Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
 
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  CalendrierCalendrier  PublicationsPublications  FAQFAQ  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  MembresMembres  GroupesGroupes  Connexion  

Partagez | 
 

 Yon ti KOZE ak yon MANM AKDEMI KREYOL AYISYEN AN!

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Aller en bas 
AuteurMessage
Joel
Membre-fondateur
Membre-fondateur


Masculin
Nombre de messages : 15009
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: Yon ti KOZE ak yon MANM AKDEMI KREYOL AYISYEN AN!    Sam 1 Aoû 2015 - 8:59

Neg YO AP TRAVAY wi e se kon sa anpil PREJIJE ap tonbe e AYITI ap pran CHEMEN DEVLOPMAN:



Nicolas André, pwofesè kreyòl nan Inivèsite Ozetazini

Connaître nos Académiciens/Konnen Akademisyen nou yo #11
Nicolas André se youn nan manb Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) ki bay tèt misyon pou fè pwomosyon pou lang matènèl pèp ayisyen an ki se kreyòl. Nan 11e nimewo ribrik « Connaître nos académiciens/Konnen Akademisyen nou yo », nou pran plezi prezante w pwofesè sila ki fè pati de komite syantifik kap fè rechèch sou lang kreyòl la.

82 il y a 1 jours Publié le 31 juillet 2015



Nicolas André

×




1 / 1



Show captions



1

Showing image 1 of 1




Le Nouvelliste (L.N) : Prezante nou Nicolas André ? Nicolas André (N.A) Mwen fèt Pòtoprens nan mwa fevriye. Mwen etidye syans lengwistik nan Fakilte lengwistik aplike, ant 1988 ak 1992. Apre sa, m te vin travay nan Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon (SEA) ant 1994 a 1997 oubyen 1998. Mwen te responsab yon seksyon pou rechèch nan lang kreyòl epi m te kowòdone yon emisyon pwofesè Yves F. Dejean te konn fè sou TNH nan kad travay SEA a pou prezante sistèm ekriti lang kreyòl la pou anpil lòt moun. Mwen te vin responsab Sèvis Relasyon piblik kote mwen te anchaje piblikasyon yon ti bilten enfòmasyon SEA te konn pibliye chak mwa. Mwen te fè yon pasaj nan jounal “Le Nouvelliste” kòm korektè prensipal (ant 1994 a 1995). Se nan menm lè sa a tou m te kòmanse yon kolaborasyon ak “Communication Plus”, madam Anaïse Chavenet ap dirije, kote mwen te kowòdone divizyon Liv la kòm editè. Se yon kolaborasyon ki toujou kontinye, malgre kounye mwen sèlman yon konsiltan endepandan. Mwen te korektè tou pou jounal “Le Matin” nan ane 2008, 2009 yo, kote te vin okipe pozisyon sekretè redaksyon anvan fen 2009. Mwen te fè etid lengwistik franse nan inivèsite Indiana (Etazini), kote mwen te pran yon metriz an 2008 e m te fè de semès an plis pou m te antre nan yon pwogram doktora. Men m te tounen Ayiti an 2009 e akoz sèten responsablite familyal, m te deside rete, jis mwen vin asepte yon òf pou m anseye kreyòl nan inivèsite entènasyonal Laflorid (Etazini). Kounye a, m se kowòdonatè kou lang kreyòl nan inivèsite sa a. Epi tou m kolabore ak yon biwo ki fè tradiksyon kreyòl nan Laflorid ki rele “CreoleTrans”. LN : Eske ou wè gen enterè pou lang kreyòl la nan Inivèsite Florid kote wap travay ? N.A : Lè m te rive nan inivèsite FIU an 2010, m te gen twa kou kreyòl pou twa nivo diferan. Kounye a mwen gen apeprè 7 kou diferan. Premye ane mwen lòtbò, m te gen yon afè 24 etidyan nan yon semès. Kounye a, mwayèn nan an jeneral se ant 35 a 40 etidyan pa semès. Enterè pou lang kreyòl la ogmante. Anplis sa, chak ete gen yon enstiti kreyòl avèk yon kou entansif 4 semèn, plis yon pwogram 2 semèn ann Ayiti pou gwoup sa a. Etidyan ki nan pwogram enstiti ete a soti nan diferan inivèsite nan Etazini e konn genyen youn youn etidyan ki konn soti nan inivèsite nan lòt peyi. Ane pase te gen yon gwoup 15 etidyan ki te vin ann Ayiti nan kad pwogram sa a. Te gen youn ki soti ann Almay. Ane sa a gen yon gwoup 19 etidyan ki isit la depi 19 jiyè. Gen youn ladan yo ki soti nan peyi Lawolann. LN : Kijan ou te deside fè vin manm nan Akademi Kreyòl Ayisyen? N.A : Mwen te soumèt kandidati mwen pou mwen vin manm akademi an, akoz yon kòlèg te ensiste pou mwen fè sa. Nou travay nan ansèyman lang kreyòl ak rechèch sou lang lan. Men tou, m gen yon enterè patikilye nan yon travay kon sa. Mwen se asistan editè yon diksyonè bileng 700 paj inivèsite Indyana pibliye an 2007. Se yon diksyonè Kreyòl-Angle. M te travay kòm responsab leksikografik nan yon pwojè diksyonè kreyòl-franse pou yon mezon edisyon. M te tradiktè nan yon misyon entènasyonal ann Ayiti, kote m te prensipal korektè pou yon liv yo pibliye an kreyòl: Dwa moun pou tout moun. Mwen te fè tradiksyon kreyòl yon ti istwa ki te ekri an franse sou tolerans, menm misyon sa a te pibliye. Mwen te yon manm nan ekip ki te prepare 2 tòm pou yon liv an kreyòl ki rele Pen nan boutèy, diven nan panyen banbou, FOKAL te pibliye. Mwen te revize yon piblikasyon IRC (sant rechèch ak dokimantasyon, anbasad ameriken): Demokrasi pou tout moun... LN : Ki wòl ou jwe nan Akademi sila a? N.A : Nan Akademi an, mwen enterese nan domèn rechèch ak etid sou lang kreyòl. Konsa, mwen fè pati yon komite syantifik ki dwe travay sou kesyon sa a. L.N : Kijan ou panse AKA a pral ede amelyore ak defann lang kreyòl la? N.A : Mwen panse ou te vle mande m ki jan m panse AKA a pral amelyore fason yo trete lang kreyòl la... e sa a se deja yon pozisyon pou defann lang nou pa rapò ak plas li dwe okipe nan sosyete nou an. Si AKA a ka ankouraje moun fè pwodiksyon nan lang nan epi ankadre yo nan aktivite pwodiksyon sa yo, se yon gran pa nan kesyon devlòpman peyi a. Men devlòpman peyi a se devlòpman pitit tè a, e se kon sa bagay ki pi enpòtan an, se pèmèt tout timoun jwenn edikasyon depi nan bonè, kote lang pa ka sèvi yo yon baryè pou yo aprann men lang va sèvi yo yon mwayen pou yo pran konsesans. E sèl fason sa posib tout kote sou latè, se lè timoun yo (ak granmoun tou) kapab aprann bagay ki nouvo pou yo avèk yon zouti yo metrize byen byen byen. Zouti sa a, mwen rele l: “lang manman nou”.
            




















