Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
 
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  CalendrierCalendrier  PublicationsPublications  FAQFAQ  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  MembresMembres  GroupesGroupes  Connexion  

Partagez | 
 

 DRED WILME-EWO NASYONAL?

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Aller en bas 
AuteurMessage
Joel
Membre-fondateur
Membre-fondateur


Masculin
Nombre de messages : 15048
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: DRED WILME-EWO NASYONAL?    Sam 24 Juin 2017 - 7:10

FRANCISCO CAAMANO ki te kanpe kont KOUDETA kont JUAN BOSCH lan ZAM a la men ,ki te goumen kont FOS OKIPASYON AMERIKEN yo ,42 MIL TWOUP pou te vin kore KOUDETA a ,se EWO NASYONAL REPIBLIK DOMINIKEN e misye lan PANTEYON NASYONAL lan.
CAAMANO te mouri sasinen pa TROUJILIS BALAGUER yo an 1973,le li te debake lan CORDILERA SANTRAL pou l te oganize yon GERIYA kont mesye BALAGUER.

Le CAAMANO te okipe SANTODOMINGO ak JENN lan KATYE POPILE yo ,misye te di ke li te gen yon sel ANBISYON ,se RETOU GOUVENMAN KONSTITISYONEL lan.
CAAMANO te ap bay LAME DOMINIKEN an ,BOUJWAZI an ,ak AMERIKEN yo ,yon LAVMAN JILET.

DRED WILME gen anpil konparezon ak FRANCISCO CAAMANO.An 2005 ,misye t ap fe MINISTA,BOUJWAZI TILOLIT lan ak ALYE GNBis lan TRANBLE.
Anbasade MERIKEN an ap mande pou BREZILYEN yo mete yon fen ak MISYE;paske misye komanse ap oganize yon REZISTANS AME e li plede ap oganize GWO MANIFESTASYON lan SITE SOLEY.
PRES GNBis lan komanse ap rele misye CHEF GANG ,alos ke se pa t sa ,MOUN SITE SOLEY yo te adore misye e li pa t janm fe ABI.

REYAKSYON POUTCHIS lan te an BOULATYA,ou gen tan komanse we ATIK lan jounal franse tankou LE FIGARO ki ap di ke WILME se KANIBAL ki konn manje ke MOUN lan SEREMONI VODOU.
An AVRIL 2005 ,MINISTA ak POLIS lan ATAKE BAZ WILME an yo BLESE l ,an menm tan yo TOUYE anpil POV MALERE ,SA PA T ASE ,yo retounen e ATAKE l an JIYE 2005 e resi touyen ZETWAL sa a ,ERITYE PERALT ki te tonbe ZAM a la men.

Men yon ti POWEM ke BERTHONY DUPONT de HAITI LIBERTE te EKRI pou fe sonje DRED WILME ,pou 12 zyem ANIVESE LANMO JENN MAPOU sa a.


http://haitiliberte.com/dred-wilme



Drèd Wilme


Berthony Dupont -

June 7, 2017

0



Gen yon militan

Yon maten ki tonbe

Li tonbe yon maten

Solèy potko leve

Li tonbe…

Li tonbe tou vèt

Yon maten 6 jiyè…



Li tonbe yon maten

Ak yon raj sou figi l

Yon rèv lan tèt li

Yon men l sou kè l

Fizi l lan do l

Li tonbe!

Li tonbe!

Pou yon milyon lòt

Leve!



Gen yon militan

Yon maten yo sasinen

Yon maten 6 jiyè

Lan Site Solèy



Sete yon kanmarad

Yon nèg vanyan

Li pat janm pè mouri

Pou lalibète

Li pat janm pè bay vi l

Pou Ayiti sove!



Gen yon militan

Yon maten Minista sasinen

Yon maten 6 jiyè

Lan Site Solèy.

Yon maten 6 jiyè

Nan lane 2005



Berthony Dupont



Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Joel
Membre-fondateur
Membre-fondateur


Masculin
Nombre de messages : 15048
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: Re: DRED WILME-EWO NASYONAL?    Dim 25 Juin 2017 - 6:30

Youn lan denye ENTEVYOU ke WILME te bay EMISYON RADYO LAKOU NOUYOK anvan FOS ETRANJE yo alye ak FOS REYAKSYON yo te voye misye al jwenn CHALMAY PERALT:



Entèvyou "Lakou New York" ak Dread Wilme 4 Avril 2005 (Kreyòl)
April 4, 2005 Interview with Emmanuel "Dread" Wilme


(English translation follows Kreyòl)

Klike pou Koute entèvyou a
Click to listen to the interview (Kreyòl)
http://lakounewyork.com/int%27wakdreadwilme.mp3
L-NY: Nou genyen nan liy nan ak nou Dread Wilme, militant, aktivis ki nan Site Solèy k ap fè fas la jodi a ak yon kokenn represyon bò kote MINUSTHA ak Lapolis. Dread Wilme, èske ou ka pale ak kominote Ayisyen nan New York atravè emisyon "Lakou New York" ki nan Radio Lakay, di nou kouman sitiyasyon an ye jodi a?
D. Wilme: Bon, sitiyasyon an pou jan l reprezante kounye a anndan peyi d Ayiti, se pa sèlman nan Site Solèy, li reprezante yon gwo klima pou peyi d Ayiti. Site Solèy, Bèlè, Lasalin kankou Solino, Granravin, elatriye ak tout 9 depatman an. Jan peyi a ye jounen jodi a, jounalis ap tonbe. Elèv lekòl ap tonbe. Moun ki gen biznis ap tonbe. Lè nou gade nou wè anpil moun serye ki ka itil peyi a jodi a, se moun sa yo k ap tonbe. Nou menm militan Lavalas anndan peyi d Ayiti, nan 4 kwen peyi a, tout 9 depatman jiska dizyèm depatman, nou wè jan peyi a tonbe la se peyi pa nou l ye antan Ayisyen, nou revandike dwa nou kote n ap di pou Prezidan Aristide retounen e pou kapab gen lapè paske san Prezidan Aristide pa ka gen lapè paske kounye a la gouvènman sa k la se moun l ap detwi anndan peyi a. Polis Nasyonal la bliye si se Pèp la ki te rele kraze lame a bay polis la. Noumenm ansanm ak Polis la se frè ak sè. Fòk Polis la pa koute laboujwazi pou l ap pran kòb nan men Andy Apaid ak Charles Henri Baker pou vin detwi Pèp Site Solèy. Se nan kontèks sa nou gen latriye moun ki gen tan mouri deja, timoun ki gen tan mouri, elèv lekòl epi gen menm moun ki anndan legliz ki pran bal nan Site Solèy. Jounen jodi se konsa n ap sibi yon gwo klima anndan Site Solèy.

L-NY: Konpatriyòt, nou aprann depi Jedi, apre nouvèl la te soti ke Labanyè te tonbe genyen anpil anpil moun k ap plenyen nan peyi a kòmkwa yo pa ta genyen Labanyè pou asire Site a anfavè yo jodi a. Anpil moun di se pou sa MNUSTHA ap fè represyon an, kidonk se yon revanj k ap tire. Kijan noumenm nou wè koze a?

