Se bagay sa a wi ki lakay noumenm ayisyen.
Tankou m te di l ,lè Nancy rOC te deklare DESALIN asasen an ,pa t gen pèsonn ki te pran tan yo pou yo reponn manmzèl.
Noumenm ayisyen tou ,gen lan nou ti krik ti krak n ap di ke an Frans ,se konsa tèl bagay fèt ,sesi sela;men tankou JACQUES DELORS te di l ,se movèz abitid yo sèlman nou pran.
Gade lè CLAUDE RIBBE te ekri liv li an "LES CRIMES DE NAPOLEON".
Liv sa a byen dokimante se sou mezi moun ke Napoleon bay lòd touye lan Antiy yo;se pa youn ou 2 atak yo fè sou Claude Ribbe ,keseswa lan radyo ou byen televizyon,paske pou franse yo NAPOLEON se preske yon moun "sakre" pou yo.
Mwen garanti w ,moun tankou NANCY ROC pa p janm rele NAPOLEON asasen.
E nèg sa a yo te rele DESALIN lan ,se pou ta gen "gwoup detid" ki pou ta kontinye etidye panse l ;kijan misye te wè inite fanmi ayisyen an.
Men yon lòt atik ,ke se lan konstitisyon misye sèlman ou jwenn li:
ART 14
TOUTE ACCEPTATION DE COULEUR PARMI LES ENFANTS D'UNE SEULE ET MEME FAMILLE ,DEVANT NECESSAIREMENT CESSER,LES HAITIENS NE SERONT DESORMAIS CONNUS QUE SOUS LA DENOMINATION DE NOIRS.
Nèg sa a te deja wa ki benefis yon pèp genyen lan jan li konsidere tèt li ,kouman li wè tèt li.
Se konparab ak jan entelektyèl ameriken nwa lan fen ane 70s yo detèmine ke kelkeswa koulè yo se"afriken-ameriken" pou yo rele yo.
Ala yon gason se te JAN JAK DESALIN sa a;ala yon vizyonè?