagè a ak Lanmè a
Atik 41: Travay ministè sila a se pou sanble, òganize, enspekte, siveye, disipline, jere lame sou tè a epi sou lanmè a, epi tout deplasman lame a se sou kont li yo ye. Li responsab tout moun k ap travay nan domèn sila a, tout zouti lagè, tout ranfò, tout fò, tout poud ak tout kanno. Li la pou l kenbe rejis tout zak ak tout dekrè Anperè a, pou l sikile yo bay lame a epi pou l asire l tout sa Anperè a di, tout desizyon Anperè a rive fèt kòmsadwa. Minis Lagè akLanmè a gen devwa pou l rapòte bay konsèy espesyal yo tout sa k pa sa li konnen k fèt nan mitan militè yo epi l gen pou l voye je sou komisè lagè yo ak ofisye sante yo.

Atik 42: Minis yo responsab tout move bagay yo menm yo fè kont sekirite peyi a ak konstitisyon an. Yo responsab tout atak ki fèt sou propriyete prive yon moun epi libète chak moun. Chak 3 mwa yo gen pou yo renmèt yon rapò bay Anperè a sou tout depans ki gen pou fèt, sou fason lajan k te nan men yo te depanse, epi sou tout abi ak dezòd ki te fofile nan divès branch administrasyon peyi a.

Atik 43: Lalwa pa gen dwa fè okenn pousuit kriminèl kont yon minis kit li an fonksyon, kit li pa nan djòb la ankò pou bagay ki te pase nan administrasyon li san dizon pèsonèl Anperè a.

Sou Sekretè Deta a
Atik 44: Sekretè Deta a responsab ekri, pou l fè kopi, epi pou l gaye lwa, direktiv, pwoklamasyon, ak desizyon Anperè a; Li travay kole kole ak Anperè a nan zafè relasyon ak peyi etranje. Se li ki koresponn ak minis yo pou l resevwa nan men yo tout sa y ap mande Anperè a, petisyon ak nenpòt lòt bagay yo vle renmèt li. Tout kesyon tribinal yo genyen pou Anperè a se limenm tou ki resevwa yo. Se responsabilite l tou pou renmèt bay minis
yo tout jijman ak tout dokiman Anperè a deside siyen.

Sou Tribinal yo
Atik 45: Pèsonn pa gen dwa anpeche dwa chak moun genyen pou yo regle yon konfli alamyab, san koze a pa bezwen ale devan leta. Moun ki an konfli yo gen dwa pou yo menm yo chwazi moun yo vle k tranche koze a. Lalwa ap rekonèt tout desizyon yo rive antann yo sou li.

Atik 46: Ap genyen yon jijdepè nan chak komin; Jijdepè sila a pa gen dwa deside sou okenn koze ki depase valè 200 goud. Nan ka pati ki an konfli yo pa ta rive antann yo nan tribinal jijdepè a, yo chak va ale pote koze a devan tribinal ki nan zòn pa yo.

Atik 47: Ap genyen 6 tribinal nan diferan vil sila yo: Sen Mak, Okap, Pòtoprens, Okay, Ansavo, ak Pòdepè. Se Anperè a ki va deside fason tribinal sa yo va òganize, konbyen y ap ye, bagay yo gen dwa deside sou yo, epi teritwa chak tribinal sa yo ap kapab responsab. Tribinal yo gen dwa regle tout dosye sivil.

Atik 48: Se konsèy espesyal ki va gen pou jere pwoblèm militè epi se lòt kalite jijman ki va fèt pou regle pwoblèm sa yo. Se Anperè a ki va deside ki jan konsèy espesyal sa yo va òganize epi lè pa gen antant sou desizyon k soti nan konsèy sila yo se Anperè a limenm ki va tranche.

Atik 49: Gen lwa espesyal ki va fèt pou jere kesyon notarya epi tout sa k gen rapò ak ofisye deta sivil yo.

Sou Relijyon
Atik 50: Lalwa pa bay okenn relijyon pye sou okenn lòt.

Atik 51: Tout moun gen dwa pratike relijyon yo pito.

Atik 52: Leta pa p pran responsabilite okenn relijyon oswa okenn responsab yon relijyon.

Sou Administrasyon

Atik 53: Chak divizyon militè ap genyen yon administrasyon prensipal ladan l. Se ministè finans la k ap responsab òganizasyon ak kontwòl administrasyon sila a.