D. Wilme: Jan nou wè koze a, si genyen gwo bwa sa yo ki te konn ap bay Labanyè kòb pou te tire sou manifestasyon k ap fèt jounen jodi a tout sa k ap pase atravè Site Solèy kote lè nou met manifestasyon deyò se Labanyè ki parèt an pèsòn k al tire sou manifestasyon yo. Li mache avèk Andy Apaid ak Charles Henri Baker. Enben gran nèg sa yo si yo te gen yon vizyon pou Site Solèy se pa konsa yo ta fè bagay la. Site Solèy ap viv sou fatra jounen jodi a. Pèp Site Solèy ap viv sou pousyè jounen jodi. Pèp la pa ka manje. Pèp la grangou. Timoun pa ka al lekòl. Jounen jodi anndan Site Solèy, nèg sa yo ki di yo te gen apui Labanyè, enben Labanyè pa yon mas Pèp. Labanyè pa t anyen anndan Site Solèy. Labanyè pa t ka rete pou l t ap fè tout pil pou l te ka mete Pèp la an otaj paske Labanyè pou kont li mezanmi li fèb. An nou pran konsyans pou wè si sèl ti Labanyè te ka mete yon mas Pèp konsa an otaj. Jounen jodi Pèp la revandike dwa l. Se pou sa yo di ke MINUSTHA ansanm ak Polis Nasyonal la ap tire revanj pou Labanyè. Fò yo rekonèt byen Labanyè pa t reprezante Site Solèy. Labanyè se te nan yonn nan katye nan Site Solèy yo l te ye paske Site Solèy se pi gwo bidonvil ki gen nan peyi d Ayiti. Fòk yo rekonèt sa byen. Jounen jodi nou wè n ap sibi gwo represyon anba men Polis Nasyonal la avèk MINUSTHA kote yo di se pou Labanyè, enben noumenm nou fenk kare manifeste. N ap mande retou fizik Prezidan Jean-Bertrand Aristide prese prese. Site Solèy la fè yon sèl. Pa genyen 33 katye ankò paske nou tou l 34 katye yo nou tout fè yon sèl kote n ap manifeste pasifikman n ap mande retou fizik Prezidan Jean-Bertrand Aristide an Ayiti. Si laboujwazi te vle fè yon bagay pou Pèp la se pa konsa yo ta fè l paske yo pa p janm regle anyen pou Pèp Site Solèy. Yo ta renmen bourike Pèp la, fè Pèp la al vote epi Pèp la ap toujou viv nan menm konjonkti jounen jodi. Nou panse genyen 1 an nou la ak yon gouvènman defakto k ap debalize yon peyi. Kounye a 95% Pèp la revoke nan bwat leta. Timoun pa ka al lekòl. Sa k te rive nan twazyèm pa ka kontinye. Sa k te rive nan segonn nan reto pa ka kontinye. N ap mande ki bò kriz sa prale. Se sa ki fè Pèp la leve kanpe ap mande retou fizik Prezidan Jean-Bertrand Aristide prese prese an Ayiti. Se sèl sa ki enterese Pèp le se Aristide pou sove Ayiti nan tout mizè l ye jounen jodi a.

L-NY: Dread Wilme, di nou sa k ap pase nan wikenn nan la, paske yo fè konnen te genyen gwo atak ki fèt, yo di ou te fè yon kout fil nan yon radyo nan Pòtoprens la kote ou di MINUSTHA t ap bay gaz. Di nou sa k ap pase anndan Site Solèy jounen jodi a.

D. Wilme: Jodi a anndan Site Solèy MINUSTHA t ap bay gaz. Nou gen timoun ki mouri nan gaz epi nou gen divès moun ki te anndan legliz ki pran katouch. Nou te fenk gen Lakwa Wouj ki te ansanm ak nou la. Yo te fenk la a yo gen lè fè yon vire ap ranmase timoun ki pran bal ansanm ak granmoun ki pran bal. Se Lakwa Wouj k ap pote nou sekou. MINUSTHA limenm kote l kache nan chadegè a li pa bezwen konnen anyen paske se bourik zam li ki nan lari. Li jwenn moun k ap vann li fizye l. Li jwenn moun k ap pwonmennen li fizye l. Li jwenn ti machann ki chita nan mache li fizye l. Jounen jodi a fòk MINUSTHA rekonèt tout moun li wè nan lari se mas Pèp la. Jan yo di gen chimè a pa gen chimè vre. Se Pèp la k ap revandike dwa li k ap mande retou Prezidan Aristide an Ayiti. Anndan Site Solèy kounye a la nou gen yon gwo klima perèz kote nou gen anpil mou ki mouri ak timoun ki pran bal. N ap mande pou yo kapab pote nou sekou paske fòk Prezidan Aristide tounen pou kapab gen lapè an Ayiti.

L-NY: Nou konnen gen yon kokenn manifestasyon ki anonse pou 7 Avril. Fwa sa a, se premye fwa Labanyè pa la, èske Site a ap soti an mas pou rejwenn ak Bèlè, ak Kafou pou se yon kokenn leve kanpe paske nou tande fwa sa a se pa lavalas men se yon sounami k pral desann la a?

D. Wilme: Ebyen ou konnen se kanmenm paske lavalas la lè l desann an mas pa gen sa ki ka sipòte l paske yo konn ki ès ki lavalas la. Lavalas la toujou rete puisan. 34 katye Site Solèy yo pral mobilize la a. Se yon gwo kokenn chenn manifestasyon k pral genyen 7 Avril la paske tout moun la pou pran vil la. Site Solèy pral pran vil la pou l rankontre ak Bèlè, Granravin, Solino, Lasalin elatriye, tout zòn popilè yo kote 7 la tout Pèp la deside l pou l pran lari pou n mande retou fizik Prezidan Jean-Bertrand Aristide an Ayiti prese prese.

L-NY: Dread Wilme, genyen anpil moun ki pa klè sou relasyon ekzakt ki ta genyen jounen jodi a ant oumenm nan Site Solèy la, Lavalas, ak Grenn Sonnen. Eske ou kapab di nou ki sa relasyon sa a ye jodi a? Eske n ap batay pou menm bagay?

D. Wilme: Kesyon sa a se yon kesyon ki trè enpòtan. Se yon kesyon m ap reponn jounen jodi. Kesyon Grenn Sonnen an avèk noumenm anndan Site Solèy. Noumenm n ap fè yon lit Pèp kote n ap mande retou fizik Prezidan Jean-Bertrand Aristide. Grenn Sonnen t ap travay nan Gouvènman Lavalas. Aktyèlman li reklame tèt li etan ke militè. L ap revandike dwa militè yo. Ka sa a diferansye. Noumenm nou pa gen kontak ak Grenn Sonnen. Militè ki ansanm avèk li yo se militè ki te panse gouvènman defakto sa a t ap fè yon bon bagay nan peyi a. Lè yo vin wè gouvènman defakto sa a se moun l ap touye agoch adwat. Gouvènman sa a ba yo manti. Gouvènman sa a ap detwi pwòp san frè yo. Enbyen yo menm ansyen militè yo, yo leve kont rejim defakto sa a kote y ap mande depa rejim defakto sa a. Noumenm militan Lavalas, Pèp Ayisyen noumenm kote n ap mande depa rejim defakto sa a. N ap mande retou fizik Prezidan Jean-Bertrand Aristide. Nou pa konn pa yo a si se retou Prezidan an men noumenm pa nou an, Pèp Ayisyen, Pèp Site Solèy, Pèp Bèlè, Granravin, elatriye, tout dizyèm depatman an, tout 9 depatman an noumenm se pou retou fizik Prezidan Aristide n ap travay. Ideyoloji pa yo a m pa ka ba ou yon ide de sa si se pou retou oswa pa pou retou men noumenm se pou retou n ap travay.

L-NY: Eske ou genyen yon dènye mo pou kominote Ayisyèn nan k ap koute ou la nan New York epi k ap koute nan entènèt tout kote?

D. Wilme: Dènye mo m gen pou kominote Ayisyèn nan k ap koute m tout kote nan New York, nan dizyèm depatman an n ap di yo mobilize. Ni Ayisyen ki natiralize pou Ameriken, tout sa ki sitizenn, ni sa ki fèt laba a, ni sa ki gen 13 an, 14 an, 15 an laba a, n ap mande yo pou yo rete mobilize, pou yo fè manifestasyon pasifikman nan dizyèm nan. Pou yo pale ak Prezidan Bush, pou yo mande l nou se pitit Ameriken etan ke Amerik, n ap mande retou fizik Prezidan Jean-Bertrand Aristide an Ayiti. Noumenm an Ayiti tou nou voye yon gwo respè pou yo dizyèm nan ki kenbe mouvman an solid solid pou retou fizik Prezidan Jean-Bertrand Aristide an Ayiti prese prese.

L-NY: Mèsi anpil konpatriyòt.

D. Wilme: Mèsi anpil konpatriyòt mwen.


************************

"Lakou New York" April 4th, 2005 interview with Dread Wilme

L-NY: We have on the line with us Dread Wilme, a Lavalas militant and activist in Site Solèy where today there is a massive repression against the population being carried out by United Nations MINUSTHA forces along with the Haitian National Police. Dread Wilme, can you tell the New York area Haitian community through "Lakou New York" at Radio Lakay how is the situation today in Site Solèy?

D. Wilme: Well, the situation is very serious not just in Site Solèy but all over Haiti, in Site Solèy, in Bèlè, in Lasalin, as well as Solino, Granravin
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
 
DRED WILME-EWO NASYONAL?
Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Revenir en haut 
Page 1 sur 1
 Sujets similaires
-
» Allô les Parlementaires !
» [WIP JM] Dred Kenil'Ork
» Selon CNN Penitensye Nasyonal kraze, prizonye pete chodyè
» RIMÈ KIDNAPENG POLISYE AK SOLDA MINISTA NAN PENITANSYE NASYONAL
» L'armée full boîte de conserve du métalkramé

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Haiti :: Espace Haïti-
Sauter vers: