MAK;
Sa fe m sonje ka WATERGATE lan OZETAZINI.
Le KOMITE lan SENA ap fe ANKET e REPIBLIKEN yo we ke ETO an ap resere sou ADMINISTRASYON NIXON lan ,gen yon SENATE REPIBLIKEN ki di ke ADMINISTRASYON DEMOKRAT anvan yo te fe EKSE tou ,se pou yo fe ANKET sou yo tou,
SENATE SAM NUNN ki te an CHAY ANKET lan di misye ke "LE WOU PRAL LA CHAS POU LOUS ESKE W DEVYE POU W CHASE LAPEN TOU"
Se tankou sa ki ap rive TRUMP la a ,ak ETO an ki ap resere sou li tou.MISYE ak PATIZAN l yo mande ANRAJE pou yo fe ANKET sou madan CLINTON tou.
An jeneral ,sa pa pran TRAKSYON ,se pou sa misye plede ap revoke NEG FBI yo.
Bo isit lan OZETAZINI ,sa rele "WHAT ABOUT-ISM"
Se bagay,yon taktik ke FACHIS yo bon pou sa.
Se tankou le yo t ap jije NAZI yo lan NUREMBERG.Yo plede ap di ke le ANGLE ou byen FRANSE al kolonize lot PEYI yo ,yo masakre MOUN;yo di AMERIKEN yo ke yo te ekstemine ENDYEN e yo te pran SIDWES ETAZINI lan men MEKSIKEN yo .
ALOS ki dwa PEYI sa yo genyen pou JIJE yo pou JENOSID.
STEPHEN JACKSON ki te an CHAJ TRIBINAL lan ,pase 6 MWA ak LOT yo pou montre ke se pa menm bagay.
RAPO PAUL DENIS an ,se te yon ENSTRIMAN pou NEG yo te JISTIFYE KOUDETA a.
Mwen te tande ak ZOREY mwen an 2000 ke PAUL DENIS te di ke ARISTID te volo 800 MILYON DOLA.Se te an 2000 wi.
Le yon MOUN te mande misye pou l jistifye sa l di ,misye te reponn ke l te li sa sou JEUNE AFRIQUE.
JEUNE AFRIQUE WI?