Sparrow se yon twoubadou, lan sans clasik.
Se yon atis angaje ki kouvri tout sijè: sosyal e politik e seksyel.
Jiskounyea li kontinye ap fe mèvey , li dwe gen 80 zan.
Mwen te al lan yon espektak misye, lan ete ki sot pase a , Vankouvè.
Mwen pase preske 1è ap pale, bwe manje avè l.
Nèg la se yon gran mizisyen, entelektyèl e powèt.
Li se yon ekspè lan tradisyon kalypso, kote li kapab konpose yon chante pendan yon espektak pou yon fanm, oubyen yon sitiyasyon e menm pou yon nèg ki lèd oubyen dwòl.
Le w ap tande chante saa sou Obama, se yon ekzanp de sa li te toujou ap fè.
Vwa l pa janm chanje, ni talan l.
Sel bagay ki chanje: misye vinn pi gwo avèk laj epi li kale tèt li pou cheve blan l yo pa parèt.
Se yon atis ke tout antiye konnen, renmen e respekte.
Se domaj, ayisyen pa konnen Sparrow byen.
Misye te menm fè yon chante pou Aristid, lan ane 90 yo.