Partager cet article

- See more at: http://lenouvelliste.com/lenouvelliste/article/147862/Nicolas-Andre-pwofese-kreyol-nan-Inivesite-Ozetazini#sthash.zEQtPApX.dpuf
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Sasaye
Super Star
Super Star
avatar

Masculin
Nombre de messages : 7620
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, literature kréyòl
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

MessageSujet: Re: Yon ti KOZE ak yon MANM AKDEMI KREYOL AYISYEN AN!    Sam 1 Aoû 2015 - 21:16


Mèsi pou atik saa. Se yon bon devlopman vre e se sa nou tap chèche.
Kounyea a Lang Ayisyen an se lang ofisyèl lan edikasyon ann Ayiti.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Joel
Membre-fondateur
Membre-fondateur


Masculin
Nombre de messages : 15009
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: Re: Yon ti KOZE ak yon MANM AKDEMI KREYOL AYISYEN AN!    Ven 7 Aoû 2015 - 17:09

Connaître nos Académiciens/ Konnen Akademisyen nou yo
Pierre Michel Chéry : « AKA ap defann dwa lengwistik popilasyon an »

Connaître nos Académiciens/Konnen Akademisyen nou yo # 13
Nan nimewo sa a, n ap prezante nou Pierre Michel Chéry, yon jesyonè epi womansye ki ekri senpman nan lang kreyòl la. Li ekri tou anpil atik nan lang sa a epi tradui tèks lang franse ak angle menm janm li mete tou sa ki an franse ak anglè nan lang kreyòl la.

339 il y a 1 jours Publié le 06 août 2015



Pierre Michel Chéry

×




1 / 1



Show captions



1

Showing image 1 of 1




Dieulermesson PETIT FRERE Le Nouvelliste (L.N): Prezante nou Pierre Michel Chéry Pierre Michel Chéry (PMC) : Pierre Michel Chéry fèt nan vil Sen Michèl, nan depatman Sid Ayiti. Li etidye estatistik ak enfòmatik nan CEFORSI (Centre de formation de statisticiens et d’informaticiens) nan lane 1980 ; an 1983, li pran yon diplòm nan jesyon biznis nan INAGHEI ; li etidye lengwistik nan Fakilte Lengwistik Aplike an 1994. An 2002, Pierre Michel Chéry fè yon metriz nan teknoloji enfòmasyon. Se sitou nan aktivite enfòmatik moun pi fasil rankontre Pierre Michel Chéry an Ayiti, epoutan akote aktivite pwofesyonèl li, li se yon moun ki pa machande kolaborasyon li nan anpil aktivite kap fèt pou defans ak pwomosyon lang kreyòl yo ak kilti kreyòl yo. Moun plis konnen non li aletranje akoz atik l’ap pibliye an kreyòl sou divès kalite sijè sou entènèt pou òganizasyon kap fè pwomosyon lang kreyòl yo. Konsa Pierre Michel Chéry ap potekole nan REKA (Rezo Kreyolis Ayisyen) ansanm ak lòt militan kòz lang kreyòl la, nou jwenn li tou nan IOCP (International Organization of Creole People). L.N : Ki lòt rapò Pierre Michel Chéry devlope ak lang kreyòl la, a kote pale li pale lang sa a ? PMC : Akote pale lang kreyòl la, nou ekri woman an kreyòl, nou ekri atik sou kilti popilè pèp ayisyen an. Youn nan atik nou te pibliye an 2009, moun toujou ap li se « 12 Prensip Bwa Kayiman » yo. Nou pran tèks angle, tèks franse nou mete yo an kreyòl. Konsa tou, nou konn pran tèks kreyòl nou mete yo an franse oswa nan lang angle. N ap eseye devlope konpetans nou nan tradiksyon matematik an kreyòl. Nou fè rechèch sou fason pèp la itilize konsèp matematik yo an kreyòl. N ap goumen pou elèv ayisyen aprann fè matematik an kreyòl. An gwo, n ap fè pwomosyon lang kreyòl ak kilti popilè peyi a. AKA ap defann dwa lengwistik popilasyon an L.N : Nou konnen ou reprezante Saks (Sosyete animasyon kominikasyon sosyal) nan AKA, eske w gen yon ajennda osinon yon kaye ki charye ansanm pwopozisyon asosyasyon sila a, nan kad travay ou pou pèmèt lang kreyòl la vanse pi douvan ? PMC : Non, se pa t nesesè paske Konstitisyon an ak lwa sou Akademi Kreyòl la deja defini travay Akademi an genyen pou l fè. Pwopozisyon SAKS yo, menm jan ak pwopozisyon lòt enstitisyon ki manm Akademi an, deja enskri nan vizyon Akademi an. Nou menm pèsonèlman, nou te devlope rapò sere avèk defen Sony Estéus, ansyen Direktè Egzekitif SAKS. Nou konnen byen ki kalite koutmen Sony te bay pou AKA te la jounen jodi a. AKA ap ranfòse travay SAKS la paske se nan sans sa a Sony ak lòt kanmarad yo te travay nan komite pou monte Akademi Kreyòl la. Pèmèt lang kreyòl la vanse ? Yon ti presizyon ! Lè nou di AKA ap fè pwomosyon lang kreyòl nan lareyalite, AKA ap defann dwa lengwistik popilasyon an. Batay lang kreyòl se batay pou lang pa sèvi baryè pou moun anndan peyi a. Leta dwe bay tout moun ki pale kreyòl asirans zouti kominikasyon enpòtan sa a disponib nan kèlkeswa sikonstans nan lavi a. Se pou rezon sa yo AKA ap miltipliye kontak ak enstitisyon Leta yo pou li atire atansyon reskonsab yo sou aspè sa a nan respè dwa moun. Apre sa, tout entèvansyon AKA ap fè yo, se entèvansyon ki pou pèmèt popilasyon an anrichi esperyans li nan lang kreyòl la. Nou pa ka imajine ki konsekans sa t ap genyen sou kalite ak kantite enjenyè peyi a t ap genyen si fòmasyon elèv ayisyen yo te fèt nan yon lang ki pèmèt yo devlope lòt konesans sou sa yo bay lekòl la. Men chak pwofesè matematik pa ka deside li pral fè nosyon matematik li t aprann nan lang etranje a pase jan li pito an kreyòl. Se la a, AKA enpòtan, domèn matematik la, tankou anpil lòt, mande bon jan rechèch ak pwopozisyon ki pou pèmèt pwofesè matematik yo transmèt nosyon yo yon fason pou yo pase klè, san doub sans, san apeprè. Tan kote lekòl t ap sèvi zouti pou koukounan moun nan sosyete a, tan sa a fini. Nan syèk