Fok ou sonje nan yon lot teks mwen di ke se tout ayisyen ki responsab.komanse pa mwen menm.Men nan ka katastwof ke nap viv jodya mwen paka ladann paske mwen kite peyi depi prè de 37 lane.
Se iresponsab yo kite asepte yon ti jenn nonm de 19 lane pran mayot la apre papa l mouri.Lè yo rele deyè ti jenn nonm lan poul shanje jan li tap gouverné peyi ya ,li remet yo pouvwa .Yo organise elektyon epi lè pep la deside poul shwasi moun li vle ki pou dirije l yo pito masakre l; pou yo gate elektyon an.Apre yo mete Manigat se yon menm ki pran lod pou arete Presidan ke yo mete ya.Lè yo fini indisipliné yo leve koken antre yo menm ,yo fout General an shef la yon kout pye nan boudal yo voyel an ekzil.Apre yo leve batay antre yo menm anko ,kasern kont Palè.Apre sa yon lot ti ambitye leve koken anko li fout fè arete Avril kareman.lè sa pa mashe li pito vinn pran prison o Zeta Zuni ke li te rete goumen .Avril la li menm lè yo ba l lod lè li finn masakre pep la ,bat politisyen tankou se domestik li, met li anbake l . li kouri vinn o Zeta Zuni.Lè avoka soti pou yo manje lajan l,fè l peye frekansite li; li kouri tounnen an ayiti.Finalman menm jan tyo te fè ak Dimarsais Estime,ak Daniel Fignole ,apre ke pep la reyisi vote moun li te vle ki te Presidan ,kom restavek oligashi ya apre 9 mwa yo fout arete Presidan anko jis yo di yo fel pedi kontwol misk deyè l.apre 3 zan yo fè ap masiminnen pep la ,met yo deside se twop ,li di yo set ase.Yo remet kay yo bay moushe blan yo pati a letranje.
Apre sa ou ta di san wont ,zo bouke shen yo ta bay peyi ya yon souf .Koulyè ya yon ti souflantyou pral mete l o servis yon gwoup esklavajis poul destabilise peyi ya anko.Malgre tout siplikatyon moun ki wè pi lwen pase pwent nen yo fè yo ,non se pa regade yo si peyi ya ap vire an ron yo fout fè blan yo fouke Presidan koulyè ya.Menm si li tou se yon ti kapon ki te dwe konnen lè la marinn pa metye w ou pa mande pou gouverne yon bato ki ap koule.Ou kite moun ki genyen kran ak kouraj tankou Daniel Ortega, Hugo Chavez, Fidel Castro lite ak malandren.
Wi mwen pap janm shanje vre ;pou mwen se yon konpliman ou fè m. pase mwen se pa yon ti job map defann se wont mwen wont poum tande sa pep ayityen ap soufri jodya a koz zak malfrendeng ak kravat, e ak uniform yo.