Dispozisyon Jeneral
Atik 1: Se Anperè a ak Enperatris la ki va deside ki moun k ap la ansanm ak yo pou okipe bezwen yo, ki jan pou yo boule ak moun sa yo epi ki jan moun sa yo ap touche pou travay yo.

Atik 2: Apre Anperè ki la jodi a va mouri, lè ta gen yon nesesite pou pase men sou Konstitisyon an, se konsèy deta a ki va rasanble pou fè sa epi se moun ki gen plis laj nan mitan konsèy la ki va prezidan konsèy la.

Atik 3: Se Anperè a ki va fòme epi prezide konsèy espesyal pou jije krim wot trayizon ak krim minis yo ak jeneral yo ta va komèt.

Atik 4: Lame se yon enstitisyon obeyisan. Li annik suiv lòd. Pa gen plas pou okenn diskisyon ak deba fèt nan mitan yon kò ki ame.

Atik 5: Fòk yon dosye parèt devan yon tribinal pou yon jijman rive fèt sou li.

Atik 6: Kay yon moun se yon azil pyès lòt moun pa gen dwa vyole.

Atik 7: Sof si mèt kay la limenm envite w rantre sèl lòt lè ou ka rantre anndan kay yon moun se si kay la pran dife, si gen inondasyon, oswa si gen yon lòd pou sa ki soti nan men Anperè a oswa nenpòt lòt otorite legal.

Atik 8: Si w touye yon moun oumenm tou ou merite lanmò.

Atik 9: Toutotan Anperè a ba bay dizon li okenn jijman pou touye yon moun pa gen dwa aplike.

Atik 10: Pinisyon pou yon moun ki vole yon bagay ap depann sou sikonstans anvan, pandan, epi apre vòl la.

Atik 11: Nenpòt etranje k ap viv nan peyi a gen menm responsabilite ak tout Ayisyen pou l respekte tout lwa peyi a.

Atik 12: Leta peyi a otomatikman epi san pale anpil sezi tout propriyete k te pou yon blan franse.

Atik 13: Tout Ayisyen k t achte yon pwopriyete nan men yon blan franse epi l pa t ko fin peye l, jodi a se leta Ayisyen li dwe rès kòb la.

Atik 14: Maryaj se yon zak sivil leta otorize.

Atik 15: Lalwa rekonèt moun ki marye ka divòse nan sikonstans lalwa prevwa epi lalwa deside yo.

Atik 16: Ap genyen yon lwa espesyal pou tout timoun ki fèt andeyò maryaj.

Atik 17: Fòk yon moun respekte chèf li, pou l suiv lòd li, epi disiplin se yon bagay ki esansyèl.

Atik 18: Leta gen pou l pibliye yon kòd penal epi tout moun dwe suiv li san gade dèyè.

Atik 19: Ap genyen yon lekòl leta nan chak divizyon militè pou lenstriksyon jènès la

Atik 20: Koulè drapo peyi a se nwa ak wouj.

Atik 21: Leta pran angajman pou l onore epi pwoteje agrikilti ki se travay ki pi enpòtan, ki gen plis lonè, epi ki pi itil sosyete a.

Atik 22: Anyen pa dwe fèt pou bare lawout ak komès ki se dezyèm sous pwosperite tout peyi.

Atik 23: Chak divizyon militè ap genyen yon tribinal komès. Se Anperè a ki va chwazi manm tribinal sila yo ki va soti nan pami negosyan yo.

Atik 24: Tout tranzaksyon komès dwe fèt ak bòn fwa epi ak bon jan dizon.

Atik 25: Gouvènman an pran responsabilite sekirite epi pwoteksyon tout peyi ki pa nan paspouki ak peyi zanmi ki deside fè komès ak Ayiti depi yo menm yo respekte tout règ jwèt epi tout mès peyi a.

Atik 26: Leta pran responsabilite pwoteje kontwa epi tout machandiz etranje k ap fè komès nan peyi a.

Atik 27: Ap genyen fèt nasyonal pou fete Endepandans peyi a, fèt Anperè a ak madanm li, fèt Agrikilti, epi fèt Konstitisyon an.

Atik 28: Depi premye kout kanno lalam nan tire tout vil yo ap disparèt epi nanchon an toutantye ap leve kanpe.

