Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
 
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  CalendrierCalendrier  PublicationsPublications  FAQFAQ  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  MembresMembres  GroupesGroupes  Connexion  

Partagez | 
 

 Yon ti KOZE PWOFESE JACQUES PIERRE (DUKE UNIVERSITY)

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Aller en bas 
AuteurMessage
Joel
Membre-fondateur
Membre-fondateur


Masculin
Nombre de messages : 15208
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: Yon ti KOZE PWOFESE JACQUES PIERRE (DUKE UNIVERSITY)   Sam 16 Jan 2016 - 16:27



Sa “Blan” an di?

Jacques Pierre

09.01.2015

Gerard Paul

Revolution, Gerard Paul, 1982. Des paysans désarment un policier. Macondo Galerie

http://potomitan.info/ayiti/blan.php

Nan ti grenn kesyon sa a ki gen sèlman kat mo, tout desizyon politik ak demen tout pitit tè Desalin yo– tout koulè moun, kèlkilanswa kote yo rete– chita ladan. Èske li ta dwe kon sa? Pou kèk moun, se pa yon pwoblèm depi enterè yo pa atake, epitou se kò yo ki ann Ayiti; men, nanm yo ak byen yo se lòt bò dlo yo ye. Pou kèk lòt, kesyon sa a pa gen plas li menm paske fondatè peyi a te reponn kesyon sa a depi 1804.  Ki fè, chak kan kanpe sou brenzeng yo, epi Ayiti ap make pa an plas. Depi lontan e menm jounen jodi a, vre kesyon an ta sipoze; sa nou-menm Ayisyen nou di? Domaj, se yon ti ponyen moun ki gen kouraj ase pou poze kesyon sa a paske yo pa mare nan pye tab “Blan” an. Nou pa fouti jwenn repons kesyon sa a si nou pa onèt ak tèt nou.

Kon sa, gen yon seri pratik mèt dam nou dwe divòse ak yo si nou vle konstwi yon sosyete san fòs kote. Pami pratik mèt dam sa yo, m pral chwazi kèk k ap manje sosyete a jouk nan nigrit li. E m swete lòt moun va pale sou kèk lòt nan atik yo va gen pou yo ekri anvan lontan sou kesyon sa a. Pou moun ki pa janm bouke denonse pratik mèt dam sa yo depi lontan, e ki pa aji kou mèt dam nan zak y ap poze, ayibobo pou yo. Yon sosyete kote pi fò moun ki pa kalifye gen pi gwo travay pase moun ki lèkti ak ekriti tout bon vre pa fouti fè yon pa Kita, yon pa Nago. An nou konstwi yon sosyete ki chita sou transparans, lajistis, ak respè pou sa ki ekri nan Manman Lwa peyi a.

Yonn nan premye pratik mèt dam sosyete nou an alèz kou blèz ladan se zafè moun pa a; nou ta kapab rele sa “mounpatis/mounpayis”an Kreyòl. Kansè sa a ap wonje sosyete a jouk nan zo. Sa lotè aparèy leta yo zoukoutap nan tout sans. Mounpatis kreye fristrasyon ki malakse ak santiman vanjans. Se tris pou wè pi fò moun nan ti ponyen moun ki kalifye ak prepare nan peyi a, ki gen bon jan vizyon, epi ak tout kolòn vètebral yo drèt sou yo, pa toujou fè pati nan moun k ap deside nan non Leta a. Epi, chaje ak moun ki pa gen yon ka plim konpetans, kalifikasyon, esperyans, ak vizyon ki gen gwo pòs tankou konseye ak konsiltan. Pou fè ki sa?

Pou sa ki gen arevwa ak pozisyon kote moun dwe ale nan eleksyon, se pa menm tenyen an. Nan “demokrasi”, tout moun gen dwa pou ale nan eleksyon depi lalwa garanti li sa. Vre kesyon an; se ki sa Elit Politik, Elit Ekonomik, Elit Entelektyèl nou yo ansanm ak Sosyete Sivil la dwe fè pou kreye kondisyon pou vin gen de (2) oswa twa (3) gwo pati politik ki gen nen nan figi yo? Pati ki gen bon jan pwogram, e ki gen non ki chita sou yon liy panse ki anrasinen nan kouran politik ki egziste anpil kote sou latè beni.

