Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
 
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  CalendrierCalendrier  PublicationsPublications  FAQFAQ  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  MembresMembres  GroupesGroupes  Connexion  

Partagez | 
 

 Let Tou Louvri Michel Degraff voye bay AKADEMI KREYOL AYISYEN

Aller en bas 
AuteurMessage
Joel
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 15923
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: Let Tou Louvri Michel Degraff voye bay AKADEMI KREYOL AYISYEN    Lun 12 Mar 2018 - 17:07

MICHEL DEGRAFF ap di manm AKADEMI yo ke yo paka JERE AKADEMI an "A LAYISYEN"(san prensip,tout voum se do)
Se yon bagay ki two serye pou yo fe sa.
http://potomitan.info/ayiti/akademi_kreyol9.php



Lèt tou louvri pou Akademisyen
nan Akademi Kreyòl Ayisyen

DAT: Samdi 17 fevriye 2018

KONSÈNAN: Deriv k ap febli fonksyonnman Akademi Kreyòl Ayisyen an (“AKA”)

Michel DeGraff

Prezidan Pauris Jean-Baptiste,
Manm Konsèy Administrasyon (KAd) Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA),
Konsèy Akademisyen an,
Onè!

Jounen inogirasyon AKA nan dat 4 desanm 2014, sa se te youn nan pi bèl moman nan lavi m. Nan inogirasyon sa a, dlo te koule nan je m tèlman mwen te fyè dèske nou te finalman rive tabli yon Akademi nan peyi a pou n defann lang kreyòl la, jan Atik 213 nan Konstitisyon 1987 la mande a. Nan yon lèt motivasyon ki te parèt nan Le Nouvelliste nan dat 28 oktòb 2014, mwen te esplike rezon prensipal ki te motive m antre kòm Akademisyen nan AKA. Youn nan rezon sa yo se:

“Rechèch mwen entegre yon vizyon sosyal ki chita sou kapasite lang kreyòl la genyen pou amelyore edikasyon ak devlòpman ann Ayiti. Se fòmasyon m ak rechèch mwen kòm lengwis ki motive kandidati m pou Akademi Kreyòl la.... Akademi an gen yon gwo wòl pou li jwe nan rechèch k ap fèt sou devlòpman ak estrikti lang kreyòl ayisyen an epi sou itilizasyon lang lan nan devlòpman nouvo resous ak nouvo zouti pou timoun yo ka vin pi djanm, pi kreyatif. E se pou sa ke mwen ta renmen travay kòm Akademisyen—pou mwen mete tout konesans mwen ak tout esperyans mwen nan sèvis peyi m.”

Men, jounen jodi a, tristès anvayi kè m dèske m oblije ekri lèt tou louvri sa a pou m alète gran piblik la sou malè pandye ki sou tèt AKA malgre tout bèl travay AKA ap fè, nan 4 kwen peyi a, pou sansibilize popilasyon an sou enpòtans lang kreyòl la. Objektif prensipal lèt sa a se pou popilasyon an konprann diferan kalte pwoblèm k ap menase fonksyonnman AKA. AKA se yon enstitisyon leta ki dwe itilize lajan leta ansanm ak lòt resous leta nan enterè tout nasyon an, an tout transparans, san okenn posibilite oswa aparans medyokrite, patipri oswa koripsyon. Kòm mwen remake se pa sa k ap fèt vreman, mwen panse sa enpòtan anpil pou m pataje enfòmasyon sa yo an piblik pou tout konpatriyòt k ap suiv aktivite AKA ka rive konprann malè pandye ki sou tèt enstitisyon sa a. Mwen pran desizyon sa a apre mwen ak kèk lòt Akademisyen te eseye, an plizyè fwa, korije sèten pwoblèm nan AKA. Men, nou pa jwenn bon rezilta. Ki fè m santi m oblije pote dosye sa yo devan gran piblik la.

Kounye a, m espere lèt sa a ava mete pi plis presyon sou dirijan AKA yo pou yo respekte misyon AKA ansanm ak Akademisyen sa yo k ap travay rèd nan non AKA pou yo rive fè kreyòl la jwenn plas li nan sosyete a. Nan sans sa a tou, AKA dwe respekte lwa peyi a, sitou lwa sa yo ki la pou anpeche koripsyon blayi nan enstitisyon leta yo.

Yon lòt rezon ki pouse m ekri lèt sa a se paske mwen respekte tèt mwen kòm pwofesyonèl ki gen entegrite. Epi tou mwen respekte AKA kòm enstitisyon leta, tankou tout enstitisyon leta ki dwe la pou sèvi peyi a san fòs kote. Ki vle di: Fòk lèt sa a sèvi kòm achiv sou sèten deriv k ap menase AKA e sou pozisyon pa m pa rapò ak deriv sa yo. Ki fè mwen pral dokimante pozisyon pa m kòm Akademisyen devan yon seri pwoblèm k ap mete AKA sou move wout—kote twò souvan se enterè pèsonèl ki pran priyorite devan lasyans, edikasyon ak devlòpman. Pwoblèm sa yo konsène 2 kalte aktivite
1.Piblikasyon k ap parèt nan non “AKA”: piblikasyon sa yo riske kraze entegrite syantifik AKA.
 
2.Desizyon administratif sou moun k ap jwenn kontra ak djòb nan men AKA: desizyon sa yo riske kraze entegrite moral AKA.

Kè m sere anpil pandan m ap ekri lèt sa a. Pwoblèm yo grav anpil wi. Pozisyon m kòm Akademisyen nan AKA jennen anpil lòt Akademisyen ak lòt kolèg k ap travay nan AKA. Epi selon avètisman ke m resevwa nan men kèk kolèg, ata sekirite m oswa sekirite fanmi m ka vin an danje apre m pibliye lèt sa a. Tanpri, fòk lektè yo konprann yon detay ki enpòtan anpil sou koze avètisman sa a: se pa pawòl kòm ki dirè gen moun nan AKA k ap fè “konplo” kont mwen oswa fanmi m. Sa se pawòl kolèg k ap enkyete yo pou mwen an prive e k ap raple m istorik yon peyi d Ayiti kote konn gen jounalis, aktivis, politisyen, relijye, otorite leta, elatriye, ki mouri asasinen apre yo denonse koripsyon nan enstitisyon leta. Sa se pawòl ki chita sou done istorik—se pa akizasyon kont AKA.

Ki fè se apre anpil analiz ak refleksyon m oblije mare kè m pou m fè yon rezime sou deriv sa yo k ap frape entegrite AKA. Tout akademisyen ki deside goumen pou fè AKA vin djanm pa ta dwe rete an silans devan lèt sa a. Èske silans Akademisyen sa yo pa ta vle di yo konplis nan move wout sa a AKA ap pran an?

Plizyè fwa, Konsèy Administrasyon (“KAd”) AKA ansanm ak kèk lòt Akademisyen di se mwen k ap travay pou “avili” oswa “kraze” AKA. Se kon sa tou yo akize lòt Akademisyen tankou Kolèg Frenand Leger. Nan dat 18 desanm 2017, Akademisyen Frenand Leger te chwazi bay demisyon l nan AKA pandan Asanble Jeneral AKA apre Konsèy Akademisyen an te vote pou Akademisyen Frenand Leger prezante eskiz li paske li te ekri yon seri pawòl piman bouk pou l dekri fason KAd la ap fonksyonen. Pifò Akademisyen yo te estomake poutèt pawòl sa yo nan kominikasyon Akademisyen Leger: “biznis prive”, “deriv”, “koken”, “magouy”, “malonèt”, “medyòk”, “gwo ponyèt”, “tonton makout”, “malvèsasyon”. Malgre Kolèg Leger te jistifye pawòl sa yo avèk bon jan done ki demontre deriv dirijan AKA yo, majorite Akademisyen nan Asanble Jeneral la te egzije Kolèg Leger pou l fè Konsèy Akademisyen an eskiz alòske Konsèy Akademisyen an pa t janm di anyen ditou sou rezon ki te pouse kolèg la ekri pawòl piman bouk sa yo.

Dapre analiz Kolèg Leger nan lèt demisyon ke l te voye pou Akademisyen yo nan dat 18 desanm 2017, pa gen ase transparans, entegrite ak objektivite lakay majorite Akademisyen yo, e sa vin rann AKA anti-demokratik e anti-pwofesyonèl. Se pou rezon sa yo, kolèg la te jije li nesesè pou l bay demisyon l apre li te fin prezante eskiz nan Asanble Jeneral desanm 2017 la. Nan lèt demisyon Kolèg Leger a, li te mande: Pou ki sa Akademisyen yo pa te janm analize demach sa yo ki te lakòz kolèg la ekri pawòl piman bouk sa yo? An jeneral, ki sa nou vle di lè nou di gen kolèg k ap travay pou “avili” oswa “kraze” AKA? Èske se paske kolèg sila yo toujou ap soulve tout pwoblèm ki genyen nan administrasyon enstitisyon an?