teknoloji ak konpetisyon rèd nou ye la a, fòk sosyete a chwazi miltipliye ouvèti, miltipliye opòtinite pou Ayisyen ka aprann pi byen, pi vit, pi plis, pi fon. L.N : Pierre Michel Chéry, ou se womansye tou, ou ekri an kreyòl. Nan lane 2001, ou te pibliye premye woman ou «Eritye Vilokan » ki te fè anpil pale de li e menm sonje woman sa a te fè pati pwogram akademik etidyan nan Fakilte lengwistik aplike pandan kèk ane. Kisa ki pouse w ekri an kreyòl ? PMC : Gen de (3) evènman ki make lavi mwen nan zafè ekri an kreyòl. Premye evènman an se yon jounal kreyòl, ki te rele Gindòl, ki te konn parèt nan ane 1970 yo. Se Emile Celestin-Mégie ki te dirije jounal sa a. Mwen te li yon istwa sou yon seremoni Boule Zen, an kreyòl. Istwa sa a te fè yon chòk sou mwen, paske se te premye fwa mwen te jwenn yon moun ekri yon atik pozitif sou yon aspè nan kilti pèp la. Kòm pitit abitan ki te an menm tan elèv nan lekòl frè katolik, mwen pa te janm ka imajine sa te posib. Se pou m di w kouman lekòl alyene ti Ayisyen nan peyi a. Dezyèm evènman an ki fè m deside ekri an kreyòl se dènye entèvyou Minis Joseph C. Bernard te bay nan TNH nan ane 1980 anvan yo mete l atè. Mwen te tèlman choke pou fason mwen te wè moun nan lelit peyi a te reyaji sou yon koze « manman ban m sik », mwen te deside pran pozisyon kare bare pou lang kreyòl. Depi jou sa a, mwen te deside se an kreyòl sèlman mwen pral ekri. Mwen te deja genyen yon pakèt pwojè woman nan tèt mwen. Dènye evènman an ki fè m wè m pa ka kontinye ap trennen, se yon ekriven Matinikè ki t ap vizite peyi a an 1999. Mouche te deklare yon pawòl ki te pati prèske konsa : « Mwen pa wè ki sa ki kreyòl nan liv kreyòl mwen li yo, kit se sa yo ekri nan Antiy yo, kit se ki fèt an Ayiti yo. Sèl sa mwen wè se yon seri tèks yo tradui nan lang kreyòl. Men yo te ka tradui yo nan nenpòt lòt lang. » Lè sa a, mwen te deja ap travay sou plizyè woman ak kont kreyòl. Mwen te santi mwen oblije fè vit pibliye « Eritye Vilokan » pou m te montre ekriven matinikè sa a ki sa ki rele imajinè kreyòl, ki sa ki inivè imajinè popilè ayisyen an. Se konsa mwen vin pibliye « Eritye Vilokan ». Mwen kwè mwen te genyen pari a paske dwayen Pierre Vernet te adopte liv sa a pou li fè kou kreyòl nan Fakilte Lengwistik Aplike. Se evènman sa yo ki ouvè vàn ekri fiksyon kreyòl la pou mwen. Mwen aprann anpil sou peyi a, epi mwen jwenn anpil satisfaksyon nan reyaksyon piblik la sitou pou woman « Bèbè Gòlgota » a ki parèt an 2008 nan Presses Nationales. L.N : Èske avèk prezans AKA a, nou ka espere wè gen chanjman ki fèt nan jan moun nan popilasyon an wè e itilize lang kreyòl la? PMC : Wi ! Prezans AKA se yon gwo atou pou popilasyon an. Popilasyon an deja ap itilize lang kreyòl li. Se moun ki nan administrasyon prive ak administrasyon piblik la ki rete pou fè jefò libere tèt yo. Se sèten gen sektè nan Leta a tankou Edikasyon ak Lajistis ki poko ka kwè moun ka fè tout sa yo bezwen an kreyòl. Prejije sa yo se yon pwa senkant sosyete a ap trennen depi sou tan lakoloni, men se pa lang kreyòl sèlman prejije yo sible, se kèlkeswa aspè a nan kilti pèp la yo « rejete ». Èske n ap wè chanjman avèk prezans AKA ? AKA ap travay pou sa. Men, si nou gade byen, n ap wè se pa premye enstitisyon Leta kreye pou sipòte lang kreyòl la. Men avantaj AKA genyen sou lòt enstitisyon sa yo se : AKA se yon enstitisyon nasyonal. Sa vle di, gen anpil sektè nan lavi nasyonal la ki pote kole pou mete AKA sou pye. Gen anpil enstitisyon k ap swiv travay li, anpil moun ap tann ki sa AKA ap pote. Gen anpil patriyòt, kit se anndan, kit se aletranje k ap tann AKA envite yo vin bay konkou. Se preparasyon n ap fè nan konsèy administrasyon AKA pou nou resevwa koutmen benevòl sa yo. Lis liv Pierre Michel Chéry pibliye: Eritye Vilokan, 2001 Bèbè Gòlgota, Les Presses Nationales, 2008 Senfoni Nago, Les Presses Nationales, 2012 Peleren, Educa Vision, 2015
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Joel
Membre-fondateur
Membre-fondateur


Masculin
Nombre de messages : 15009
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: Re: Yon ti KOZE ak yon MANM AKDEMI KREYOL AYISYEN AN!    Sam 8 Aoû 2015 - 9:02

Serge Bellegarde, yon kreyolis konsekan

Connaître nos Académiciens/Konnen Akademisyen nou yo # 14


234 il y a 1 jours Publié le 07 août 2015



Serge Bellegarde

×




1 / 1



Show captions



1

Showing image 1 of 1




Dieulermesson PETIT FRERE Le Nouvelliste (L.N): Prezante nou André Serge Bellegarde. Kilès ou ye e ki sektè ou reprezante nan AKA a ? (SB) : Mwen fèt nan Pòtoprens 1er janvye 1949. Manman m se moun Jeremi e sou bò papa mwen, rasin mwen nan Okap. Se pou sa mwen renmen di ke mwen kouvri tout teritwa a, depi nan sid rive nan nò. Mwen fè lekòl primè ak segondè mwen nan "Institution Saint- Louis de Gonzague". Apre bakaloreya mwen, mwen kite peyi a an 1968. Pandan yon lane, mwen te travay nan delegasyon Ayiti a nan Òganizasyon Eta Ameriken (OEA); apre sa, mwen admèt nan Inivèsite Georgetown nan Washington D.C. An 1972, mwen koumanse travay nan sèvis tradiksyon OEA kote mwen t ap fè tradiksyon an franse soti nan angle, panyòl ak pòtigè. Nan lane 1976, mwen pran pwomosyon nan travay mwen pou vin revizè-tradiktè. Se konsa mwen fè tout karyè pwofesyonèl mwen nan pozisyon sa. Nan mwa jen 2014, apre karant-de (42) lane sèvis nan OEA, mwen pran retrèt mwen, jan regleman Òganizasyon an mande li lè ou rive sou 65 rekòt kafe. Mwen gen yon lisans nan franse ak tradiksyon mwen te resevwa nan Inivèsite Georgetown nan peyi Etazini ak yon sètifika nan tradiksyon, epi mwen te pran metriz mwen nan Inivèsite Howard, ak espesyalite nan Listwa Karayib. Nan AKA, mwen reprezante Inivèsite Notre-Dame ke Monseyè André Pierre ap dirije ak anpil konpetans. Se te yon bèl sipriz pou mwen lè li rele mwen lane pase pou di mwen li ta renmen pwopoze mwen kòm kandida pou al reprezante Inivèsite a nan AKA. Se te yon gwo lonè pou mwen paske mwen gen anpil respè ak admirasyon pou Monseyè André Pierre ki te tèlman fè bèl travay lè li te Pè André ki t ap jere pawas Legliz Sakrekè nan Washington D.C. ansanm ak pawas Notre-Dame des Douleurs e St. Camillus nan Maryland, peyi Etazini. L.N : Ki kote lide mete kanpe AKA a soti ? Eske w kwè tout bon akademi an ka pèmèt sosyete a wè lang Kreyòl la yon lòt jan ? SB: Atik 213 manman lwa peyi a te klè sou kesyon sa : gen yon Akademi ayisyen k ap mete sou pye pou jere lang kreyòl la e pou pèmèt devlòpman li nan lòd, dapre prensip lasyans. Pa gen dout sou sa. Men dezyèm pati kesyon w lan enteresan anpil, paske li pèmèt ekzamine pwoblèm lan nan plizyè nivo. Travay Akademi sa pa piti, pou mwen pa di, konplike. Ou ka wè sa deja nan konben tan sa pran pou Akademi a resi tabli : 27 lane ! Ayiti gen anpil pwoblèm, se vre, men lè gen volonte politik pou respekte yon Konstitisyon, gen anpil difikilte ki ka rezoud. Men finalman, pou mwen pa twò long, sa ki enpòtan, se ke apre anpil gwo demach ki fèt nan Palman ayisyen an, palmantè yo rive adopte lwa ki pou pèmèt Akademi an fonksyone. Menm si li pa fè lòt bagay, omwens, sa a gen tan fèt. Men se yon ti pa nan gwo kontèks la. Dezyèm nivo a, presizeman se pi gwo kontèks sa. Lè w ap gade evolisyon lang kreyòl la nan peyi d Ayiti, se kòmsi w ap gade evolisyon sosyopolitik peyi a. Mwen sonje epòk lè politisyen ayisyen, se franse sèlman yo te konn pale ak pèp la. Plis yo pale franse, plis pèp la t ap bat bravo. Mande yo sa politisyen an di, li pa fouti di w. Kididonk, politisyen sa yo t ap itilize franse pou pete moun. Jounen jodya, yon politisyen ki paka pale bon jan kreyòl ak pèp la pou fè lide li pase pa nan batay. Men sa pa vle di ke kreyòl la aksepte toupatou non nan sosyete nou an. Nou konnen gen yon seri moun ki panse nou pa pwal okenn kote ak kreyòl la. Gen de moun nan sosyete a ki di w kareman kreyòl pa lang. E pandan y ap di sa, yo pa chache konnen ki sa ki fèt nan lang la, ki liv ki pibliye; yo pa konnen anyen sou sa. Ki pi rèd, tou sa y ap di a, yo di li an kreyòl, pa an franse. Yo pa menm konnen ke pandan y ap pale kreyòl la mal, gen yon seri inivèsite lòt bò dlo, yon seri kominote kote anpil Ayisyen rete, k ap deklare fòk kreyòl la itilize nan menm nivo ak angle, panyòl. Malgre Konstitisyon an di, nan atik 5 lan, ke kreyòl la simante tout Ayisyen ansanm, e ke gen 2 lang ofisyèl nan peyi a, yo pa konsidere sa. Chanje atitid sa a, se youn nan pi gwo defi pou Akademi an. Kraze baryè sa yo nan lespri moun san batay, san kont, pou fè yo wè kreyòl la se idantite nou, se yon zouti ki, si li byen itilize, ap bay edikasyon nan peyi d Ayiti gwo jarèt, paske l ap pèmèt nouvèl jenerasyon nou an aprann nan yon lang li leve ladan. Yon fwa li fin gen baz li, li konn ekri, li konn li, li ka konpoze nan lang li, pa gen anyen ki pou anpeche li al aprann konben lòt lang li vle. Se la AKA gen yon gwo kontribisyon pou li pote. Kididonk Akademi a gen anpil inisyativ li gen pou pran, men gen 2 ladan yo mwen ta renmen mansyone nan mitan lòt : 1) pouse otorite ki reskonsab yo pou yo demontre pi plis yo gen volonte politik la pou bay kreyòl la jarèt, paske sipò sa pa toujou prezan, oubyen li pa sifi; 2) travay ak sosyete a pou montre li kouman kreyòl la se yon lang tankou tout lòt lang ke ou ka aprann li, kominike ladan, ekri liv, anseye ladan. E tou sa, san chirepit, san konpetisyon ak franse a, tankou kèk eleman nan sosyete a taka panse. Chay la pa piti, men si gen yon bagay ki simante nou tout nan AKA, se ke nou pran angajman pou nou respekte misyon AKA ki se garanti dwa lengwistik tout Ayisyen nan sa ki gen pou wè ak lang kreyòl la. E sa, se yon angajman volontè li ye, paske pa bliye, pa gen yon Akademisyen ki touche senk kòb pou travay li nan Akademi a. Kreyòl la se poto mitan devlòpman peyi d Ayiti L.N: Nan ki sans travay ou nan AKA ap pèmèt reprezantasyon moun yo de kreyòl la chanje ? SB : Jan mwen te di piwo a, mwen gen yon fòmasyon tradiktè ki te travay nan yon òganizasyon entènasyonal. Ou konnen nan OEA, se 4 lang ofisyèl ki genyen : franse, angle, panyòl ak pòtigè. Youn nan bagay ki vin rive pandan dènye lane sa yo, se ke kreyòl ayisyen an tèlman vin laji zèl li lòt bò dlo ke anpil etranje blije aprann kreyòl lè yo konnen yo pwal Ayiti. Se konsa gen de lè, OEA te konn bezwen tradui dokiman nan kreyòl e se mwen menm yo te konn rele, paske pat gen lòt moun nan òganizasyon an ki te ka fè sa. Se konsa tou Òganizasyon panameriken pou Lasante nan Washington konn bezwen tradui dokiman an kreyòl e se konsa mwen te tradui pou yo yon gid medikal ak anpil lòt dokiman, sitou apre goudougoudou a. Kididonk, gen anpil Ayisyen ki pa konsidere kreyòl nou an pou anyen, alòske ke blan fin anraje ap mande tradiksyon nan kreyòl. Mwen pale de sa pou montre w ki kalite potansyèl k ap gaspiye nan bagay sa. Men sa mwen ta renmen wè devlope ann Ayiti. Apwòch mwen gen plizyè aspè ladan : pwofesyonèl, sosyal, ekonomik. Mwen konnen gen moun ki fè tradiksyon ann Ayiti. Dayè gen pami nou nan Akademi a ki se tradiktè tou. Men apa nou menm nan Akademi a, mwen pa konnen konben tradiktè an Ayiti ki maton nan fè tradiksyon an kreyòl. Mwen pa di pa genyen, men paske mwen pap viv nan peyi a, mwen pa konnen konben ki genyen. 1) Youn nan bagay manman lwa peyi a di, se ke tout dokiman ofisyèl yo fèt pou pibliye nan tou de lang ofisyèl peyi a. Sa vle di gen milye ak milye dokiman k ap tann pou yo tradui yo. Se yon vyolasyon Konstitisyon k ap fèt chak jou, chak minit, chak segonn. Atò Konstitisyon amande a pa tradui an kreyòl. Sa se yon sityasyon ki grav anpil, paske nenpòt ki moun gen dwa rive nan tribinal ak Konstitisyon 1987 la, epi di se li menm sèlman li rekonèt, paske se li ki tradui an kreyòl. Men sa se yon lòt diskisyon tou. 2) Pou dokiman sa yo tradui, fòk gen moun ki a) konn lang lan byen, b) ekri li byen; c) konn gramè li byen; d) konn sa ki rele tradiksyon, e) gen bon vokabilè, f) konn tèminoloji espesyal (paske gen plizyè kalite dokiman pou tradui) g) konn lòt lang byen, menm si li pa pale yo. Sa mwen swete ki rive, se ke travay nou tout nan AKA, pa mwen menm sèlman, bay jèn nou yo enspirasyon, sitou sa k ap etidye nan Fakilte lengwistik aplike a pa ekzanp, pou yo reyalize ki kalite potansyèl lang kreyòl la ka genyen pou develòpman lengwistik pa yo, e pou devlòpman peyi a tou. Eske ou imajine ki kantite dyòb jèn sa yo ka jwenn lè yo fin pran bon jan fòmasyon tradiktè? Poutèt pozisyon jewografik Ayiti, non sèlman yon tradiktè ap gen pou li metrize angle, panyòl, pòtigè byen, men l ap gen pou konnen kreyòl li byen epi lè li fini etid li, li tou gen dyòb li k ap tan li. Potansyèl la pou pwofesyon tradiksyon nan peyi d Aayiti preske pata gen limit. Ayiti se sèl peyi sou planèt la kote ou jwenn kantite pèp sa ki kreyolofòn. Ayiti ta dwe pran lidèchip mouvman kreyòl la nan lemond, menm jan Lafrans gen lidèchip mouvman frankofoni a, oubyen ke Langletè gen lidèchip mouvman anglofòn la. E poukipa Ayiti ki ta gen lidèchip kreyolofoni a? Men ankò, sa mande dirijan ki gen volonte politik, vizyon, planifikasyon. Paske yon mouvman konsa, se kilti, se edikasyon, se devlòpman ekonomik, sosyal, touris, elatriye…. Mwen kwè lè sosyete a ava wè ki kalite potansyèl zafè kreyòl la genyen, lè la wè ki kalite inisyativ serye k ap pran, lè l ap wè kouman jèn yo k ap fin etid yo pale 3, 4 5 lang, lè lap wè kouman lekòl ap pwodui yon seri moun save, l ap blije chanje reprezantasyon li de kreyòl la. Lè mwen t ap leve mwen menm, mwen pata janm kwè yon lè mwen ta rive ap fè tradiksyon nan kreyòl. Men, reprezantasyon mwen de kreyòl la blije chanje paske mwen te toujou rete ak lespri mwen louvri. Pwoblèm lan, se pa fèmen je w, pa bouche zorèy ou; toujou kite yon fenèt louvri. Se pa bagay k ap fèt sou 2, 3 lane, men sou jenerasyon. Mwen ta byen renmen la pou wè bagay sa yo, men amwens ke lasyans jwenn yon grenn pou fè moun viv kèk 30, 40 lane pi lontan, mwen ka gen tan ale. Listwa ava anrejistre gen yon manm Akademi Kreyòl Ayisyen an ki rele Serge Bellegarde ki te kontribye nan mouvman sa.... Kreyòl la se yon lang tankou tout lang L.N: Pale nou de travay ou fè déjà kòm tradiktè nan sa ki gen pou wè ak lang kreyòl la ? SB : Fòk mwen di w ke lè mwen vin Etazini, mwen te pale kreyòl tankou tout Ayisyen, men mwen pa te konn ekri li e mwen te li li ak anpil fikilte. Ou konnen kijan sa te ye lè nou t ap grandi: se pale franse sèlman. Se nan lane 80 yo mwen te jwenn jounal Pè Adrien ak Paul Déjean te ekri a e ki rele « Bon nouvèl ». Li te gen alfabè kreyòl la ladan e mwen di tèt mwen : li lè, li tan pou mwen aprann ekri ak li kreyòl la kòmsadwa. E se konsa mwen aprann. Depi lè a, mwen anseye li, e nan aktivite tradiksyon mwen nan Washington, pandan kreyòl la vin ap vale teren lòt bò dlo, gen enstitisyon ki vin gen bezwen pou tradui dokiman an kreyòl. Jan mwen te di piwo a, nan OEA, se mwen menm sèl ki te gen konpetans pou tradui an kreyòl. Se konsa pa ekzanp te gen yon reyinyon dyaspora ayisyen ki te fèt nan OEA e se mwen menm yo te mande tradui rapò a. Men, se sitou pou Òganizasyon panameriken pou Lasante mwen fè plis tradiksyon an kreyòl: Rapò, yon gwo gid lasante pou enfimyè ak ajan lasante ki t ap bay swen apre goudougoudou a. Sa te pèmèt mwen fè bon jan rechèch sou tèminoloji medikal e se konsa mwen te jwenn yon gwo diksyonè medikal nan kat lang: angle, franse, panyòl ak kreyòl. Mwen gen kèk pwojè m ap travay sou yo pou pibliye an kreyòl e pou koulye a, map tradui yon ti liv an kreyòl pou yon zanmi ki soti SentLisi. Kòm nou konnen, yo pale kreyòl la tou, menm si gen diferans ak kreyòl nou an poutèt enfliyans angle a. L.N : Eske w panse li enpotan pou moun nan peyi a ekri an kreyòl ? Poukisa ? SB : Non sèlman li enpòtan pou moun ekri an kreyòl, men li enpòtan pou yo ekri li byen. Gen twòp moun k ap ekri kreyòl la jan yo tande li. Yo pa chache konnen kijan pou ekril li, gen de lè yo pa konnen gen gramè ki di kouman pou ekri li, gen de lè yo pa fè jefò pou chache konnen . Sa fè mwen nève anpil lè m ap wè atis pa ekzanp, k ap ekri kreyòl la nenpòt ki jan. Yo patap janm ekri angle a nenpòt ki jan. Yo menm ki se anbasadè kilti nou an pa bay lang lan enpòtans, alòske inivèsite lòt bò dlo ap mete sou pye bon jan kourikoulòm pou aprann kreyòl. Sa pa nòmal. Kreyòl la se yon lang tankou yon lòt e nou gen chans ann Ayiti, malgre tout bagay, kreyòl nou an tèlman vanse pa gen eskiz ankò si yon moun vle aprann li kòmsadwa. Gen kont materyèl referans pou sa. Rezon ki fè moun pa bay tèt yo pwoblèm pou ekri kreyòl la kòmsadwa, se paske prejije a tèlman fò. Se youn nan pi gwo pwoblèm AKA gen pou takle: chanje atitid yo sou kreyòl la. Pou moun ka ekri kreyòl la kòmsadwa, se pou li anseye kòmsadwa e pou li anseye kòmsadwa, se pou enstitisyon Leta yo antre nan wonn e nou tounen sou kesyon volonte politik otorite yo pou yo pran reskonsabilite nan fè pwomosyon lang lan, kreye kondisyon pou mete li nan plas li merite tankou yon faktè idantite, yon zouti pou devlòpman edikasyon sou baz solid, yon zouti pou devlòpman ekonomik. Yon akò istorik L.N : Ki entèpretasyon w fè de akò sa minis Edikasyon nasyonal la siyen ak Akademi an nan mwa pase a sou zafè ansèyman lang kreyòl la nan lekòl yo ? SB : Mwen t ap pale de volonte politik otorite yo pou yo pran reskonsabilite yo pou bay kreyòl la jarèt. Pou sa mwen konnen, Ministè Edikasyon Nasyonal la, se premye e sèl òganis Leta ayisyen k ap travay nan bon kolaborasyon ak AKA. Nou deja konnen ki kalite bèl travay kolèg nou, pròf Michel Degraff ap fè ak Ministè Edikasyon nasyonal la ke M. Nesmy Manigat ap dirije. Akò sa, se yon bagay istorik paske. 1) Li vin bay AKA plis lejitimite toujou (paske nou byen konnen gen moun ki konprann AKA se yon lòt enstitisyon Leta ki pa pwal remèt anyen). Gen twòp moun ki pa konnen ke se Konstitisyon an ki kreye Akademi a.). 2) Ministè Edikasyon an, se premye òganis gouvènman an ki pran angajman pou li kolabore nan sans sa ak AKA nan yon domèn ki tèlman enpòtan pou lavni edikasyon nan peyi a. Sa vle di tou ke AKA ap prezan sou kote MENFP nan chak nivo pwosesis refòm edikasyon e sa se bagay ou pa janm wè nan peyi d Ayiti. Yon kolaborasyon konsa pa gen parèy. Men yon bagay ki pi fondamantal, nan refòm edikasyon an ke Ministè ap mennen an, l ap kapab gen sipò ekspè nan domèn lan ki va ba li yon lòt pèspektiv sou ki jan pou abòde pwoblèm edikasyon nan peyi a. Atik ki pale de reskonsablite ministè a ak AKA, se yon modèl kooperasyon sere sere ke mwen ta swete kontinye sou pwochen gouvènman yo pou benefis pwochen jenerasyon yo. Nan mwa mas dènye a, mwen te gen okazyon vizite Lagonav, kote mwen te ale nan Lekòl kominotè Matenwa (LKM). Si n ap chache yon modèl kote ansèyman fèt nan kreyòl nètalkole, kote gen you kourikoulòm vizyonè ki pèmèt ti moun yo devlope nan tout dimansyon yo, nou pa bezwen chache pi lwen. Si w panko fè sa, m ap ankouraje w al vizite lekòl sa pou wè ki kalite potansyèl ti moun yo genyen lè y ap aprann nan yon lang ki pa yo. Akò sa a pwal bay okazyon pou siksè konsa kapab repete sou tout teritwa a pou yon pi bèl avni pou peyi d Ayiti.














sthash.eUMqcw3N.dpufv
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Contenu sponsorisé




MessageSujet: Re: Yon ti KOZE ak yon MANM AKDEMI KREYOL AYISYEN AN!    

Revenir en haut Aller en bas
 
Yon ti KOZE ak yon MANM AKDEMI KREYOL AYISYEN AN!
Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Revenir en haut 
Page 1 sur 1
 Sujets similaires
-
» AKADEMI KREYOL AYISYEN-YON GWO PA
» Preval poursuivi pour GENOCIDE: $1.5 Milliards de dommages aux Victimes
» Ayisyen bezwen job, men se pou envesti lan devlopman olye travay bonmache
» Ekspresyon kreyòl
» Kreyol Ayisyen nan Kiba

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Haiti :: Espace Haïti-
Sauter vers: