nou mande jistis pou tout patisipan yo genyen dwa edite teks yo ekri ou byen pou serten manb nan forum lan genyen dwa edite teks pou tout moun ka konprann byen.Li ta menm nesesè ke chak moun ki vle bay moun ki for swa an franse ou an kreyol dwa pou korije teks yo epi pou fè otè teks la remake kote li fè fot la.mwen kwè se restavek ke colo vle ekri.
krim saa ki ap fet kont ti moun fok L'Unesco te genyen youn moyen pou pibliye chak ane kote bagay restavek la ap pratike paske se youn krim kont limanite.se indiyan ke an plen 21eme syek bagay sa yo eksiste toujou.
kadinal ameriken ki au vatican ki kritike Obama kont posityon li pran sou kestyon abortyon te dwe ap travay pito pou kreye orfelina tout patout pou resevwa ti moun ke paran yo ap mete nan esklavaj.Fok li te mande ke lekol katolik bay elev yo bon jan edikatyon seksyel pou moun ki pa ka pran responsabilite youn ti moun pa fè pitit.Lè youn moun ap gade bagay sa yo epi ou tande youn moun di li se konservatè wap mande sa ki genyen ki bon konsa nan le mond pou youn moun vle konserve yo.
3/4 moun sou la tè ap soufri anba youn soufrans entolerab epi youn paket ipokrit ap mande pou konserve strikti ki la koz soufrans sa yo.Viv youn revolutyon mondyal moun fout bouke wè kalite soufrans sa yo.ke bann grandisè ti fesè yo rale kor yo pou ba moun ki genyen konpasyon, charite e konpetans pran gouvènay peyi yo.Statu quo a se kalamite sou kalamite li pote nan limanité.