Noumenm responsab ki siyen dokiman klè epi kare sila a ki genyen ladan l dwa sakre tout moun ta dwe jwi epi tout devwa sitwayen yo blije akonpli, nou renmèt li nan men majistra yo, papa yo ak manman yo ki responsab fanmi yo, sitwayen yo, ak lame a pou yo voye je sou li epi pwoteje l;

Nou ankouraje neve nou yo respekte l epi n ap voye yon gwo kout chapo bay zanmi libète toupatou, moun ki gen bon kè yo nan tout peyi. Pou nou sa se yon siy klè ke gen yon bondye k bon tout bon, ki limenm atravè lwa pa li ki la pou tout tan te ban nou limyè ak chimen pou n te rive kase chenn lesklavaj epi pou n te rive vin yon pèp lib, sivilize, epi endepandan.

Nou siyen dokiman sila a nan non pa nou epi nan non tout sa yo nou reprezante yo.

Moun ki siyen:

Kristòf, Klèvo, Vènè, Gaba, Petyon, Jefra, Tousen‐Brav, Rafayèl, Lalondri, Romen, Kapwa, Manyi, Kanje, Do, Maglwa Anbwaz, Yayou, Jan Lwi Franswa, Jeren, Ferou, Bazlè, Masyal Bès.

Dokiman sila a te parèt devan Anperè a pou msye te siyen li tou. Li te dakò bay dokiman an benediksyon li.

Lè n gade Konstitisyon sila a,

Noumenm, Jak Desalin, Anperè Premye peyi dAyiti epi Chèf alatèt lame a selon lagras Bondye fè nou epi selon lalwa konstitisyonèl leta,

Nou anbrase Konstitisyon sila a nètalkole, nou ba li benediksyon nou, epi nou mande pou tout sa k di ladan l fèt plop plop nan tout teritwa Anpi Ayiti;

Nou sèmante n ap respekte l epi nou sèmante pou n bay dènye gout san nou pou fè tout lòt moun respekte tout sa k di ladan l.

Nan Palè Enperyal la nan Desalin, 20 me 1805, Dezyèm lannen Endepandans Ayiti.

Siyen: Desalin
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
T-Kout
Star
Star
avatar

Masculin
Nombre de messages : 208
Localisation : N.Y.
Opinion politique : N/A
Loisirs : Musique, Lire
Date d'inscription : 04/10/2014

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

MessageSujet: Re: Konstitisyon Enperyal 1805    Sam 4 Oct 2014 - 21:49

mesi anpil pou sa, kounneya, fo nou tradwi Im Nasyonal nou An Kreyol .
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Joel
Membre-fondateur
Membre-fondateur


Masculin
Nombre de messages : 15503
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: Re: Konstitisyon Enperyal 1805    Dim 5 Oct 2014 - 8:55

Ti KOUT;

Li deja an KREYÒL.Si w chache sou NÈT lan w ap jwenn yon TRADIKSYON.
Gen anpil bagay ki deja tradwi an KREYÒL.
Woman ,pwezi elt.
De LIV tankou ""LE PETIT PRINCE"" de SAINT EXUPERY ;menm ""LE PRINCE"" de MACHIAVEL pami tan dòt.
Gen yon pwofesè AMERIKEN ki tradwi ""GOUVERNEURS DE LA ROSÉE"" de JACQUES ROUMAIN an KREYÒL AYISYEN .Li rele l ""CHITA PA BAY"".
Gen yon NÈG ki ap viv an SWIS se pa ni 2 ni 3 twa LIV li deja tradwi.
Travay lan te dwe fèt pi VIT ,men gen MOUN ki ap eseye fè l.
Kounye an ,se pou TOUT DOKIMAN GOUVÈNMAN AYISYEN yo ;tout LWA ;tradwi an KREYÒL.
Petèt se yon lòt gouvènman ,pa MATELIS yo,ki ap fè l
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Contenu sponsorisé




MessageSujet: Re: Konstitisyon Enperyal 1805    

Revenir en haut Aller en bas
 
Konstitisyon Enperyal 1805
Revenir en haut 
Page 1 sur 1
 Sujets similaires
-
» Konstitisyon Enperyal 1805 lan - yon dokiman ekstraodinè
» LE SOLEIL D'AUSTERLITZ - 1805
» Konstitisyon 1987 la : Atansyon pa kapon.
» bataille de Wertingen en 1805
» Le destin de l'Europe - 1805

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Histoire d'Haiti-
Sauter vers: