Leyou cheri, bel ti fanm dous ki soti lan peyi m.
Mwen pa di ke fanm lan peyi m pa bèl.
Mwen konnen yo anpil.
Se an Ayiti mwen aprann kisa yon fanm ye.
Wi mwen konn dousè fanm lan nò.
Mwen konn fanm Jakmèl ak fanm Okay.
Mwen goute plezi lan Miragwan rive Okay.
Kant a fanm laGrandans se siro myèl.
Lanpwen moun ki kapab montre m anyen sou fanm ayisyèn.
Mwen konn defo yo tou.
Men yon moun pakapab di tout fanm an Ayiti bèl.
Mwen pa kapab di tout ethiopyèn bèl.
Men mwen lan klib ethiopyen lan Vankouvè,
men mwen pa wè dan bonbon, ni kou long.
Siman genyen ki gen pwoblèm sayo.
Sa mwen di: mwen konn fanm lan tout kontinan,
men tifanm saa ke mwen rankontre a ki fanm mwen,
se pi bèl fanm ke m janm wè:
ke se swa an Amerik di nò ou di sid,
Erop e Lazi ki kote mwen frekente anpil
e kote mwen rankontre anpil fanm
tout koulè, tout ras, kout, ro, jenn,
granmoun.
Dayè ribrik saa se te sou peyi Ethiopi li ekri.
Kestyon fanm nan se yon akote.
Kidonk, Leyou, mwen pa t gen okenn entansyon pou m desann ni wou, ni okenn fanm ayisyèn.
Ou pa bezwen fache.