Mwen ap tann lansman pwochen forum lan pou mwen envite 2 zou twa moun ki ka pote kontributyon nan sektyon saa.mwen ta kwè moun ki genyen lot bi ke inyon ayisyen sou forum lan pap anpeche ke sa rive.
mwen pa vle ke se yon bann otofonik li tounen,mwen apresye misik,sitou atis angaje yo, mwen apresye film ki trete de sijè enpotan, mwen apresye liv tou ki ekri pa moun ki ap lite pou la vi pi miyor sou la tè,mwen ta toujou renmen li komantè sou pyes teyat ki an vog an ayiti menm si mwen pa ka wè yo.Mwen apresye bel penti ke pent nou yo kreye.
genyen yon moun ki te ekri ke tout pep genyen yon kilti lè mwen te ap kritike multiplikatyon ministè nan gouvènman an.Se pa ke mwen kont kilti non. mwen konprann nan moman difisil sa yo se pa miltipliye ministè san resous ki enpotan.Mwen rekonet valè kilti yon pep kom yon siman ki kole tout moun nan sosyete.se sa ki distenge yon peyi de yon lot peyi .se sak fè yo solidè.
nou pa beswen imite oken kilti ki pa pa nou.sa pa vle di nou pa dwe apresye lot kilti.Men fok nou apresye pa nou an anvan lot moun ka apresye li.men pou nou apresye pa nou an fok dirijan nou yo konprann enpotans tou sa ki vrèman ayisyen.Se pa zafè koulè ki fè mwen kondane sa ki te pase sou Lescot nan kanpay rejete a.Mwen rekonet ke vodou genyen bagay ki negatif ladann,men tou li genyen positif tou.fok nou pa bliye ki seremoni ki te fè esklav yo te revolte.Mackendal ak Boukman pat pret katolik ni pastè pwotestan.Si genyen eksplwatè mechan ki itilise vodou pou yo ka fè sorselri se nou kom ayisyen ki rekonet valè kiltirel vodou an ki pou mete yon strikti ki pou kondane move ekzanp sa yo e ki pou pini malveyan yo.
Etranje apresye kilti nou an plis ke nou menm.Byen ke nan bal lè se konpa ki frape nanpren moun ki chita men fok nou ankouraje misisyen nou yo ;fok nou achte video tou.mwen sonje nan ane 70 yo mwen te di Wicki Wainwright ke misisyen ayisyen yo pral benefisye de avansman teknoloji yo paske yo ka pwodwi pwop video yo san ke yo pa beswen yon mezon de pwodiktyon pou pwodwi sa.mwen wè ke sa panko reyalise tou a fè men genyen pwogrè ki fet kan menm.se yon sel bagay pou nou ekzije de jenn misisyen nou yo se kalite.Se pa mete nenpot pwodwi sou mache ya.Sa ki te fè reyisit ansyen yo se te kalite sa yo te pwodwi.Ke w pran jazz des jeunes, Septentrional, tabou konbo,Ska sha,okes Raoul Guillaume. okes gran kasino international konpa direk ak nemour jean baptiste ,kadans ranpa ak Webert Sicot mesye sa yo lè yo te mete yon plak sou mache ye se te bel bagay.Premye fwa mwen tande vwa Limann casimir mwen te telman emerveye ke mwen te mande pou yo montre m foto fanm saa.e mwen te al wè li nan Fort St Claire kote lite kouche sou yon kabann malad san ke gouvenman an pat ba li oken ed.Ki moun ki pat fyè lè ti Roro Baryajo te bay yon konsè nan Carnergie Hall nan New York nan ane 50 yo kote tout mopun tap li nan jounal kalite gwo koken siksè li te genyen.
men pou nou apresye kilti nou pi byen toujou fok ar rantre nan sa nou aprann lekol.se pa aprann fè desen epi yon ti kou solfej selman ki ar.fok ministè edikatyon natyonal bay lekol yo ase resous pou devlope apresiyation ar lakay jeness la.Se pousa malgre anpil nan nou imigre nan lot peyi men se pa anpil nan nou ki visite mize.zoo, jaden botanik ,ki ale wè yon pyes teyat , ou byen yon konser nan musik hall yo, wi genyen moun moyen yo pa pemet yo ,men genyen tou ki genyen moyen ki pa janm al kote sa yo.e menm sa ki ale nan kote sa yo; yo pa ka apresye tablo yo byen .map mande tet mwen si Andy Warhol tap genyen siksè saa an ayiti.Nou tande pale de Picasso,men eske nou konprann tablo ke li pentire yo?Dimanch swa map gade enterview ke yon pent ki trè apresye koulyè ya bay 60 minutes nan television.map pose tet mwen kestyon ki sak fè pent saa fame konsa.paske mwen pa wè anyen nan tablo li yo; poutan genyen tablo ki ap vann jiska 1 milyon dola.e konesè yo ap achte yo tankou pate cho.Lè map konpare tablo ke neg sa pwodwi ak tablo mwen te konn wè met Vincent nan o cap, Ou Nènè Exume sou Bel -air te kon pwodwi map di men Vincent ak Nènè te ka osi fame tou si an ayiti nou te apresye pent nou yo.se rar kote wale ke w wè yon penti ayisyen ke se swa ka yon doktè ou byen nan salon moun rich yo.Poutan la nan Boca Raton genyen jwif ki ap achte tablo ayisyen pou anpil lajan.
pou film yo menm mwen pa konnen ki jan pou sineyas nou yo ta ka kontakte yon nonm tankou Denzell Washington, Spike Lee e tou lot gran artis afro ameriken pou yo te ka jwen jan pou yo distribiye film ke yo pwodwi.Mwen kwè si yo pwodwi yon film de kalite anpil moun nan kominote nou yo apral wè yo.men tou fok se pa brik a brak yo pwodwi.
mwen fè rale saa poum reponn a yon demann ke administratè forum lan te mande m ,anvan rayisab yo vinn kritike mwen ,mwen pa ni yon kritik ni yon ar eksper.sete jis yon opinyon ke mwen te vle bay.