Nan zafè eleksyon, yon moun egal yon vòt. Ki fè, rich ak pòv se degouden ak senkant kòb nan sans sa a. Men, atansyon pou yon moun fè; se ki malis kache ki gen dèyè moun ki pote mesaj la nan non pòv yo oswa nan non rich yo. Depi pèp la –tout plim, tout plimay– fin vote, kan ki pèdi a dwe asepte defèt li. Men, si gen “dout” sou rezilta yo, se dwa kan ki viktim nan pou li pwoteste nan respè lalwa jouk sa kaba pou eleksyon an/yo refèt. E si ankèt ta revele gen koken vre, eleksyon yo dwe anile. Men, si pa gen bon jan prèv, nouvo Prezidan an dwe rantre an fonskyon, e li dwe fini manda li depi li respekte sa ki di nan Manman Lwa peyi a pou evite nou tonbe nan yon katchouboumbe.

Dezyèm pratik mèt dam nan se zafè fè zewo tounen nèf (rakèt, kontrebann, mache nwa, pa peye taks, kanbèlann, kidnapin, fo papye). Se pa difisil pou konnen moun nan peyi sa a ki fè lajan nan bon kondisyon ak move kondisyon. Se vre, anpil moun kapab di se Lajistis ki dwe detèmine sa. Men, sa anpil moun bliye, Lajistis se yon konsèp, e Lajistis pa ka bay tèt li jistis, ni fè tèt li jistis. Reskonsablite moun ki nan tèt peyi a se marinen konsèp sa a nan bon jan sòs transparans ak konpetans, pou nou kreye yon sosyete ki jis ni pou gwo nèg ni pou ti nèg.

Ki jan yon moun kapab esplike kèk moun k ap travay nan Leta pou yon salè san jeretyen ap woule gwo machin, posede kay ki pa rete ak kay, epi ap peye kay a dwat a goch pou de twa metrès anplis kay yo ladan an? Pou moun ki gen jeretyen nan men yo, ki jan nou kapab esplike sa moun sa yo posede ven (20) fwa plis pase sa yo ta gen pou rantre sou venn senk lane (25) travay, oswa pou tout rès lavi yo? Repons lan pa yon sekrè. Byennèt pi fò nan moun sa yo chita nan fè zewo tounen nèf.

Pratik fè zewo tounen nèf la si tèlman anrasinen lakay nou; ki fè, okenn Prezidan pa janm gen kouraj ase pou mande yon fim endepandan fè yon odit sou antrepriz Leta yo pou apse a pa pete. Lè kèk moun mande pou yon fim entènasyonal fè sa, anpil dirijan sèvi ak koze dwa granmoun peyi a pou kache move zafè yo. E pou banalize demann sa a, pi fò nan dirijan nou yo sèvi ak pawòl dekati sa a: “tout moun gen yon grenn zanno kay òfèv”. Mande Bondje padon yon jou nou ta asepte yon fim lokal ki gen moun ak bon jan kolòn vètebral pou fè yon odit, epi mande yon fim entènasyonal endepandan ki pa pote non li pou grenmesi fè menm travay la tou. Ala bèl mèvèy moun onèt ta wè! Men, se sèlman moun ki kwè nan Tonton Nwèl ki oze panse kon sa. Nan Ayiti cheri nou an, kat koripsyon an mare pi mal pase kat kay papa.

Konnya, se ki sa nou dwe fè pou nou atake pratik mèt dam sa yo? Enben, tankou pawòl la di; pa gen wout pa bwa. Pouvwa nan peyi d Ayiti dwe nan men moun ki pa gen yon lajan kote dènye moun ap doute sou kondisyon yo fè lajan an. Tout kandida nou yo ta dwe deklare byen yo gen anndan kou deyò peyi a kote yo sipoze fè sa. Epi, apre bon jan ankèt serye, Enstitisyon Elektoral ki la pou sa kapab asepte kandidati yo. Sa mande bon jan planifikasyon ak moun ki onèt tout bon vre pou nou ede yon sistèm kon sa ateri nan peyi a. Lè sa rive fèt, moun k ap gen bak peyi a nan men yo p ap gen okenn laperèz pou rele moun ki onèt bò kote yo, pou ede yo manyen sistèm tout pou yonn, yonn pou tout la.
M p ap etonnen si gen anpil moun ki poze tèt yo kesyon sa a: peyi sa a gen moun onèt ladan? Repons lan senp; se pa paske yon moun pa onèt pou li panse tout moun menm jan an. Se klè repons sa a pa satisfè anpil moun, e lè m pandye zòrey mwen pi lwen, m tande lòt moun k ap di: tout sa ki di yo onèt, se paske yo po ko jwenn yon twou pou yo fè pa yo. Enben si se kon sa pi fò nan nou panse, an nou tou fèmen peyi a, oswa renmèt li bay “Blan” an nètalkole. Kidonk, an nou tou fouye twou nou.

