Wi monchè, a la yon bèl kote !!!!!
Mwen te konn tande pale de Fo Libète ak plantasyon Dofen lè m te timoun en Ayiti, mwen te gen zanmi ki te soti lan rejyon sa.
Ti mesye sa yo te lekol Potoprins. Mwen te toujou swete al vizite zon saa, mwen pat jam gen tan.
Se pwemyè fwa mwen wè foto peyisaj sa yo e sa fè m sonje jan nèg yo te konn ap di jan kote sa yo te bèl.
M swete yo devlope tout bèl kote sa yo pou Ayisyen ka jwenn kote pou yo apresye lan peyi yo.
Petèt ane pwochèn ma val fè yon tou.
Lè yon moun byen gade, Ayisyen pa konn peyi yo ase.
Si nou te vizite lot rejyon an Ayiti, petèt nou ta vinn renmen peyi a plis.
Mwen se nèg Potoprins men fanmi m gen lyen lan Grandans e se pou sa mwen konn anpil vil lan sid. Men apa Senmak ak Gonaiv, mwen pa konn oken kote lan no.
San Malis, Ou sanble w al lan tout kwen Ayiti.
Li ta bon pou fè Ayiti vanse, pou w ta rakonte eksperyans ou lan peyi nou an. Map pale de plezi, manje, fèt, bal, fanm, lavi peyizan yo.... Nou konnen la mize a toupatou. Men gen plezi ak bel peyizaj, bel fanm ki rete toujou.