San Malis,
Ni Che ,ni Fidel ,mesye sa yo te vin kominis;se sikonstan ki te fè sa.
Tou le de (2) misye sa yo te afekte anpil ,pa koudeta 1954 kont Jacobo Arbenz Guzman lan.
Te gen yon bèl eksperyan sosyal-demokratik ki te fèt nan Guatemala ant 1944 ak 1954.
Gouvènman sa yo te etabli yon nas sosyal ,refòm agrè,alfabetizasyon,patisipasyon gwoup endijèn yo nan zafè peyi.
Koudeta a vin fèt,CHE pou l te sove lavi l te blije pran anbasad nan anbasad Ajantin lan ,e apre sa misye vin lage kò l o Meksik e se la misye vin rankontre Fidel.
Mesye sa yo te anti-enperyalis.
Fidel menm ki te fèt nan pwovens Oriente,te konn istwa Lame Mambi (Mambises).masak 30 mil nwa de ansyen Mambises.
Masak sa a te fèt an 1912,se sèlman 13 zan anvan Fidèl te fèt an 1925.
Mesye sa yo te anti-enperyalis ,yo te reyalize ke Etazini pa t ap kite okenn chanjman fèt nan Kiba,pa vwa pasifik,e se sak fè tou yo te anbrase linyon Sovyetik,paske yo te bezwen pwoteksyon.