Li ta sanble fanmy Coles ki gen lyen familyal ak Brandt yo pran nan menm pelen eskandal ki mete an koz Pè Brandt ak pitit li.Selon dosye sa ki devan kabinè Jij denstriksyon kolimatè jistis la ta brake sou Sea Board konpayi fanmy Coles ki a lorijin fo papye. Ki deklare BRH resevwa redevans ak task de 1 milyon de dola e plis pou tranzaksyon vant Kamyon Entènasyonal o pwofi Brandt .
Jij denstriksyon an ta bezwen tande yon anplwaye konpayi fanmy Coles ki nan sovado . Pou fè plis limye sou dosye Brandt l an menm tan ak lot koze yo ta repwoche konpayi fanmy Coles la. Kidonk koze yo ap vanse pou twouve lot konplis de ro nivo nan klas posedant lan.
Mezanmiro bagay sa poko fini non. Sakap pase la, se swa preval ak René Magloire minis jistis, pèdi la fas yo, ou byen setoblije voge tou dwa pou rann yon jistis san konpwomi, san fos kote. Answit brake kolimatè la jistis nan degwann frè syamwa, frè bo kote papa ak latriye.