KOD ETIK FOWOMAYITI
Fowomayiti se yon kote moun pale, diskite e plede sou sitiyasyon Ayiti.
Pou sa mache byen nou mete règleman ki pou anpeche chire pit lan Fowom lan.
REGLEMAN YO
1) Tout manm yo gen dwa bay opinyon li kelkeswa lan ki kan politik li ye. Men se pou l respekte règ demokratik lan lòd ak disiplin.
2) Nou pa aksepte oken akizasyon, pale mal, joure, anmèdman ak mank dega. Tout jouman rasis, di betiz pa ladan l.
3) Si w gen yon bagay pèsonel pou w di yon lòt manm, se pou w voye yon mesaj prive bali.
4) Se pou nou rete lan sije ki poste ya. Si w gen yon lòt sije ou vle diskite, ou gen dwa louvri yon lòt deba.
5) Se pou w respekte opinyon yon lòt patisipan, mem si w pa dakò avè l.
6) Se pou w respekte vi prive otorite lan peyi a.
7) Se pou w toujou byen elve avèk lot patisipan yo pou lide yo kapab pase epi fè yon diferans lan peyi a.
Men anpil, chay pa lou.
POUKISA YO KA METE W DEYO.
Tout diskisyon yo gen moun kap siveye yo. Met Fowom lan ak lot moun ke yo mete en chaj: Administratè ak moderatè.
Si yon manm, lan sa li ekri, pa respekte tout règleman yo, Administrate ya oubyen lot moun an chaj yo gen dwa deside dapre jijman pa yo, pou yo anpeche l poste yon tèks, oubyen retire l oubyen efase l, san yo pa
oblije bay yon rezon.
Epi moun nan pa gen dwa mande oken reparasyon.
Epi si pawòl la se yon violasyon la lwa li ye, administratè yo gen dwa pouswiv moun nan la jistis. Epi li gen dwa sèvi ak enfòmasyon teknik lan rezo entènet la tankou adrès IP moun ki pose zak la.