Nan dat 22 janvye 2018, mwen te pami 3 Akademisyen ki te pran lèt demisyon Kolèg Leger a o serye e ki te siyen yon demann fòmèl konsènan kèk eleman ki kritik pou misyon AKA. Lèt sa a te mande pou KAd la bay tout Akademisyen esplikasyon ki klè sou 6 dosye pwoblematik konsènan piblikasyon k ap parèt nan non AKA epi desizyon administratif sou kontra ak djòb k al jwenn sèten Akademisyen ak fanmi yo. Nou te bay KAd la yon echeyans 14 fevriye 2018 pou pou yo te bay limyè sou pwoblèm sa yo. Malerezman, repons KAd la, nan dat 28 janvye 2018, pa te pote ase limyè sou dosye sa yo. Dapre analiz m ap fè depi plizyè mwa sou 6 dosye sa yo pami plizyè lòt, dosye sa yo montre ki kalte pwoblèm pou AKA rezoud pou l rive kenbe entegrite l e pou l rive ranpli misyon ke l genyen pou avansman peyi a selon sa Konstitisyon 1987 la ansanm ak Lwa Kreyasyon AKA a mande.

1. ENTÈDIKSYON KONT FÒM KOUT NAN PREMYE VÈSYON BILTEN AKA (OKTÒB 2016) SELON DESIZYON INILATERAL PASTÈ PAURIS JEAN-BAPTISTE (PREZIDAN AKA)

Sa se yon pwoblèm ki antre nan nannan fonksyonnman AKA pou devlòpman zouti syantifik sou lang kreyòl la. Zouti syantifik sa yo mande entegrite nan rechèch e nan piblikasyon k ap parèt nan non “AKA”. Si pa gen entegrite nan piblikasyon sa yo, se repitasyon AKA kòm enstitisyon akademik k ap desann.

Se sa ki fè sa te enkyete m anpil lè premye vèsyon Bilten AKA nan mwa oktòb 2016 te pibliye yon pawòl ki pa te kadre ditou pyès avèk yon gwo travay syantifik ki te fèt nan Komisyon Syantifik ke m t ap kowòdone pou AKA.

Komisyon Syantifik sa a te remèt youn nan pi gwo travay ki janm fèt nan AKA depi inogirasyon l an desanm 2014: yon rapò syantifik sou òtograf kreyòl la (70+ paj). Epi Sekretarya Egzekitif la te pibliye, nan premye vèsyon Bilten AKA Oktòb 2016, yon “konsèy” kont fòm kout pwonon yo:

“Akademisyen yo konseye pou moun plis sèvi ak fòm long pwonon yo lè yo ap ekri.”

“Konsèy” sa a pa te janm antre nan rapò Komisyon Syantifik la. O kontrè, rapò sa a te bay egzanp ki byen montre ki jan sa enpòtan pou òtograf kreyòl la kenbe tou 2 fòm yo: fòm kout ak fòm long—paske gen plizyè kontèks kote chak nan fòm sa yo gen sentaks pa yo oswa semantik pa yo.

Egzanp: Foto sa a se pa mwen epi Foto sa a se pa m. Sa se 2 fraz ki pa gen menm sans epi se fòm kout ak fòm long pwonon an (mwen oswa m) ki ede n idantifye diferans semantik la.

Lè “konsèy” sa a kont fòm kout yo te parèt nan Bilten AKA ann oktòb 2016, mwen te nan KAd la toujou e mwen t ap travay kòm kòdonatè Komisyon Syantifik ki te travay sou rapò òtograf la pou AKA. Lè m te wè “konsèy” sa a nan bwouyon bilten oktòb 2016 la, mwen te alète Sekretarya Egzekitif la rapido presto sou erè sa a. Mwen te mande l pou erè sa a korije byen vit anvan bilten an pibliye. Malgre sa, premye vèsyon bilten an te pibliye “konsèy” sa a nan non “Akademisyen yo”.

E poutan, se pa vre: “Akademisyen yo” pa te janm “konseye” okenn rekòmandasyon kon sa. Ki vle di: Yon “konsèy” kon sa pa te gen okenn validasyon ni nan Komisyon Syantifik la (ki te pwodui rapò 70+ paj sa a sou òtograf kreyòl la) ni nan Konsèy Akademisyen (ki te brase lide sou kesyon fòm long ak fòm kout sa yo nan plizyè imel) ni nan KAd la (kote nou te diskite pwoblèm sa a tou—lè sa a mwen tou te nan KAd la).

Apre “konsèy” sa a fin pibliye san okenn apwobasyon ni pami Komisyon Syantifik, ni pami KAd, ni pami Konsèy Akademisyen, mwen te sonnen yon alam entèn byen fò. Apre anpil ale vini sou imel, KAd la te vin deside pibliye sou entènèt yon nouvo vèsyon bilten an ki di, nan paj 4:

“Pa gen rekòmandasyon espesyal sou itilizasyon fòm long oswa fòm kout nan pwonon yo.”

Apre koreksyon sa a resi vin fèt nan mwa desanm 2016, mwen vin ekri plizyè imel ak lèt fòmel pou m ka konprann orijin demach sa a ki te pèmèt piblikasyon yon “rekòmandasyon” bidon, swadizan nan non “Akademisyen yo”. Mwen pa te janm jwenn repons. Se sa ki fè nan dat 25 out 2017 mwen te ekri Prezidan AKA, Pastè Pauris Jean-Baptiste, yon lèt fòmèl sou sa (lèt la la). Prezidan an li menm te refize reponn mwen. Dapre li menm, gen yon prensip “byenseyans” ki pa pèmèt li reponn “lèt tou louvri”. E poutan, lèt mwen an, nan dat 25 out 2017, se pa te yon lèt tou louvri. Se yon lèt ki te al jwenn kolèg Akademisyen nou yo nan AKA ansanm ak Sekretarya Egzekitif la sèlman.

Finalman, nan dat 28 janvye 2018, nan repons KAd la sou lèt 22 janvye 2018 la, nou vin aprann se Prezidan AKA li menm, Pastè Pauris Jean-Baptiste, pou kont li, ki te pran desizyon inilateral sa a pou l fè yon rekòmandasyon kont fòm kout yo, nan non “Akademisyen yo”—yon rekòmandasyon ki pa te baze sou okenn analiz syantifik e ki te kontredi rapò 70+ paj ke Komisyon Syantifik AKA te prepare sou dosye òtograf kreyòl la.

Sa se youn nan plizyè rezon ki te fè m vin deside, nan Asanble Jeneral desanm 2016 lan, pou m pa prezante kandidati m pou m ta kontinye sèvi kòm manm Konsèy Administratif la (KAd). Tout rezon sa yo konsène mank transparans ki te gen nan KAd la kote sèten desizyon ap pran pami sèten manm KAd la pandan lòt manm KAd la pa janm o kouran. Epi tou, sa se te yon lòt rezon ki te fè m demisyone kòm kòdonatè Komisyon Syantifik la nan dat 5 avril 2017 (lèt demisyon m lan la).

2. ATIK NAN LE NOUVELLISTE (29 MAS 2017) SOU LANG KREYÒL LA NAN KONSTITISYON PEYI D AYITI (NAN NON “AKA”)

Nan dat 29 mas 2017, Sekretarya Egzekitif la te pran desizyon pibliye yon dokiman nan non “AKA” san dokiman sa a pa te janm pase anba je Konsèy Akademisyen an. Atik sa a te pibliye nan Le Nouvelliste anba tit sa a: “Sa Konstitisyon nou an di sou pratik lang an Ayiti”:

http://lenouvelliste.com/article/169637/sa-konstitisyon-nou-an-di-sou-pratik-lang-an-ayiti

E poutan, malgre atik sa a te parèt nan non “AKA”, li pa te janm pase anba je Konsèy Akademisyen an alòske se yon atik ki te gen fòs kote ladan. Youn nan fòs kote yo se paske yon atik kon sa (k ap trase yon seri done istorik sou lang kreyòl la) ta dwe site tout sous ki te sèvi nan preparasyon atik la. Pa egzanp, gen anpil detay nan atik la ki te tèt koupe ak detay nan liv Dr. Pradel Pompilus ki rele Le problème linguistique haïtien (Éditions Fardin, 1985) kote Dr. Pompilus, li menm tou, te analize sa plizyè konstitisyon te di sou lang kreyòl la. Mwen te menm resevwa imel k ap mande m ki jan fè Akademisyen yo ap fè plajya sou liv Pradel Pompilus.

