Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
 
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  CalendrierCalendrier  FAQFAQ  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  MembresMembres  GroupesGroupes  Connexion  

Partager | 
 

 RAYI CHEN DI DANL BLANC: RESULTATS DE LA REGRESSION POPULISTE

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Aller en bas 
Aller à la page : 1, 2, 3, 4, 5, 6  Suivant
AuteurMessage
Doub-Sossis
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 1938
Localisation: Montreal
Loisirs: cockfighting
Date d'inscription: 24/12/2007

MessageSujet: RAYI CHEN DI DANL BLANC: RESULTATS DE LA REGRESSION POPULISTE   Mar 15 Avr 2008 - 18:55

Men bèel bagay nou ten gen non sèlman Port-au-Prins men tou nan prinsipal vil provins

yo avant ke les incompétents ne s'ent mèlent et tombé 'krazé brizé' au nom du 'génie de la race'.

Attention: Mwen pap voyé anken pwentt idéolojik talè ma tandé sé milatris,oubien collabo américain mwen yé'

Sé jis yon fait historique avec foto mwen prézanté la pou nou konstaté pa visu état régréssion popilas la menen nou....Mwen té déja posté Haiti té fè la première nan rantré premier machine a vapeur très sophistiqué nan Jacmel mwen kwè sim rapellém bien sété Hannibal Price, yon Haitien 'mounvini' kité rantré avèl.


http://www.tramz.com/ht/pp.html

POU LOT LA KITAP VOYÉM AL LI
'' La chance ki passe..''
CHANS LA DÉJA PASSÉ TI-KOK
KOULIA SÉ AN MOD SAUVE-KI-PEUT
'DAMAGE MANAGEMENT'
NOUYÉ LA......

SIW PANTKO KONPRAN SA
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 11116
Localisation: USA
Loisirs: Lecture et Internet
Date d'inscription: 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

MessageSujet: Re: RAYI CHEN DI DANL BLANC: RESULTATS DE LA REGRESSION POPULISTE   Mar 15 Avr 2008 - 20:50

Alò youn moun dwe mande eske se youn sinkyem kolonn ki te an ayiti pou sabote peyi ya ki fè jodya nou nan eta saa.paske ayisyen lontan yo te panse pi byen pase sa ki genyen jodya.Gen lè genyen youn bagay yo fè nan tet ayisyen duran 50 dernye lane ki sot pase yo.

lè you moun ap gade transport piblik ki te genyen an ayiti ak sa ki genyen koulyè ya se youn nan eksanp ki ka montre nou nan ki pwen nou fè bak tout jan.Gade sa ki ap fet saint Domingue koulyè ya aloske nan fen ane 40 yo trujillo te genyen jalousi ki jan estime tap modernise peyi ya.youn jandam te pito foukel.

maten yan mwen pran youn sezisman kote youn fanatik FDAH la ekri ke lame ak ti bidjè li ya te genyen youn lopital milite kote yo te ka fè nenpot operatyon e te genyen klinik nan pos pwovens yo kote jandam te jwen bon jan swen ,te genyen dantis tout kote enfimyè li di jandam te kon manje o mwen 2 fwa pa jou.anvan syklonn kann kale te genyen youn sektyon nan kasern yo kite servi de youn klinik cvre wi men sivil pat janmjwen swen nan klinik militè yo a pati de 1960 pat genyen medikaman nan klinik sa yo ankò li di ke menm sivil te konn jwen swen nan klinik sa yo ,Mwen te blije reli atik la poum te verifye si se te menm lame ke mwen te ladann ke lè bram te kase ke Hilaire te dim lame pa genyen kob pou achte piki pou jandam .

Wi lame te genyen lajan poul te ba jandam manje 2 fwa pa jou vre ke leta te bay men ki sa ki te pase lajan saa ,komandan distri ya pran pal ladann depi li sot chache li la bank, apre sa komandan sou distrik koupe l nan mwatye epi se mayi moulen ak pwa rouj ke yo bay jandam le swa youn ti moso pen ak youn ti kafe.lè maten ;men nouriti youn solda kite pral batay nan la gè;se sa li rele youn pla manje pou militè yo,sak fè pa janm genyen ofisye ki manje nan mes yo?

mou che di ankò te genyen youn servis daviatyon ke manb lame te konn itilise lè yo pral nan pwovens;mwen pa konn deyem lan men mwen ale jeremi youn fwa nan avyo saa se te lajanm ke mwen te peye .yo te komanse bay youn tikè pou te ka voyaje nan avion sa yo se konsa yo te banm youn lè mwen te pral jakmel an 1958 apre sa yo te vinn koupe sa.li di te genyen youn lyse pou jandam nan kasern dessalines pou solda se te deyem lan paske lè mwen te rantre nan lame mwen te vle kontinye klass mwen se kote OTTO louis jacques ki te genyen youn frel nan trasnmissyon ke yo rel Charlkes Louis jacques ke mwen ke mwen ak youn lot solda yo rle Bazile neg Ouanaminthe ke nou te ale ki poui te ba nou leson an prive ,Otto te mande nou 20 dola pa mwa konbyen mwen tap touche mwen kwè 110 goud apre yo te pran taks ak tout lot bagay bon renovatyon ak lot bagay ke mwen pa sonje ankò.Si te genyen lise saa se te dèyem lan yote kontwi li.fok jenn moun yo konn la verite lè pwopagandis ap voye monte.

li pale de marinn ayisyen se marinn saa ke Octave Cayard te pran poul te kannonnen Palè ya.you bato kanpe nan la rad Port-au-prince epi li pa menm ka kraze youn bilding nan kapital la se sa li rele la marinn ayisyenn ni aviyatyon pa ka koule bato. a.Men se fout yo lame yo.menm si pep la ap manje biswit labou.

Se pou mwen montre nan ki pwen servo ayisyen an dejenere.nan youn peyi kote pa genyen youn ti gout lwil nanpren rafinery nan peyi ya youn Premye Minis pa wè ki sa pou li pwopose kom moyen de transport youn otowout, nanpren anyen ki di li men eske tren pa ta pi ekonomnik.nan lot peyi ki nan zile ya ki pi rich se chemin de fer yap konstwi ke nan kapital ke nan lot vil pwovens.nou se de otowout nan pale.pou nou kouri lexus.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Doub-Sossis
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 1938
Localisation: Montreal
Loisirs: cockfighting
Date d'inscription: 24/12/2007

MessageSujet: Re: RAYI CHEN DI DANL BLANC: RESULTATS DE LA REGRESSION POPULISTE   Mar 15 Avr 2008 - 21:25

Ah Malis Wap Vini Wi!!

Sé sak fè mwen pa janm dékourajé avèw!!

Kom Haitien Natif Natal Ki gen enpil Kilomèt dlo ki passé anba Ponl....
Yo panka baw zanana pou sizann..

Men tanzantan fè yon ti néttoyé linèt la ak dlo klè nouvèl zidé, nouvo lékti et latrié wap wè haiti ak mond lan ak yon lot vizion..

Kimbé la mèt la
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
kakakok
Super Star
Super Star


Nombre de messages: 4023
Localisation: USA
Date d'inscription: 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

MessageSujet: Re: RAYI CHEN DI DANL BLANC: RESULTATS DE LA REGRESSION POPULISTE   Mer 16 Avr 2008 - 12:55

Dans le nord d'haiti on ne dit pas cela encore on dit plutot "" RAYI CHEN DI BWA LI ROUJ !
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Invité
Invité



MessageSujet: Re: RAYI CHEN DI DANL BLANC: RESULTATS DE LA REGRESSION POPULISTE   Mer 16 Avr 2008 - 13:03

kakakok a écrit:
Dans le nord d'haiti on ne dit pas cela encore on dit plutot "" RAYI CHEN DI BWA LI ROUJ !


Par contre, dans l'Artibonite, ,on dit: "RAYI CHEN DI LI GEN GROS BWA"
Revenir en haut Aller en bas
Doub-Sossis
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 1938
Localisation: Montreal
Loisirs: cockfighting
Date d'inscription: 24/12/2007

MessageSujet: Re: RAYI CHEN DI DANL BLANC: RESULTATS DE LA REGRESSION POPULISTE   Mer 16 Avr 2008 - 21:43

Colo ak Kok-la,

Nou viré parol la an RIZIB, men méssié sé KRIÉ poun ta KRIÉ WI!!!

Zantoulèka un peu d'humour comme celui de TONTON KOK est toujours le bienvenu Smile

Doub-la
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
piporiko
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 4756
Age: 41
Localisation: USA
Opinion politique: Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs: MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription: 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

MessageSujet: Re: RAYI CHEN DI DANL BLANC: RESULTATS DE LA REGRESSION POPULISTE   Jeu 17 Avr 2008 - 11:20

DEPI KILE LAME A TE KONN FE BON JAN OPERASYON NAN LOPITAL LI?SEL SA YO TE KONN FE ,SE ANPITE PYE SAN ANESTEZI.SI NOU TE KA MANDE DOKTE LAINE,LI TA DIW KOUMAN DOKTE NAN"LOPITAL SA A "TE KONNN FONKSIONE.TI BOULE AK ZAKOLIT LI YO TE SEL CHIRIJIEN.A LE LI LIV"FO DIMANCH ,FO LANMO"
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 11116
Localisation: USA
Loisirs: Lecture et Internet
Date d'inscription: 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

MessageSujet: Re: RAYI CHEN DI DANL BLANC: RESULTATS DE LA REGRESSION POPULISTE   Jeu 17 Avr 2008 - 11:30

Pipo

mwen bliye non doktè ya se te youn grimo ki tap fè residans lan nan lopital militè;li ak Miss magloire sikonsi m san anhestesie wi.piki yo te ban mwen pat genyen efè ankò paske li te perime.Mwen rele tankou you bet nan labatwa ,mwen manke koupe dwet youn infimye ki te vinn kenbe mwen.Lè ponyet mwen te kase yo te dim ke gouvenman an pa genyen lajan pou achte piki pou jandam ki gen frakti.Si sa mwen di ya se manti ke youn kout loray touye m sou chez mwen chita la.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Mawon Rcfranc
Star
Star


Masculin
Nombre de messages: 228
Localisation: USA
Date d'inscription: 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

MessageSujet: Re: RAYI CHEN DI DANL BLANC: RESULTATS DE LA REGRESSION POPULISTE   Jeu 17 Avr 2008 - 12:26

wouy, Rodlam, se de ri wou pa fèm ri. Wou manke koupe dwet infimyez la, si se te mwen se pa koupe mwen t'ap koupe'l selman. Gendwa se jalousi doktè-a t'ap fè, petèt, li te wè t'ap gade infimyez yo twòp, alòs li dechalbore san anestesi pou ba-w yon leson.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Doub-Sossis
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 1938
Localisation: Montreal
Loisirs: cockfighting
Date d'inscription: 24/12/2007

MessageSujet: Re: RAYI CHEN DI DANL BLANC: RESULTATS DE LA REGRESSION POPULISTE   Ven 18 Avr 2008 - 0:01

Malis sé bon pou wou,


Yo té dwé koupé pipich la voyé jété menm
pou INITIL.... Very Happy Very Happy
sak té diw pou konvèti nan JUIF Very Happy

Map pran Job Kakakok la nan menl

Doub-la
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Mawon Rcfranc
Star
Star


Masculin
Nombre de messages: 228
Localisation: USA
Date d'inscription: 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

MessageSujet: Re: RAYI CHEN DI DANL BLANC: RESULTATS DE LA REGRESSION POPULISTE   Ven 18 Avr 2008 - 15:23

Malis anmède kò'l twòp, li resi t-ap jwen ap pa'l. Malis te di yon lè, se a 17 an li te rantre lan lame, ki vle di lè sa te rive'l la, Malis te gentan lan tout afè'l (prije medam yo, dieu sèl me vwa, elatriye), epwi pou'l deside ale ba dokte jwe ak pati prive'l. Yo manke fèl kite tout ti frekan Razz . Kòm se moun pa nou, Doub la, wou t'ap oblije prete youn, menm si wou t'a vinn Simp Sossis. LOL Very Happy
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 11116
Localisation: USA
Loisirs: Lecture et Internet
Date d'inscription: 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

MessageSujet: Re: RAYI CHEN DI DANL BLANC: RESULTATS DE LA REGRESSION POPULISTE   Ven 18 Avr 2008 - 16:07

Se paske kach la te kreye youn konpleks lakay mwen ki fè mwen te beswnen youn tet byen nob ki pa genyen chapo.epi mwen te pran youn doulè nan fè dye sel me vwa.Figire w po a rantre deyè ne ya epi li di li pap retounnen nan plas li ;li di map fout tou toufe w. mezanmi tet la vinn tankou youn tet kafenol li gonfle poul pete.demen maten lopital jeneral tou dwet,.mezanmi youn residan manke kase l net ,youn bagay poul te fè youn ti insisyon anba po a poul te koupe kach la poul te pemet li vinn pi laj nonm lan pran pouse tet nob poul fè po tounen nan plas li ,mwen blije rele di l wap kase bwa m.mon chè lè sa mwen te lekol toujou depi lè mwen rantre nan lame mwen di bagay saa pap janm rive m ankò se konsa wi ki fè mal fè bouche ya masakre m san anestesi (lol)Se pa miss magloire non mwen te manke koupe dwet li ya ,non miss magloire pat ka kenbe m a 18 tan , se te youn infimye gason nan lopital militè ki vinn kenbe m pou m pa fè mouvman, Se youn bagay pou yo fè nan tout lopital ayisyen pou ti gason.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Sasaye
Super Star
Super Star


Nombre de messages: 5131
Localisation: Canada
Loisirs: Arts et Musique
Date d'inscription: 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

MessageSujet: Re: RAYI CHEN DI DANL BLANC: RESULTATS DE LA REGRESSION POPULISTE   Ven 18 Avr 2008 - 16:09

Mesye, Fowom lan gen de fwa se yon bèl komedi.

Nou konnen, jodya, lè m vinn gade sa k ap pase lan sit la, kè m pat finn two kontan nèt, paske map travay sou revni inpo m.

Kanada ap pran plis lajan lan men m, ane saa.

Eben, lè m li dènye blag Sanmalis, Doubsossis ak Mawon:
mwen ri jiskaske dlo kouri lan je m.

Mwen te blyie blag ayisyen.

Bonn fen d semènn mesye.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 11116
Localisation: USA
Loisirs: Lecture et Internet
Date d'inscription: 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

MessageSujet: Re: RAYI CHEN DI DANL BLANC: RESULTATS DE LA REGRESSION POPULISTE   Ven 18 Avr 2008 - 16:29

Sassaye

bon week end tou mon frè,pran kouraj se pa wou sel semen pase se te tou pam mwen toujou rete tann jis lè 14 Avril pral rive pase mwen toujou genyen pou bay lajan .e bye nan semen pase ya mwen te blije chita pou mwen fè li.Eksplike m menm si ou travay o Zeta Zuni ou dwe peye inkom taks Kanada tou?

mon chè pafwa fok nou bay youn ti blag pou nou distrè nou.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Sasaye
Super Star
Super Star


Nombre de messages: 5131
Localisation: Canada
Loisirs: Arts et Musique
Date d'inscription: 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

MessageSujet: Re: RAYI CHEN DI DANL BLANC: RESULTATS DE LA REGRESSION POPULISTE   Ven 18 Avr 2008 - 18:18

Monchè mwen pa finn si sou kestyon taks ke w poze m lan.

Mwen kwè si w meriken ap travay Kanada oubyen si w kanadyen ap travay Ozeta, gen yon fomil kote pi fo taks yo peye lan peyi wa p travay la e genyen yon aranjman ant de peyi yo kote yon pati ale lan peyi kote w soti a.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 11116
Localisation: USA
Loisirs: Lecture et Internet
Date d'inscription: 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

MessageSujet: Re: RAYI CHEN DI DANL BLANC: RESULTATS DE LA REGRESSION POPULISTE   Ven 18 Avr 2008 - 20:03

Bon an nou tounen nan sijè ya :Resultats de la regression populiste.sepou otè ya di nou ki lè regrèsyon an te komanse e ki moun ki populis yo?moun ki pat konn ayiti anvan1946 ka konprann ayiti se te youn eldorado.bagay yo pat mal konsa paske pat genyen tout moun sayo e deforestatyon a pat ko rive nan pwen saa. men mwen kite wè fen rey Lescot mwen ka di nou misè ya te di anpil pou majorite ayisyen.

Se sak fè fok nou koute moun ki te la diran rey mulatris la ,rey estime , rey paul magloire. rey Duvalier yo.si se ekonomi selman nou pran kom kritè pou nou konpare rejim makout la ak rejim sa nou rele populist la wi se vre sitiyatyon ka te pi bon, men sa ki fè li te pi bon eske se paske gouvenman bout di ya te jwen plis ed nan men patron li ou byen se paske populist yo pi volè ou byen pi move administratè?

nan konparezon saa fok genyen lot kritè tou tel ke represyon kont opozan ,liberte e dwa moun ,kalite la vi, jistis ,edikatyon ,sante etc.


Dernière édition par Rodlam Sans Malice le Sam 19 Avr 2008 - 8:57, édité 1 fois
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
 

RAYI CHEN DI DANL BLANC: RESULTATS DE LA REGRESSION POPULISTE

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Revenir en haut 
Page 1 sur 6Aller à la page : 1, 2, 3, 4, 5, 6  Suivant

 Sujets similaires

-
» Régis Chen
» Nimbao - quete de Chen
» Fete des un an du Soeil Blanc
» Le blanc se teint si facilement. [Sélène]
» Sauce apéro au fromage blanc

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Haiti :: Espace Haïti-