Gen anpil LIV ke AYISYEN PIBLIYE ,majorite lan yo ,se an FRANS yo pibliye.
Kididonk depi yon LIV te pibliye an FRANS anvan 1947 (finisman 70 zan dwa dote) w ap jwenn liv lan BIBLIOTHEQUE NATIONALE DE PARIS.
Mwen t ap fe yon ti RECHECH sou LINSTANT PRADINES ,BIZAWEL SWIT MIKI bo manman ,mwen vin tonbe sou yon LIV SAINT REMY des CAYES te ekri sou PETION.
JOSEPH SAINT REMY DES CAYES (1815-1858)
De NEG tankou MADIOU ak ARDOUIN ekri sou PETION ,men yo ANBELI de NEG tankou PETION ak BOYER,paske le NEG sa yo t ap ekri LIT pou POUVWA ant KLAS DOMINANT "NWA" ak "MILAT" pou dominasyon an t ap "bat son plein"
Mwen pa konnen si SAINT REMY des CAYES ke yo pibliye LIV li an ,an 1864(misye mouri an 1858),se te yon MILAT,men MISYE pa menaje PETION.
Mwen konnen t ou si BOYER pa t yon NONM ki enstwi,men SAINT REMY rele PETION "UN MULATRE INCULTE"
Se kom OFEV ke l te aprann an FRANS ,ke PETION t ap genyen vi.
SAINT REMY di ,le PAPA PETION mouri ,afe MISYE pa t bon menm,se PETION ki te debwouye l pou antere l.
SAINT REMY ap bay BLAG tou ,misye di MILAT yo pa t ka jwenn MILATRES pou yo marye,paske MILATRES yo ,menm le yo LIB te pito al jwenn BLAN ki te ka okipe yo ,menm si se kom FANM DEYO.
Se yon "fascinating read".
SAINT REMY des CAYES di ke anpil bagay li aprann de vi de PETION,se lan men LINSTANT PRADINES (BIZAWEL SWIT MIKI).
ORIJINAL LINSTANT PRADINES lan se te ZANMI DANFANS ALEXANDRE PETION,yo te leve menm kote.
GRANPAPA SWIT MIKI MATELI te rele AUGUSTE LINSTANT PRADINES
http://gallica.bnf.fr/ark:/12148/bpt6k6149272h/f46.image.r