Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
 
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  CalendrierCalendrier  PublicationsPublications  FAQFAQ  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  MembresMembres  GroupesGroupes  Connexion  

Partagez | 
 

 Yon REFLEKSYON TONTONGI sou 200 ZAN ENTEVANSYON ETRANJE ak 100 AN OKIPASYON

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Aller en bas 
AuteurMessage
Joel
Membre-fondateur
Membre-fondateur


Masculin
Nombre de messages : 15210
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: Yon REFLEKSYON TONTONGI sou 200 ZAN ENTEVANSYON ETRANJE ak 100 AN OKIPASYON   Mar 4 Aoû 2015 - 9:24

TONTONGI fe yon REMAK ENPOTAN .Pouki sa ke le ETAZINI te okipe peyi an ,an 1915,li pa t remet an KESYON KONKODA TET CHAT ke GOUVENMAN AYISYEN an te siyen ak LEGLIZ KATOLIK.

An FRANS ,lan lanne 1880s yo ;youn lan premye bagay GOUVENMAN FRANSE an te fe ,lan sa yo rele 3zyem REPIBLIK lan ;se te retire EDIKASYON la men LEGLIZ KATOLIK pou l te fe l LAYIK.
LEGLIZ KTOLIK an FRANS ,swa di an pasan ,te telman pa t renmen sa ke l te mete l ak yon FAKSYON LAME FRANSE an e ak BOUJWAZI an ,pou ATANTE yon KOUDETA kont 3zyem REPIBLIK lan.
Tankou TONTONGI ta ka fe remake ;sa ta aranje ETAZINI pou la FRANS neo-kolonize TET AYISYEN an ;bagay ke DESSALINES te lanse KRI DALAM kont posibilite sa a.

Tankou DESCOURTILZ te di l ;DESSALINES te PE pou FRANSE yo pa t ize LANG yo ,pou yo kolonize TET AYISYEN yo ;bagay ki fe ke ETAZINI neo-kolonize yo pi fasilman EKONOMIKMAN!

"
Refleksyon sou anivèsè 100 zane okipasyon Ayiti pa Etazini ak 200 zane entèvansyon etranje
Ventuit jiyè ane 2015 lan fè 100 tan depi Etazini te anvayi Ayiti jounen 28 jiyè 1915 e militèman okipe l jiska 1934.
Okipasyon an se youn nan okipasyon ki pi malouk e sanginè nan istwa okipasyon nasyon pa nasyon. Fòs okipasyon Etazinyen yo aji ann Ayiti kou yo te aji nan Filipin nan fen disnevyèm syèk la, sètadi kraze brize ak laterè. Prezidan meriken an, Woodraw Wilson, voye ann Ayiti dèmilye twoup marin rasis ki soti nan Sid Etazini, ki te deja konsidere tinèg nwa kòm enferyè. Yo met ann Ayiti yon sistèm Apated menm anvan Afrik-di-Sid.
Lè nou voye yon rega retwospektif, ann aryè, sou evennman istorik sila a, nou wè yon sèten kontinyasyon abitid, reflèks ak relasyon dominasyon ki kenbe menm modus operandi, menm metòd fonksyonnman, menm meprizasyon pou diyite lòt kretyenvivan.
Dabò nou wè, okipasyon Ayiti pa Etazini an, menm lè Yanki yo rebake, retounen fòs militè yo Ozetazini, okipasyon an kontinye sou lòt fòm, sou yon fòm relasyon neokolonyal pandan tout san tan an, jiska jounen jodia kote li kamoufle sou fòm fòs MINUSTAH yo, yon fòs swadizan Nasyonzini, men ki pratikman kontwole pa pwisans kou Etazini, Lafrans, Angletè, Kanada, Brezil.
Nou remake tou kontinyasyon konplisite ak kowoperasyon ant Etazini ak Lafrans pou kontwole e domine Ayiti pandan tout san tan an, e menm anvan. Wi, menm anvan. Ojis, pi gwo kriz tijèn Eta lib ayisyen an pral rankontre, ki se demann pa Lafrans an 1825 pou Ayiti peye yon endemnite pou swadizan byen ansyen kolon fransè nan Sen Domeng yo te pèdi akoz Revolisyon Ayisyen an, Etazini te pran pati pou Lafrans.
An n remake tou, menmlè Doktrin Monroe a te deja sou plas depi 1823, apre prezidan etazinyen James Monroe te deklare Etazini ap konsidere l kou yon agresyon si nasyon ewopeyen yo chache entèfere nan zafè ankenn Eta nan Amerik-di-Nò ak Amerik-di-Sid yo, Lafrans pat gen ankenn jèn pou l voye 14 navidegè sou rad Pòtoprens lan jounen 17 avril 1825 pou li mande endemnite a. Prezidan ayisyen an alepòk, Jan-Pyè Bwaye, te ka reziste demann lan, men nou ka konprann tou li pat vle bay rwa fransè a, Charles X, ankenn pretèks pou li rekòmanse lagè rekonkèt Ayiti Lafrans te toujou menase Ayiti pou l fè.
Doktrin Monroe a pat anpeche nonpli Lalmay imilye Ayiti an desanm 1897, kan yo te voye plizyè navidegè sou rad Pòtoprens lan e mande pou gouvènman ayisyen an asepte retou ann Ayti yon sitwayen ayisyano-alman, Emile Leuders, Leta ayisyen te depòte. Alman yo mande nan yon iltimatòm pou Leta ayisyen asepte san kondisyon retou Leuders ann Ayiti, peye 20 000 dola kòm dedomajman, epitou salye drapo alman an avèk 21 kout kanon. Sa vle di, kantisaji dominasyon Ayiti pa lòt grann pwisans yo Doktrin Monroe a te fè yon eksepsyon.
Aprè okipasyon Ayiti pa Etazini an 1915, Lafrans pase bay Etazini balans pèyman rès dèt endemnite a, ke Ayiti kontinye ap peye jiska 1947. Kesyon lajan ak defans enterè kapitalis meriken jwe yon gran wòl nan desizyon pou okipe Ayiti a. An 1910 deja, yon gwoup de bank etazinyen te refinanse dèt nasyonal ayisyen an, epi an 1914, uit mwa anvan envazyon militè a, Etazini voye yon detachman marin merizen ann Ayiti ki pran pa fòs rezèv lò nan Bank Santral Ayiti e depoze l nan kofrefò bank City nan Nouyòk.
An n remake tou, Etazini pa janm remèt an kesyon Konkòda 1860 lan ant Leta Ayisyen ak Vatikan ki bay Legliz Katolik fransè, atravè lòd relijye Les Frères de l’Instruction Chrétienne, monopòl edikasyon ak ansèyman eskolè, layik e relijye, ann Ayiti.
Etazini ak Lafrans, atravè kontwòl yo ekzèse nan enstitisyon entènasyonal kouwè LONI, Fon Monetè Entènasyonal, Bank Mondyal, Bank Entèameriken Devlopman, elatriye, kontinye mentni kontwòl konjwent sou Ayiti, prèske toujou nan sans pou sibvèti, depalfini oubyen makwojere aspirasyon demokratik pèp ayisyen an.
Konsa yo jwenn ansanm, an fevriye 1986, pou bloke priz pouvwa pa òganizasyon pèp la apre ranvèsman Janklod Divalye. Yo maniganse pou li yon ekzil dore an Frans e, vennsenk ane pita, li retounen ann Ayiti, lapè tèt trankil, sou gouvènman Michel Martelly a, ki kontinye depi l vin opouvwa yon politik reyabilitasyon ansyen divalyeris ak tontonmakout (men li te sètoblije rete sansib fas a presyon fòs ansyen viktim yo e menm pa moun nan sen gouvènman lan pou yo pat bat Janklod yon fineray nasyonal menmlè Martelly limenm te byen dispoze pou li fè l). Fineray la fèt kou yon zafè familyal, pèsonèl, e non pa yon zafè Deta apre kantite mal Janklod ak papa li te fè kont pèp ak peyi a.
Dènye konfigirasyon rejim oubyen sistèm okipasyon an—apre epizòd « okipasyon dan griyen » nan kad retou Aristid ann Ayti an 1994, ak epizòd okipasyon pa mwayen detounen an fevriye 2004 la, swit a ranvèsman dezyèm gouvènman konstitisyonèl Aristid la—, wi, dènye konfigirasyon okipasyon an, sètadi dènye kamouflaj dominasyon neokolonyal Etazini ak Lafrans ansanm ak lòt pwisans sipòtif met sou pye ann Ayiti, se kreyasyon, apre tranblemanntè 2010 la, òganizasyon jebede ki gen akwonim CIRH (Conseil intérimaire pour la reconstruction d’Haïti). Yon aranjman ki plase yon ansyen prezidan Etazini, Bill Clinton, sou kòmand dyeksyon peyi Dayiti. Se òganis sa a (ki domine pa swadizan kominote entènasyonal la, sètadi Etazini, Lafrans, Angletè, Kanada ak Brezil) ki pral kuit, pa vwa manipilasyon sistèm elektoral la ak emosyon moun yo, yon resèt Martelly ke n’ap goute koulyea.

Konklisyon

Nou dwe itilize santenè okipasyon Ayiti a pou nou imajine, konsevwa yon nouvo santenè ayisyen ki fè yon ripti, ki brize sèk visye sistèm neokolonyal n’ap viv koulyea. Yon nouvo santenè ayisyen ki baze sou richès nou genyen e ki pa nou.
Yon nouvo santenè ki wè lang ak kilti nou an kouwè yon faktè pozitif, yon faktè anbelisman, yon faktè enpòtan nan devlopman peyi a.
Epitou, sitou, fòk nou sispann politik otodestriksyon, chen manje chen, ki sèlman benefisye klas dominan yo ak enperyalism etranje ki toujou baze, jouk jounen jodia, sou kontwòl pa vwa divizyon nan sen domine yo, yon divizyon ki alimante pa fòs dominan yo paske yo toujou jwenn ti opòtinis pou ede yo nan travay destabilizasyon peyi a.
Nou rete asire e sèten ke Ayiti gen yon chans. Avèk yon gran kilti, yon lang nasyonal ki pale sou tout teritwa peyi a, yon pèp rezilyen, toujou rezistan, anpil resous minyè ki ret a eksplore, yon Dyaspora fòmidab atravè lemond antye, yon istwa rich ak solidarite avèk lòt pèp oprime k’ap lite, wi, Ayiti gen yon gran chans pou l reprann li paske Ayiti, c’est le projet de l’Être, pwojè elevasyon Èt imen, Ayiti, manman Amerik Latin, fondatè modènite nou an.

—Tontongi jiyè 2015



Faites un signet de cette page!Envoyer [email=?SUBJECT=Veuillez%20voir%20cette%20page%20web%2C%20Refleksyon%20sou%20aniv%E8s%E8%20100%20zane%20okipasyon%20Ayiti%20pa%20Etazini%20ak%20200%20zane%20ent%E8vansyon%20etranje&BODY=Vous%20pouvez%20voir%20cette%20page%20ici%3A%20http%3A//www.tanbou.com/2015/100ZaneOkipasyonAyitiPaEtazini.htm]cette page[/email] à un ami



Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com Facebook: TanbouTrilingual Press


Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
 
Yon REFLEKSYON TONTONGI sou 200 ZAN ENTEVANSYON ETRANJE ak 100 AN OKIPASYON
Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Revenir en haut 
Page 1 sur 1
 Sujets similaires
-
» Yon REFLEKSYON TONTONGI sou 200 ZAN ENTEVANSYON ETRANJE ak 100 AN OKIPASYON
» Yon lanng nasyonal san nasyonalite. Yon refleksyon sou lanng Kreyòl la
» MEN KISA LAPRES ETRANJE PANSE DE MICHEL MARTELY KOM KANDIDA POU PREZIDANS AYITI
» MEN SE ETRANJE KAP FE TWALETT KANDIDATS: MWEN WONT POU MARC ET CONSORS
» Haitian Farmers Reject Monsanto Donation. Bravo CHAVANNES.

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Haiti :: Espace Haïti-
Sauter vers: