Mwenli diskou Minis la ak anpil plèzi.mwen kontan napil ke li itilize tou 2 lang nou yo,mwen fè li konpliman.men mwen genyen yon ti pwoblem ak minis la;li fè anseyan yo konpliman se byen men fok li panche sou sitiyatyon yo tou.Fok salè anseyan ogmante pase yon moun pa ka travay san ke li pa manje.Mwen pa konprann ki lojik ki fè yon pwofesyon si enpotan e se li ki pi neglije pa selman an ayiti men tout kote.Si yon moun ap pale de ajan devlopman ou pa mete pwofesè nan tet lis la e byen wap ba tet ou manti.Li lè pou Minis la fome yon komisyon de profesè pou yo ekri liv nan tout matyè pou ti ayisyen jwen liv nan tout lekol san yo pa beswen achte liv anko.Mete liv nan lekol yo,chak ane apre ti moun yo finn sèvi ak liv yo ya remet lekol yo pou lot ti moun ka jwen yo.
nou tout rann nou kont ke san bon jan edikatyon pou tout ti moun e byen koze devlopman an se yon rev ke nou pap janm reyalize e byen se pa pale met la se fè sa ki merite fet yo pou edikatyon fome teknisyen ,ouvriye ,doktè, injenyè, agronom , infimyè, pwofesè,avoka ,antreprenè,ke nou bezwen yo.Tankou yon lot kanmarad di ya ,se pa moun ki pale franseu selman ki fè devlopman nan yon peyi .fok nou fè yon evaiyatyon de beswennou epi pou nou chanje edikatyon pèpè sa ki pwodwi plis gran disè ke gran fesè.Yon jako repet ki ap site blan franse san ke li pa ka pwodwi anyen pa pi itil ke yon bon kiltivatè,yon bon elvè,yon bon pechè ki ap ba pepe la manje. fok nou fome yon bon meknisyen ki ka mentni machinn ke nou achte ki pou pwodwi manje ak byen nan peyi ya.manyè konstwi 10 bon lekol vokatyonel tankou sa yo rele o Zeta Zuni Institute of teknology , Tankou Massachuset Institute of Technology(MIT), FIT, Goergia Tech, California tech.etc. se lekol sa yo ki fè devlopman .