Te gen pakèt ale vini ki te fèt sou sa nan imel pami Akademisyen yo. Nan repons KAd la, nan dat 28 janvye 2018, sou lèt fòmèl 3 Akademisyen yo, KAd la prezante yon lòt sous pou enfòmasyon nan atik la epi yo deklare:

“Sel erè Sekretarya a fè, se lè li pa te presize sous enfomasyon yo anndan atik la.”

Ki vle di: KAd la twouve sa nòmal pou Sekretarya Egzekitif la pibliye atik nan non “AKA” menm si atik sa yo pa te janm pase anba je Konsèy Akademisyen an. La ankò, pwoblèm lan konsène entegrite AKA kòm enstitisyon ki ta dwe gen bon nivo entelektyèl e syantifik. Pa ta dwe gen okenn atik k ap pibliye nan laprès nan non AKA san atik sa yo pa pase anba je Konsèy Akademisyen an. Depi gen pwodiksyon entelektyèl k ap pibliye nan non “AKA”, fòk pwodiksyon sa yo ta pase anba je Konsèy Akademisyen an pou Akademisyen yo (ki se pi gwo otorite nan AKA selon Lwa Kreyasyon AKA) ka gen dizon yo sou atik sa yo.

Èske Sekretarya Egzekitif la oswa Komisyon Kominikasyon nan AKA ka gen ekspètiz nan tout domenn kote gen dokiman ki pral pibliye? Pa gen okenn rezon pou dokiman sa yo pa ta pase anba je tout Akademisyen yo pou n asire nou ke dokiman sa yo ann akò avèk tout prensip ke yo dwe respekte—sitou lè n konsidere misyon AKA selon Atik 213 Konstitisyon 1987 la: pou n asire devlòpman itilizasyon lang lan selon prensip syantifik.

Piblikasyon sa a nan Le Nouvelliste nan non “AKA” se yon lòt rezon ki te fè m demisyone kòm kòdonatè Komisyon Syantifik la nan dat 5 avril 2017 (lèt demisyon m lan la). Se kalte piblikasyon sa yo k ap kraze repitasyon AKA kòm enstitisyon syantifik ki ta dwe gen entegrite pwofesyonèl nan pi wo nivo. Nan dat 6 avril 2017, mwen te sijere KAd la pou yo ta voye yon nòt eskiz ak koreksyon bay Le Nouvelliste dèske AKA pa te site travay Pradel Pompilus la e pou KAd la ta esplike sa ki fè atik la te pibliye anvan Akademisyen yo te rive tcheke dokiman an. KAd la pa te janm fè sa.

3. DEMANN SOU FACEBOOK (14 NOVANM 2017) POU VÒT POU MIS AYITI (NAN NON “AKA”)

Depi Asanble Jeneral AKA an 2016, m ap mande KAd la pou yo kontwole sa k ap pibliye sou paj Facebook AKA. Mwen te menm mande pou Akademisyen yo gen kontwòl dirèk sou paj Facebook AKA paske paj Facebook sa a se imaj Akademi Kreyòl Ayisyen devan lemonn antye. Ki vle di: Fòk Akademisyen yo (ki se pi gwo otorite nan AKA selon Lwa Kreyasyon AKA) ta gen sipèvizyon sou kontni paj Facebook AKA.

Nan dat 14 novanm 2017, sou paj Facebook AKA, gen yon afich ki monte e ki mande:

“Akademi Kreyòl ap mande tout sipòte li yo pou yo vote ‘Miss Haiti Univers’ Cassandra Chery”

Rezon pou afich sa a se paske Miss Chéry te fè yon diskou nan seremoni lansman mwa kreyòl la kote l t ap “ankouraje jèn yo sèvi ak lang kreyòl la.”

Afich sa a te fè m sezi dèske li te monte sou paj Facebook AKA san pa te gen okenn konsiltasyon sou sa avèk Akademisyen yo, ki se pi gran otorite nan AKA selon Lwa Kreyasyon AKA.

Kèlkeswa jan Mis Chéry (oswa lòt moun) te defann lang kreyòl la, pa ta dwe gen yon demann ki lanse sou Facebook nan non “AKA” alòske Konsèy Akademisyen an pa te bay akò li sou demann sa a. Ki fè m te kouri ekri Kolèg AKA yo yon lèt sou sa nan dat 24 novanm 2017 (lèt la la) epi se kon sa Sekretarya Egzekitif la te vin retire afich sa a sou paj Facebook AKA.

Nan pwosè vèbal reyinyon KAd jedi 30 novanm 2017, KAd la pale de mwen kòm Akademisyen k ap “atake” AKA e k ap “avili” epi “denigre” Miss Ayiti. Men, pwosè vèbal la pa di anyen sou pwoblèm sa yo ki te fòse m, yon lòt fwa ankò, denonse pawòl sa yo k ap pibliye nan non “AKA” san okenn otorizasyon Konsèy Akademisyen an. Fwa sa a, se yon afich Facebook kote “AKA” ap mande pou piblik la ale vote nan konkou bote a—yon koze ki pa gen okenn rapò ak misyon AKA.

Nan dènye repons KAd la sou sa, nan dat 22 janvye 2018, KAd la rekonèt te gen yon fo pa nan piblikasyon sa a sou Facebook. Men, la ankò, KAd la atake m pèsonèlman kòm ki dirè se mwen ki ta lakòz “avilisman” an. E poutan, se deriv repete sa yo k ap vreman “avili” AKA devan piblik la. Se kalte demach sa yo, kote gen piblikasyon k ap parèt devan gran piblik la nan non “AKA” san Konsèy Akademisyen an pa o kouran, k ap “avili” AKA.

Èske Sekretarya Egzekitif la, Prezidan AKA oswa kèk grenn Akademisyen pou kont yo gen dwa pale nenpòt ki pawòl nan non “AKA” (kit se sou òtograf, kit se sou istorik lang kreyòl la, kit se sou konkou bote, elatriye) san yo pa konsilte Konsèy Akademisyen an?

4. KONTRA POU FIM KOTE AKADEMISYEN AP TRAVAY

Depi 2016 mwen soulve yon pwoblèm administratif e etik kote gen yon konpayi konsiltan k ap resevwa kontra nan men AKA pandan gen Akademisyen k ap travay pou menm fim sa a. Ki vle di: Konpayi ki gen Akademisyen ladan antre nan konpetisyon pou yo jwenn kontra nan men AKA, epi se menm AKA sa a k ap evalye pwopozisyon konpayi sa yo ki jwenn kontra nan men AKA. Dapre analiz mwen, sa se yon pwoblèm konfli enterè ki ka fè AKA antre nan koripsyon.

Se kon sa lèt 22 janvye 2018 la te vin mande KAd la pou yo verifye si demach sa yo pa vyole lwa pasasyon mache piblik. KAd la pa janm reponn kesyon sa a sou lwa pasasyon mache piblik yo.

Lèt fòmèl ki te al jwenn KAd la nan dat 22 janvye 2018 te mande KAd la pou l esplike pozisyon li byen klè sou kontra sa yo k al jwenn konpayi ki bay Akademisyen pwofi finansye. Nou te mande dirijan yo pou yo byen esplike si, wi ou non, kalte kontra sa yo (ki sanble ak pratik patipri—“favoritisme”?) obeyi lwa ki fikse kondisyon sou pasasyon mache piblik e ki la pou anpeche konfli enterè ki ka mennen nan koripsyon. Nou te mande KAd la pou yo verifye si kalte demach sa a pa vyole lwa peyi a—selon règleman pou kontra sa yo dapre lwa pasasyon mache piblik.

Nan repons KAd la nan dat 22 janvye 2018, KAd la anonse pou premye fwa ke l te suiv lwa finans peyi a lè l te rive jwenn 3 pwofòma pou travay la epi yo te chwazi fim ki te pi bon mache a. KAd la te menm di se yon “bon bagay” lè gen Akademisyen k ap travay nan fim k ap jwenn kontra nan men AKA—yo di kon sa AKA ava gen mwens pwoblèm nan revizyon travay fim lan. Se nan menm lèt sa a mwen vin aprann ke, apre m te souvle pwoblèm sa a, Akademisyen k ap travay nan fim lan te mande fim lan pou l pa travay pou AKA ankò.

Gen 2 bagay ki frape m nan repons sa a:

Premyeman, lèt fòmèl 22 janvye 2018 la te mande KAd la pou yo esplike:

“ki jan kalte kontra sa yo (ki sanble ak pratik pati pri—“favoritisme”?) koresponn ak règleman nan lwa ki fikse kondisyon pou pasasyon mache piblik e ki la pou anpeche konfli enterè ki ka mennen nan koripsyon.”

Epi lèt la te mande “KAd la verifye ke kalte demach sa a pa vyole lwa peyi a—selon règleman pou kontra sa yo.” Repons KAd la pa di yon grenn mo sou lwa sa yo—ki ta dwe nan pla men KAd la pou bon fonksyonnman legal AKA.

Dezyèman, nou te soulve pwoblèm konfli enterè. Nan repons KAd la, yo defann prezans Akademisyen nan fim k ap jwenn kontra nan men AKA epi yo di kon sa KAd la, nan epòk sa a, te panse se yon “bon bagay” lè fim k ap jwenn kontra nan men AKA gen Akademisyen ladan.

Malerezman, rezònman sa a pa konfòm ak prensip etik ki mande pou n evite pwoblèm koripsyon ki ka soti nan konfli enterè. Selon sa m konprann sou lwa pasasyon mache piblik, fim ki anplwaye Akademisyen pa ta dwe janm vin antre nan konpetisyon pou kontra k ap bay nan AKA—paske lwa yo klè sou sa: pa dwe gen kalte konfli enterè sa yo nan seleksyon fim ki pral jwenn kontra nan biwo leta. Wi, lè gen fim ki gen Akademisyen ladan ki antre nan konpetisyon ak lòt fim ki pa gen Akademisyen ladan, konpetisyon an vin gen fòs kote depi an patan paske fim sa yo ki gen Akademisyen ladan gen gwo avantaj (enfòmasyon entèn, moun pa, elatriye) sou fim sa yo ki pa gen Akademisyen ladan.

An tou ka, se sèlman nan dat 28 janvye 2018 nou vin aprann ke Akademisyen k ap travay nan fim sa a ki te jwenn kontra nan men AKA te mande pou fim lan pa travay pou AKA ankò. Epi rive jounen jodi a, nou pa konnen ki sa ki te rive kontra sa a ke AKA te fin bay yon fim ki anplwaye Akademisyen.

Kesyon fondamantal lan se: Èske kalte demach sa yo vyole lwa peyi a tankou lwa sou pasasyon mache piblik? E menm si demach sa yo ta legal, èske kalte desizyon sa yo, kote Akademisyen ap ede fanmi yo jwenn kontra nan men AKA, pa kreye yon sitiyasyon malsen kòm ki dirè Akademisyen yo ap sèvi ak AKA pou enterè pèsonèl, enterè fanmi yo ak enterè ti klan pa yo?

5. DJÒB NAN SEKRETARYA AKA POU FANMI AKADEMISYEN

Nan lèt 22 janvye 2018 ke 3 Akademisyen te ekri KAd la, te gen yon lòt pwoblèm etik ke n te soulve sou jan fonksyonnman KAd la pa koresponn ak prensip administrasyon pwofesyonèl ki la pou anpeche koripsyon. Mwen te deja soulve pwoblèm sa a nan Asanble Jeneral AKA an 2016: Pa dwe gen okenn Akademisyen k ap fè demach dèyè do Konsèy Akademisyen an pou yo fè fanmi yo jwenn djòb oswa kontra nan men Sekretarya Egzekitif AKA. Sa se demach ki ta dwe soulve yon pakèt pwoblèm pou tout Akademisyen ki onèt e ki gen kolòn vètebral sitou lè n ap konsidere pwoblèm koripsyon ki deja ap kwape pifò enstitisyon leta nan peyi a.

Kesyon fondamantal pou KAd la ansanm ak Sekretarya Egzekitif la se: Èske djòb ke Sekretarya Egzekitif la bay fanmi Akademisyen respekte lwa sou pasasyon mache piblik? Èske kalte demach sa yo pa vin kreye yon konfli enterè ni pou Sekretarya Egzekitif la ni pou Akademisyen ki gen fanmi yo k ap travay nan Sekretarya Egzekitif la—sitou lè n konsidere ke Konsèy Akademisyen an se pi gwo otorite nan AKA selon Lwa Kreyasyon AKA?

Mezanmi, fòk nou tout klè sou sa wi. Si gen Akademisyen k ap fè demach nan Sekretarya Egzekitif la pou fanmi yo jwenn djòb nan AKA, sa ka kreye 2 kalte pwoblèm pou entegrite fonksyonnman AKA:
1.Sa ka afebli otorite Akademisyen sa yo ki gen fanmi k ap jwenn djòb nan AKA—paske Akademisyen sa yo ka vin pèdi endepandans ak entegrite entelektyèl yo devan Sekretarya Egzekitif la. Lè kon sa Akademisyen yo ka vin gen redevans pèsonèl devan anplwaye ki anba otorite yo.
2.Sa ka afebli AKA tou—paske sa ka kreye (aparans?) konfli enterè k ap vin fè AKA sanble ak plizyè lòt enstitisyon leta kote se parenn ak marenn k ap mennen nan plas konpetans pwofesyonèl ak ekselans syantifik. Se pou sa lwa pasasyon mache yo tabli kondisyon pou evite konfli enterè ak paspouki sa yo.

Lèt 22 janvye 2018 la te mande KAd la pou l esplike pozisyon li sou demach sa a:

“N ap mande KAd la pou l esplike ki jan kalte parennaj sa a koresponn ak règleman nan lwa ki fikse kondisyon pou pasasyon mache piblik e ki la pou anpeche konfli enterè ki ka mennen nan koripsyon. Fòk KAd la verifye ke lè AKA tounen yon koulwa pou bay fanmi Akademisyen djòb (“favoritisme”?), sa pa vyole lwa peyi a—selon règleman pasasyon mache piblik.”

Nan repons KAd la nan dat 28 janvye 2018, yo reponn ke lè m te soulve pwoblèm lan nan Asanble 2016 la, Akademisyen ki gen fanmi l k ap travay pou Sekretarya Egzekitif la te mande Konsèy Akademisyen an pou Akademisyen vote pou n deside si n dwe revoke fanmi l sa a nan Sekretarya Egzekitif la. Men, Konsèy Akademisyen pa te panse sa te nesesè pou yo pran vòt sa a.

Nan analiz mwen sou dosye sa a, kesyon fondamantal la pa konsène ki sa Akademisyen yo jije “nesesè”. Nou deja konnen gen Akademisyen ki panse pa gen pwoblèm lè konfli enterè antre nan fonksyonnman AKA lè AKA ap bay kontra. Pou mwen, sa vin kreye yon pi gwo enkyetid toujou lè gen yon majorite Akademisyen ki ka deside pou yo pa vote sou yon dosye kon sa san yo pa konsidere ki sa lwa peyi a di sou kalte dosye sa yo ki se yon gwo sous koripsyon nan enstitisyon leta.

Kesyon fondamantal lan se: Èske kalte demach sa yo vyole lwa peyi a tankou lwa sou pasasyon mache piblik? E menm si Akademisyen yo ta rive deside ke sa pa deranje si gen fanmi Akademisyen k ap jwenn djòb nan AKA, èske kalte desizyon sa yo, kote fanmi Akademisyen ap jwenn djòb nan AKA, p ap kreye enpresyon kòm ki dirè Akademisyen yo ap sèvi ak AKA pou enterè pèsonèl, enterè fanmi ak enterè ti klan pa yo?

6. RANKONT ESPESYAL AKA NAN DAT 29 OUT 2017 EPI REZOLISYON KONSÈNAN AKADEMISYEN LÉGER AK AKADEMISYEN DEGRAFF

Nan dat 29 out 2017 te gen yon “rankont espesyal” ki te fèt pami yon gwoup 17 Akademisyen kote Akademisyen sa yo pa te envite yon lòt gwoup Akademisyen ki te konsène dirèk dirèk nan dosye ki te nan ajannda “rankont espesyal” sa a. Mwen menm ak Akademisyen Frenand Leger te pami Akademisyen sa yo ki te konsène dirèk dirèk nan ajannda “rankont espesyal” sa a e ki pa te janm jwenn okenn envitasyon nan reyinyon sa a. Youn nan objektif rankont sa a se te mande 2 Akademisyen nan KAd la pou yo sispann pousuit legal kont Akademisyen Michel DeGraff ak Frenand Leger ki t ap kritike KAd la. Se menm rankont sa a ki te vin ponn yon “rezolisyon” ak yon “Komite Medyasyon” konsènan Akademisyen DeGraff ak Leger.

Mwen te ekri Konsèy Akademisyen an yon lèt nan dat 31 out 2017 pou m esplike yo ke ni “rezolisyon” sa a, ni “Komite Medyasyon” sa a ki soti nan rankont estwòdine 29 out 2017 la pa fouti gen okenn lejitimite dèske reyinyon sa a te fèt dèyè do 2 Akademisyen sa yo ke yo vin akize nan rezolisyon an (lèt la la).

Sa ki pi rèd, manm “Komite Medyasyon” sa a te deja siyen rezolisyon ki mande pou Akademisyen Léger prezante eskiz! Ki vle di: “Komite Medyasyon” sa a pa ta fouti objektif nan konfli sa a.

Ki kalte “medyasyon” sa a kote gen yon reyinyon ki fèt dèyè do 2 Akademisyen sa yo, epi reyinyon sa a vin ponn yon rezolisyon kont Akademisyen sa yo, epi yo mete sou pye yon “Komite Medyasyon” ki deja pran desizyon kont 2 Akademisyen sa yo?

Genlè sa se yon “Komite Medyasyon” ki gen paspouki depi an patan. Gen yon ti pwenyen Akademisyen ki pa te siyen “rezolisyon” sa a, ki te konstate pwoblèm lan e ki te pataje enkyetid yo ak Konsèy Akademisyen an. An tou ka, tout done sa yo montre se yon “Komite Medyasyon” trike ki pa ta fouti akonpli okenn “medyasyon” ki objektif e ki byen balanse.

Nan analiz mwen, sa ki pi tris la se lè gen 17 Akademisyen (rektè inivèsite, monseyè, pastè, pè, pwofesè, fonksyonè leta, ekriven, editè, elatriye) ki siyen yon rezolisyon kon sa ki pa respekte okenn nòm transparans, demokrasi ak objektivite. Epi apre dat 29 out 2017 sa a, mwen ak Akademisyen Léger kòmanse resevwa korespondans ki soti dirèk dirèk nan Sekretarya Egzekitif la nan non Komite Medyasyon sa a. Ki vle di: KAd la li menm, ki se sèl antite nan AKA ki sipèvize Sekretarya Egzekitif la, vin kore Komite Medyasyon bidon sa a.

An tou ka, dènye itèm sa a se yon lòt done ki dokimante kalte iregilarite k ap afebli entegrite AKA.

KONKLIZYON

Gen plizyè lòt pawòl ki ta ka antre nan lèt sa a. Men, lèt la deja long. M ap remèsye lektè sa yo ki te enterese nan li tout paj sa yo.

An tou ka, premye vèsyon lèt sa a nan dat 22 janvye 2018 se pa te yon lèt tou louvri. Malerezman, repons KAd la, nan dat 28 janvye 2018, pa te pote limyè ki nesesè sou dosye enpòtan sa yo. O kontrè, repons KAd la te chaje ak pwoblèm ladan ki te montre ki jan pwoblèm medyokrite ak mank transparans sa yo pi grav toujou anndan KAd la ak Sekretarya Egzekitif la. Dosye sa yo twò enpòtan pou m kontinye tann yon limyè ki genlè p ap janm vini. Dapre analiz mwen, deriv sa yo se tankou yon kansè ki ka fin pouri nannan AKA si nou pa denonse yo devan gran piblik la. Wi, sa fè plis pase yon lane depi m te kòmanse soulve pwoblèm sa yo. M ap mante KAd la pou yon konsilte valè mesaj imel ke m te ekri sou dosye sa yo—pifò mesaj sa yo toujou rete san repons ki klè.

Kounye a, m ap mande Prezidan Pauris ansanm ak KAd la yon reyaksyon piblik sou deriv sa yo. Kon sa, gran piblik la ava rive konprann ki jan AKA ap fonksyonnen.

M oblije ekri lèt tou louvri sa a paske mwen respekte misyon AKA e mwen kwè ke nou menm Akademisyen gen yon misyon enpòtan pou n akonpli pou peyi a. Mwen rete kwè kalte demach sa yo ke m dekri nan lèt sa a, se demach sa yo k ap kraze AKA e ki ka kraze repitasyon Akademisyen yo tou. Ki vle di se AKA ansanm ak peyi a k ap pèdi si deriv sa yo ap plede kontinye. Kòm Akademisyen, mwen pa fouti kite sa fèt kon sa. Kòm Akademisyen, m ap kontinye fè tout posib mwen pou m mete lòd nan dezòd menm si se an grenn senk m oblije fè travay denonsyasyon sa a e menm si denonsyasyon piblik sa a ka kreye pwoblèm pou mwen pèsonèlman.

Mwen reyalize Akademisyen yo ki deja siyen rezolisyon kont mwen ak Kolèg Frenand Leger ka met tèt ansanm pou yo vote kont mwen nan yon lòt “rankont espesyal” oswa nan Asanble Jeneral an 2018 san yo pa analize done sa yo ki nan lèt sa a e ki ta dwe ban nou tout tèt fè mal. Ann atandan, toutotan mwen nan AKA, m ap kontinye sonnen alam sa a menm si pifò Akademisyen yo ava vote kont mwen.

An final, m ap site pawòl Martin Luther King Jr. nan lèt ke l te ekri ann out 1963 nan prizon Birmingham, Alabama:

Jenerasyon nou an pral gen pou
mande padon, non sèlman pou
pawòl ak aksyon malouk moun
sa yo ki mechan, men tou, pou
vye silans moun de byen sa yo.
Se pa nesesite ki fè pwogrè imen
vanse. Pwogrè imen se rezilta
jefò fanm ak gason vanyan ki pa
janm bouke...

M ap tou pwofite remèsye Prezidan Pauris Jean-Baptiste, KAd la ak tout lòt Akademisyen yo pou konsiderasyon ke yo pral bay lèt sila a. Ansanm ansanm, nou dwe mete AKA sou pi bon ray pou yon fonksyonnman pwofesyonèl ki djanm, nan avantaj popilasyon an, selon misyon enstitisyon an.

Mwen te espere kenbe deba sa a anndan AKA. Men, jan deriv yo ap kontinye a, deba sa a pa ka rete anndan AKA. M ap mande tout moun k ap li lèt sa a pou yo reyalize ki jan AKA se yon enstitisyon ki nesesè pou devlòpman peyi a. Ki fè, tanpri, nan repons nou, pataje konsèy ki ka ede AKA vanse. Mwen pèsonèlman, mwen ka pa ka rete kòm Akademisyen nan AKA si Konsèy la vote kont mwen oswa si y ap vote kont sa ki ta dwe fèt selon prensip fondamantal pou transparans ak entegrite. Men, AKA, kòm enstitisyon leta ki egziste pou pwogrè nasyon an, dwe depase pèsonalite ak ajannda pèsonèl chak grenn Akademisyen.

M ekri lèt tou louvri sa a pou AKA rive fonksyonnen pi byen, san okenn menas medyokrite ak koripsyon pa pandye sou tèt li.

Respè,

Akademisyen Michel DeGraff nan Akademi Kreyòl Ayisyen



Epi n ap jwenn PDF 4 dokiman sa yo lè nou klike sou lyen sa yo:
1.Lèt Akademisyen Michel DeGraff, nan dat 25 out 2017, konsènan entèdiksyon kont fòm kout ki te parèt nan premye vèsyon Bilten AKA Oktòb 2016
 
2.Lèt Akademisyen Michel DeGraff, nan dat 5 avril 2017, konsènan demisyon l kòm Kòdonatè Komisyon Syantifik AKA
 
3.Lèt Akademisyen Michel DeGraff, nan dat 31 out 2017, sou rezolisyon ki te soti nan rankont espesyal 29 out 2017
 
4.Lèt Akademisyen Michel DeGraff, nan dat 24 novanm 2017, sou afich nan Facebook AKA, nan dat 14 novanm 2017, k ap mande pou n vote pou Mis Ayiti nan konkou bote.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Joel
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 15923
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: Re: Let Tou Louvri Michel Degraff voye bay AKADEMI KREYOL AYISYEN    Lun 26 Mar 2018 - 7:00


Kesyon pou Pwofesè Michel DeGraff sou lèt tou louvri li a

22 février 2018, 9:18  catégorie: Société6 941 vue(s)  A+ / A-  

konsènan deriv k ap febli fonksyonnman Akademi Kreyòl Ayisyen an

Doktè Michel DeGraff, pwofesè lengwistik nan inivèsite MIT nan Boston, Etazini, e manm fondatè Akademi Kreyòl Ayisyen, pibliye sou paj Facebook li yon lèt tou louvri pou Akademisyen nan Akademi Kreyòl Ayisyen (“AKA”). Pwofesè Hugues Saint-Fort, ki se yon lengwis li menm tou e ki konn kolabore avèk jounal Le National, reyalize yon entèvyou avèk Akademisyen DeGraff sou lèt sa a. Men entèvyou a:

1. Lèt tou louvri ou ekri sou paj Facebook ou a fè anpil bri sou rezo sosyo yo. Ki rezon prensipal ki motive w ekri lèt sa a ?

Lèt tou louvri sa a se aplikasyon yon pawòl James Baldwin ki di kon sa: “Se pa tout pwoblèm ke n ka rezoud. Men, pa gen pwoblèm ki ka rezoud si n pa rekonèt se pwoblèm yo ye”. Lèt tou louvri mwen an se pou n rekonèt pwoblèm sa yo ki dwe rezoud pou AKA ka reyisi misyon li.

Rezon prensipal ki motive m ekri lèt sa a se lanmou m pou AKA, se paske mwen vle yon demen miyò pou peyi a, se paske mwen kwè nou ka bati Ayiti nou vle a. E mwen kwè nan nesesite transparans ak entegrite syantifik e etik nan misyon AKA pou devlòpman peyi a. Sa se yon pozisyon ki pa negosyab.

Se pou rezon sa yo mwen kwè AKA dwe aplike transparans ak entegrite nan tout sa l ap antreprann kòm enstitisyon leta. Se kon sa tou AKA dwe byen itilize kapasite chak grenn Akademisyen ansanm ak tout kalte resous ke leta ayisyen ba li. Se kon sa AKA ap rive fè lang kreyòl la sèvi kòm zouti ki djanm pou edikasyon nasyon an e pou devlòpman peyi a. Malerezman, sa fè plis pase yon lane depi mwen ak kèk lòt Akademisyen ap plenyen dèske gen yon seri deriv k ap fèt pami Konsèy Administrasyon ansanm ak Sekretarya Egzekitif AKA ni sou plan syantifik, ni sou plan administratif.

Nan deriv sa yo, genlè se preferans ak enterè pèsonèl k ap prime nan plas enterè tout nasyon an. Enterè pèsonèl sa yo vin prime devan prensip lasyans, prensip administrasyon epi prensip pou edikasyon ak devlòpman. Se deriv sa yo ki riske mete AKA sou wout medyokrite ak koripsyon ki fè l ka difisil pou AKA sèvi peyi a kòm sa dwa.

Konsèy Administrasyon AKA deja ap akize m kòm si se mwen ki vle “avili” oswa “kraze” AKA. Menm gen manm Konsèy Administrasyon AKA ki te di yo te kòmanse fè demach legal kont mwen. Sa se yon lòt rezon ki fè m ekri lèt sa a tou louvri. Epi mwen pataje yon ti echantiyon dokiman ki kore pozisyon m nan dosye sa yo. Kon sa, dirijan AKA yo, yo menm tou, ava defann pozisyon yo nan lèt tou louvri devan gran piblik la tou. Kon sa, p ap gen “voye wòch, kache men” sa yo k ap twouble lavni yon enstitisyon ki endispansab pou devlòpman peyi a.

2. Youn nan pwen ou soulve nan lèt la ki frape m anpil se lè ou di : « Piblikasyon k ap parèt nan non « AKA » : piblikasyon sa yo riske kraze entegrite syantifik AKA ». Èske w ka elabore pi plis sou sa ?

An n pran egzanp piblikasyon k ap parèt nan jounal tankou Le Nouvelliste e sou paj Facebook AKA nan non “AKA”. Mwen detaye egzanp sa yo nan lèt tou louvri a:

https://www.facebook.com/michel.degraff/posts/10156203094888872

An n pran yon egzanp ke m te viv de pre kòm ansyen Kòdonatè Komisyon Syantifik AKA, anvan m te demisyone kòm Kòdonatè komisyon sa a. Sa se yon egzanp ki te ban m anpil chagren nan yon dosye kote Komisyon Syantifik la te fè yon bèl travay kolektif sou òtograf kreyòl la. Ann oktòb 2016, Sekretarya Egzekitif la te vin pibliye, nan Bilten AKA, yon “konsèy”, nan non “Akademisyen yo”, kont itilizasyon fòm kout pwonon yo. Dapre “konsèy” sa a, “Akademisyen yo” te rekòmande pou n sèvi ak fòm long pwonon yo nan plas fòm kout yo. E poutan, lè mwen te wè rekòmandasyon sa a nan premye bwouyon bilten an, mwen te kouri mande pou Sekretarya Egzekitif la korije erè sa a byen vit. Paske rechèch solid ke n te fè nan Komisyon Syantifik la te byen montre jan fòm kout pwonon yo nesesè pou reprezante gramè lang kreyòl la. Nou ka wè enpòtans fòm kout sa yo lè n konpare, pa egzanp, 2 fraz sa yo ki pa gen menm sans ditou pyès: “Foto sa a se pa m” epi “Foto sa a se pa mwen”.

Apre anpil ale vini, Sekretarya Egzekitif la te vin korije erè sa a nan vèsyon elektwonik bilten AKA a. Men, yo pa te jamè esplike kote erè sa a te soti. Se apre anpil ale vini pandan plis pase yon lane ke nou vin aprann se Prezidan AKA a li menm, poukont li, ki te deside pibliye “konsèy” sa a nan non tout “Akademisyen yo” alòs ke Prezidan pa te janm pataje desizyon sa a ni ak Komisyon Syantifik la, ni ak Konsèy Akademisyen an. Ki vle di: Genlè Prezidan AKA a gen plis konesans nan lengwistik pase Komisyon Syantifik la ansanm ak tout lòt Akademisyen yo! Sa grav wi.

Sa rèd anpil, wi, lè gen piblikasyon k ap pibliye nan non “AKA” san yo pa sèvi ak rezilta ki te soti nan rechèch lengwistik ki te fèt nan Komisyon Syantifik AKA a. Lè kon sa, piblikasyon sa yo ka mete piblik la sou move wout nan dosye ekriti kreyòl la. Pa egzanp, gen yon entènòt (yon etidyan nan Inivèsite Leta d Ayiti) ki te ekri m pou l di m ke depi l te li Bilten AKA ann oktòb 2016, li te fè tout posib li pou l pa sèvi ak fòm kout yo ankò. E poutan, fòm kout yo enpòtan nan gramè lang kreyòl la.

Gen lòt egzanp toujou kote Sekretarya Egzekitif AKA mete ansanm ak kèk lòt Akademisyen pou yo pibliye yon seri pawòl ki pa te janm pase anba je Komisyon Syantifik la oswa anba je Konsèy Akademisyen an. Te menm gen yon atik ki te parèt nan Le Nouvelliste nan non “AKA” nan dat 29 mas 2017: “Sa Konstitisyon nou an di sou pratik lang ann Ayiti”. Gen kote nan atik sa a ki tèt koupe ak yon pati nan liv Doktè Pradel Pompilus “Le problème linguistique haïtien”, yon liv ki te pibliye depi an 1985 (Éditions Fardin). Te menm gen kolèg kreyolis ki te kontakte m pou yo mande m ki jan fè AKA ap kopye travay gran lengwis tankou Doktè Pompilus. Atik nan Le Nouvelliste sa a se yon lòt piblikasyon “AKA” ki pa te janm pase anba je Komisyon Syantifik la oswa Konsèy Akademisyen an.

Wi, lè gen kalte piblikasyon sa yo k ap parèt nan non “AKA” epi dokiman sa yo gen gwo fòs kote ladan (swa paske yo pa chita sou baz syantifik, swa paske yo pa respekte prensip entegrite entelektyèl, swa paske yo antre nan dosye ki pa gen pou wè ak misyon AKA) sa riske fè AKA pase kòm yon enstitisyon ki pa gen jèvrin syantifik oswa ki pa merite respè popilasyon an.

Vreman vre, kalte piblikasyon bidon sa yo (ata afich sou paj Facebook AKA ki di “AKA” ap mande moun al vote nan konkou bote!), sa ka kraze otorite AKA kòm enstitisyon k ap pwone itilizasyon lang kreyòl la, sitou lè n sonje sa Konstitisyon an defini kòm misyon pou AKA: pou n sèvi ak LASYANS pou n devlope itilizasyon lang kreyòl la nan sosyete a.

3. Ou bay demisyon w kòm Kòdonatè Komisyon Syantifik AKA. Mwen konprann rezon ki motive w pran yon tèl desizyon. Men, sa fè m mal anpil. Èske gen mwayen pou w ta retounen nan posizyon sa a?

Sa fè m mal tou wi. Men, mwen te oblije pran desizyon sa a pou m demisyone kòm Kòdonatè Komisyon Syantifik AKA apre m te reyalize gen pratik “voye wòch, kache men” pami Konsèy Administrasyon ak Sekretarya Egzekitif AKA a kote sèten desizyon syantifik enpòtan ap pran dèyè do Komisyon Syantifik la. Genlè Sekretarya a ansanm ak sèten dirijan AKA konprann yo ka pibliye nenpòt sa yo vle nan dosye syantifik san yo pa konsilte ni ak Komisyon Syantifik la ni ak Konsèy Akademisyen an. Epi lè gen Akademisyen tankou mwen ak Kolèg Frenand Léger ki plenyen kont sa, yo di se nou menm k ap “kraze” oswa “avili” AKA. Gen dirijan AKA ki fè menas “demach legal”. Epi Konsèy Akademisyen an menm vote pou Kolèg Léger prezante eskiz pou pawòl piman bouk ke l te pale sou deriv sa yo nan AKA. Sa vin fè Kolèg Léger demisyone kòm Akademisyen nan dat 18 desanm 2017.

Mwen pèsonèlman, mwen pa demisyone nan AKA. Men, si mwen ta rete nan Komisyon Syantifik la, se sitire mwen t ap sitire kalte magouy sa yo kote piblikasyon “syantifik” ki gen fòs kote ap pibliye  dèyè do Komisyon Syantifik la ak lòt Akademisyen yo. Mwen pa ta fouti responsab kalte sitirans sa a.

Pou moman kounye a, mwen pa ko gen lide pou m ta tounen nan okenn komisyon nan AKA jan sitiyasyon an ap evolye a, ak tout deriv sa yo, ak tout mank transparans sa a ki toujou ap febli fonksyonnman AKA.

Kòm gen travay k ap fèt sou règleman entèn AKA e kòm gen nouvo Akademisyen ak yon nouvo Konsèy Konsiltatif ki fèk antre nan AKA, m espere AKA ava rive jwenn pi bon lidèchip ansanm ak bon jan règleman k ava anpeche fo pa sa yo. Men, genlè travay sa a pa ko ka fèt kòm sa dwa si dirijan AKA yo toujou derefize rekonèt pwoblèm fondamantal nan sèten deriv ki deja febli fonksyonnman enstitisyon an.

An n sonje pawòl James Baldwin lan ki mande pou n rekonèt kote pwoblèm yo ye pou n ka rive rezoud pwoblèm sa yo… Se pou sa mwen te ekri lèt tou louvri a.

4. Gen de (2) kalte pwoblèm ou souliyen nan lèt tou louvri ou ekri a : gen pwoblèm entegrite syantifik ki egziste pami sèten Akademisyen, sèten konsèy ak sèten komisyon nan AKA; epi gen pwoblèm administratif e etik (pa egzanp, djòb ak kontra pou fanmi Akademisyen ak fim kote Akademisyen ap travay). Dapre ou, kilès nan pwoblèm sa yo ki pi grav ?

Tou lè 2 kalte pwoblèm sa yo grav anpil paske se tou 2 ki ka febli otorite syantifik e moral AKA e ki ka fè AKA antre nan sikui medyokrite ak koripsyon.

AKA pa ka gen entegrite syantifik e moral si gen Akademisyen ki deja antre nan sikui koripsyon kote AKA ap sèvi pou enterè pèsonèl kèk Akademisyen, pami sila yo ki ta gen fanmi yo ki jwenn djòb nan AKA oswa ki ta travay nan fim k ap jwenn kontra nan men AKA oswa ki ta tire lòt pwofi pèsonèl nan AKA.

Sa fè m sonje te gen yon editè liv nan AKA ki te rive fè Sekretarya Egzekitif la mete yon afich sou alfabè nan lokal AKA a. Men, afich sa a te gen erè ladan. Lè m te mande pou yo retire afich la, Konsèy Administrasyon an te defann afich la kòm yon “pyès mize” pou yo kenbe nan lokal AKA!

Epi tou, si gen Akademisyen ki gen fanmi yo oswa fim yo ki jwenn djòb nan Sekretarya Egzekitif AKA, sa vin bay Sekretarya a gwo otorite sou Akademisyen sa yo. Ki vle di: Akademisyen sa yo deja fè enterè pèsonèl pa yo prime anlè entegrite travay syantifik yo. Akademisyen sa yo p ap ka gen objektivite ki nesesè pou yo evalye travay Sekretarya Egzekitif la depi yo gen fanmi yo k ap travay nan Sekretarya a oswa si y ap travay nan fim ki jwenn kontra nan men AKA. Epi tou, AKA li menm tou pa fouti gen objektivite nan evalye fim sa yo ki anplwaye Akademisyen e ki jwenn kontra pou travay syantifik nan AKA. Se pou sa gen lwa pasasyon mache piblik ki mande pou biwo leta evite kalte konfli enterè sa yo ki ka mennen nan koripsyon.

An menm tan, pa ka gen entegrite administratif si gen Akademisyen k ap fè konpwomi nan dosye syantifik yo. Depi gen konpwomi nan dosye syantifik, sa tou kreye deriv nan dimansyon administratif AKA sitou lè dokiman syantifik sa yo se Sekretarya Egzekitif la k ap pibliye yo dèyè do Komisyon Syantifik ansanm ak Konsèy Akademisyen an. Deriv sa yo kraze yerachi administratif AKA paske se Konsèy Akademisyen an ki ta dwe pi gwo otorite nan AKA selon Lwa Kreyasyon AKA.

5. Èske mo “medyokrite” ak “koripsyon” sa yo pa twò fò? Èske se pa piman bouk vre?

Enben, se menm pawòl James Baldwin la wi. Fòk nou rekonèt sa ki medyòk pou n ka kreye sa ki ekselan. Pa ka gen wout pa bwa sou kesyon sa a. E mwen kwè AKA ka fè travay ki ekselan pou nasyon an.

Gen kolèg nan AKA ki pa renmen mo “medyokrite” ak “koripsyon” sa yo. Genyen ki panse se paske m ap travay nan enstitisyon etranje nan peyi etranje ki fè m ap sèvi ak pawòl sa yo. Genlè pifò Akademisyen panse sa nòmal pou fanmi ak konpayi Akademisyen jwenn travay nan AKA. Men, vreman, èske sa ka “nòmal” si demach sa yo ta febli AKA? Èske sa ka nòmal si demach sa yo ta vyole lwa peyi a, tankou lwa sou pasasyon mache piblik? Sa se lwa ki pou anpeche koripsyon wi.

Menm gen kolèg nan AKA ki mande èske se pa “blan” ki voye m kraze AKA ak pawòl “koripsyon” sa yo. Sa montre yon lòt kalte pwoblèm grav k ap menase AKA: anpil nan nou ap soufri anba yon santiman nasyonalis ki malouk nèt e ki vle fè n panse se “blan” ki responsab tout malè pandye ki sou tèt peyi a. Wi, gen “blan” ki manfouben epi nou tout konn istwa ak politik ansyen ak nouvo kolon blan k ap maspinen moun nwa. Men, Frantz Fanon deja di nou gen moun nwa ki pi “blan” pase blan (“Peau noire, masques blancs”!). Epi tou, fòk nou sonje se Ayisyen k ap fè AKA antre nan demach k ap menase entegrite AKA. Sa se pa fòt “blan” yo, non, si ta gen Akademisyen ki mete preferans ak enterè pèsonèl yo devan enterè peyi a.

An tou ka, lasyans se pa yon aktivite “blan”. Cheikh Anta Diop, pa egzanp, te byen dokimante rasin lasyans nan Afrik Ginen. AKA tou ka pwone itilizasyon lang kreyòl la selon sa lasyans esplike sou wòl lang matènèl kòm zouti ki djanm pou edikasyon ak devlòpman . Pwojè syantifik sa yo mande bon jan fondasyon syantifik e administratif tou. Yo pa fouti reyisi nan mitan medyokrite ak koripsyon.

6. Ou pale nan lèt tou louvri a sou kesyon sekirite w ak fanmi w. Èske ou ka elabore sou sa ?

Menas sou sekirite m ak sekirite fanmi m, sa se yon avètisman ki soti nan brase lide ak kèk kolèg nan AKA ki te gen enkyetid sou reyaksyon lòt kolèg AKA yo devan lèt tou louvri a. Yo fè m sonje gen plizyè lidè nan peyi a (jounalis, politisyen, pè, fonksyonè leta, elatriye) ki mouri anba bal paske yo te denonse koripsyon nan enstitisyon leta. Sa se done ke nou tout konnen depi n ap suiv istwa peyi a. Mwen pèsonèlman, mwen gen lakrent pou lavi m tou e pou sekirite fanmi m. Men, kòm Akademisyen, kòm mwen kwè nan misyon AKA, mwen pa fouti kite laperèz mete baboukèt nan bouch mwen. Mwen vle pou AKA reyisi nan misyon li. Toutotan mwen se Akademisyen, m ap oblije denonse kalte demach sa yo ki ka bloke misyon AKA.

Se Hugues Saint-Fort ki reyalize entèvyou sa


Comments

2 comments




Laila Williams · Elmont, New York

Kalte kout gidon sa yo ki paret nan let toulouvri pwofese Degraff la ka chavire machin AKA a...Nou panse li enpotan ke chofe AKA a reponn e founi vesyon pa l. Li bon pou n raple ke sou zod peyi lafrans lwa AKA a te bloke nan pale nasyonal. Toujou sou zod peyi lafrans prezidan tet kale a pa t ka menm mete pwent pye l nan inogirasyon AKA. Sa sifi pou montre n akle ke, nan tet leta a, nan plas yon prezidan Dayiti, se te pito yon tchoul Dayiti...Se deteminasyon palman an ki rive akouche pwomilgasyon lwa AKA a. Kidonk nou ka konsidere ke AKA a limenm se pitit Palman an. Nan sans sa a nou panse li ta bon pou Palman an founi je gade nan sa k gen awe ak jesyon AKA. Fok Palman asire l ke pitit la ap byen grandi...Tout konsene dwe respekte lwa ki trase konduit manm enstitisyon an. Nou panse tou ke ta dwe genyen, si sa pa egzite, yon odit finansye ak odit administratif. Ki jan yon akademisyen ka pran sou responblite l pibliye dokiman ak tout kalte desizyon (menm desizyon tetanba) sou non tout akademisyen san l pa mete tout akademisyen o kouran? Sa se yon pratik grav, entolerab e totalman inakseptab.
Yon odit administratif ta ka detekte deriv sa yo e pran dispozisyon pou frennen yo. Odit administratif sa a tou t ap sevi kom bwa pandye sou tet sila yo ki gen tantasyon mache kwochi. Nou vle siyale tou ke se pa denonsiyasyon zak malonet k ap avili peson moun, men se pito zak yo yo menm k ap avili. Nan sans sa a se pa menas (setenman ilegal) ki pou fet, men chofe AKA e tout konsene anndan AKA dwe pran men yo, korije kaye yo e leve nivo a....

Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Sasaye
Super Star
Super Star
avatar

Masculin
Nombre de messages : 8214
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

MessageSujet: Re: Let Tou Louvri Michel Degraff voye bay AKADEMI KREYOL AYISYEN    Lun 26 Mar 2018 - 11:35


Nèg ann Ayiti yo pa fouti konprann pozisyon Pwofesè Degraf lan, paske se konsa tout administrasyon lan peyi a fonksyonen.
San konpetans, san etik, san transparans, ak nepotis epi moun pa.
Se sak fè yo mande l si se blan ki voye l.

Wi pwofesè a gen yon lòt atitid jisteman paske li ap travay lan gwo enstitisyon etranje ki devlope mantalite syantifik. Pa gen sa ann Ayiti.
Nèg yo ap boule lan magouy, mèt dam ak gwo ponyèt.
Kilè nap janm aprann?
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Joel
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 15923
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: Re: Let Tou Louvri Michel Degraff voye bay AKADEMI KREYOL AYISYEN    Jeu 12 Avr 2018 - 8:52

Le professeur Michel DeGraff du MIT examine le détriment du racisme en linguistique


Jeudi 18 janvier 2018 - 20h54
http://michigandaily.com/section/campus-life/lecture-examines-racism-and-prejudice-linguistics

Michel DeGraff, professor of Linguistics at MIT, presents Martin Luther King Jr's dream through the lens of linguistics and education at the Inaugural MLK Commemorative Lecture in the Michigan League Thursday.


Michel DeGraff, professeur de linguistique au MIT, présente le rêve de Martin Luther King Jr à travers la lentille de la linguistique et de l'éducation lors de la conférence commémorative inaugurale MLK jeudi dans la Ligue du Michigan. Achetez cette photo



Alexandrie Pompei / Quotidien

Professeur de linguistique au Massachusetts Institute of Technology, Michel DeGraff pense qu'Haïti a besoin d'un changement de paradigme.

Jeudi soir, environ 75 personnes sont venues à la Ligue du Michigan pour entendre DeGraff discuter des préjugés et du racisme en linguistique lors de la conférence commémorative inaugurale Martin Luther King Jr., tenue par le Département des langues et littératures romanes.  Son discours, intitulé «Nos vies noires peuvent-elles être importantes si nos langues ne comptent pas?», S'est concentré sur la suppression de la langue créole haïtienne dans son Haïti natal.

"En tant que linguistes, en tant qu'étudiants, la question pour nous est de savoir où se trouve l'injustice dans ce monde aujourd'hui", a déclaré DeGraff.  "MLK Day ne devrait pas être une fête.  Ce devrait être un appel à l'action.  Ce devrait être un jour de passion. "

En tant que directeur de l' Initiative MIT-Haïti - un but non lucratif favorisant l'apprentissage STEM enseigné en créole haïtien - DeGraff étudie les variations du créole , un groupe de langues qui s'est développé pendant la montée du colonialisme.  Selon DeGraff, les langues créoles sont l'une des langues les plus stigmatisées de la linguistique.  Bien que ce soit l'une des deux langues officielles d'Haïti, le créole haïtien a été qualifié de primitif, non développé et enfantin par les érudits linguistiques.  Cette perception est commune parmi les personnes en Haïti.

En grandissant, DeGraff a fréquenté une école privée où parler le créole haïtien était interdit.

"J'ai passé les années formatrices de ma vie à être racontée par des parents qui m'aiment, qui veulent le meilleur pour moi, que le créole haïtien soit un français cassé", a-t-il dit.  "Si vous voulez réussir, vous devez être humain.  Vous devez parler français. "

Malgré la stigmatisation, seulement 5% des Haïtiens parlent couramment le français et la plupart de la nation utilise le créole haïtien, le français reste la principale langue d'enseignement dans les écoles.  DeGraff pense que cela aggrave la position d'Haïti en matière d'éducation.  Le pays a un taux d'alphabétisation de 61% pour les hommes et de 57% pour les femmes, ce qui est actuellement le taux d'alphabétisation le plus bas dans l'hémisphère occidental.  Être enseigné en français plutôt que le créole haïtien beaucoup plus répandu crée un autre obstacle que les étudiants haïtiens doivent surmonter.

"Nous n'allons pas à l'école pour apprendre les maths.  Nous n'allons pas à l'école pour apprendre la physique ", a déclaré DeGraff.  "Les enfants vont apprendre le français.  C'est une situation difficile.  Comment convaincre les parents que les enfants peuvent apprendre le français langue seconde, ainsi que les mathématiques, la physique et la géographie?

Après sa conférence, DeGraff a reçu une plaque commémorative pour sa bourse et son travail en justice sociale du Département des langues et littératures romanes.

LSA sophomore Dominique Witten a dit que les préjugés anti-créole lui ont rappelé Ebonics , une variété américaine d'anglais parlée par certains Afro-Américains

"Ma mère a dit:" Vous devez utiliser la langue américaine standard ", avec l'idée que Ebonics lui-même est un niveau inférieur d'anglais", a déclaré Witten.  "Je me bats même moi-même - est-ce que je voudrais une école où l'on enseigne tout en ebonique?  Je ne suis pas sûr de la réponse. "

Mitchel Dipzinski, junior LSA, a également trouvé des similitudes entre les attitudes envers le créole haïtien et l'ébonisme.

"Depuis que j'ai suivi un cours sur la langue et la diversité, cela m'a ouvert les yeux sur le système éducatif d'une manière que je ne pensais pas auparavant, avec des choses comme Ebonics et comment cela peut affecter les gens qui apprennent". .  "Cela n'a fait que solidifier davantage ce pour quoi je veux être un activiste, et il y a du terrain qui est fait."

DeGraff et l'Initiative MIT-Haïti ont organisé de nombreux ateliers de promotion de l'utilisation du créole haïtien au sein du gouvernement et des universitaires.  DeGraff espère élargir l'accès des Haïtiens à l'éducation créole.

«Les enfants qui apprennent dans une langue différente et qui se font dire que ce que vous parlez à la maison n'est pas une langue appréciée est un problème sérieux», a déclaré M. DeGraff.  "C'est un défi pour les droits de l'homme quand vous avez des écoles ou des administrations qui utilisent une autre langue pour le discours."
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Contenu sponsorisé




MessageSujet: Re: Let Tou Louvri Michel Degraff voye bay AKADEMI KREYOL AYISYEN    

Revenir en haut Aller en bas
 
Let Tou Louvri Michel Degraff voye bay AKADEMI KREYOL AYISYEN
Revenir en haut 
Page 1 sur 1
 Sujets similaires
-
» Yon ENTEVYOU MICHEL DEGRAFF bay NOUVELLISTE
» AKADEMI KREYOL AYISYEN-YON GWO PA
» Entevansyon JAF sou AKADEMI KREYOL lan kontinye ap fe RAV.
» Fort-St Michel lieu macabre devenu le Cité Soleil du Cap-Haitien
» Après Lavalas le parti 'Louvri Baryè' de Renaud Bernadin dans la tourmente

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Haiti :: Espace Monde-
Sauter vers: