Sa louch anpil zafè kraze konstitisyon 87 Preval ak lavalas eli 4 fwa ladann. Se twouve jounen jodyè apre 2 mande koken vle rete toujou sou pouvwa. Se moun konsa apre limitasyon 2 tèm konstitisyon 87 pou prezante kom prezidan vle debarase yo ak li. Se la wi pou byen konprann tout sipotè magouyè kap voye monte pou atenn objèktif malonèt yo. Se komsi bon pèp se enbesil yo pral pran nan pa konprann.
Kom plimitif la byen di menm konstitisyon Ameriken bezwen rapistole. Men se pa ditou zafè kraze konstitisyon prezidan Preval ap pronnen. Ki kote menm politisyen sayo vle vini. Jan plimitif la di kisa yo vle chanje, amande nan konstitisyon an pou gen kom pretèsk yo vle chanje li. Finalman kisa yo pè konsa ak konstisyon 87 la. Eske janm gen konstitisyon ki pafè. Eske evolisyon yon sosyete pa mande amandan ki dwe pote ou ajiste yon konstitisyon, men poukisa chanje totalman.
Dayè plimitif kap ekri bèl franse pa menm di anpil lwa daplikasyon konstitisyon sa pa janm adopte. Alos sa rann li plis inoperant e non aplikab. Ak bann palmantè kwoupyon, kreten, kap kouri dèrye sibvansyon, vann diri ak tol konstitisyon ap toujou yon modi pwoblèm. Yo pa prezan nan 2 chanm yo, se kouri nan tout ministè deryè avantaj, pa gen tan ekri, pwopoze ak vote lwa.
Se la wi bon pèp dwe veye koken kap voye monte, vye politisyen tradisyonèl, ti pepis manipilatè kap fè politikayri. Nou dwe vilijan pa lese tout aki demokratik ke konstitiyson 87 bannou. Non lese vye taktik koken pase pou pase nou yon ti vit.