Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
 
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  CalendrierCalendrier  FAQFAQ  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  MembresMembres  GroupesGroupes  Connexion  

Partager | 
 

 Selon prof Sauveur Pierre Etienne Aristide pap fè ront pot nan Afrik di Sid

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Aller en bas 
Aller à la page : 1, 2  Suivant
AuteurMessage
Rico
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 6511
Localisation: inconnue
Loisirs: néant
Date d'inscription: 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

MessageSujet: Selon prof Sauveur Pierre Etienne Aristide pap fè ront pot nan Afrik di Sid   Sam 10 Jan - 14:12

Li ta sanble Aristide pap fè ront pot pou retounen Ayiti. Dapre sa mwen tande nan bouch Prof Sauveur Pierre Etienne nan emisyon Samdi nan Monreyal mesye ti poud blanch yo gen regleman kont ak mouche.

Alos eske Preval pral angaje 40 mèsènè etranje pou sekirite frè syamwa li. Paske rimè fè konnen Tutud pa gen konfyans polisye ou sekirite ayisyen pou sekirize l.


Alos ki lè retou ansyen ti prezidan an Ayiti.




A Swiv
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
T-NEG
Modérateur
Modérateur


Masculin
Nombre de messages: 3547
Localisation: Montreal
Loisirs: Sport
Date d'inscription: 29/12/2008

MessageSujet: Re: Selon prof Sauveur Pierre Etienne Aristide pap fè ront pot nan Afrik di Sid   Sam 10 Jan - 15:39

Selman moun sité soley tap kont pou pwotégé'l safè pa gin assé sékirité c bloff


Dernière édition par T-NEG le Sam 10 Jan - 15:54, édité 1 fois
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Thunder
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 4193
Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription: 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

MessageSujet: Re: Selon prof Sauveur Pierre Etienne Aristide pap fè ront pot nan Afrik di Sid   Sam 10 Jan - 15:49

Mwen, m toujou panse sa. M pa kwè ke Aristide bezwen tounen Ayiti vre. Kòm li soufri maladi foli chèf, li toujou ap bay fanatik yo yon ti pwent de tanzantan pou chofe wanga li. Misye twò entèlijan pou li ta ale Ayiti nan moman sa yo la a.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Thunder
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 4193
Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription: 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

MessageSujet: Re: Selon prof Sauveur Pierre Etienne Aristide pap fè ront pot nan Afrik di Sid   Sam 10 Jan - 15:56

T-NEG a écrit:
Selman moun sité soley tap kont pou pwotégé'l


Moun Site Solèy te toujou la wi lè se milyon ki t ap depanse pou pwoteje po nèg. epi Ki pwoteksyon ?

Mezanmi bay moun Site Solèy yo yon chans non atò, nou bouke kite politisyen san koutya sele nou tout tan menm jan ak bourik, ban nou yon chans atò!
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Rico
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 6511
Localisation: inconnue
Loisirs: néant
Date d'inscription: 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

MessageSujet: Re: Selon prof Sauveur Pierre Etienne Aristide pap fè ront pot nan Afrik di Sid   Sam 10 Jan - 16:46

Kote bizango site Soley sayo olye se blan je vèt ak nèg nwa meriken ki te bay ansyen mandatè sekirite. A la kote gen fanatik bon pèp site soley pap pran responsablite sa non plis. Kanta move bizango site soley, move atoufè chèf yo byen konnen moun konsa pa gen bon repondong , ni kalite pou asire defans li ni gen kontak ak pwoch li.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Joel
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 8195
Localisation: USA
Loisirs: Histoire
Date d'inscription: 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: Re: Selon prof Sauveur Pierre Etienne Aristide pap fè ront pot nan Afrik di Sid   Sam 10 Jan - 17:19

Rico a écrit:
Li ta sanble Aristide pap fè ront pot pou retounen Ayiti. Dapre sa mwen tande nan bouch Prof Sauveur Pierre Etienne nan emisyon Samdi nan Monreyal mesye ti poud blanch yo gen regleman kont ak mouche.

Alos eske Preval pral angaje 40 mèsènè etranje pou sekirite frè syamwa li. Paske rimè fè konnen Tutud pa gen konfyans polisye ou sekirite ayisyen pou sekirize l.


Alos ki lè retou ansyen ti prezidan an Ayiti.




A Swiv


Mesye nou konnen byen sa n ap di an ,tout se kakarat dèyè bwat.
Nou pè retou an kon chen.
Jodi an lan RANMASE, mwen t ap tande kote nèg panike paske chèf boukman an STANLEY LUCAS t ap pale de yon chita pou tout ansyen prezidan yo (Adye) ta fè ak PREVAL menm jan ak sa OBAMA te fè ak ansyen prezidan ameriken an.
LUCAS te di pou JCD ak JBA tounen.
Woyy kote misye di sa a,mesye emisyon poutchis RANMASE yo mande anraje .
Yo pa gen pwoblèm pou JCD ta tounen wi ,men si se pri sa a pou yo ta peye pou ARISTIDE tounen ,pito JCD ret deyò.

Yo konnen a lenvès ke mesye LAVALAS yo pa t ap gen okenn pwoblèm pou JCD ta tounen si pou ARISTIDE ta tounen.

Nèg pran lan yon angrenay.Yo pa vle ansyen pè an tounen ,paske yo konnen li pral domine politik lan ankò ann Ayiti e l ap voye anpil nèg lan chomaj.
Se lan pale de ti poud blanch ,ti nèg ap kontinye rablabla ;paske yo gen dwa pa gen kontwòl si pou "bète noire" yo an tounen ou si pou l pa tounen
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Rico
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 6511
Localisation: inconnue
Loisirs: néant
Date d'inscription: 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

MessageSujet: Re: Selon prof Sauveur Pierre Etienne Aristide pap fè ront pot nan Afrik di Sid   Sam 10 Jan - 19:04

Antouka voye monte kom fanatik egzalte. Mwen konnen ti nèg ki pa janm travay dur nan vi yo. Ki toujou viv sou frè lot pap janm kite avantaj yo fasilman. Saki refize konprann lidè kinan yo pase tout vi li nan roulib depi l ti katkat. Li pran egzil li frenk kontinye nan roulib. Alos kisa nou refize konprann li pap fè ront pot.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Joel
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 8195
Localisation: USA
Loisirs: Histoire
Date d'inscription: 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: Re: Selon prof Sauveur Pierre Etienne Aristide pap fè ront pot nan Afrik di Sid   Dim 11 Jan - 6:51

Rico a écrit:
Antouka voye monte kom fanatik egzalte. Mwen konnen ti nèg ki pa janm travay dur nan vi yo. Ki toujou viv sou frè lot pap janm kite avantaj yo fasilman. Saki refize konprann lidè kinan yo pase tout vi li nan roulib depi l ti katkat. Li pran egzil li frenk kontinye nan roulib. Alos kisa nou refize konprann li pap fè ront pot.


Se oumenm ki yon fanatik egzalte ,se pa mwen menm.
Nou pa wè chèf boukman an,STANLEY LUCAS koumanse ap vire bouch li?
Mosye deklare ke li pa gen pwoblèm pou JCD ak JBA ta tounen.
Se yon gwo pa wi mèt kanbiz lan fè.
Mèt kanbiz lan konnen kijan Washington fonksyone.
Noumenm kontinye ap fè wòklò n ap wè si nou pa p rete toutouni?

N ap wè kontinye ap bay pwoblèm e n ap wè si nou pa prale konn Jòj?
Ekskize m Jòj pala ankò.
M ap di nou mesye ,aprann kijan Washington fonksyone,nou pa an pozisyon de fòs ankò,la vwa vire.
E pou m fini ,mwen di n sonje JONAS SAVIMBI.Jesse Helms e nèg ki ap pistonnen STANLEY LUCAS yo te deklare misye gwo konbatan la libète.ROGER NORIEGA te konseye Jesse Helms fè gwo resepsyon pou misye lan Washington.

Enben mesye ,nou te konnen sa k te pase,se CLINTON wi ki te di Lame Angola a kote misye te kache (yo te dekouvri misye pa satelit) e lame Angola a lan yon bonbadman te fè misye tounen pousyè.

grate kò nou,fè menas ,ARISTIDE gendwa tounen ann Ayiti e so nou ta fè sa nou menase an ,yo ta gendwa kite pèp lan fini ak nou ,mete nou "hors d'état de nuire",yon fwa pou tout
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Thunder
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 4193
Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription: 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

MessageSujet: Re: Selon prof Sauveur Pierre Etienne Aristide pap fè ront pot nan Afrik di Sid   Dim 11 Jan - 10:49

Joel bay moun tèt yo, ak pèp pral sesi pèp pral sela la. Nou toujou bezwen melanje Chimè Lavalas ak pèp la. OP Lavalas kite konn ap jwenn plizyè chèk zonbi nan chak biwo Leta, Jwenn Lajan ke yo rele Woy-woy la separe bay baz ki fè plis dega. Se moun sa yo ki genyen nostalji Aristide, moun kite konn ap souse zo yo.


Retire mo pèp la nan lespri nou, li pat fè pete ban nou santi an 2004, pa konte sou li an 2009. Lè nou t ap koupe rache yo te toujou grangou nan labou a. Nou konprann pèp sa a pran nan blòf nou yo toujou. Pèp lan pasyan, men li pa kannannan. Nou pa wont ap pale de pèp sa a toujou, apre gwosè souflèt li te fout nou an 2004 ?
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Joel
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 8195
Localisation: USA
Loisirs: Histoire
Date d'inscription: 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: Re: Selon prof Sauveur Pierre Etienne Aristide pap fè ront pot nan Afrik di Sid   Dim 11 Jan - 11:26

Enben ti mal,ann gade pou nou wè?
Milye moun ki te pran la ri yo,pou mande retou ti nonm lan sa pa gen lontan de sa,se touche yo te touche tou?

Gen yon manifestasyon ki ap pare Jakmèl pou le 7 Fevriye la a ,moun sa yo deja touche pou yo sòti pa sa?

Tonnè boule m ,mwen di nou ,nou genyen pou nou konnen Jòj;se pou pèp sa a fout nou yon leson pou se dènye koudeta nou te fè se koudeta 29 Fevriye an.
E jan bagay lan ap devlope an ,pa gen moun ki pral di podyab pou nou .Tanpèt lan pare sou tèt nou;pa rantre anba pay ,kontinye ap grate nich nou!
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Rico
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 6511
Localisation: inconnue
Loisirs: néant
Date d'inscription: 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

MessageSujet: Re: Selon prof Sauveur Pierre Etienne Aristide pap fè ront pot nan Afrik di Sid   Dim 11 Jan - 11:58

Zafè pèp ki toujou nan grangou, nan tout tribilasyon l se yon ront pou pot parol ak tout koken lavalas ki vle kenbe zafè konsa. Se pase bon pèp nan betiz. Men se konte mal kalkile, nou dwe konprann pèp sa se li menm ki te an bandisyon nan GNB ki voye koken ale an 2004.

Koken ki finn kreye dezod, flanke yon bann ti loupim nan pwoblèm ak vyolasyon lwa nan vyolans boule mache, touye moun ak latriye. Se bann dezespere sayo, fanatik vyolan san fwa ni lwa sayo ki tap viv nan krim ak vyolans nou rele ti pèp. Non sitwayen pezib nan tout katye popilè peyi a se viktim sanzave sayo ki reklame yo bann ti lame, segnè lagè. Yo aji o menm tit ke klas boujwa sou kontrol Aristid ak tout Preval nan simaye la twoublay nan finanse lavalas ak espwa.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Sasaye
Super Star
Super Star


Nombre de messages: 5132
Localisation: Canada
Loisirs: Arts et Musique
Date d'inscription: 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

MessageSujet: Re: Selon prof Sauveur Pierre Etienne Aristide pap fè ront pot nan Afrik di Sid   Dim 11 Jan - 12:09

Jodi an lan RANMASE, mwen t ap tande kote nèg panike paske chèf boukman an STANLEY LUCAS t ap pale de yon chita pou tout ansyen prezidan yo (Adye) ta fè ak PREVAL menm jan ak sa OBAMA te fè ak ansyen prezidan ameriken an.
Joel
---------------------------------------------------

Sakap pase laa?

Depi kèk jou, Makanri ap pale de mete tout ansyen prezidan sou menm podiom.

Kounyea Jowèl vini ap pawòl saa li tande lan bouch Stanle Lika.

Kilès ki ap krache lan bouch kilès?

Eske genyen yon nouvo ideoloji ki ap devlope sou fowòm nan?

Mwen ta renmen konnen, paske nou tout fèt pou konnen sou ki wout nap mache.

Tout chimen pa rive Ayiti non.
Si Lika ap kondwi yon kamyonèt, mwen pap monte ladann.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Rico
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 6511
Localisation: inconnue
Loisirs: néant
Date d'inscription: 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

MessageSujet: Re: Selon prof Sauveur Pierre Etienne Aristide pap fè ront pot nan Afrik di Sid   Dim 11 Jan - 13:01

Parol mete tout ansyen koken sayo ansanm se yon plezantri. Dayè se menm kabrit tomazo menm plimay. Yo tout gen bagay ansanm kom move dirijan, retire madanm Trujillo.Mezanmiro ki konsey pou mande yon makout, chimè ou anko lame dayiti boum boum. Se vye koze radot kap pale.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Joel
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 8195
Localisation: USA
Loisirs: Histoire
Date d'inscription: 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: Re: Selon prof Sauveur Pierre Etienne Aristide pap fè ront pot nan Afrik di Sid   Dim 11 Jan - 13:50

Sasaye a écrit:
[i]

Sakap pase laa?

Depi kèk jou, Makanri ap pale de mete tout ansyen prezidan sou menm podiom.

Kounyea Jowèl vini ap pawòl saa li tande lan bouch Stanle Lika.

Kilès ki ap krache lan bouch kilès?

Eske genyen yon nouvo ideoloji ki ap devlope sou fowòm nan?

Mwen ta renmen konnen, paske nou tout fèt pou konnen sou ki wout nap mache.

Tout chimen pa rive Ayiti non.
Si Lika ap kondwi yon kamyonèt, mwen pap monte ladann.


Sasaye ,se menm kesyon an m ap poze tou.
Nou gen lè pran lan yon mera sou sit sa a.Ayè Samdi poutchis yo te fè yon bon moman ap diskite bagay sa a.
Genyen ki di se pou CEDRAS enkli lan diskisyon an tou.
Ki kote nou pran la a ,mesye yo kontwole près lan ann Ayiti;pa gen moun ki oze poze kesyon ;paske yo konnen mesye sa yo pa p betize ;gade sa ki rive LOVINSKY PIERRE ANTOINE?

Sou entènèt lan ,nou gendwa leve kèkdiskisyon ,pou pèp ayisyen an konnen kilès mesye sa yo ye vre.
Franchman yo pa konnen.
Vwalatilpa gen nèg ki ap fè jako repèt poutchis kou rèd.
Sa k ap pase menm;paske mesye sa yo vin konnen ki pwa "blog" yo genyen kounye an.
E Sasaye ,sa n ap di sou fiwòm lan deranje anpil ti nèg wi.
San nou pa bezwen jwe "la mouche de la coche" se sou entènèt lan wi nou ka fè moun ann ayiti tande yon lòt son klòch,paske mesye yo anprizone dwa la pawòl ann Ayiti wi.
Genyen yon la perèz ,menm moun ki pa dakò ak yo pa ka pale!
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Sasaye
Super Star
Super Star


Nombre de messages: 5132
Localisation: Canada
Loisirs: Arts et Musique
Date d'inscription: 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

MessageSujet: Re: Selon prof Sauveur Pierre Etienne Aristide pap fè ront pot nan Afrik di Sid   Dim 11 Jan - 15:23

Monchè, mwen paka pran lan mera.

Mwen pa t bezwen Lavalasyen ni Espwaryen pou entèvni, diskite, bay opinyon ak objektif pou sipote pèp Ayisyen an ki bezwen soti lan sitiyasyon li ye laa.

Men mwen te toujou konsidere ke tandans de (2) mouvman sayo se te lan defans ak sipò peyi a ak popilasyon l, ke fowom saa ki kontinyasyon yon lòt fowom ki pa t ezite pran non Lavalas.

Kidonk, mwen te konprann nou tout se te lan kan pèp lan nou te chita.

Sepandan, si genyen yon vire bò, kote moun ap chanje kan pou al tonbe lan poutchis ak Gnbis, ou pa kapab lan kan pèp ayisyen an anko.

Wap defann lot enterè ki kont enterè pèp ayisyen an.

Swiv yon nèg ki ap pote labanyè pou enterè antinasyonal pa konfòm ak prensip demokratik ke nou sipoze ap sipòte.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Mak
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 6201
Localisation: Terrebonne
Opinion politique: Démocrate
Loisirs: La marche
Date d'inscription: 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

MessageSujet: Re: Selon prof Sauveur Pierre Etienne Aristide pap fè ront pot nan Afrik di Sid   Dim 11 Jan - 15:54

Sasaye a écrit:
Jodi an lan RANMASE, mwen t ap tande kote nèg panike paske chèf boukman an STANLEY LUCAS t ap pale de yon chita pou tout ansyen prezidan yo (Adye) ta fè ak PREVAL menm jan ak sa OBAMA te fè ak ansyen prezidan ameriken an.
Joel
---------------------------------------------------

Sakap pase laa?

Depi kèk jou, Makanri ap pale de mete tout ansyen prezidan sou menm podiom.

Kounyea Jowèl vini ap pawòl saa li tande lan bouch Stanle Lika.

Kilès ki ap krache lan bouch kilès?

Eske genyen yon nouvo ideoloji ki ap devlope sou fowòm nan?

Mwen ta renmen konnen, paske nou tout fèt pou konnen sou ki wout nap mache.

Tout chimen pa rive Ayiti non.
Si Lika ap kondwi yon kamyonèt, mwen pap monte ladann.


Mwen konnen leu yon moun akepte pale ak yon lott , youn ka influense lott. Je suis heureux de constater une évolution dans l'approche de Stanley Lucas ces derniers jours. En fait, je lui ai même proposé de m'appeler pour parler de vraies affaires pour Haiti s'il le désire. Moi je suis prêt à lui parler pour le pays et pour la stabilité d'Haiti.

Pour qui Makanri se prend-t-il diriez-vous ?

Mwen vle jis pale ak lott moun yo mem jan map pale ak nou mem ki isit la.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
 

Selon prof Sauveur Pierre Etienne Aristide pap fè ront pot nan Afrik di Sid

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Revenir en haut 
Page 1 sur 2Aller à la page : 1, 2  Suivant

 Sujets similaires

-
» Mon sauveur !!!
» La présentation d'une prof bien sévère.
» La Pierre de Lune
» Cuisson sur pierre et autre mode de cuisson?
» Selon prof Sauveur Pierre Etienne Aristide pap fè ront pot nan Afrik di Sid

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Haiti :: Espace Haïti-