Chaje ak pratik mèt dam toujou; men, m blije fini ti refleksyon sa a anvan lontan. Atitid pi fò nan nou, espesyalman otorite nou yo, nan fason yo rive sou pouvwa toujou pran desizyon pou fè “Blan” an plezi. Eleksyon sou kont “Blan” an, ata kèk fwa menm pou pentire yon palè lejislatif, ranmase fatri nan lari a, se nan men “Blan”an pou lajan an soti; men, Leta toujou gen lajan pou fè kanaval. Ki fè, tout sa ki ta dwe yon gwo priyorite nasyonal pou nou kenbe diyite nou, se “Blan” an ki finanse l, epi nou plede ap envesti nan zafè brase ren an.

Yon “Blan” debake jodi, de twa mwa po ko pase, li deja jwenn kannal pou li rankontre otorite ki byen plase nan tèt Leta a. Podjab, yon sitwayen onèt ki la andedan peyi a e k ap fè bon jan travay pa fouti rankontre otorite nou yo nan yon kad fòmèl, sof si li konnen yon moun ki konnen yon moun, ki konnen yon moun ki konnen otorite a. Kanta pou jwenn repons nan men pi fò ofisyèl nou yo lè sitwayen onèt ekri yo, se fè priyè pa lonmen sa.

Pou anpil moun sèvo yo deja lave, refleksyon sa a nan twòp tete lang ak yon nasyonalis san fren; men, pou moun ki gen tèt yo byen chita sou zepòl yo, e menm moun otorite nou yo ap pran dikte nan men yo konnen chak pèp gen dwa pou li defann enterè li. Lè yon pèp chwazi moun ki onèt pou dirije li, e si dirijan yo rive konpòte yo kòm sa dwa, otorite entènasyonal yo blije respekte chwa pèp la. Sa ka rive yo pa sipòte dirijan yo; nan ka sa a, pèp la ak dirijan li chwazi yo dwe mare senti yo pou yo pratike bon jan konbit pou ki fè peyi yo dekole ak fòs kouraj yo. Epi; pi devan, lòt Leta ap blije negosye ak dirijan pèp la te chwazi yo paske nan zafè peyi; zanmitay toujou bat ba devan enterè.

Men, fòk nou di tou, moun ki onèt ak kalifye ki rive sou pouvwa pa gen okenn dwa pou jwe ak pouvwa sa a pou blayi laperèz kay lòt gwoup ki pa gen menm opinyon ak yo. Tank nou po ko gen dirijan ki ka pran desizyon san yo pa pè yo anile viza yo, oswa poze sele sou byen ak lajan yo gen lòt bò dlo, paske gen “dout” sou kondisyon yo te fè l la, nou fèk kare di: “sa “Blan” an di? E kon sa, lavi nou se tankou yon estati ki chita sou pwovèb kreyòl sa a “Sòt ki bay, enbesil ki pa pran”, tankou jan sa te ye depi lanmò Lanperè a, e sistèm ‘mal sele k ap foule” a ap kontinye vale teren.

Jacques Pierre
Duke University

 
 Metamannyòk / Webmaster  


Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
 
Yon ti KOZE PWOFESE JACQUES PIERRE (DUKE UNIVERSITY)
Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Revenir en haut 
Page 1 sur 1
 Sujets similaires
-
» Arrivée de Jacques-Pierre Brissot
» Yon ETIDYAN DUKE UNIVERSITY ki EKRI TEZ li an KREYOL AYISYEN
» Comment Mme Pierre-Louis coupe cours aux élucubrations du sieur Réginald Péan
» Yon mechan malad ki rele Reginald Pean kap deblatere sou Michelle Pierre-Louis
» Bienvenue à Pierre Raymond!

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Haiti :: Espace Haïti-
Sauter vers: