| | | VOEUX DU PRESIDENT ARISTIDE A L'ENDROIT DU PEUPLE HAITIEN. | |
| |
| Auteur | Message |
|---|
piporiko Super Star

 Nombre de messages: 4754 Age: 41 Localisation: USA Opinion politique: Homme de gauche,anti-imperialiste.... Loisirs: MUSIC MOVIES BOOKS Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: L'impulsif
 | Sujet: VOEUX DU PRESIDENT ARISTIDE A L'ENDROIT DU PEUPLE HAITIEN. Lun 25 Déc 2006 - 11:59 | |
| Président Jean-Bertrand Aristide Pretoria, South Africa
BON ANE 2007 !
 Pèp Ayisyen pa jwe mab eleksyon pou zoklo trayizon. Téléchargements [url=http://www.hayti.net/tribune/audio/telecharger.php?Fichier_a_telecharger=BON_ANE _2007.rtf&chemin=]Télécharger Texte[/url] Télécharger Audio Envoyer vos voeux
[b]
Sè m, Frè m,
Se ak kè kontan Minouche avè m salye w Pandan n ap depoze yon kouwòn rekonesans Sou memwa Papa Jan Jak Desalin, le Grand.
17 Oktòb la sot fè 200 zan Depi Papa Desalin tonbe Pou chak Premye Janvye Te louvri pòt Yon Bòn Ane Lakay, sou tè d Ayiti nou an.
Nan lonbray desantyèm anivèsè sa a, Nou salye memwa tout lòt Ewo nou yo E nou abranse w fratènèlman Pou swete w: Bòn Ane 2007 !
Lè ti moun kou gran moun Gade nan miwa Premye Janvye, Yo renmen poudre ak plimo bòn ane. Se ak anpil afeksyon n anbrase Tout timoun pou swete yo chak : Yon Bòn Ane espesyal.
Yon lavalas bon souwè ak amou fratènèl Pou ou ki lakay kòm nan 10e Depatman an ; Ou menm Pitit Peyizan k ap soufri nan Tout seksyon kominal kòm nan katye popilè Okap, Okay, Jeremi, Pòdepè, Fò Libète, Gonayiv, Ench, Jakmèl, Miragwan, Sen Mak, Tigwav, Site Solèy, Lasalin, Bèlè, Solino, Matisan, Gran Ravin, Kafou, Taba, Laplenn, Delma, Petyonvil, Kenskòf, kòm nan Pòtoprens.
Pèmèt nou di 15.000 mèsi Pou bèl souwè 15 jiyè 2006 yo. Bèl woz solidarite nou resevwa yo Pa janm fannen nan jaden memwa n. Jan yon pwovèb nan lang Ebre a di :
ןבא וב קורזת לא םימ ונממ תיתשש רוב An bon Kreyòl: Moun pa dwe manje manje bliye.
Rekonesans ak fidelite sa a, An verite, se yon istwa damou Ki egzije delivrans Manman Ayiti. Yon delivrans ki difisil, trè difisil, Men yon delivrans ki pa enposib.
Se pou sa menm, fòk dabò gen limyè. Limyè entèlijans kòm limyè konsyans. Limyè moral pou l pa fè nwa Lajounen kou lannwit.
Si l difisil pou lave kay tè, Li pi difisil toujou pou Lave kay tè nan blakawout.
Kidonk, vide limyè delivrans sou Ayiti, Se refize Ayiti kontinye lave kay tè Nan blakawout koudeta.
Depi premye koudeta 17 oktòb 1806 la, Konplo trayizon an te egzije pou Manman Ayiti lave kay tè a Ak pwòp san Papa Desalin.
Konsekans : 200 zan apre, Pèp la toujou menote nan Mizè, grangou, chomay, apatay…
Se pou sa menm nou deklare : Chak fwa yon gang patripòch Etenn lanp moral la, Fòk yon lavalas patriyòt Relimen l e rechaje l Ak bon jan gaz konsyans.
An nam e konsyans, Nou pa ka fè kòm si n pa wè Kijan konplo trayizon an Menote Pèp la 2 bra, 2 pye Nan mizè apatay Depi dyab te kaporal.
Si premye koudeta kont Papa Desalin nan Pote premye pri nan krim trayizon, Dènye koudeta 29 fevriye 2004 la Chanpyon ni nan krim trayizon, Ni nan krim kidnapig prezidansyèl.
Jan nou tout konstate, Depi kidnapig 29 fevriye 2004 la Fi n limen sigarèt la nan 2 bout, Maladi kidnapig tounen yon epidemi. Tout moun soufri. Tout moun jwenn.
Kòm soufrans youn nan nou Se soufrans nou tout, Tout patriyòt gen obligasyon moral Pou konbat e kidnapig e pwazon trayizon Ki toujou fè inosan peyi pou koupab. Si anndan pa vann, deyò pa achte. Mwens trayizon egal mwens soufrans.
Klòch moral sa a sonnen byen fò Nan Ladesalinyèn ou nan Im Nasyonal nou an ki di : “ Dans nos rangs point de traîtres… Nan mitann pa fèt pou gen trèt…”
Fidelite patriyotik akouche ero. Pwazon trayizon akouche zewo.
Plis nou kole zòrey nou sou kè Fanmi Lavalas, Se plis nou tande 5 kout kannon fidelite sa yo :
1. Pèp Ayisyen pa limen lanp demokrasi ak alimèt trayizon.
2. Pèp Ayisyen pa jwe mab eleksyon pou zoklo trayizon.
3. Pèp Ayisyen pa manje manje bliye, Ale wè pou manje trayizon. Li fè matla pouvwa pou l pa dòmi atè.
4. Pèp Ayisyen pa janm met linèt trayizon pou anpeche l wè Bèf ki moulen kann nan se pa li k bwè siwo a.
5. Pèp Ayisyen di : Regle jis pa gate zanmi. Donk li fennk kare mobilize pasifikman pou : Retou imedya, Retou prizonye politk, Retou viktim nan travay yo, Retou lapè ak respè pou tout Pitit Peyi a.
Sè m, Frè m, Chapo ba pou ou ki vle tabli Lapè ak respè sa a pou Tout moun san distenksyon !
An 1806, san Desalin te koule Pou nou tout viv kòm sè ak frè, Egal ego, nan respè youn pou lòt. San nou se san Ayiti, Nou pa ka trayi san nou.
Lè a rive pou ansanm ansanm Nou ekri yon nouvo chapit fidelite Nan Istwa d Ayiti nou an.
Kite menòt mizè a tounen bijou Nan bra Ayiti pandan 200 zan, Se imoral e inakseptab.
Kite kansè trayizon an Fè metastaz nan sèvèl wòwòt, Se imoral e inakseptab.
Direksyon moral sa a Nesesè e endispansab Pou ane 2007 la pa nwaye Nan blakawout dezespwa.
Wi, direksyon moral sa a Nesesè e endispansab pou Debloke Peyi a, bloke mizè a ; Demare lajistis, mare kriminèl ; Demonote Ayiti, menote ensekirite a.
Dayè, si pisans moral sa a Pat toujou gide mas Pèp la, Sa fè lontan tèt li tap pati San paspò, san viza, San tikè, san destinasyon.
Kidonk, Li tap deja fou nan founo mizè.
Nou tout konnen sak vid pa kanpe. Si Pèp la kanpe malgre vant li vid, Se paske tèt li pa vid.
Yon lavalas ochan pou tout Patriyòt sa yo ! Yon bon Lavalas se yon bon Patriyòt. Lavalas se « L’ union fait la force ». Fòs moral Ayiti chita nan Pèp Ayisyen li menm menm.
Se pou sa, vle pa vle, sote ponpe, Fòk ane 2007 sa a pote yon demen miyò. Gen yon lavalas rezèv moral pou sa fèt. Pèp Ayisyen se rezèv moral Peyi d Ayiti. Si gen patisipasyon Pèp la nan pouvwa Pèp la, N ap debouche kanmenm sou delivrans Ayiti.
Ayiti an pann, men Se li ki pa n. Pa n se pa n. Wi, se vre : Pa n se pa n. Se ladann pou n RETOUNEN.
Wè pa wè, n ap wè. Wè pa wè, n ap wè lakay. Se va yon bèl fèt lapè Ak lanmou fratènèl.
Nan menm chalè renmen sa a, Minouche avè m anbrase nou tout E redi n nan lang Zansèt yo:
Sizobonana ekhaya ! Sa vle di : Na wè lakay. Unyaka omucha omuhle ! Sa vle di : BON ANE !
Pretoria, Afrik di Sid Desanm 2006
[/b] Pretoria, Afrik di Sid Desanm 2006
Dernière édition par Forum Haiti le Lun 25 Déc 2006 - 15:38, édité 1 fois |
|  | | drno Star

Nombre de messages: 402 Date d'inscription: 22/08/2006
 | Sujet: Re: VOEUX DU PRESIDENT ARISTIDE A L'ENDROIT DU PEUPLE HAITIEN. Lun 25 Déc 2006 - 14:39 | |
| " Pèp Ayisyen pa jwe mab eleksyon pou zoklo trayizon."
Il n'est pas seulement un dictateur, mais aussi un LOOSER.
" Sizobonana ekhaya !Sa vle di : Na wè lakay. Unyaka omucha omuhle ! Sa vle di : BON ANE !"
Il est devenu beaucoup plus fou que jamais. |
|  | | Jacky Alexis Junior
Nombre de messages: 4 Date d'inscription: 14/12/2006
 | Sujet: Re: VOEUX DU PRESIDENT ARISTIDE A L'ENDROIT DU PEUPLE HAITIEN. Lun 25 Déc 2006 - 15:09 | |
| Rayi chen di dan l blan. Li chanpyon nan fe je mo. JBA maton nan ekri kreyol. misye gen yon pouvwa majik nan expresyon kreyol lan. Ou pa ka pa kontan li misye. malerezman lom pa viv selman de pawol. Yon chay konpliman pou JBA pou savè li mete nan lang lakay la. Vreman li fel gou. Menm si mwen pa dako ak JBA ki marye desten pep la ak retoul men mwen kontan li mesaj li an. Li pa posib pou desten yon pep lye a satisfaksyon yon moun ou ak yon gwoup moun. mwen konpran n nan mesak JBA ke li pa dijere pati espwa. Poutan li gen lespwa kel ka tounen nan 2007. tet chaje. Mab sib. |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 7766 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: VOEUX DU PRESIDENT ARISTIDE A L'ENDROIT DU PEUPLE HAITIEN. Lun 25 Déc 2006 - 17:36 | |
| Atansyon mesye!
Nou pa ka kontinye di misye pa prepare ankò.
Miisye se yon gwo bwa nan pwojè "African Renaissance" Thabo Mbeki an. Se yon pwojè Inivèsite Sid-afriken yo,ki rekonèt pami meyè Inivèsite nan mond lan. Donk pa di ankò ke lòt moun mye prepare pase misye,akademikman ankò. Pa gen sa pyès ankò non mesye!
Epitou,si tinèg ap kontinye politik ki ap fèt depi anviwon 3 twa dènye ane yo.n ap rann prediksyon ARTURO VALENZUELA te fè apre koudeta 29 Fevriye an,vin vre.
Valenzuela ,ki te konseye CLINTON pou Amerik Latin te deklare ke mesye Repibliken te kreye yon lòt JUAN PERON nan Amewrik lan,ak ranvèsman Aristide lan! |
|  | | piporiko Super Star

 Nombre de messages: 4754 Age: 41 Localisation: USA Opinion politique: Homme de gauche,anti-imperialiste.... Loisirs: MUSIC MOVIES BOOKS Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: L'impulsif
 | Sujet: Re: VOEUX DU PRESIDENT ARISTIDE A L'ENDROIT DU PEUPLE HAITIEN. Lun 25 Déc 2006 - 22:09 | |
| DESIDEMAN DRNO, OU SE YON MALAD.KI DONK LEKOL MONTRE LEW PA KONPRANN YON BAGAY,OU AKIZE MOUN DE FOU.MANMAN BEF!KOTE W SOTI?PA DIM OU SE YON ENTELEKTYEL. |
|  | | CLAIRE-HEUREUSE Junior
Nombre de messages: 8 Date d'inscription: 25/12/2006
 | Sujet: Re: VOEUX DU PRESIDENT ARISTIDE A L'ENDROIT DU PEUPLE HAITIEN. Mar 26 Déc 2006 - 0:04 | |
| Ayiti an pann, men Se li ki pa n. Pa n se pa n. Wi, se vre : Pa n se pa n. Se ladann pou n RETOUNEN.
Aristid avan neg yo debrache mwen kite mwen kase mete nan men'w .
Gade bel koze tet anba ou yo pou wou...Pep Ayisyen pa bezwen anyen nan men'w anko...tout kado ou yo genyen pwazon.. Vol . piyaj , anlevman , boule moune tout bagay sa yo soti nan wou..
Mesi bokou preyidan, nou bouke e nou pa regret ou ditou. |
|  | | foknougoumin Star


Nombre de messages: 224 Date d'inscription: 02/12/2006
 | Sujet: Re: VOEUX DU PRESIDENT ARISTIDE A L'ENDROIT DU PEUPLE HAITIEN. Mar 26 Déc 2006 - 0:52 | |
| " Pèp Ayisyen pa jwe mab eleksyon pou zoklo trayizon."
bon moun ki ap rablabla ki sa ki pa vré nan sa prézidan an di la. Sé vré lespwa trayi pèp la, é malérézément jan mwin wè bagay ap maché là, nou gin youn lot 5 ané dé trayison pou nou pran anko. |
|  | | drno Star

Nombre de messages: 402 Date d'inscription: 22/08/2006
 | Sujet: Re: VOEUX DU PRESIDENT ARISTIDE A L'ENDROIT DU PEUPLE HAITIEN. Mar 26 Déc 2006 - 8:32 | |
| foknougoumin
"Sé vré lespwa trayi pèp la, é malérézément jan mwin wè bagay ap maché là, nou gin youn lot 5 ané dé trayison pou nou pran anko."
Paske Preval pa vle mache 100% nan minm chemin anachik, chimerik,e BIN LADENIK ancien diktate a, sa vle di Gouvenman Lespwa se youn gouvenman de trayizon. Tet papa nou.
Nou genle bliye ke se min Ti moris, manje gate sa ki te di tou " pasem rive san pep la, mwen pito echoue ak pep la"
Sel nan youn veye moun mouri tankou " AZO" ke diskou tet anba sa yo ginyin plas yo. Sa ki pi red la, neg yo bliye nivo edikasyon yo a koz yo tro fanatik.
Si youn moun vle klase youn neg konsa pami moun ki fe gran diskou, se zafe ki gade yo.
piporiko di
"DESIDEMAN DRNO, OU SE YON MALAD.KI DONK LEKOL MONTRE LEW PA KONPRANN YON BAGAY,OU AKIZE MOUN DE FOU.MANMAN BEF!KOTE W SOTI?PA DIM OU SE YON ENTELEKTYEL. "
Di ou mwen se youn intelektyel ou pa, pa retire anyin sou mwen. Min youn sel bagya ke mwen konnin mwen pa youn fnatik malad, mwen pa youn teroris ou youn chime
Ban mwen fini a vek kelke citation ki soti nan repetwa gran orate Tutud, ki fe "moun" klase li kom gran. Ou ka jije pou kow si tet a li 100% ok.
"Lè ti moun kou gran moun Gade nan miwa Premye Janvye, Yo renmen poudre ak plimo bòn ane."
"Sizobonana ekhaya !Sa vle di : Na wè lakay."
" Pasem rive san pep la mwen pito echwe ak pep la"
" Zouti nou nan min nou, aparey nou nan min nou, jijman nou nan min nou, pa neglije bay yo sa yo merite"
" A la li genyin youn bon sant"
" Le ou leve matin, e ou we chale beton an cho nan tet ou, mande neg ki anfas ou deki previyen"
" Se pou woch nan soley, rale woch nan dlo pou yo ka we ki gou soley la"
" mwen pa interesse nan job prezidan paske le youn neg vinn prezidan, li tounnin vole ak kriminel" |
|  | | Marc-Henry Administrateur

 Nombre de messages: 5147 Localisation: Canada Opinion politique: Démocrate Loisirs: Lecture et Internet Date d'inscription: 20/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Lobbyiste
 | Sujet: Re: VOEUX DU PRESIDENT ARISTIDE A L'ENDROIT DU PEUPLE HAITIEN. Mar 26 Déc 2006 - 11:07 | |
| Je ne voulais pas commenter le message de l'ancien président. Bon je trouve qu'il est allé un peu trop loin dans ses attaques contre le président élu majoritairement par le peuple haitien et qui a encore la confiance de la population haitienne. En tout cas, entre Préval et les autres leaders sur la scène politique haitienne, Préval est mieux placé pour soulager la misère du peuple Haitien quoi que pense, quoi que dise monsieur l'ancien président en exil qui malheureusement n'a jamais eu la chance d'exécuter ses mandats présidentiels. _________________ Solidarité et Unité pour sauver Haiti
|
|  | | piporiko Super Star

 Nombre de messages: 4754 Age: 41 Localisation: USA Opinion politique: Homme de gauche,anti-imperialiste.... Loisirs: MUSIC MOVIES BOOKS Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: L'impulsif
 | Sujet: Re: VOEUX DU PRESIDENT ARISTIDE A L'ENDROIT DU PEUPLE HAITIEN. Mar 26 Déc 2006 - 11:32 | |
| JISTEMAN MARC-HENRY SE NAN EKZEKISYON YON NOU YE LA.MOUN SITE SOLEY YO KA TEMWAGNE....... |
|  | | drno Star

Nombre de messages: 402 Date d'inscription: 22/08/2006
 | Sujet: Re: VOEUX DU PRESIDENT ARISTIDE A L'ENDROIT DU PEUPLE HAITIEN. Mar 26 Déc 2006 - 11:43 | |
| " malheureusement n'a jamais eu la chance d'exécuter ses mandats présidentiels"
Marc, comme tu es si gentil. |
|  | | piporiko Super Star

 Nombre de messages: 4754 Age: 41 Localisation: USA Opinion politique: Homme de gauche,anti-imperialiste.... Loisirs: MUSIC MOVIES BOOKS Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: L'impulsif
 | Sujet: Re: VOEUX DU PRESIDENT ARISTIDE A L'ENDROIT DU PEUPLE HAITIEN. Mar 26 Déc 2006 - 11:48 | |
| MARC N'A RIEN INVENTE.C'EST UNE EVIDENCE. |
|  | | Marc-Henry Administrateur

 Nombre de messages: 5147 Localisation: Canada Opinion politique: Démocrate Loisirs: Lecture et Internet Date d'inscription: 20/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Lobbyiste
 | Sujet: Re: VOEUX DU PRESIDENT ARISTIDE A L'ENDROIT DU PEUPLE HAITIEN. Mar 26 Déc 2006 - 11:57 | |
| Toutefois, je persiste à dire que son message est trop négatif. L'ancien président devrait plutôt donner la main au gouvernement haitien afin de lancer haiti dans la cour du dévelopement économique. Car ce n'est pas ce genre de message qui fera avancer la cause de la masse en Haiti. Aristide doit epauler le président Préval et non l'inverse ou bien qu'il garde une neutralité ou bien il nous aide à relever les défis du développement économique de la republique. _________________ Solidarité et Unité pour sauver Haiti
|
|  | | Marc-Henry Administrateur

 Nombre de messages: 5147 Localisation: Canada Opinion politique: Démocrate Loisirs: Lecture et Internet Date d'inscription: 20/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Lobbyiste
 | Sujet: Re: VOEUX DU PRESIDENT ARISTIDE A L'ENDROIT DU PEUPLE HAITIEN. Mar 26 Déc 2006 - 12:00 | |
| | drno a écrit: | " malheureusement n'a jamais eu la chance d'exécuter ses mandats présidentiels"
Marc, comme tu es si gentil. |
Je comprends l'ancien président. Je me mets à sa place. Mais je voudrais bien l'aider à retourner le plus vite que possible mais son discours n'aide pas son retour. A entendre son discours, j'ai nettement l'impression qu'il pense qu'il pourra faire des miracles en Haiti s'il arrive à entrer au pays dans les jours qui suivront le debut de l'année 2007. C'est bon de rêver, ça nous tient en santé... disent les psychologues ! _________________ Solidarité et Unité pour sauver Haiti
|
|  | | foknougoumin Star


Nombre de messages: 224 Date d'inscription: 02/12/2006
 | Sujet: Re: VOEUX DU PRESIDENT ARISTIDE A L'ENDROIT DU PEUPLE HAITIEN. Mar 26 Déc 2006 - 14:01 | |
| drno di:
Paske Preval pa vle mache 100% nan minm chemin anachik, chimerik,e BIN LADENIK ancien diktate a, sa vle di Gouvenman Lespwa se youn gouvenman de trayizon. Tet papa nou.
Nou genle bliye ke se min Ti moris, manje gate sa ki te di tou " pasem rive san pep la, mwen pito echoue ak pep la"
Sel nan youn veye moun mouri tankou " AZO" ke diskou tet anba sa yo ginyin plas yo. Sa ki pi red la, neg yo bliye nivo edikasyon yo a koz yo tro fanatik.
Si youn moun vle klase youn neg konsa pami moun ki fe gran diskou, se zafe ki gade yo. ==========================================
Nèg GNBiste sa yo toujou gin youn vyé jalouzi pou yo fè. drno wou pa réponn a késyon an kisa présidan aristide di la ki pa vré.
donk drno présidan préval vinn tounin youn ange kounyè ya, pa blyé yè anko pou gnbiste yo misyé sé té youn chimè, sé té misyé ki té touyé Jean Dominique, pa blyé ké minm prison ti gwoup GNBiste lache sa yo té vlé fè misyé pran. Donk kom misyé voyé al touyé moun nan cité soleil pou ti gwoup lache wou yo, li pa youn chimè anko.
Wou wè drno bann gnbiste yo tèlman fè krim yo tèlman bwè san ké yo vinn inkohéran nan pawol yo. |
|  | | drno Star

Nombre de messages: 402 Date d'inscription: 22/08/2006
 | Sujet: Re: VOEUX DU PRESIDENT ARISTIDE A L'ENDROIT DU PEUPLE HAITIEN. Mar 26 Déc 2006 - 15:00 | |
| foknougoumin, mwen konnin ke ou genyin anpil malice lakay ou, min map repon keksyon ou yo kan minm.
foknougoumin "Nèg GNBiste sa yo toujou gin youn vyé jalouzi pou yo fè. drno wou pa réponn a késyon an kisa présidan aristide di la ki pa vré."
Diktate a di " Sizobonana ekhaya: Na wè lakay ", e ou met fo nan malice ou pa fouti di ke se pa sou blof li ye le li di sa.
foknougoumin "donk drno présidan préval vinn tounin youn ange kounyè ya, pa blyé yè anko pou gnbiste yo misyé sé té youn chimè"
Kounyea pout te ou we Preval fini pa konpran ke domi kole ak terroris yo pa youn bon opsyon, ou vle kritike,min ou pa genyin kran wap itilize Gnbist pou ou fel paske ou pa vle Marc Henry kouri deye ou.
Min repons ak sa ou di a; mwen konnin se mwen ou kalifiye kom Gnbist la. Mwen pa rele Preval " youn ti anj" ale li sa mwen te ekri a ( Paske Preval pa vle mache 100% nan minm chemin anachik, chimerik,e BIN LADENIK ancien diktate a)
Mwen swete ke ou koninn le youn bagay pa 100% sa vle di ke li pa ka 99%. |
|  | | | | VOEUX DU PRESIDENT ARISTIDE A L'ENDROIT DU PEUPLE HAITIEN. | |
|
Sujets similaires |  |
|
| | Permission de ce forum: | Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
| |
| |
| |